Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18-19: “Nanm yo Gen Gwo Valè”


“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18-19: ‘Nanm yo Gen Gwo Valè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Fevriye. Doktrin ak Alyans 18–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Fèm Martin Harris la

fèm Martin Harris la, pa Al Rounds

22–28 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 18–19

“Nanm yo Gen Gwo Valè”

Revelasyon nan Doktrin ak Alyans yo te bay kòm repons pou kèk sikonstans byen espesifik sa gen prèske 200 zan, men prensip yo anseye yo etènèl. Chèche prensip sa yo pandan w ap li, medite, ak reflechi sou fason yo aplike avèk ou.

Ekri enpresyon ou

Martin ak Lucy Harris sete youn nan pi gwo fèmye k te egziste nan Palmira, nan Nouyòk. Sa te pran yo dèzane pou yo te akeri l, epi l sa te pèmèt kapab elve yon fanmi, ak ba yo bon repitasyon onorab nan kominote a. Men, an 1829, sa te vin klè ke Liv Mòmon an te ka pibliye sèlman si Martin te ipoteke fèm ni an pou yo te ka peye enprimè a. Martin te gen yon temwayaj de Liv Mòmon an, men Lucy pa t genyen l. Si Martin te aksepte pran ipotèk la epi Liv Mòmon an pa t vann kòmsadwa, li t ap pèdi fèm nan e mete maryaj li andanje. Nan yon moman oubyen yon lòt, nou tout fè fas a kesyon tankou kesyon Martin se siman ap poze tèt li yo: Ki valè levanjil Jezikri a genyen pou mwen? Kisa m dispoze pou m sakrifye pou m ka ede bati wayòm Bondye a? Sa ta bon pou n ta sonje ke okenn moun pa janm peye yon pri pi elve pou beni pitit Bondye yo pase Jezikri, “pi gran nan tout la” (Doktrin ak Alyans 19:18).

Martin te pran desizyon pou l te ipoteke fèm ni an. Sakrifis li a te pèmèt yo te peye pou enprime premye 5.000 kopi Liv Mòmon yo. Epi kounyeya, plis pase 190 milyon kopi nan apre, dè milyon moun toupatou nan mond lan beni.

Pou plis enfòmasyon sou piblikasyon Liv Mòmon an, gade Sen yo, 1:76–84.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 18:10–16

Senyè a rejwi lè nou repanti.

Remake ak ki frekans mo repanti ak repantans yo itilize nan tout Doktrin ak Alyans 18 ak 19 yo, epi medite sou sa w aprann nan mo sa yo chak fwa yo itilize yo. Konsidere espesyalman Doktrin ak Alyans 18:10–16; kijan vèsè sa yo afekte fason w santi w osijè repantans—pwòp repantans pa w ak responsablite pou w envite lòt moun pou yo repanti a?

Gade Alma 36:18–21; Dale G. Renlund, “Repantans: Yon bèl chwa,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2016, 121–24

Doktrin ak Alyans 18:34–36

M ka tande vwa Senyè a nan Doktrin ak Alyans yo.

Si yon moun ta mande w ak kisa vwa Senyè a sanble, kisa w t ap reponn ni? Panse ak kesyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 18:34–36 la. Kisa w aprann sou vwa Senyè a lè w li Doktrin ak Alyans yo? Kisa w ka fè pou w tande vwa l pi klèman?

Doktrin ak Alyans 19:15–20

Jezikri te soufri pou m ka repanti epi vin jwenn ni.

Nouvo Testaman an dekri soufrans Sovè a nan Jetsemani, nan pwendvi moun ki te obsève l yo. Nan Doktrin ak Alyans 19:15-20, Jezikri te pale nou de soufrans li nan pwòp mo pa l. Pandan w ap li resi sakre ak pèsonèl sa a, chèche mo ak fraz ki dekri soufrans Sovè a. Reflechi sou kisa chak mo oswa chak fraz anseye w. Poukisa Sovè a te dispoze pou l te soufri? Panse pou w ekri sa w santi sou Jezikri ak sakrifis li pou ou a.

Gade Jan 15:13; Mozya 3:7; Alma 7:11–12; Doktrin ak Alyans 18:10–13.

Imaj
Jezi ki kenbe yon ti gason

Valè yon nanm, pa Liz Lemon Swindle

Doktrin ak Alyans 19:26–27, 34–41

Benediksyon Bondye yo pi gran pase trezò latè yo.

Liv Mòmon an pa t vann byen nan Palmira, epi, kòm rezilta, Martin Harris te finalman oblije vann yon gwo pati nan fèm ni an pou l te ka ranbouse dèt la (gade “Les contributions de Martin Harris,” Révélations dans leur contexte, 7–8). Reflechi sou sakrifis sa a—ak benediksyon ak sou benediksyon w resevwa gras avèk li—pandan w ap li vèsè sa yo. Ou gen dwa panse a sa Senyè a mande w pou w sakrifye tou. Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki enspire w pou w fè sakrifis sa yo avèk “kè kontan” ak “lajwa”? (gade vèsè 15–20 tou).

Doktrin ak Alyans 19:23.

Lapè vini nan aprann sou Jezikri ak nan suiv li.

Reflechi a envitasyon Sovè a: “Aprann nan men m” nan. Kisa w aprann sou Jezikri nan Doktrin ak Alyans, 19la? Ekri panse w, epi medite sou fason verite sa yo sou Sovè a ede w jwenn lapè. Kisa savle di pou ou pou w “mache nan jantiyès Lespri [li]”?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 18:1–5.Petèt manm fanmi w yo ta ka pataje kèk nan “pil fwa” (vèsè 2) kote Lespri a te manifeste yo ke ekriti yo vrè, jan l te fè pou Oliver Cowdery a. Kijan fanmi w ka “repoze sou bagay ki ekri” (vèsè 3) nan ekriti yo? Kijan w ka bati fondasyon fanmi w sou “wòk” (vèsè 4) levanjil la?

Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19.Mande chak manm nan fanmi an pou li Doktrin ak Alyans 18:10–13 epi mete non l nan plas mo “nanm,” “nanm yo,” ak “tout moun” yo. Apresa, ou gen dwa di kijan vèsè sa yo ede nou konprann valè nou genyen pou Papa a ak Pitit Gason an (gade Doktrin ak Alyans 19:16–19).

Doktrin ak Alyans 18:21–25.Eske non manm fanmi ou gen siyifikasyon espesyal? Petèt ou ta ka di poukisa non enpòtan ak kisa sa vledi pou nou pran non Jezikri sou tèt nou (gade Mozya 5:7). Sa ta ka yon bon opòtinite pou ede manm fanmi w yo prepare yo pou yo pran non Kris la sou tèt yo lè yo batize.

Doktrin ak Alyans 19:15–20.Pou ede fanmi an fè yon eksperyans siyifikan avèk vèsè sa yo, petèt ou te ka li yo pandan w ap montre yon foto Jezikri (gen youn nan plan leson sa a). Apresa yo ta ka di kisa yo santi apwopo Sovè a. Nou ka chante yon chan sou Sovè a pou envite Lespri a tou.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Merveilleux l’amour,” Cantiques, no. 117.

Amelyore etid pèsonèl nou

Poze kesyon. Doktrin ak Alyans se prèv ke kesyon mennen nan revelasyon. Pandan w ap etidye ekriti yo, ekri kesyon ki vin nan lespri ou. Apresa, medite epi priye pou w chèche repons.

Imaj
Jezi k ap priye nan Jaden Jetsemani an

Kris la k ap priye nan Jaden Jetsemani an, pa Hermann Clementz

Enprime