Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–11: ““Pou Ou Kapab Gen Viktwa”


“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–11: ‘Pou ou kapab gen viktwa,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Fevriye. Doktrin ak Alyans 10–11,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Maniskri Liv Mòmon an

Replika maniskri orijinal Liv Mòmon an.

1–7 Fevriye.

Doktrin ak Alyans 10–11

“Pou Ou Kapab Gen Viktwa”

Ekri enpresyon w pandan w ap li ekriti yo se tankou plante semans; menm ti enpresyon piti yo ka mennen nan revelasyon pèsonèl siyifikan.

Ekri enpresyon ou

Pandan tradiksyon Liv Mòmon an ap pwogrese, gen yon kesyon ki te soulve tou natirèlman: Kisa Joseph Smith ak Oliver Cowdery t ap fè osijè paj tradiksyon ki te pèdi yo? Bagay lojik la se t ap pou yo ta retounen al retradui pati sa a, men, Senyè a te wè yon bagay ke yo pa t ka wè—moun mechan ki t ap fè konplo pou yo te falsifye pawòl ki te ekri sou 116 paj sa yo pou yo te ka fè moun doute de travay enspire Joseph la. Bondye te gen yon plan pou l te kontrekare efò Satan yo ak ranplase sa k te pèdi. Plan sa a te mete anplas dè milye ane anvan lè pwofèt Nefi te santi l pouse pou l te kreye yon dezyèm anal ki te kouvri menm peryòd la. Nan apre, Mòmon te enspire pou l te antre anal sa a nan Liv Mòmon an “pou yon rezon ki saj” ke Senyè a sèlman te konnen (gade Pawòl Mòmon 1:3–7).

Senyè a te di Joseph: “Sajès mwen pi gran pase mètdam dyab la” (Doktrin ak Alyans 10:43). Sa se yon mesaj rasiran nan yon epòk tankou pa nou an, kote efò san rete advèsè a pou febli lafwa yo ap ogmante grandman. Tankou Joseph, nou ka “fidèl epi kontinye” nan travay Bondye aple nou pou nou fè a (vèsè 3). Lè sa a, “pòt lanfè yo p ap gen viktwa” sou nou (vèsè 69).

Gade Sen yo, 1:51–61.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Doktrin ak Alyans 110:1-33

Satan ap eseye detwi travay Bondye a.

Satan ta prefere pou nou ta bliye ke l egziste—oubyen pou nou ta omwen pa rekonèt tantatif l ap fè pou enfliyanse nou yo (gade 2 Nefi 28:22–23). Men pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans 10 yo revele ke Satan nan yon opozisyon aktif san rete kont travay Bondye a. Pandan w ap li vèsè 1–33 yo, identifye kijan Satan te chèche detwi travay Bondye a nan epòk Joseph Smith la (gade vèsè 62–63) tou. Ki resanblans ou wè avèk fason Satan travay jodia? Ou gen dwa mande Senyè a pou l ede w wè kijan Satan ka tante ou. Kisa w aprann nan seksyon 10 la ki ka ede w reziste anba efò Satan yo?

Doktrin ak Alyans 10:34–52

Sajès Senyè a “pi gran pase mètdam dyab la.”

Plis pase 2.400 zan anvan sa, Senyè a te prepare mwayen pou l te ranplase paj ki te pèdi nan Liv Mòmon yo (gade 1 Nefi 9). Kisa w aprann osijè Senyè a nan Doktrin ak Alyans 10:34–52 a? Ki prèv sou sajès ak presyans Senyè a ou wè nan lavi w?

Anal Bondye te prepare pou te ranplase maniskri k te pèdi a, n ap jwenn ni soti nan 1 Nefi rive nan Omni. Kijan istwa ak ansèyman yo ki nan anal sa a “[bay] yon pi gwo vizyon sou levanjil [la]” pou ou? (Doktrin ak Alyans 10:45).

Imaj
Mòmon ap fè rezime plak yo

Mòmon ap abreje plak yo, pa Tom Lovell

Doktrin ak Alyans 11

Si m mande Bondye, m ap resevwa.

Plizyè manm nan fanmi Joseph Smith ak zanmi li te mande l pou l te chèche konn volonte Senyè a pou yo. Joseph te kontan fè sa, men Senyè a te dispoze pou l te ba yo revelasyon pèsonèl tou. Nan Doktrin ak Alyans 11, yon revelasyon Joseph te resevwa pou gran fè li Hyrum, Senyè a te di: “M ap ba ou yon mòso nan Lespri m, … epi apresa ou pral konnen … tout bagay ou vle nan men mwen” (Doktrin ak Alyans 11:13–14).

Senyè a te di ke pawòl li sete pou “tout moun ki gen bon dezi, epi ki manche kouto digo yo pou yo rekòlte” (vèsè 27). Nan Doktrin ak Alyans 11 la, kisa Senyè a ap eseye di w osijè revelasyon pèsonèl? osijè patisipe nan travay Bondye? Ki lòt mesaj li genyen pou ou?

Doktrin ak Alyans 11:15–26

Si m ap chèche “jwenn pawòl [Bondye] a,” m ap resevwa Lespri li ak pouvwa li.

Menm anvan Liv Mòmon an te tradui, Hyrum Smith pa t ka tann pou l te preche levanjil la. Pandan w ap li repons Senyè a te ba l pou dezi l yo, reflechi sou kisa “jwenn pawòl[Bondye] a” vledi pou ou (vèsè 21). Nan ki fason jwenn pawòl Bondye a ede w sèvi nan Legliz la? Kijan sa pote pouvwa Bondye nan lavi w?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 10:5.Kisa nou aprann nan vèsè sa yo apwopo pouvwa lapriyè? Kijan pou nou “toujou priye”? (Pou kèk ide, gade David A. Bednar, “Toujou priye,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 41–44.)

Doktrin ak Alyans 10:38–46.Pou ede fanmi w diskite sou fason Senyè a ranplase paj pèdi yo nan tradiksyon Liv Mòmon an, petèt manm fanmi w ta ka pale de yon bagay yo te pèdi resamman. Kijan yo te santi yo lè yo te dekouvri ke l te pèdi? Kijan yo te santi yo lè yo te jwenn ni? Malgre yo pa t janm jwenn paj Liv Mòmon yo ki te pèdi a, kijan Senyè a te ranplase pèt sa a, selon Doktrin ak Alyans 10:38–46?

Doktrin ak Alyans 10:55–70Envite manm fanmi w pou yo chèche epi make fraz ki kòmanse pa “Mwen” oubyen “M ap” yo. Kisa nou aprann nan fraz “Mwen” an apwopo kiyès Jezikri ye ak pèsonalite li? Kisa nou aprann nan fraz “M ap” la sou sa l fè? Ankouraje manm fanmi yo pou yo di kijan verite sa yo fòtifye lafwa yo nan Jezikri.

Doktrin ak Alyans 11:12–14.Lekti vèsè sa yo ka ede manm fanmi w rekonèt kilè Lespri a ap kominike avèk yo. Ou gen dwa limen yon flach atè a epi envite yon manm fanmi pou l deplase al nan limyè a klere a. Kijan sa sanble ak suiv gidans Sentespri a? Ki eksperyans pèsonèl ou ta ka pataje?

Doktrin ak Alyans 11:15–30.Panse pou w fè yon lis bagay Senyè a te di Hyrum Smith pou l te fè pou l te ka pare pou pataje levanjil la. Sou kisa nou dwe travay kòm fanmi?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Quand je lis l’Écriture sainte,” Chants pour les enfants, 66; gade “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou.”

Amelyore ansèyman nou

Aplike ekriti yo nan lavi ou. Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo di ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo. Paregzanp, yo ta ka di kijan Lespri a konn enfliyanse yo nan fason yo dekri nan Doktrin ak Alyans 11:12–13yo.

Imaj
Joseph ak Hyrum Smith

Joseph ak Hyrum Smith, pa Ken Corbett

Enprime