Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29: “Jezikri Pral Ransable Pèp Li a“


“22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29: “Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a,’“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29,“ Vini, Swiv Mwen—Pou Primè

Imaj
Jezi kanpe devan moun ki ajenou

Tout Jenou Ap Flechi, Pa J. Kirk Richards

22–28 Mas

Doktrin ak Alyans 29

Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a

Ou konn timoun w ap ansenye yo, epi gen plizyè verite nan Doktrin ak Alyans 29 la ki kapab beni yo. Suiv Enspirasyon Lespri a lè w ap etidye seksyon 29 la, epi ekri enpresyon w resevwa sou fason w pral ansenye timoun yo verite sa yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Panse pou w envite kèk timoun pataje kèk nan fason yo aprann levanjil la lakay yo—poukont yo oubyen avèk fanmi yo. Envite youn oubyen plizyè timoun pataje temwayaj yo sou yon bagay yo te aprann semèn sa a lakay yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 29:1–2

Jezikri ap rasanble pèp li a anvan l retounen ankò.

Sovè a rasanble nou lè nou aksepte l epi nou suiv ansèyman l yo.

Aktivite Posib

  • Kite timoun yo kolorye paj aktivite semèn sa a pandan w ap pase videyo “Pousen ak Poul” yo nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo pote atansyon a fason manman poul la pwoteje pousen yo.

  • Apre w fin li Doktrin ak Alyans 29:1-2, jwe wòl sou analoji Kris la k ap rasanble pèp li a “menmjan yon manman pou rasanble ti pousen l yo.” Yon timoun ka pretann li se manman poul la epi chwazi yon kwen nan sal la pou l kanpe. Lè l “glouse,” rasanble tout timoun yo alantou l. Chak timoun ka pran tou pa l pou jwe wòl manman poul la. Kenbe yon foto Sovè a epi envite timoun yo vin rasanble avè l. Pataje kijan Jezikri ede nou lè nou rasanble bò kote l avèk timoun yo.

    Imaj
    Manman poul ak pousen

    Konbyen Fwa, Pa Liz Lemon Swindle

Doktrin ak Alyans 29:2–11

M ka prepare pou m rankontre Sovè a.

Yon jou, nou chak ap nan prezans Jezikri. Menm si jou sa a kapab lwen nan lefiti, timoun yo ka panse sou kijan sa ap ye ak kijan yo ka prepare yo pou li.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Dezyèm Vini an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66), epi ede yon timoun li Doktrin ak Alyans 29:11. Ede yo wè fraz nan ekriti yo ki dekri sa yo wè nan foto a. Pataje jan w santi w konsènan retou Jezikri sou tè a ankò.

  • Ou gen dwa chante yon kantik sou Dezyèm Vini an ansanm tou, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les enfants, 82-83). Montre timoun yo foto kèk bagay yo ka fè pou prepare yo pou yo rankontre Sovè a epi viv avèk li pou tout tan. (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la pou kèk ide). Ede yo jwenn fason pou yo prepare nan Doktrin ak Alyans 29:2-10 la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 29

Papa nou ki nan Syèl la te prepare yon plan sali pou mwen.

Plis yon timoun konnen sou plan sali Bondye a, se plis li ka ekzèse lafwa nan Papa nou ki nan Syèl la ak nan Jezikri pou suiv plan sa a. Ki pati nan plan an ou santi w enspire pou ou souliye?

Aktivite posib

  • Mande plizyè timoun pou pataje ekzanp kote yo te gen yon plan, tankou pou yon vwayaj oubyen pou akonpli yon tach. Ou ta ka pataje ekzanp plan tou, tankou yon kalandriye ki gen aktivite ki ekri sou li oubyen enstriksyon pou fè yon bagay. Poukisa plan itil? Di timoun yo ke ke Papa nou ki nan Syèl la gen yon plan ki pèmèt nou vin menm jan avè l.

  • Pou ede yo konprann plan Bondye a, fè siy avèk mo sa yo: lavi premòtèl, Kreyasyon an, Chit la, lavi sou tè a, ak Dezyèm Vini an. Apre w fin eksplike yo chak mo (gade Doktrin ak Alyans 29:9-45), bay yon timoun diferan chak siy yo, epi mande yo pou yo kanpe an liy nan lòd kòrèk la pou montre kilè chak evènman te rive nan plan Papa nou ki nan Syèl la. Chak timoun ka pataje kisa l konnen konsènan siy li an. Ede timoun yo wè kijan konnen plan Papa nou ki nan Syèl la ede nou vin menm jan avè l ak Sovè a.

  • Itilize youn oubyen plis nan aktivite sa yo pou anseye verite konsènan plan an ak kijan yo aplike a noumenm. Panse pou w mande kèk nan timoun yo pou yo prepare pou ede w ansenye.

    • Libète pou Chwazi. Ede timoun yo konprann ke Papa nou ki nan Syèl la ba nou don libabit la—libète pou nou chwazi—epi nou gen pou n rann kont pou chwa nou yo (gade Doktrin ak Alyans 29:39-40). Kreye de siy pou chak timoun: youn ki reprezante bon chwa (pa ekzanp, yon vizaj souriyan) avèk youn ki reprezante yon move chwa (pa ekzanp, yon vizaj ki fache.) Pataje ekzanp sou bon chwa ak move chwa, epi mande timoun yo pou yo leve siy kòrèk la. Mande timoun yo pou yo pataje benediksyon ki vini lè nou suiv Jezikri. Poukisa Papa nou ki nan Syèl la kite nou fè pwòp chwa nou?

    • Kòmandman yo. Envite timoun yo fè yon lis tout kòmandman yo sou tablo a. (Paregzanp, yo ka chèche nan Egzòd 20:3-17 ak Liv Ilistrasyon Levanjil la, 103-15.) Poukisa Papa nou ki nan Syèl la banou kòmandman? Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 29:35 konsènan kòmandman Papa nou ki nan Syèl la?

    • Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a. Ede timoun yo wè ke Papa nou ki nan Syèl la prepare yon fason pou nou jwenn padon lè nou fè move chwa. Mande chak timoun pou l li youn nan vèsè nan Doktrin ak Alyans 29:1, 42-43 yo epi pataje sa l ansenye konsènan Ekspyasyon Sovè a. Chèche yon fason kreyatif pou envite timoun yo pataje sa yo jwenn yo, tankou nan lòd jou fèt yo, oubyen pi kout jiska pi wo, eksetera.

Doktrin ak Alyans 29:1–2

Jezikri ap rasanble pèp li a anvan l retounen ankò.

Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo eksite pou yo ede nan rasanbleman Izrayèl la?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 29:1-2 epi gade ak kisa Senyè a konpare tèt li. Kisa timoun yo imajine lè yo li konparezon sa a? Kisa Sènye a te di nou dwe fè pou l ka rasanble nou?

  • Yon fason pou fè timoun yo eksite apwopo rasanbleman an se pataje istwa yon moun ki rantre nan Legliz la. Pa egzanp, kiyès ki te entwodui fanmi w nan Legliz la? Panse pou w mande yo pou yo chèche konn kiyès ki se premye manm Legliz la nan fanmi yo epi pataje istwa li avèk klas la.

  • Envite yo pou yo fè yon lis sou fason yo ka ede moun rasanble al jwenn Sovè a. Pa ekzanp, ou ka envite zanmi oubyen manm fanmi nan yon aktivite Primè oubyen yon sware familyal avèk fanmi yo.

  • Dizyèm atik lafwa a pale konsènan rasanbleman Izrayèl la. Èske gen youn nan timoun yo ki te memorize atik lafwa sa a? Si yo te memorize l, envite yo pou yo resite l pou klas la. Si non, ede yo fikse yon bi pou yo memorize l.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo ekri yon verite yo te aprann nan klas la. Mande yo pou yo bay kèk ide sou sa yo pral fè pou yo pataje verite sa a avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Pote Atansyon. Pote atansyon a fason timoun nan klas ou yo ap reponn nan aktivite aprantisaj yo. Si yo vin dezòd, petèt se yon bon lè pou w ta fè yon lòt aktivite oubyen al mache. Si w wè timoun yo angaje epi y ap aprann, pa santi w gen presyon pou w avanse.

Enprime