Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12-13; Joseph Smith—Istwa 1:66-75: “Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo”


“8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12-13; Joseph Smith—Istwa 1:66-75: ‘Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo,’” Vini, Swiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Fevriye. Doktrin ak Alyans 12-13; Joseph Smith—Istwa 1:66-75 Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Rivyè Susquehanna a

8–14 Fevriye

Doktrin ak Alyans 12-13; Joseph Smith 1:66-75

“Sou Noumenm Sèvitè Asosye M yo”

Timoun w ap anseye yo soti nan plizyè kalite sitiyasyon diferan e yo gen bezwen diferan. Pandan w ap prepare w, panse sou fason w ka pi byen ede yo aprann verite yo ansenye nan Doktrin ak Alyans 12-13 ak Joseph Smith—Istwa 1:66-75 yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Envite timoun pou yo pale de yon lè kote yo te wè yon moun batize oubyen resevwa yon benediksyon prètriz. Kijan Joseph Smith ak Oliver Cowdery te resevwa prètriz la?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 13

Jan Batis te retabli Prètriz Aawon an.

Le 15 Me 1829 Jan Batis te parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery epi li te ba yo Prètriz Aawon an. Kijan aprann sou evenman sa a ka beni timoun w ap ansenye yo?

Aktivite Posib

  • Di timoun yo kijan Prètriz Aawon an te retabli (gade Joseph Smith—Istwa 1:68-70; gade “Chapit 6: Yo bay Joseph ak Oliver Prètriz la,” Istwa Doktrin ak Alyans, 26-27) tou. Oubyen envite yon mesye nan pawas la pou vin nan klas la epi rakonte istwa a kòmsi li sete Jan Batis, pandan l ap li sa Jan te di Joseph Smith ak Oliver Cowdery yo pou timoun yo.

  • Montre foto Jan Batis k ap batize Sovè a ak foto lè l ap retabli Prètriz Aawon an (Liv Ilistrasyon Levanjil la, 35, 93; gade foto ki nan plan leson semèn sa a tou nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou sa k ap pase nan foto yo (gade Matye 3:13-17; Doktrin ak Alyans 13; Joseph Smith—Istwa 1:68-70).

  • Ede yo aprann yon chan sou Prètriz la, tankou “La prêtrise rétablie“ (Chants pour les enfants, 60). Envite yo pou yo mache nan sal la pandan y ap chante, tann tou yo pou yo kenbe foto a ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Doktrin ak Alyans 13

Prètriz la se pouvwa Bondye.

Leson sou retablisman Prètriz Aawon yo se bon moman pou ede timoun yo pi byen konprann kisa Prètriz la ye ak kijan l ka beni yo.

Aktivite posib

  • Pote kèk bagay nan klas la, enkli yon kle. Afiche bagay yo, epi mande timoun yo pou yo koute w pandan w ap li Doktrin ak Alyans 13 epi pou yo jwenn bagay ki mansyone a nan ekriti a. Kisa nou ka fè avèk yon kle? Montre foto kèk bagay nou ka fè paske Prètriz Aawon an te retabli (gade paj aktivite semèn sa a; gade Liv Ilistrrasyon Levanjil la, 103–4, 107–8)tou. Di timoun yo kijan prètriz la te beni lavi w.

  • Pou ede yo aprann fraz Prètriz la se pouvwa Bondye, a mande yo pou yo bat men yo chak fwa yo di yon silab. Montre yon bagay ki bezwen pil pou l mache, epi ansenye ke, menmjan pil la bay bagay la kouran an, prètriz la pote pouvwa Bondye nan lavi nou. Pataje temwayaj ou sou benediksyon w resevwa gras ak prètriz la.

Joseph Smith—Istwa 1:66-75

Mwen ka batize.

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te li konsènan batèm nan Liv Mòmon an e yo te vle konnen plis. Ou ka ede timoun w ap ansenye yo pou yo tann batèm yo epi aprann plis konsènan òdonans sakre sa a.

Aktivite posib

  • Pase Videyo “Retablisman Prètriz Aawon an” (ChurchofJesusChrist.org). Mete videyo a sou poz pafwa pou poze timoun yo kesyon tankou “Poukisa Joseph Smith ak Oliver Cowdery t al nan bwa yo?” ak “Kijan w panse Joseph Smith ak Oliver Cowdery te santi yo apre yo te fin batize?” Mande yo pou yo pataje kijan yo panse y ap santi yo lè yo batize.

  • Pale timoun yo konsènan Joseph Smith ak Oliver Cowdery ki t ap batize (gade Joseph Smith—Istwa 1:68-74; gade “Chapit 6: Joseph ak Oliver te Resevwa Prètriz la,” tou Istwa Doktrin ak Alyans, 26-28). Di yo ki lajwa Joseph ak Oliver te santi, epi pale yo de batèm ou. Envite yo pou yo desine foto yomenm k ap batize yon jou.

    Imaj
    yon tigason k ap batize

    M ka batize paske Prètriz la te retabli.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 13; Joseph Smith—Istwa 1:66-72

Jan Batis te retabli Prètriz Aawon an.

Istwa retablisman Prètriz Aawon an ka ede timoun w ap anseye yo konprann verite enpòtan konsènan prètriz la ak òdinasyon nan prètriz la.

Aktivite posib

  • Li Joseph Smith—Istwa 1:66-72 ansanm, epi envite timoun yo pou yo desine foto sou sa vèsè sa yo dekri. Apresa kite yo rakonte istwa a pandan y ap itilize foto yo a. Envite yon moun pou pataje yon eksperyans kote li te wè yon moun ki te òdone nan yon ofis nan prètriz la. Nan ki fason sa te sanble ak fason Joseph ak Oliver te òdone a jan sa te dekri nan Joseph Smith—Istwa 1:66-72 la?

  • Ba yo kèlke minit pou yo fè yon lis tout sa yo konnen konsènan Jan Batis, epi apresa kite yo pataje sa yo te ekri a. Envite yo pou yo travay de pa de pou yo li youn nan pasaj sa yo epi ajoute l sou lis yo: Matye 3:13-17; Doktrin ak Alyans 13; Joseph Smith—Istwa 1:66-72.

Doktrin ak Alyans 13

Mwen resevwa benediksyon atravè Prètriz Aawon an.

Nou resevwa plizyè benediksyon atravè Prètriz Aawon an. Kisa w ka fè pou w ede timoun w ap ansenye yo konprann ke benediksyon sa yo posib paske prètriz la te retabli?

Aktivite posib

  • Mete foto batèm ak sentsèn nan nan yon bagay ki bezwen yon kle pou ouvri l. Diskite poukisa kle enpòtan, epi kite timoun yo itilize kle a pou yo ouvri bagay la. Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 13 epi jwenn mo ak fraz ki ansenye yo ki benediksyon ki soti nan Prètriz Aawon an.

  • Pase Videyo “Benediksyon Prètriz la” (ChurchofJesusChrist.org), epi mande timoun yo pou yo idantifye fason moun nan videyo yo te beni gras ak prètriz la.

Joseph Smith—Istwa 1:73-74

Sentespri an ka ede m konprann ekriti yo.

Apre Joseph Smith ak Oliver Cowdery te fin batize, Sentespri a te ede yo konprann ekriti yo pi byen. Sa ka ankourajan pou timoun yo, ki ka twouve ekriti yo difisil pou yo konprann.

Aktivite posib

  • Pote yo senp jwèt pasyans nan klas la, epi envite timoun yo pou yo mete l ansanm. Pandan y ap fè sa, mande yo kijan lekti ekriti yo menm jan ak mete yon jwèt pasyans ansanm. Li ansanm Joseph Smith—Istwa 1:73-74, epi envite timoun yo pou yo pataje sa k te ede Joseph ak Oliver konprann ekriti yo. Kisa nou ka fè pou nou chèche èd Sentespri a lè n ap etidye ekriti yo?

  • Envite yo pou yo fè yon ti kat yo ka mete nan ekriti yo pou fè yo sonje pou yo chèche èd Sentespri a lè y ap li. Petèt yo ta ka jwenn yon fraz enspiran nan Joseph Smith—Istwa 1:74 la yo ta ka ekri nan kat la.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Si w pa gen tan pou timoun yo konplete paj aktivite a nan klas la, panse pou w voye kèk kopi lakay yo pou timoun yo ka travay sou yo avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Rete fleksib epi koute Lespri a. Pa santi w oblije itilize ide nan plan leson sa a. Ou konn timoun w ap ansenye yo; mande Papa nou ki nan Syèl la pou l gide w pou w ka konn ki pi bon fason pou w ede yo aprann doktrin levanjil la ak bati lafwa yo.

Enprime