Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10-11: “Pou Ou Kapab Gen Viktwa”


“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10-11: ““Pou Ou Kapab Gen Viktwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10-11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Maniskri Liv Mòmon an

Replika maniskri orijinal Liv Mòmon an.

1–7 Fevriye

Doktrin ak Alyans 10:11

“Pou Ou Kapab Gen Viktwa”

Li Doktrin ak Alyans 10-11 la nan lapriyè, medite sou kijan w ka ede timoun yo konprann verite ki nan seksyon sa yo. Ide nan plan leson semèn sa a—pou timoun ki pi piti yo ak timoun ki pi gran yo—ka ede.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yo sonje sou youn nan leson anvan yo sou Martin Harris ak paj tradiksyon Liv Mòmon an ki te pèdi yo. Pataje detay yo pa sonje yo. Ou ka refere w a “Chapit 4: Martin Harris ak Paj Pèdi yo” nan (Istwa Doktrin ak Alyans, 18-21).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 10:5

Si m toujou priye, Pè Selès la ap beni m.

Pafwa timoun yo panse ke yo ka priye nan kèk lè ak kèk kote byen espesifik sèlman, epi sèlman si yo ka mete yo ajenou oubyen fèmen je yo. Kijan w ka ede yo aprann kijan pou yo “toujou priye”?

Aktivite posib

  • Montre foto bagay nou fè tout tan, tankou manje, dòmi, oubyen jwe. Nan ki fason bagay sa yo ede nou? Montre foto yon timoun k ap priye pandan w ap li Doktrin ak Alyans 10:5 la pou timoun yo avèk mo “toujou priye” a. Mande timoun yo pou yo repete mo sa yo plizyè fwa. Kijan lapriyè ap ede nou?

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou ede timoun yo panse a plizyè kote ak lè nou ka priye.

  • Envite yo pou yo desine yon foto yomenm ak fanmi yo k ap priye nan diferant lè ak andwa , tankou nan legliz, avan lekòl, oubyen avan yo dòmi. Eksplike ke toujou priye ka vle di priye souvan pandan tout jounen an. Kijan nou priye menm lè nou bò kote lòt moun, tankou nan lekòl oubyen avèk zanmi nou.

    Imaj
    tigason ka p priye

    Senyè a ap ede nou lè nou priye.

Doktrin ak Alyans 11:12–13

Sentespri a dirije m pou m fè byen.

Menm nan yon laj trè jèn, timoun yo ka kòmanse rekonèt lè Lespri a ap pale avèk yo.

Aktivite posib

  • Kache yon anpoul oubyen yon flach ak yon foto avèk yon vizaj souriyan yon kote nan sal la. Envite timoun yo pou yo chèche bagay sa yo. Li Doktrin ak Alyans 11:13, epi ede yo idantifye mo ki gen rapò ak bagay yo jwenn yo. Kisa vèsè sa yo ansenye sou fason Sentespri a ede nou?

  • Bay timoun yo plizyè sitiyasyon kote yo ta bezwen fè yon chwa ant byen ak mal—tankou chwa pou di laverite oubyen bay manti, oubyen chwa pou yo janti oubyen pou w mechan. Kijan n ap fè konnen ki chwa ki bon chwa a? Li ansanm Doktrin ak Alyans 11:12, epi temwaye ke Sentespri a ap ede nou fè bon chwa a si nou koute li.

  • Chante yon chan konsènan gidans Sentespri a, tankou “Listen, Listen” (Children’s Songbook, 107). Mande timoun yo kisa chante a anseye yo sou fason Sentespri a ede nou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 10:5

Lè m priye, m ka simonte tantasyon Satan yo.

Ou ka ede timoun yo konprann ke lapriyè konstan ka ba yo pouvwa pou yo simonte tantasyon.

Aktivite posib

  • Ekri mo oubyen fraz nan Doktrin ak Alyans 10:5 yo sou moso papye, epi mande timoun yo pou yo mete yo nan lòd. Ankouraje yo pou yo gade vèsè a si yo bezwen èd. Selon vèsè sa a, ki benediksyon ki vini lè nou toujou priye? Kijan nou sonje pou nou priye pandan jounen an ka ede nou, espesyalman lè nou tante pou n fè yon bagay ki mal?

  • Envite timoun yo pou yo fè yon lis sou kèk lè nou ka priye ak kote nou ka priye. Pou ide adisyonèl, ankouraje yo pou yo gade nan Alma 34:17-27.

  • Ede yo kreye yon ti siy oubyen foto k ap fè yo sonje pou yo toujou priye. Envite yo pou yo kwoke siy yo lakay yo kote yo ka wè yo regilyèman.

Doktrin ak Alyans 11:12–13

Sentespri a dirije m pou m fè byen.

Jèn yo souvan ap mande tèt yo kijan gidans Sentespri a ye? Ou ka itilize Doktrin ak Alyans 11 pou anseye timoun yo kijan pou yo rekonèt “Lespri ki dirije yo pou yo pou fè byen” an (vèsè 12).

Aktivite posib

  • Ede yo fè lis moun nou ka al jwenn lè yo bezwen èd oubyen si yo gen yon kesyon. Poukisa nou fè moun sa yo konfyans ke y ap ede nou? Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 11:12 epi chèche kisa yo te di Hyrum Smith pou l fè konfyans. Kisa nou dwe aprann nan vèsè sa a sou rezon k fè nou dwe kwè nan gidans Sentespri a?

  • Mande timoun yo sa yo ta p di yon zanmi ki ta mande yo kijan yo santi yo lè Sentespri a pale avèk yo. Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 11:12-13 pou yo jwenn kèk repons posib.

  • Pataje avèk yo kèk eksperyans ou te fè avèk Sentespri a ki te gide w pou w fè bon bagay. Envite yo pou yo medite sou kilè yo te fè eksperyans tankou eksperyans sa yo epi apresa pataje eksperyans yo si yo santi yo konfòtab pou yo fè sa. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la la vle gide nou atravè Sentespri a. Ankouraje timoun yo pou yo pote atansyon nan semèn k ap vini an sou lè yo santi yo gen santiman tankou sa yo dekri nan Doktrin ak Alyans 11:12-13 yo.

Doktrin ak Alyans 11:21, 26

Mwen bezwen konn levanjil la pou m ka ede lòt moun jwenn verite a.

Timoun w ap anseye yo ap gen anpil opòtinite pou yo pataje levanjil la. Vèsè sa yo ka anseye yo kijan pou yo prepare yo pou opòtinite sa yo.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo jwe wòl sou fason yo t ap pale de levanjil la ak yon moun ki potko janm tande l avan. Pa ekzanp, kijan yo t ap reponn kesyon konsènan Liv Mòmon an? Kijan yo t ap eksplike kiyès Jezikri ye? Li Doktrin ak Alyans 11:21, 26 avèk yo. Kisa Senyè a te di Hyrum Smith li te bezwen fè pou l te ka ansenye levanjil la? Kisa sa vle di pou nou “resevwa” pawòl Bondye a, epi kijan nou ka fè sa? Kijan nou ka fè pawòl Bondye a “yon trezò” nan kè nou?

  • Envite timoun yo pou yo pataje yon ekriti yo renmen epi eksplike poukisa yo renmen l. Kite yo pale konsènan jan ekriti yo beni lavi yo ak sa y ap fè pou yo etidye pawòl Bondye a lakay yo. Ankouraje yo pou yo fikse bi epi pou yo li pawòl Bondye a pi souvan.

  • Chante yon kantik sou pataje levanjil la ansanm avèk yo, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90). Kisa chan sa a anseye nou sou fason nou ka misyonè chak jou?

  • Pataje yon bagay ki soti nan “Espwa Izrayèl” pa Prezidan Russel M. Nelson ak Sè Wendy W. Nelson ( Devosyon Mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018, ChurchofJesusChrist.org) pou enspire timoun yo pou yo ede rasanble pitit Bondye yo lè yo pataje levanjil la.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo fè yon konvèsasyon avèk yon manm fanmi konsènan yon bagay yo te aprann nan Doktrin ak Alyans 10 oubyen 11 yo jodia. Pa egzanp, yo ka pataje kijan yo planifye pou yo toujou priye.

Amelyore Ansèyman Nou

Chèche revelasyon pèsonèl chak jou. Pandan w ap prepare w pou w anseye a, priye epi medite sou ekriti yo pandan semèn nan. W ap wè ke Lespri a ap “eklere panse w” (Doktrin ak Alyans 11:13). Ou ka resevwa ide ak enpresyon sou fason pou w anseye nenpòt lè ak nenpòt kote—pandan w pral nan travay, pandan w ap fè travay nan kay la, oubyen pandan w ap pale ak lòt moun.

Enprime