Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26: “Fòtifye Legliz la”


8-14 Mas.” Doktrin ak Alyans 23-26: ‘Fòtifye Legliz la’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

8-14 Mas.” Doktrin ak Alyans 23-26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Emma Smith

8–14 Mas

Doktrin ak Alyans 23–26

“Fòtifye Legliz La”

Pandan w ap prepare w pou ou ansenye, konsidere ide aktivite ki nan seksyon “Timoun ki pi piti yo” ak “Timoun ki pi gran yo”.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre yon foto Emma Smith (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Envite timoun yo pataje sa yo konnen de li, enkli bagay yo te petèt aprann lè yo t ap etidye Doktrin ak Alyans 25 la semèn pase a.”Chapit 13: Joseph ak Emma” (Istwa Doktrin ak Alyans, 51-55) la ka ede.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 23:6; 26:1

Bondye vle m priye epi aprann nan ekriti yo chak jou.

Senyè a te konseye premye dirijan ak zanmi Legliz yo pou yo priye (gade Doktrin ak Alyans 23:6) ak etidye ekriti yo (gade Doktrin ak Alyans 26:1). Kijan w ka ede timoun yo fè priyè ak ekriti yo vin yon pati nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 23:6 pou timoun yo, kòmanse avèk ”ou dwe priye.“ Ede yo idantifye diferan fason ak andwa Senyè a te di nou dwe priye. Envite yo pou yo desine yon foto yomenm k ap priye nan youn nan fason sa yo oubyen nan youn nan kote sa yo.

  • Si sa nesesè, montre yo kijan pou yo priye. Yon chan konsènan priyè, tankou ”I Pray in Faith” (Children’s Songbook, 14), kapab ede.

  • Li pou timoun yo: “Konsakre tan w pou w etidye ekriti yo” (Doktrin ak Alyans 26:1). Di yo poukisa ou etidye ekriti yo. Ede yo panse sou fason yo ka aprann de ekriti yo, menm si yo poko konn li.

  • Chante ansanm “Quand je lis l’Ecriture sainte” nan (Chants pour les enfants, 66) oubyen yon lòt chan konsènan lapriyè ak etid ekriti. Ede timoun yo dekouvri benediksyon yo pwomèt nan chan an. Pale yo de santiman spirityèl ou te genyen lè w t ap priye ak li ekriti yo.

Doktrin ak Alyans 25:11–12

Jezi renmen “chan ki soti nan kè a.”

Senyè a te di ke mizik sakre “fè l plezi.” Ede timoun yo wè ke chante se pa jis yon aktivite amizan men se yon fason pou adore l tou.

Aktivite Posib

  • Envite chak timoun pou pataje kantik prefere l oubyen chan Legliz li pi renmen, epi chante kèk ladan yo ansanm. Li Doktrin ak Alyans 25:12 pou timoun yo, epi envite yo pou yo imajine kijan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri santi yo lè yo tande n ap chante chan sa yo.

  • Anseye yo yon chan konsènan chante, tankou “A pleine voix chantez” (Chants pour les enfants 124), oubyen yon chan konsènan Jezikri, tankou “Il envoya son Fils aimé“ (Chants pour les enfants 20). Envite yo pou yo chante chan an avèk fanmi yo semèn sa a.

    Imaj
    timoun k ap chante

    Chante se yon fason nou ka montre lanmou nou pou Bondye.

Doktrin ak Alyans 25:13, 15

M ka prepare pou m fè alyans sakre.

Timoun w ap anseye yo ap prepare yo pou yo fè premye alyans yo avèk Papa nou ki nan Syèl la lè yo batize. Kijan w ka ede yo wè kijan alyans nou yo presye?

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 25:13 pou timoun yo. Eksplike ke mo “respekte” a nan vèsè sa a vle di kenbe yon bagay byen di. Pou ede yo konprann, pase yon bagay solid, tankou yon wòch (oubyen yon ba fè), nan sal la epi envite yo pou yo kenbe l osi di ke yo kapab. Eksplike yo ke akwoche n a kòmandman yo vledi kenbe pwomès nou fè avèk Papa nou ki nan Syèl la epi pa janm lage sa (oubyen pa janm abandone).

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou w ansenye timoun yo sou lè nou fè alyans avèk Papa nou ki nan Syèl la. Li Doktrin ak Alyans 25:15, epi eksplike ke ”kouwòn jistis“ la reprezante benediksyon pou nou retounen al viv avèk Bondye, Wa Selès nou an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 23:3–7; 25:7

Jezi vle m fòtifye moun ki bò kote mwen.

Lè Legliz la te premye òganize a, pa t gen anpil manm. Senyè a te mande Sen yo pou yo te bati Legliz la nan pataje levanjil la ak nan youn fòtifye lòt. Nou ka fè menmjan tou.

Aktivite posib

  • Mand timoun yo pou yo chèche konbyen fwa yo di mo ”egzòtasyon“ ak ”egzòte“ yo nan Doktrin ak Alyans 23:3–7; 25:7. Ede yo defini mo sa yo. Kijan egzòtasyon ka fòtifye yon moun? Envite yo pou yo jwe wòl “egzòte” yon moun men pou yo fè sa ak lanmou.

  • Kijan nou ka amelyore travay pou fòtififye lòt manm Legliz yo? Pou ilistre prensip sa a, bay yon timoun yon tach ki ap bezwen plizyè moun pou ede l. Apresa mande lòt timoun yo pou yo ede, epi diskite kòman tach la te vin pi fasil. Pataje yon eksperyans kote sèvis yon manm Legliz la te fòtifye w.

Doktrin ak Alyans 24:1, 8

Sovè a ka leve m “anlè epi retire m nan afliksyon [m] yo. “

Joseph Smith te soufri anpil eprèv, men li te kapab ”pasyan nan afliksyon“ yo paske Senyè a te pwomèt ke li t ap toujou avèk li.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo fè yon lis afliksyon oubyen pwoblèm Joseph Smith ak lòt premye Sen yo te rankontre sou tablo a (gade “Chapit 11:Plis Moun Vin Manm Legliz la,” Istwa Doktrin ak Alyans, 46–47, oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Apresa envite yo pou yo dekouvri kisa Senyè a te di Joseph Smith konsènan afliksyon l yo nan Doktrin ak Alyans 24:1, 8. Kijan nou ka chèche èd Sovè a lè nou ap pase yon moman difisil?

  • Pou anseye yo ke pafwa nou bezwen gen “pasyans nan afliksyon [nou] yo,” ou ta gen dwa pase videyo ”Kontinye ak pasyans“ lan nan (ChurchofJesusChrist.org). Mande yo pou yo reflechi sou yon bagay yo reyèlman vle men ke yo dwe ret tann. Poukisa Senyè a mande nou pou nou gen pasyans pafwa nan moman difisil nan lavi nou? Kijan l fè nou konnen ke li ”avèk [nou]“ pandan afliksyon nou yo?

Doktrin ak Alyans 25:13

M kapab “respekte alyans“ m te fè yo.

Yon ti tan apre Emma Smith te batize, Senyè a te di l, “Respekte alyans ou fè yo.“ Konsidere kijan konsèy sa a ka beni timoun w ap anseye yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 25:13, epi mande timoun yo kisa “respekte alyans“ nou fè yo vle di nan vèsè sa a. Pou ilistre sa, pase bagay ki soude byendi epi kite timoun yo eseye dekole yo. Poukisa mo “akwoche” a se yon bon mo pou dekri kijan nou dwe santi nou konsènan alyans nou yo?

  • Si sa nesesè, revize alyans nou fè lè nou batize yo avèk timoun yo (gade Mozya 18:8-10; Doktrin ak Alyans 20:37). Kisa sa vle di pou nou “respekte” alyans sa yo?

  • Revize ansanm kèk nan bagay ou konnen konsènan lavi Emma Smith (gade “Chapit 13: Joseph and Emma“ [Istwa Doktrin ak Alyans, 51-55], oubyen videyo ki koresponn nan nan ChurchofJesusChrist.org). Bay chak timoun youn oubyen de vèsè nan seksyon 25 la, epi envite yo pou yo di kijan konsèy ak tach Senyè a ak tach li te bay Emma yo te ede l “respekte alyans“ li te fè yo. Kijan nou ka suiv egzanp li?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi yon vèsè prefere yo ke nou te diskite ansanm, ekri referans lan, epi pataje l avèk yon manm fanmi oubyen yon zanmi.

Amelyore Ansèyman nou

Ankouraje reverans. Ede timoun yo konprann ke yon aspè enpòtan nan reverans se panse ak Pè Selès la avèk Jezikri. Ou gen dwa chante oubyen fredone yon chan tou ba oubyen montre yon foto Jezi pou w raple timoun yo pou yo gen reverans.

Enprime