Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29: “Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a”


“22–28 Mas. ‘Doktrin ak Alyans 29: “Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Mas. Doktrin ak Alyans 29,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Jezikri kanpe devan moun ki ajenou

Tout jenou pral flechi, pa J. Kirk Richards

22–28 Mas.

Doktrin ak Alyans 29

Jezikri Pral Rasanble Pèp Li a

Youn nan objektif etidye ekriti yo se pou nou aprann doktrin, oubyen verite levanjil ki esansyèl pou sali nou yo. Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 29 la semèn sa a, chèche ide doktrinal ki siyifikan pou ou.

Ekri enpresyon ou

Malgre ke Legliz Jezikri a te òganize an 1830, anpil verite levanjil te kontinye ap revele, epi plizyè nan premye manm Legliz yo te gen kesyon. Yo te li pwofesi nan Liv Mòmon yo sou rasanbleman Izrayèl ak bati Siyon an (gade 3 Nefi 21). Kijan sa t ap fèt? Revelasyon Hiram Page te deklare ke l te resevwa a te adrese sijè sa a, sa k te sèlman ogmante kiryozite manm yo (gade Doktrin ak Alyans 28). Lòt moun t ap poze tèt yo kesyon sou Chit Adan ak Ev la ak sou lanmò espirityèl. Senyè a te akeyi kesyon sa yo an 1830. Li te di Sen yo: “Nenpòt sa nou mande avèk lafwa, si nou reyini ansanm nan lapriyè daprè kòmandman m nan, n ap resevwa l” (Doktrin ak Alyans 29:6). Epi l ap akeyi kesyon nou yo jodia; li jis ap tann nou mande l nan lapriyè. Anfèt, jan revelasyon ki rich nan doktrin ki nan Doktrin ak Alyans 29 la montre a, li pafwa reponn kote l ba nou verite ak konesans depase kesyon nou te poze l toudabò yo.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 29

Papa nou ki nan syèl la te prepare yon plan pou egzaltasyon nou.

Doktrin ak Alyans 29 anseye anpil verite sou plan Bondye pou pitit li yo. Pandan w ap li, chèche verite w aprann sou chak nan pati sa yo nan plan an:

Ki nouvo ide w jwenn? Kijan lavi w t ap diferan si w pa t konn anyen sou verite sa yo?

Ou ka etidye plis sou plan Pè Selès la nan “Plan Sali a” (Preche Levanjil Mwen an: Yon gid pou sèvis misyonè, rev. ed. [2018], ChurchofJesusChrist.org/manual/missionary).

Doktrin ak Alyans 29:1-8

Jezikri ap rasanble pèp li a anvan Dezyèm Vini l lan.

Jezikri pale de rasanble pèp li a ”tankou yon manman poul rasanble ti poul li y anba zèl li” (Doktrin ak Alyans 29:2). Kisa imaj sa a anseye sou dezi Sovè a pou rasanble nou? Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 29:1–8 la, chèche ide sou rezon k fè nou rasanble, kimoun ki pral ransanble, ak kijan nou ka ede rasanble “eli” yo (vèsè 7).

Nan epòk nou an, rasanble nan Siyon vledi ini nan pye Siyon yo toupatou nan mond lan. Kijan rasanble kòm Sen ede nou “prepare nan tout bagay” pou tribilasyon k ap vini anvan Dezyèm Vini Sovè a? (vèsè 8; gade vèsè 14–28) tou.

Gade Atik Lafwa 1:10; Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018, ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
poul ak tipoul

Konbyen fwa, pa Liz Lemon Swindle

Doktrin ak Alyans 29:31-35

“Tout bagay espirityèl pou mwen.”

Nan ki sans tout kòmandman yo espirityèl? Kijan konesans ke tout kòmandman yo espirityèl la anseye nou sou bi kòmandman yo? Ou gen dwa fè lis kèk kòmandman epi konsidere prensip espirityèl ki anrapò ak yo chak.

Kisa k ta ka chanje si w te chèche siyifikasyon oswa bi espirityèl nan tach chak jou w yo, menm sa ki parèt tanporèl oswa monden yo?

Gade Women 8:6; 1 Nefi 15:30–32 tou.

Doktrin ak Alyans 29:36-50

Jezikri te rachte nou anba Chit la

Revelasyon sa a kòmanse avèk Senyè a k ap prezante tèt li kòm Redanmtè nou, ki te “ekspye pou peche [nou[ (vèsè 1). Revelasyon an kontinye pou eksplike kèk nan rezon k fè nou bezwen yon Redanmtè. Konsidere kijan w ta itilize vèsè 36–50 yo pou eksplike poukisa nou bezwen redanmsyon atravè Sovè a, Jezikri. Nan anpil tradisyon lafwa, yo konsidere Chit la kòm yon trajedi; kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki anseye rezilta pozitif Chit la? (Gade 1 Korentyen 15:22; 2 Nefi 2:6–8, 15–29; Mozya 3:1–19; Moyiz 5:9–12.)

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 29.Ou ta ka itilize foto ki nan fen plan leson sa yo avèk Doktrin ak Alyans 29 la pou anseye fanmi w sou plan sali a. Paregzanp, yo ta ka aprann sou diferant pati nan plan an nan li ak diskite sou vèsè yo sigjere yo. Yo ka jwenn verite adisyonèl nan Gid pa Sijè a tou nan (topics.ChurchofJesusChrist.org) oubyen nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ekri sa w aprann. Poukisa nou rekonesan dèske n konnen plan sali a? Kijan konnen plan sali a fè enfliyans nan lavi chak jou nou?

Doktrin ak Alyans 29:2, 7–8.Kisa sa vle di pou n Sovè a rasanble nou? Kijan nou ka ede l rasanble eli yo?

Doktrin ak Alyans 29:3–5.Kisa nou aprann osijè Sovè a nan vèsè sa yo ki ede nou “leve kè [nou] epi kontan”? (vèsè 5). Video “Nou ka jwenn bonè” a nan (ChurchofJesusChrist.org) ta ka ede w diskite kijan konesans sou plan sali a te pote bonè pou fanmi w.

Doktrin ak Alyans 29:34–35.Lekti vèsè sa yo ta ka bay fanmi w yon opòtinite pou yo pale de rezon espirityèl ki dèyè kèk nan kòmandman oswa konsèy pwofesik w ap eseye suiv yo. Paregzanp, poukisa Senyè a vle nou li ekriti yo anfanmi? Ki benefis espirityèl nou wè nan kenbe kòmandman yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Israel, ton Dieu t’appelle,” Cantiques, no. 7.

Amelyore ansèyman nou

Chèche Jezikri. Ekriti yo anseye nou ke tout kreyasyon Bondye yo temwaye de Jezikri (gade Moyiz 6:62–63), konsa, chèche l pandan w ap li ekriti yo. Panse pou w note oubyen make vèsè ki anseye sou li yo.

Enprime