Doktrin ak Alyans 2021
15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27-28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”


“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27-28: “Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“15–21 Mas. Doktrin ak Alyans 27-28,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Joseph Smith

15–21 Mas

Doktrin ak Alyans 27-28

“Tout Bagay Dwe Fèt nan Lòd”

Verite sa yo yo anseye nan Doktrin ak Alyans 27-28 yo ka fòtifye temwayaj timoun w ap anseye yo. Pandan w ap konsidere bezwen timoun yo, ki verite ou santi w ta dwe fokis sou li nan klas la?

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre yon foto pwofèt Joseph Smith ak yon foto pwofèt aktyèl la. Envite timoun yo pou yo di non moun ki nan foto yo epi pataje kèk bagay pwofèt yo fè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 27:1–2

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri.

Timoun piti yo ka aprann enpòtans sèntsèn nan epi jwenn mwayen pou yo sonje Sovè a pandan òdonans sakre sa a.

Aktivite Posib

  • Montre timoun yo yon foto Jezi k ap bay Apot li yo sentsèn (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 54). A kisa sa t ap sanble pou n ta pran sentsèn avèk Sovè a? (gade Doktrin ak Alyans 27:5). Li Doktrin ak Alyans 27:2, kòmanse nan “sonje devan Papa m,” epi mande timoun yo pou yo koute pou yo ka tande sa Sovè a vle nou sonje lè n ap pran sentsèn.

  • Montre timoun yo pen ak dlo ak yon foto Sovè a. Kite yo kenbe foto a pandan w ap anseye yo ke sentsèn nan ede nou sonje Jezikri.

  • Ede yo reflechi sou sa yo ka fè pou yo sonje Jezi pandan sentsèn nan. Kisa fanmi yo fè pou yo ede youn lòt rete reveran? Envite yo desine yon foto yo kapab gade pandan sentsèn nan pou ede yo sonje Sovè a.

Doktrin ak Alyans 27:15–18

Zàm Bondye yo pwoteje m.

Reflechi sou fason w ka ede timoun w ap anseye yo wè kijan respè kòmandman yo se tankou mete zàm Bondye yo sou yo.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto yon boukliye (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 27:15-18, ede yo jwenn pyès zàm yo nan foto a. Di yo kijan zàm Bondye yo ede w “reziste anba jou mechan an” (vèsè 15).

  • Plan pou Efezyen yo nan Vini Suiv Mwen—Pou Primè: Nouvo Testaman 2019 la gen yon paj aktivite konsènan zàm Bondye yo. Koupe pati zàm yo, epi kite timoun yo mete yo sou youn nan desen yo lè n ap li Doktrin ak Alyans 27:15-18 la. Ede timoun yo konprann sa yo ka fè pou yo mete zàm Bonye yo sou yo, tankou priye, chwazi bon bagay, sèvi lòt moun, ak lòt bagay konsa.

    Imaj
    timoun k ap jwe

    Mwen kapab mete zàm Bondye yo sou mwen.

Doktrin ak Alyans 28:2, 6–7

Pwofèt la ap dirije Legliz la.

Èske timoun w ap anseye yo konnen poukisa nou gen pwofèt? Itilize Doktrin ak Alyans 28 pou ede yo konnen ke pwofèt la se sèl moun ki kapab dirije Legliz la.

Aktivite posib

  • Li oubyen rakonte istwa Hiram Page la nan pwòp mo pa ou (gade “Chapit 14: Pwofèt la ak Revelasyon pou Legliz la,” Istwa Doktrin ak Alyans, 56–57). Pataje temwayaj ou ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri te chwazi Joseph Smith pou dirije Legliz la nan epòk li a (gade Doktrin ak Alyans 28:2). Pataje temwayaj ou ke pwofèt aktyèl la aple pou l ede Senyè a dirije Legliz li a nan epòk pa nou an.

  • Mande timoun yo pou yo jwe wòl “suiv dirijan an”—yon timoun ta ka kanpe devan sal la, epi rès timoun yo ka imite kèlkeswa sa l fè. Sa ka mennen yon diskisyon sou rezon k fè nou suiv pwofèt la. Ou gen dwa montre yon foto Jezikri epi mete aksan ke nou suiv pwofèt la paske l ap suiv Sovè a epi li pale pawòl Sovè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 27:1–2

Sentsèn nan ede m sonje Jezikri.

Kijan aprantisaj prensip nan Doktrin ak Alyans 27:1-2 yo ede timoun w ap ansenye yo pou yo fè yon eksperyans ki siyifikan lè y ap pran sentsèn nan?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo ekri sa yo panse Sovè a ta vle yo konnen konsènan sèntsèn nan. Si yo bezwen sa, yo gen dwa li “Sentsèn” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Kite yo pataje kèk nan bagay yo te ekri yo, epi mande yo pou yo ajoute nan lis yo a apre yo fin li Doktrin ak Alyans 27:1-2 a. Kijan bagay ki sou lis yo a afekte jan yo pran sentsèn nan chak Dimanch?

  • Ede timoun yo panse a kisa sa vle di pou yo pran sentsèn nan “yon sèl entansyon pou laglwa [Bondye]” (vèsè 2). Diskite kesyon tankou kesyon sa yo: Kisa ki konn distrè zye ak panse nou pandan sentsèn nan? Kisa nou ka fè pou nou konsantre atansyon nou sou Sovè a lè n ap pran Sentsèn? Kijan sa ap ede nou suiv li chak jou?

Doktrin ak Alyans 27:15-18

Zam Bondye yo pwoteje m kont mal.

Timoun w ap ansenye yo ap fè fas ak anpil enfliyans mal pandan lavi yo. Papa nou ki nan Syèl la vle ede yo reziste anba mal. Kijan w ka enspire yo pou yo mete zàm Bondye yo sou yo?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li Doktrin ak Alyans 27:15-18 epi desine kèk pati nan zàm yo mansyone a (si sa nesesè, yo ka refere yo nan imaj ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Kisa pawòl k ap dekri chak pyès nan zàm nan ansenye nou konsènan sa nou bezwen pou nou ka lite anba mal ki antoure nou yo ( pa ekzanp, ladwati, lafwa, sali, eksetera)?

  • Envite timoun yo pou yo reflechi sou bagay yo ka fè pou yo reziste anba tantasyon ki antoure yo. Mande yo pou yo fini fraz “Nou mete zàm Bondye yo chak jou lè nou …” avèk ide yo. Ede yo wè kijan efò yo pou yo vin jwenn Kris la ap ede yo mete zàm Bondye yo sou yo.

Doktrin ak Alyans 28:1–7, 15

Papa nou ki nan Syèl la gide m atravè Sentespri a.

Doktrin ak Alyans 28:1–7, 15 ka ede timoun w ap ansenye yo konprann ke tout moun ka resevwa gidans Sentespri a, men revelasyon pou Legliz la ap toujou vini atravè pwofèt la.

Aktivite posib

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo mande paran yo si yo ka ansenye yon leson nan sware familyal konsènan youn nan bagay yo te aprann nan klas la.

Amelyore Ansèyman Nou

Itilize mizik. Chan Primè yo ak kantik yo kapab ede timoun tout laj konprann ak metrize verite levanjil yo nan yon fason memorab. Yo kapab pèmèt timoun yo patisipe aktivman nan eksperyans aprantisaj la tou.

Enprime