Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20–22: “Monte Legliz Kris la”


“1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20-22: ‘“Monte Legliz Kris la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“1–7 Mas. Doktrin ak Alyans 20-22,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
lakay Peter Whitmer

lakay Peter Whitmer, pa Al Rounds

1–7 Mas

Doktrin ak Alyans 20–22

“Monte Legliz Kris la”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 20-22 a semèn sa a, ide ansèyman ka vin nan lespri ou. Ou ka jwenn lòt ide ansèyman nan plan leson sa a tou.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi envite timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou òganizasyon Legliz la. Pou èd, gade “Chapit 9: Òganizasyon Legliz Jezikri a” (Istwa Doktrin ak Alyans, 40-42).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 20-21

Legliz Jezikri a te retabli.

Le 6 Avril, 1830, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te rasanble avèk lòt moun pou yo te òganize Legliz retabli Jezikri a. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann enpòtans evenman sa a?

Aktivite posib

  • Itilize antèt seksyon Doktrin ak Alyans 21 an oubyen chapit 9 nan Istwa Doktrin ak Alyans yo pou di timoun yo sak te pase lè Legliz la te òganize a. Pou ede yo konprann evenman sa a, montre yo videyo sou “Òganizasyon Legliz la” nan (ChurchofJesusChrist.org).

  • Di yo poukisa w rekonesan dèske nou gen Legliz Jezikri Pou Sen Dènye Jou yo. Eksplike yo ke lè nou manm Legliz la, sa prepare nou pou n al viv avèk Bondye ankò. Ede yo repete fraz “M se manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo” plizyè fwa oubyen chante “L’Eglise de Jesus-Christ“ (Chants Pour Les Enfants, 48).

Doktrin ak Alyans 20:37, 71-74

M ap prepare m pou m batize.

Timoun w ap anseye yo ap prepare yo pou yo batize. Ede yo konprann sa sa vle di pou yon moun batize ak sa yo ka fè pou yo prepare yo.

Aktivite posib

  • Montre foto yon timoun k ap batize (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 104), epi mande yo pou yo di kisa yo remake. Li oubyen fè rezime Doktrin ak Alyans 20:71-74, epi ede timoun yo wè kijan foto a koresponn avèk enstriksyon ki nan vèsè sa yo. Temwaye ke nou dwe suiv ekzanp Sovè a pou nou batize nan fason l kòmande a.

  • Fè rezime Doktrin ak Alyans 20:37. Kisa nou aprann nan vèsè sa a konsènan moun ki vle batize? Montre foto sou fason timoun yo ka prepare yo pou batèm, pa egzanp sèvi lòt moun ak priye.

  • Chante yon chan konsènan batèm, tankou “Le Jour de mon baptême” (Chants Pour Les Enfants, 53), oubyen gade “Batèm Jezi a” nan (biblevideos.ChurchofJesusChrist.org). Envite timoun yo pou yo pataje sa yo santi konsènan batèm yo.

Doktrin ak Alyans 20:75-79

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri.

Kijan w ka ede timoun yo pi byen konprann poukisa nou pran sentsèn chak semèn?

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 20:77 pou timoun yo. Mande yo pou yo kanpe lè yo tande kisa nou ta dwe sonje lè n ap manje pen sentsèn nan. Fè menm bagay la avèk vèsè 79 la tou. (Ou gen dwa souliye ke nou bwè dlo olye de diven.) Kijan nou ka montre ke nou sonje Jezi?

  • Pale yo de yon lè kote w te fè yon pwomès epi w te kenbe pwomès la. Envite yo pou yo rakonte pwòp istwa pa yo ki similè. Eksplike ke lè nou pran sentsèn nan, nou fè pwomès. Li Doktrin ak Alyans 20:77, epi mete aksan sou pwomès nou fè pou nou “toujou sonje l” epi “respekte kòmandman l yo.” Envite timoun yo pou yo pataje yon lè kote yo te sonje Sovè a oubyen obeyi yon kòmandman.

    Imaj
    timoun k ap pran sentsèn

    Sentsèn nan fè m sonje Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 20-21

Legliz Jezikri a te retabli.

Nan obeyisans pou kòmandman Senyè a te ba yo, Joseph Smith, Oliver Cowdery, ak lòt te òganize Legliz Jezikri retabli a le 6 Avril 1830. Konsidere fason pou w ede timoun yo wè kijan evenman sa a beni lavi yo.

Aktivite posib

  • Fè yo sonje kèk evenman enpòtan nan sa yo t ap aprann yo—tankou retablisman prètriz la ak tradiksyon Liv Mòmon an. Poukisa bagay sa yo te dwe fèt anvan Legliz la te ka òganize?

  • Montre foto bagay nou fè nan Legliz la yo dekri nan seksyon 20 an, tankou aprann sou Bondye ak Jezikri, rann sèvis, batize, ak pran sentsèn. Ede timoun yo fè foto sa yo matche avè ekriti ki dekri yo, tankou Doktrin ak Alyans 20:17-21, 47, 70, 72-74, 75-79, ak antèt seksyon 21 an. Ki benediksyon nou jwenn paske nou se manm Legliz la?

  • Chante ansanm “L’Eglise de Jésus-Christ” (Chants pour les enfants, 48).

Doktrin ak Alyans 20:37, 77, 79

Lè m te batize, m te pwomèt pou m suiv Jezikri.

Plizyè nan timoun ki nan klas ou a te batize. Fè yo sonje alyans yo te fè pou yo “pran non Jezikri sou tèt yo a” (Doktrin ak Alyans 20:37).

Aktivite posib

  • Envite kèk nan timoun yo pou yo vini pare pou yo pataje sa yo te santi oubyen ki eksperyans yo te fè lè yo te batize. Petèt yo ta ka pote yon foto jou yo t ap batize a pou yo montre klas la. Poukisa yo te chwazi pou yo te batize? Kijan batèm nan ak resevwa don Sentespri a te beni yo?

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 20:77, epi mande timoun yo pou yo idantifye pwomès nou fè pandan sentsèn nan. Pou ede yo konprann ke gen bagay yo ka fè chak jou pou yo ka “toujou sonje” Jezikri, envite youn nan timoun yo pou l pretann l ap fè yon bagay li ka fè pou sonje Sovè a. Mande lòt timoun yo pou devine kisa aksyon an ye. Selon vèsè 77 la, kijan nou beni lè nou toujou sonje Sovè a?

  • Ede timoun yo konpare Doktrin ak Alyans 20:37 la avèk vèsè 77 la pou yo ka jwenn yon fraz ki repete nan toude. Montre yo yon bagay ki gen yon non sou li (tankou yon mak oubyen yon non pèsonèl). Kisa non an di nou konsènan bagay la? Li Doktrin ak Alyans 20:37 ansanm pou nou dekouvri non kiyès nou pran sou tèt nou lè nou batize. Kisa sa vledi pran non Kris la sou tèt nou? Kijan nou dwe panse oubyen aji paske nou gen non l sou tèt nou?

Doktrin ak Alyans 21:4–6

Mwen beni lè m suiv pwofèt la.

Kijan wap ede timoun yo resevwa benediksyon yo pwomèt nan vèsè sa yo pou moun ki suiv pwofèt la?

Aktivite posib

  • Ekri Kòmandman ak Benediksyon sou tablo a. Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 21:4-6, pou yo chèche kòmandman Senyè a te bay ak benediksyon l te pwomèt. Fè yo pataje oubyen ekri sa yo jwenn yo sou tablo a.

  • Montre yon foto pwofèt aktyèl la, epi envite timoun yo pataje yon bagay yo te aprann oubyen tande de li resamman. Li Doktrin ak Alyans 21:58 ansanm. Envite timoun yo pou yo ekri oubyen desine yon bagay yo ka fè pou yo suiv pwofèt la. Pataje temwayaj ou ke lè nou suiv pwofèt la, se Sovè a n ap suiv.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo fè yon lis sou rezon k fè yo rekonesan pou legliz retabli Jezikri a. Ankouraje yo pou yo pataje lis yo a avèk yon manm fanmi yo oubyen ak yon zanmi.

Amelyore ansèyman nou

Itilize istwa pou ansenye doktrin nan. “Istwa yo ede timoun yo wè kijan levanjil la aplike nan lavi kotidyèn. … Lè w ap anseye jèn timoun yo, planifye sou fason pou enplike yo nan istwa a, paregzanp, yo ka kenbe foto yo, repete fraz, oswa jwe yon wòl“ (Anseye nan Fason Sovè a, 25).

Enprime