Scripture Stories
Chapit 25: Joseph Smith ak Sidney Rigdon Al Fè yon Misyon : Desanm 1831–Janvye 1832


“Chapit 25: Joseph Smith ak Sidney Rigdon Al Fè yon Misyon : Desanm 1831–Janvye 1832,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 96

“Chapit 25,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 96

Chapit 25

Joseph Smith ak Sidney Rigdon Al Fè yon Misyon

(Desanm 1831–Janvye 1832)

Imaj
members pointing at newspaper

Gen kèk moun ki pa t renmen Legliz Jezikri a. Yo te fè manti sou li. Yo te pibliye kèk nan manti yo nan yon jounal. Jezi te di Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou yo al fè yon misyon nan lòt vil. Yo tap kapab di moun laverite konsènan Legliz la.

Imaj
Joseph and Sidney traveling during winter

Joseph ak Sidney te obeyi Jezi. Yo te kite lakay yo. Yo te ale nan anpil vil. Joseph ak Sidney te pale nan reyinyon legliz. Yo te anseye moun yo lakay yo.

Imaj
Sidney Rigdon

Joseph ak Sidney te pale moun yo apwopo kòmandman Bondye yo. Yo te rakonte moun yo temwayaj yo konsènan Jezikri. Yo te di moun yo pou yo repanti. Joseph ak Sidney te fini travay misyonè yo a. Yo te al jwenn fanmi yo lakay yo.

Enprime