Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26: “Fòtifye Legliz la”


“8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26: “Fòtifye Legliz la,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Mas. Doktrin ak Alyans 23–26,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Emma Smith

8–14 Mas

Doktrin ak Alyans 23–26

“Fòtifye Legliz la”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 23–26 la, ekri nòt sou enpresyon w resevwa nan men Sentespri a. Kijan w ka aplike konsè nan revelasyon sa yo pou fòtifye w antanke disip ak pou fòtifye Legliz la?

Ekri enpresyon ou

Apre Legliz la te fin òganize, Sen yo te fè fas ak yon nouvo pwoblèm—simaye levanjil la ak fòtifye moun ki te deja ini avèk Legliz la, tout sa pandan pèsekisyon te kontinye ap ogmante. Emma Smith te temwen dirèk opozisyon an. An Jen 1830, Emma ak manm fanmk Knight yo te vle batize. Men enmi Legliz yo te eseye entèwonp sa k ta dwe yon eksperyans sakre a. Toudabò, yo te detwi baraj ki te bati pou te bay ase dlo pou batèm yo. Menm apre yo te fin repare baraj la, pèsekitè yo te rasanble pou yo te menase ak moke moun ki t ap batize yo byen fò. Epi, pandan Joseph ta pral konfime nouvo manm yo, yo te arete l paske l te fè kominote a fache poutèt li t ap preche sou Liv Mòmon an. Sete tankou yon derapman ensèten pou Legliz Senyè a ki te fèk retabli a. Men nan mitan tout ensètitid ak boulèsman sa a, Senyè a te bay pawòl konsèy ak ankourajman presye, ki reprezante “vwa li pou tout moun” (Doktrin ak Alyans 25:16).

Gade Les Saints, 1:89–90, 94–97.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 23–26

M ka ede fòtifye Legliz Senyè a.

Jodia, prèske 200 zan apre Legliz retabli a te òganize, bezwen “pou fòtifye legliz la” kontinye (Doktrin ak Alyans 23:3–5). Epi travay sa a se pa jis pou Joseph Smith, Oliver Cowdery, oubyen dirijan aktyèl nou yo nan Legliz la—li se pou nou tout. Atravè etid ou sou Doktrin ak Alyans 23–26 la, medite sou konsèy Senyè a te bay premye manm Legliz yo pou te ede yo fòtifye Legliz la. Kisa w santi Senyè a vle w fè pou w patisipe nan efò sa a?

Doktrin ak Alyans 24

Sovè a ka soulaje m “anba afliksyon [m] yo.”

Dirije Legliz la nan yon epòk gwo pèsekisyon dwe te yon fado k te lou pou Joseph Smith. Chèche pawòl ankourajman Senyè a te ba li nan Doktrin ak Alyans 24 la.

Kisa ekriti sa yo sigjere w sou fason Sovè a ka soulaje w anba afliksyon w yo?

Doktrin ak Alyans 24:1–3 

Doktrin ak Alyans 24:8 

Doktrin ak Alyans 121:7–8 

Ezayi 40:28–31 

Mozya 24:14–15 

Kijan Jezikri te soulaje w anba afliksyon ou? Kisa w ka fè pou w kontinye chèche èd li pandan epòk difisil?

Imaj
Jezi ap geri moun

Li te geri anpil kalite maladi, tablo J.Kirk Richards

Doktrin ak Alyans 25

Emma Smith se “yon dàm chwazi.”

Lè Emma Hale te marye avèk Joseph Smith la, li te konnen l t ap gen pou l fè sakrifis. Li te ale kont souwè papa l epi l te chanje yon vi relativman konfòtab pou yon lavi ensètitid. Siman l t ap mande l kisa Senyè a te atann de li nan travay Retablisman an. Chèche repons Senyè a te ba l nan Doktrin ak Alyans 25 la. Note pawòl Senyè a nan vèsè 16 la—èske w wè yon bagay nan seksyon sa a ou santi ki se “vwa li pou [ou]”?

Gade tou “Yon Dam Chwazi” (videyo, ChurchofJesusChrist.org); “Tu es une dame élue,” Révélations dans leur contexte, 33–39; Joy D. Jones, “Yon Apèl Espesyalman Nòb,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 15–18.

Doktrin ak Alyans 26:2

Kisa konsantman komen ye?

Lè manm yo resevwa apèl oswa òdinasyon nan prètriz la nan Legliz la, nou gen opòtinite pou nou ofisyèlman soutni yo nan leve men nou pou montre sipò nou. Prensip pou demontre sipò nou ak akò nou piblikman an rele konsantman komen. Jan Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye: “Pwosedi pou bay soutyen an se yon bagay ki pi plis pase yon leve men abityèl. Se yon angajman pou nou soutni, sipòte, asiste moun yo chwazi yo” (“This Work Is Concerned with People,” Ensign, Me 1995, 51).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 23:6Poukisa Senyè a vle nou priye “nan fanmi [nou], ak pami zanmi [nou], ak tout kote”? Kisa chan “Ces mots d‘amour” la (Chants pour les enfants, 190)—oubyen yon lòt chan sou lapriyè—anseye nou sou pouvwa lapriyè?

Gade 2 Nefi 32:8–9; 3 Nefi 18:18–23 tou.

Doktrin ak Alyans 24:8.Èske l t ap bon pou fanmi w ta pale de kisa savle di pou nou “gen pasyans nan afliksyon”? Si w gen timoun piti, sa t ap amizan pou w ta rekreye eksperyans Prezidan Dieter F. Uchtdorf la yo dekri nan “Kontinye ak pasyans” la (Ensign oswa Liahona, Me 2010, 56; gade videyo a nan ChurchofJesusChrist.org) tou. Kisa Doktrin ak Alyans 24:8 anseye nou sou pasyans? Kijan Senyè a ede nou gen pasyans nan afliksyon nou?

Doktrin ak Alyans 25:11–12.Petèt ou ta ka chante kantik favori chak manm fanmi an epi pale sou rezon k fè l renmen “chante sa a.” Kijan chan sa yo se tankou “yon priyè pou [Bondye]”?

Doktrin ak Alyans 26:2.Sa ta bon pou w ta gade “Konsantman Komen” nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Nan ki fason nou montre sipò nou pou dirijan nou yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Lift Up Your Voice and Sing,” Children’s Songbook, 252 (gade “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou”).

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Emma Hale Smith

Pawòl Senyè a pou Emma Smith yo ki ekri nan Doktrin ak Alyans, 25 la revele kijan l santi l osijè Emma ak kontribisyon Emma te ka pote nan travay li a. Men a kisa Emma te sanble? Kisa nou konnen sou pèsonalite l, relasyon li, fòs li? Yon fason pou n konnen “dam chwazi” sa a (Doktrin ak Alyans 25:3) se li pawòl moun ki te konnen l pèsonèlman yo.

Imaj
Emma Smith

Emma Smith pa Lee Green Richards

Joseph Smith Jinyò, mari li

Imaj
Joseph Smith

“Avèk ki kontantman ineksplikab, ala transpò lajwa ki te nan kè m, lè jou swa sa a, m te pran men Emma byeneme m nan—limenm ki sete madanm mwen, madanm jenès mwen; ak chwa kè mwen. Te gen anpil vibrasyon nan lespri m lè pou yon moman m te kontanple pil senarye m te aple pou m te travèse yo. Fatig, ak tribilasyon, ak doulè, ak soufrans, al lajwa ak konsolasyon tanzantan te vide sou chemen nou ak ranpli lavi nou. O, ala yon melanj panse ki te ranpli lespri pandan moman an, men, li te la, menm nan setyèm pwoblèm nan, plen kouraj, fèm, inebranlab, enchanjab, Emma, plen afeksyon.”1

Lucy Mack Smith, bèlmè li

Imaj
Lucy Mack Smith

“Li te jèn lè sa a, epi, natirèlman plen anbisyon, tout kè l te nan travay Senyè a, epi li pa t santi okenn lòt enterè apa pou legliz la ak koz laverite a. Kèlkeswa sa men l te jwenn pou l te fè, li te fè l ak tout kè l epi li pa t poze kesyon egoyis ki se ‘Èske m ap benefisye plis pase tout lòt moun?’ nan. Si yo te voye èldè yo ale lwen pou yo te preche, li sete premye moun ki te volontè pou ofri sèvis li nan fè rad pou yo vwayaje, malgre tout pwòp privasyon pa li.”2

“Mwen pa t janm wè yon fi nan lavi m, ki t ap andire tout kalite fatig ak difikilte konsa, mwa apre mwa, ane apre ane, avèk kouraj, zèl ak pasyans inebranlab sa a, jan l te toujou fè; paske m konnen kisa l te oblije andire; li te balote sou oseyan ensètitid la; li te travèse tanpèt pèsekisyon, li te sibi raj lèzòm ak dyab yo, jiskaske l te anglouti nan yon lanmè twoub ki t ap kraze prèske nenpòt lòt fi.”3

Joseph Smith, Papa a, bòpè li

Benediksyon patriyakal Emma, ke Joseph Smith papa a, ki t ap sèvi kòm patriyach Legliz la, te pwononse:

“Emma, bèlfi mwen, Senyè a beni ou, pou fidelite w ak verite w: w ap beni avèk mari ou, epi rejwi nan laglwa ki ap gen pou vin sou li a: Nanm ou te aflije akoz mechanste lèzòm k ap chèche detwi konpayon w lan, epi tout nanm ou vide nan lapriyè pou delivrans li, rejwi w, paske Senyè a, Bondye w la, tande siplikasyon ou.

“Ou kriye poutèt kè di nan lakay papa w, epi ou priye pou sali yo. Senyè a ap respekte kri w yo, epi, pa jijman li, l ap fè kèk ladan yo wè foli yo epi repanti pou peche yo; men se pa aflikasyon y ap sove. W ap viv lontan; wi, Senyè a ap epaye ou jiskaske w satisfè; paske w ap wè Redanmtè w la. Kè w va rejwi nan gwo travay Senyè a, epi okenn moun p ap retire rejwisans sa a nan men ou.

“Wa toujou sonje gwo kondesansyon Bondye w la ki te pèmèt ou akonpaye pitit gason m nan lè zanj la t ap remèt li anal Nefit yo. Ou travèse anpil doulè paske Senyè a pran pitit ou yo: nan bagay sa a, blam nan se pa pou ou, paske li konnen dezi pur ou pou elve yon fanmi, pou non pitit gason m nan ta ka beni. Epi kounyeya, gade, m ap di ou, Senyè a di konsa, si w kwè, w ap beni nan bagay sa a epi w ap fè lòt pitit, pou lajwa ak satisfaksyon nanm ou, ak pou lajwa zanmi ou.

“W ap beni avèk konpreyansyon, ak pouvwa pou w enstwi moun menm sèks avèk ou. Anseye fanmi w lajistis, epi anseye timoun ou yo chemen lavi a, epi zanj va veye sou ou: epi ou va sove nan wayòm Bondye a; m di, Amèn.”4

Imaj
Emma Smith ak pitit li yo

Emma Smith ak pitit li yo Tan pou ri, pa Liz Lemon Swindle

Imaj
Emma Smith ap ekri

Liv Chan Emma, pa Liz Lemon Swindle

Enprime