Scripture Stories
Chapit 22: Sen yo nan Misouri: Jiyè–Out 1831


“Chapit 22: Sen yo nan Misouri: Jiyè–Out 1831,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans (2002), 84–88

“Chapit 22,” Istwa ki nan Doktrin ak Alyans, 84–88

Chapit 22

Sen yo nan Misouri

(Jiyè–Out 1831)

Imaj
church leaders going to Missouri

Pwofèt Joseph Smith, Sidney Rigdon, Edward Partridge, ak lòt ankò te ale Misouri. Yo te trè kontan pou yo ale. Yo te vle bati vil Siyon an. Yo te vle pou Senyè a montre yo vrè kote a.

Imaj
river boat

Yo te fè yon pati nan wout la nan yon bato. Lè yo te rive Misouri, Joseph te vle mache. Li te konnen tè Misouri a te sakre. Li te vle wè l.

Imaj
Joseph and friends

Joseph ak zanmi l yo te fè katsan katreven kilomèt apye pou rive Jackson County. Li te fè cho, men yo pa t gade sa. Yo te al lòtbò a pou yo bati Siyon.

Imaj
missionaries greeting Joseph

Pwofèt la ak zanmi l yo te ale Jackson County, Misouri. Misyonè ki soti Kirtland yo te rankontre yo.

Imaj
Joseph and Emma

Kèk jou apre sa, Sen ki sòti Nouyòk yo te ale Jackson County. Tout moun te kontan poutèt yo te la.

Imaj
members listening at conference

Pwofèt Joseph ak Evèk Edward Partridge te di moun yo kisa pou yo fè. Kèk ladan yo ta dwe achte tè nan Misouri. Oliver Cowdery ak William W. Phelps ta dwe kòmanse fè lekòl. Yo ta dwe ekri liv timoun piti te ka li.

Imaj
Joseph receiving revelation

Joseph te vle kounen kibò vil Siyon ta dwe bati. Li te priye Papa ki nan Syèl la. Priyè l la te jwenn yon repons.

Imaj
Independence, Missouri

Senyè te di Siyon tap bati toupre vil Endepandans nan Jackson County, Misouri. Senyè a te di Joseph kibò pou l bati yon tanp. Li te di Siyon pa tap bati vit. Sen yo tap gen anpil pwoblèm anvan. Men yo tap kapab bati Siyon si yo te genyen ase lafwa.

Imaj
father and son praying

Senyè a te di Joseph Sen yo ta dwe obeyi lalwa nan Misouri. Yo ta dwe obeyi kòmandman Bondye yo. Yo ta dwe fè anpil bon bagay san moun pa di yo pou fè yo. Sen yo ta dwe repanti pou peche yo. Senyè a pa sonje peche yo lè moun repanti.

Imaj
Sidney Rigdon

Senyè a te di Sidney Rigdon ta dwe konsakre tè l la. Sidney Rigdon te mande Sen yo si yo te gen rekonesans pou tè a. Li te mande yo si yo tap obeyi tout kòmandman Bondye yo. Sen yo te di; “Wi.” Apre sa, Sidney Rigdon te priye epi li te konsakre tè a.

Imaj
Joseph, Sidney and Oliver

Nan demen Joseph Smith, Oliver Cowdery, Sidney Rigdon, ak kèk nan zanmi yo te fè yon reyinyon. Yo te reyini yon kote espesyal nan Endepandans. Yo te li ekriti yo. Apre sa, yo te priye. Joseph Smith te konsakre kote pou tanp lan bati a.

Imaj
Joseph speaking at conference

Tout Sen Misouri yo te ale nan yon konferans. Yo te ranpli ak Sentespri a. Joseph te di Sen yo Bondye tap beni si yo te respekte pwomès yo.

Imaj
family praying

Kèk jou apre sa, Jezi te bay Joseph yon lòt revelasyon. Li te di dimanch se yon jou espesyal. Dimanch se jou pou nou fè bagay k ap ede nou sonje Jezi. Nou pa ta dwe travay lè dimanch. Nou ta dwe ale Legliz epi pran sentsèn. Nou ta dwe repanti pou peche nou yo. Nou dwe vizite malad yo. Nou ta dwe gen rekonesans pou tout benediksyon nou yo. Nou ta dwe toujou obeyi kòmandman Bondye yo.

Imaj
family receiving blessings

Sen ki fè bagay sa yo ap gen tout bon bagay yo bezwen. Y ap gen manje, rad, kay, ak jaden. Y ap kontan. Y ap gen lapè nan lavi sa a. Y ap gen lavi etènel.

Enprime