Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18-19: “Nanm yo Gen Gwo Valè“


“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18-19: ‘Nanm yo Gen Gwo Valè,’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18-19, “ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Jaden Martin Harris

Jaden Marten Harris pa Al Rounds

22–28 Fevriye

Doktrin ak Alyans 18–19

“Nanm yo Gen Gwo Valè”

Mande Papa nou ki nan Syèl la pou ede w jwenn prensip nan Doktrin ak Alyans 18-19 la ki ka espesyalman siyifikan pou timoun yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Li Doktrin ak Alyans 18:2, epi eksplike ke Lespri a te ede Oliver Cowdery konnen ke ekriti yo se verite. Rakonte timoun yo yon eksperyans kote Lespri a te temwaye ba ou ke ekriti yo se verite. Kite yo pataje eksperyans kote yo te santi ke ekriti yo se verite.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 18:10-12

Nou chak gen gwo valè devan Bondye.

Lè timoun yo konnen ke Papa nou ki nan Syèl la renmen yo—ak tout pitit li yo—y ap gen plis konfyans e y ap pi janti avèk lòt moun.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo repete Doktrin ak Alyans 18:10 avèk ou plizyè fwa. Eksplike ke “nanm” gen rapò ak tout Pitit Bondye yo. Repete vèsè 10 la avèk timoun yo, fwa sa a ranplase “nanm” pa non timoun yo. (Gade paj aktivite semèn sa a tou.)

  • Ede timoun yo reflechi sou kèk bagay moun konsidere ki gen gwo valè. Apresa fè yo chak pran tou pa yo pou gade nan yon miwa epi pandan y ap fè sa a, di chak timoun ke l se yon pitit Bondye epi l gen gwo valè. Temwaye ke pou Papa nou ki nan Syèl la, yo gen plis valè pase tout bagay yo te panse ki gen gwo valè avan yo.

Doktrin ak Alyans 18:13–16.

Pataj levanjil la pote gwo lajwa.

Kijan w ap enspire timoun yo pou yo envite lòt moun vin jwenn Jezikri epi jwenn gwo lajwa?

Aktivite posib

  • Pale yo de yon bagay ki ba w lajwa. Kite chak timoun di w yon bagay ki ba l lajwa. Li Doktrin ak Alyans 18:13, 16. Kisa ki te bay Senyè a lajwa? Kisa l di k ap banou lajwa?

  • Chante yon chan konsènan travay misyonè, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants} 90), epi ede timoun yo reflechi sou fason yo ka pataje levanjil la, enkli lakay yo. Pale de yon lè kote w te pataje levanjil la, epi kite timoun yo pataje eksperyans yo.

Doktrin ak Alyans 19:18–19, 23–24

Jezikri te obeyi Papa nou ki nan Syèl la menm lè sa te difisil.

Volonte Sovè a pou l te bwè “tas anmè a, epi pou l pa t fè bak” la (vèsè 18) se yon ekzanp pou nou tout pou n obeyi volonte Papa nou ki nan Syèl la. Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou yo suiv egzanp Jezi.

Aktivite Posib

  • Montre foto Jezikri k ap soufri nan Jetsemane (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.) Mande timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan foto sa a. Rezime nan pwòp mo pa w sa Senyè a te di nan Doktrin ak Alyans 19:18-19 konsènan soufrans li. Souliye ke soufrans pou peche nou se bagay ki pi difisil ke yon moun te janm fè, men paske Jezi te renmen Papa l avèk noumenm, li te obeyi volonte Bondye. Kijan nou ka obeyi Papa nou ki nan Syèl la?

  • Ede timoun yo panse avèk aksyon ki senp ki ale avèk fraz nan Doktrin ak Alyans 19:23 yo. Li vèsè a plizyè fwa pandan timoun yo ap fè aksyon yo. Ede yo panse ak fason nou ka aprann de Kris la epi koute pawòl li.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 18:10-12

Nou chak gen gwo valè devan Bondye.

Gen anpil moun k ap lite paske yo santi ke valè pèsonèl yo ba; gen lòt ki pa janti avèk moun ki diferan de yo. Mesaj puisan nan Doktrin ak Alyans 18:10 la ka chanje jan nou wè tèt nou ak moun ki bò kote nou.

Aktivite Posib

  • Mande chak timoun yo pou ekri non yo sou yon ti moso papye epi fè l pase nan sal la. Envite yo pou yo ekri yon bagay yo renmen konsènan moun sa a sou chak papye yo resevwa. Ankouraje yo pou yo janti ak konsideran nan komantè yo. Apresa ede yo li nan Doktrin ak Alyans 18:10-12, epi envite yo pou yo pataje sa yo aprann sou fason Bondye santi l apwopo de noumenm. Eksplike ke nou tout gen gwo valè nan zye Bondye pase nou se pitit li.

  • Montre timoun yo yon bagay ki gen anpil valè pou yo. Kijan nou trete bagay ki gen anpil valè pou nou? Mande yon timoun pou l li Doktrin ak Alyans 18:10. Kijan nou ka montre lòt moun ke “nanm [yo] gen gwo valè” nan zye nou?

    Imaj
    Jezi ki kenbe yon ti gason

    Valè yon Nanm, pa Liz Lemon Swindle

Doktrin ak Alyans 19:16–19

Jezikri te soufri pou mwen.

Kijan w ka envite yon lespri reverans nan klas ou a pou Sentespri a ka temwaye bay timoun yo ke Jezikri te peye pri pou peche yo?

Aktivite Posib

  • Pataje istwa Jezikri ki t ap soufri pou peche nou yo (gade “Chapit 51: Jezikri Soufri nan Jaden Jetsemane a,” Istwa Nouvo Testaman Yo, 129-32, oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo rakonte istwa a ankò nan pwòp mo pa yo, epi envite yo pou yo li kijan Sovè a te dekri eksperyans lan nan Doktrin ak Alyans 19:16-19. Kisa nou aprann nan deskripsyon l lan?

  • Envite timoun yo pou yo fèmen zye yo pou yo li Doktrin ak Alyans 19:16-19 epi pou reflechi sou kijan yo santi yo apwopo Sovè a. Ede yo chèche nan liv Cantiques la oubyen nan Chants pour les enfants pou yo ka jwenn chante ki ede yo eksprime santiman yo konsènan Jezikri (gade endèks la nan liv sa yo). Envite yo pou yo chante chan yo chwazi a epi pataje temwayaj yo.

  • Ede yo memorize twazyèm atik lafwa a.

Doktrin ak Alyans 19::26, 34–35, 38

Benediksyon Bondye yo pi gran pase tout trezò latè.

Enprime Liv Mòmon an te chè, epi Joseph Smith pa t gen lajan pou l te fè sa. Senyè a te mande Martin Harris pou l te “bay yon pòsyon nan pwopriyete [l] la, jaden ki te pwospè l la, pou l te peye moun ki t ap enprime a (vèsè 34). Nou resevwa gwo benediksyon poutèt sakrifis Martin an ak anpil lòt ankò.

Aktivite Posib

  • Ekri kesyon tankou kesyon sa yo sou tablo a pou ede timoun yo konprann Doktrin ak Alyans 19:26, 34–35, 38: Kisa Senyè a te mande Martin Harris pou l te fè? Poukisa l te mande l pou l te fè sa? Kisa l te pwomèt li anretou? Envite timoun yo pou yo travay de pa de pou yo ka jwenn repons yo nan vèsè sa yo. Mande yo kijan yo t ap santi yo si yo te Martin Harris.

  • Montre yo yon kopi Liv Mòmon an, epi di yo yon bagay on renmen apwopo de li. Envite yo pou yo di kijan yo santi yo apwopo de sa. Brèfman, pale yo de sakrifis Martin Harris la pou Liv Mòmon an te ka enprime a (Istwa Doktrin ak Alyans, 33). Kisa Senyè a te di Martin nan Doktrin ak Alyans 19:38 ki te ka ede l rete fidèl ak obeyisan? Ede yo reflechi sou yon bagay yo ka sakrifye pou yo obeyi Bondye ak pou yo ede nan travay li a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo reflechi sou yon moun yo kapab ede avèk sa yo aprann nan Doktrin ak Alyans 18 oubyen 19 yo—paregzanp, ke nou tout gen gwo valè nan zye Bondye. Ankouraje yo planifye kijan yo pral pataje sa yo te aprann yo avèk moun sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Gen kèk timoun ki gen difikilte lè y ap li ekriti yo. Konsantre sou yon sèl vèsè oubyen yon sèl fraz kapab ede yo.

Enprime