Scripture Stories
Chapit 36: Kan Siyon an: Fevriye–Jen 1834


“Chapit 36: Kan Siyon an: Fevriye–Jen 1834,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 135–39

“Chapit 36,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 135–39

Chapit 36

Kan Siyon an

(Fevriye–Jen 1834)

Imaj
Joseph reading letter

Pandan Joseph Smith te nan Kirtland, Ohio, li te tande Sen yo te gen pwoblèm nan Misouri. Popilas la te fè yo kite kay yo. Sen yo te priye pou Papa ki nan Syèl la ede yo.

Imaj
Joseph rising from prayer

Jezi te bay Joseph Smith yon revelasyon. Li te di kèk nan mesye yo nan Legliz la ta dwe ale Misouri pou ede Sen yo. Se Joseph Smith ki tap dirije yo. Yo ta dwe pote kòb pou yo achte tè. Senyè a te vle senksan zòm ale.

Imaj
Joseph speaking to the Saints

Joseph te obeyi Senyè a. Li te di Sen senksan zòm ta dwe ale nan peyi Siyon an nan Misouri. Li te mande mesye yo pou yo vini Kirtland. Se sèlman san mesye ki te vini. Lòt mesye yo nan Legliz pa t obeyi Senyè a.

Imaj
men leaving Kirtland

Yo te rele san mesye yo Kan Siyon an. Yo te kòmanse vwayaj pou ale nan peyi Siyon an. Kèk nan mesye yo te mache. Lòt mesye yo te ale nan charyo. Yo te dòmi ansanm lèswa. Pandan yo te sou wout la, san lòt mesye te vin jwenn yo.

Imaj
men leaving Kirtland

Mesye yo te fè yon vwayaj mil sisan kilomèt. Vwayaj la te long epi li te rèd. Mesye yo pa t gen ase bon manje.

Imaj
members complaining to Joseph

Kèk nan mesye yo te di vwayaj la te twò di. Yo pa t renmen manje yo. Yo te di Joseph Smith pa t yon bon chèf. Joseph te mande mesye sa yo pou yo repanti. Si yo pa t repanti, yo tap malad epi yo tap mouri.

Imaj
righteous camp members with Joseph

Gen kèk nan mesye yo ki te jis. Yo te ede Joseph Smith. Yo te obeyi kòmandman Bondye yo. Yo te montre kijan yo te renmen Legliz Jezikri a. Joseph Smith tap toujou sonje kijan yo te ede l.

Imaj
men camping near river

Alafen, mesye Kan Siyon yo te rive Misouri. Yo te monte yon kan bò yon rivyè.

Imaj
mob approaching Zion’s Camp

Popilas la te konnen mesye yo te la. Popilas la te vin bò kot kan an pandan nuit la. Yo te vle touye mesye Kan Siyon yo.

Imaj
hail falling on evil mob

Bondye te voye yon tanpèt terib. Van an te lage pye bwa atè. Gen gwo grenn lagrèl ki te tonbe sot nan syèl la. Loray te tonbe sou pyebwa. Dlo rivyè a te inonde tè a. Yon kout zèklè te touye youn nan mesye ki te nan popilas la. Gen lòt mesye nan popilas la ki te blese.

Imaj
mob running away

Mesye ki te nan popilas la yo te pè. Yo te konnen Bondye t ap ede mesye Kan Siyon yo. Popilas la te kouri. Yo pa t fè mesye Kan Siyon yo anyen. Tanpèt la pa t fè mesye Kan Siyon anyen.

Imaj
Joseph praying

De jou apre sa, Senyè a te bay Joseph Smith yon revelasyon. Senyè a te di mesye Kan Siyon ta kapab rete nan Misouri oubyen retounen Kirtland.

Imaj
Zion’s Camp

Jezi te di kèk nan mesye yo pa t obeyi l. Li pa t satisfè ak yo. Men kèk nan yo te obeyi. Senyè a te satisfè de yo. Li te di li tap beni yo avèk plis pouvwa.

Imaj
Zion’s Camp men getting sick

Kèk jou apre, anpil nan mesye Kan Siyon yo te malad. Katòz ladan yo te mouri. Joseph te di yo tap mouri si yo pa t repanti.

Imaj
Joseph speaking to the Saints in Missouri

Joseph Smith te reyini ak Sen Misouri yo. Li te chwazi mesye pou fòme yon gran konsèy. Apre sa, Joseph ak zanmi l yo te retounen Kirtland.

Imaj
Zion’s Camp returning to Kirtland

Mesye Kan Siyon yo pa t ede Sen Misouri yo. Mesye yo pa t ka bay èd paske yo pa t obeyi Bondye. Bondye te di se sèlman moun jisi ki ka bati Siyon.

D&A 105:2–10

Enprime