Doktrin ak Alyans 2021
15-21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14-17: ““Kanpe Kòm Temwen”


“15-21 Fevriye. Doktrin ak alyans 14–17: ‘Kanpe Kòm Temwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15-21 Fevriye. Doktrin ak Alyans 14-17 Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021

Imaj
Joseph Smith ak Twa Temwen yo ap priye ansanm

15-21 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 14-17

““Kanpe kòm temwen”

Kijan w ka ede timoun yo kanpe kòm temwen levanjil la? Aktivite nan plan leson sa a kapab ba w kèk ide.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Panse pou w envite kèk nan timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann semèn sa a, lakay yo oubyen nan Primè a, ke yo kwè se verite.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 14:1-7

M ka ede Senyè a fè travay li.

Konsidere kijan pawòl Senyè a di David Whitmer yo kapab ede timoun yo konprann kijan yo ka patisipe nan travay Bondye a.

Aktivite Posib

  • Pataje kèk detay konsènan fanmi Whitmer a rapidman (gade Sen, 1:68–71 oubyen plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Pa ekzanp, di yo kiyès David Whiter te ye ak kijan limenm ak fanmi l te ede Joseph Smith lè l t ap tradui Liv Mòmon an.

  • Ede timoun yo konprann konparezon ant travay nan yon jaden ak patisipasyon nan “travay ki gran ak mèveye Bondye an” (vèsè 1). Pa ekzanp, fè rekòt kapab senbolize mennen nanm bay Kris la. Ou ka montre foto yon kiltivatè, pote rad kiltivatè pou timoun yo eseye, oubyen diskite tach jounalye yon kiltivatè genyen. Eksplike ke David Whitmer te yon kiltivatè ki te vle konnen kijan l te ka ede Senyè a. Li Doktrin ak Alyans 14:3–4 pou timoun yo, epi ede yo dekouvri kisa Senyè a te di David Whitmer pou l te fè. Kijan nou ka ede nan travay Senyè a?

  • Itilize yon kado pou ansenye timoun yo konsènan kado lavi etènèl Bondye a. Pa ekzanp, montre yo yon kado avèk yon papye andedan l ki ekri, “Lavi Etènèl” (Doktrin ak Alyans 14:7). Kite yon timoun ouvri kado a, epi li Doktrin ak Alyans 14:7 awotvwa. Di ke lavi etènèl vle di viv ak Bondye pou toutan epi vin menm jan avè l. Pataje temwayaj ou sou benediksyon ki genyen nan kenbe kòmandman yo ak resevwa lavi etènèl.

    Imaj
    misyonè k ap anseye yon fanmi

    Travay misyonè se youn nan fason nou ka ede Senyè a fè travay li.

Doktrin ak Alyans 15:6; 16:6

M ka ede lòt moun vin pi pre Jezikri.

John Whitmer ak Peter Whitemer Jr. sete frè David Whitmer. Menmjan ak David, yo te vle konnen kijan yo te ka ede Senyè a. Li te mande yo pou yo te ede “mennen nanm vin jwenn” ni.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo dekri yon bagay ki enpòtan oubyen ki gen valè pou yo (tankou yon jwèt oubyen liv). Li Doktrin ak Alyans 15:6 oubyen 16:6, epi mande yo pou yo leve men yo lè yo tande kisa Senyè a di ki gen “plis valè.”

  • Fè yon lis avèk timoun yo sou fason yo ka ede yon moun suiv Jezikri, tankou vin zanmi lòt moun, pataje ekriti yo avèk yon zanmi, oubyen priye pou on moun ki nan bezwen. Pou bay timoun yo ide, ou ta ka afiche kèk foto w pran nan revi Legliz yo oubyen nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ki gen rapò avèk sa. Oubyen timoun yo ta ka desine pwòp foto pa yo. Envite yo pou yo eseye youn nan bagay ki nan lis yo a pandan semèn nan.

Doktrin ak Alyans 17

M kapab yon temwen de bagay Bondye fè pou mwen.

David Whitmer te vin youn nan Twa Temwen Liv Mòmon yo, epi kat nan frè l yo te pami Yuit temwen yo. Tankou David ak frè l yo, nou chak ka “sèvi kòm temwen” verite a (Doktrin ak Alyans 14:8).

Aktivite posib

  • Pale timoun yo konsènan Twa Temwen Yo ak Yuit Temwen yo (gade “Chapit 7: Temwen yo Wè Plak Lò yo” [Istwa Doktrin ak Alyans, 31-33], oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo desine yon foto temwen yo k ap gade plak yo.

  • Envite yo pou yo kolorye paj aktivite semèn sa a, epi pou yo itilize l pou yo rakonte istwa Twa Temwen yo.

  • Kenbe yon kopi Liv Mòmon an, epi li dènye liy nan Doktrin ak Alyans 17:6 la pou yo: “Menm jan Senyè Bondye nou an vivan an, bagay sa a se verite.” Di timoun yo kijan w fè konnen Liv Mòmon an vrè. Envite yo pou yo vin temwen Liv Mòmon an nan li li ak priye pou yo konnen si l se verite epi apresa nan pataje temwayaj yo ak lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 14–16

M ka ede Senyè a fè travay li.

Pandan w ap diskite sou revelasyon yo te bay frè Whitmer yo, ou ka pataje kèk nan fason Senyè a envite nou chak pou nou ede l nan travay li a.

Aktivite Posib

  • Pataje istwa sou David Whitmer ak fanmi l ke w santi k ap enspire timoun yo (gade Sen, 1:68–71). Kijan Senyè a te itilize Whitmer yo pou yo ede bati wayòm ni an?

  • Sou kèk moso papye, ekri kèk senp kesyon ak referans ekriti ki anrapò avèk Doktrin ak Alyans 14–16 yo. Pa ekzanp: A kisa pawòl Bondye a sanble? (14:2). Kisa k pi gwo kado Bondye? (14:7). Kisa Senyè a te di ki gen anpil valè? (15:6; 16:6). Envite chak timoun yo pou yo chwazi yon kesyon epi chèche repons yo nan vèsè yo.

  • Ekri de tit sou tablo a: travay Jaden avèk Travay Senyè a. Ede timoun yo chèche nan Doktrin ak Alyans 14:3–4 pou yo jwenn fraz ki gen rapò ak travay jaden, epi ekri yo anba premye tit la. Kisa fraz sa yo anseye nou sou enpòtans travay Bondye a? Ekri repons timoun yo anba dezyèm tit la. Kijan nou ka ede nan travay Senyè a?

Doktrin ak Alyans 17

M kapab yon temwen de bagay Bondye fè pou mwen.

Nan Doktrin ak Alyans 17, Senyè a te di Oliver Cowdery, David Whitmer, ak Martin Harris ke yo t ap Twa Temwen Liv Mòmon an. Ede timoun yo aprann kijan yo ka vin yon temwen de verite a tou.

  • Envite yon timoun pou l vini pare pou l pataje istwa Twa Temwen yo (gade “Chapit 7: Temwen Yo wè Plak Lò yo” [Istwa Doktrin ak Alyans, 31–33], oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou ka aprann de istwa sa a konsènan kijan nou ka temwen ki brav? Ou ka montre kèk seleksyon nan videyo “Yon Jou pou Etènite yo” (ChurchofJesusChrist.org; pòsyon sou Twa Temwen yo kòmanse a apeprè 15:00).

  • Li ansanm pwomès Senyè a nan Doktrin ak Alyans 17:1-3, epi ede timoun yo jwenn akonplisman l nan “Temwayaj Twa Temwen Yo” nan Liv Mòmon an.

  • Li Doktrin ak Alyans 17:3-5 ansanm pou nou wè kisa yo te mande Oliver Cowdery, Martin Harris, ak David Whitmer pou yo te fè apre yo te fin wè plak lò yo. De ki verite nou kapab temwaye? Rakonte kijan w te pataje temwayaj ou avèk lòt moun, epi envite timoun yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo kanpe kòm temwen yon bagay yo aprann nan klas la jodia. Mande yo pou yo di kijan yo te fè sa nan klas semèn pwochèn nan.

Amelyore Ansèyman nou

Kenbe timoun yo aktif. Ou ka bati sou nati aktif timoun yo lè w envite yo pou yo jwe wòl yon istwa oubyen fè aksyon ki koresponn ak yon chan oubyen yon pasaj ekriti. (Gade Anseye nan Fason Sovè a, 25–26.)

Enprime