Doktrin ak Alyans 2021
29 Mas–4 Avril. Pak: “Se Mwen Menm Ki Vivan an, Se Mwen Menm Yo Te Touye a“


“29 Mas–4 Avril. Pak: “Se Mwen Menm Ki Vivan an, Se Mwen Menm Yo Te Touye a“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“29 Mas–4 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Estati Kris la

29 Mas–4 Avril.

Pak

“Se Mwen Menm Ki Vivan an, Se Mwen Menm Yo Te Touye a“

Yon klas Primè Dimanch Pak se yon bèl opòtinite pou ede timoun yo fòtifye lafwa yo nan Jezikri ak nan Ekspyasyon l lan. Chèche gidans Senyè a sou fason pou w fè sa. Ou ka jwenn kèk ide itil nan plan leson sa a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kite timoun yo pataje avèk ou sa yo konnen sou rezon k fè nou selebre Pak. Mande yo kisa fanmi yo fè pou selebre Rezireksyon Jezikri a nan epòk Pak. Oubyen kite yo pataje sa y ap aprann konsènan Jezikri lakay yo ak nan ekriti yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 138:11–17

Gras ak Jezikri, m ap resisite.

Pandan w ap anseye timoun yo konsènan Rezireksyon Jezikri a, Doktrin ak Alyans 138:11–17 ka ede w eksplike yo kisa sa vle di pou yon moun resisite. Vèsè sa yo ka ede grandi lafwa yo nan lefèt ke yo gen pou yo resisite yon jou tou.

Aktivite posib

  • Montre foto lanmò, antèman, ak Rezireksyon Sovè a (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 57, 58, ak 59). Mande timoun yo kisa yo konnen apwopo evenman sa yo. Temwanye ke Jezi te mouri pou nou epi li te leve anba lanmò pou nou tout ka resisite lè nou mouri.

  • Panse ak yon leson objè ki ka ede timoun yo konprann sa k pase lè nou mouri (lespri nou ak kò nou separe) ak lè nou resisite (lespri nou ak kò nou reyini ankò). Pa ekzanp, kisa k pase lè nou retire batri nan yon flach oubyen bagay ki gen lank lan nan yon plim? Kisa k pase lè bagay sa yo vin reyini?

  • Li Doktrin ak Alyans 138:17pou yo: “Lespri a ak kò a [pral] reyini pou yo pa janm divize ankò, pou yo ka resevwa yon plenitid lajwa.“ Poukisa nou rekonesan pou kò nou? Pataje lajwa w santi paske w konnen nou tout ap resisite epi n ap gen kò nou ankò.

  • Chante yon chan konsènan Rezirèksyon an ansanm, tankou “Jésus est-il ressuscité?“ oubyen “Jésus est ressuscité“ (Chants pour les enfants 45, 44). Bay timoun yo foto ki reprezante mo ak fraz nan chan an (pa ekzanp, gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 59, 60, ak 61), epi envite yo pou yo kenbe foto yo lè yo chante pawòl sa yo.

Doktrin ak Alyans 76:11-24; 110:1–7; Joseph Smith—Istwa 1:14-17

Pwofèt Joseph Smith te wè Jezikri.

Yon fason pou ede timoun yo fòtifye lafwa yo nan Sovè a se pataje temwayaj Joseph Smith lan avèk yo: “Li vivan! Paske nou te wè l, menm adwat Bondye” (Doktrin ak Alyans 76:22-23).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon foto Premye Vizyon Joseph Smith la (gade plan leson 4-10 Janvye a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Envite timoun yo pou yo di w sa k ap pase nan foto a, epi mande yo pou yo jwen Jezikri. Mande yo si yo konnen lòt lè kote Joseph Smith te wè Sovè a. Nan pwòp pawòl pa w, rakonte eksperyans yo dekri nan Doktrin ak Alyans 76:11-24; 110:1-7 yo. Di timoun yo kijan ekriti sa yo bati lafwa ou nan Jezikri.

  • Pandan timoun yo ak kolorye paj aktivite semèn sa a, li ekriti ki pale de li a pou yo. Souliye detay ki nan foto a ke vèsè sa yo dekri. Temwaye bay timoun yo ke pwofèt Joseph Smith te wè Jezikri, e sa se youn nan rezon ki fè l konnen ke Jezikri vivan.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 76:11-24; 110:1-10; Istwa—Joseph Smith 1:14-17

Pwofèt Joseph Smith te temwaye ke Jezikri vivan.

Misyon ki pi enpòtan yon pwofèt genyen se temwaye de Jezikri. Ede timoun yo bati lafwa yo nan Sovè a nan aprann de temwayaj Joseph Smith konsènan li a.

Aktivite posib

  • Pasaj sa yo dekri moman kote Jezikri te parèt devan Joseph Smith: Doktrin ak Alyans 76:11–24; 110:1–10; Joseph Smith—Istwa 1:14-17. Fè yon lis sou verite nou te aprann konsènan Sovè a nan vèsè sa yo sou tablo a. Envite timoun yo pou yo idantifye ki vèsè ki anseye verite yo ki ekri sou tablo a. Kisa ankò nou aprann konsènan Jezikri apati eksperyans Joseph Smith yo?

  • Nan paj aktivite semèn sa a, ede timoun yo matche foto yo avèk vèsè ekriti yo. Poukisa se yon benediksyon pou nou konnen ke Joseph Smith te wè Sovè resisite a? Pataje temwayaj ou ke Jezikri vivan e ke Joseph Smith se yon pwofèt.

Doktrin ak Alyans 63:49; 88:14–17, 27; 138:11, 14–17

Gras ak Jezikri, m ap resisite.

Kijan w ap ede timoun yo apwofondi apresyasyon yo pou kado rezireksyon Senyè a ba nou tout la?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun yo youn nan ekriti sa yo: Doktrin ak Alyans 63:49; 88:14–17, 27; 138:11, 14–17. Envite yo pou yo fouye vèsè yo a pou yo jwenn yon fraz yo santi ki gen mesaj Pak la. Kite yo pataje ide yo. Si gen tan, kite yo fè kat ki gen fraz yo te jwenn yo ke yo ka bay manm fanmi yo ak zanmi yo.

  • Mande yo kijan yo t ap eksplike yon ti frè oubyen yon ti sè oubyen yon zanmi kisa sa vle di pou yon moun resisite. Pou kèk ide, li Doktrin ak Alyans 138:14-17 ansanm, epi konsidere kesyon tankou kesyon sa yo: Kisa k ap pase ak lespri nou ak kò nou lè nou mouri? Kisa k pase lè nou resisite? Kijan Jezikri te rann rezireksyon posib?

  • Pase videyo “Paske l vivan” an nan (ChurchofJesusChrist.org), epi kite timoun yo pataje kijan yo santi yo konsènan sa Sovè a te fè pou yo a.

    Imaj
    Jezi k ap priye

    Senyè Lapriyè, pa Yongsung Kim

Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 58:42–43

Gras ak Jezikri, m ka jwenn padon pou peche mwen.

Apa de sove nou anba lanmò fizik, Jezikri banou yon fason pou nou sove anba lanmò espirityèl—sa vle di, jwenn padon pou peche nou epi retounen nan prezans Bondye.

Aktivite posib

  • Ekri de tit ki menm jan ak tit sa yo ki sou tablo a: Sa Sovè a te fè ak Sa m dwe fè. Envite timoun yo pou yo fouye youn nan pasaj sa yo pou yo jwenn yon bagay ki ale anba tit sa yo: Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 58:42–43. Pataje lajwa ak rekonesans ou pou sa Sovè a te fè pou nou.

  • Ede timoun yo memorize twazyèm atik lafwa a. Ou ta ka ede yo memorize l avèk foto ki mache ak fraz kle yo.

  • Pase videyo “Bisiklèt Klere a” (ChurchofJesusChrist.org), oubyen pataje yon istwa konsènan yon timoun ki te fè yon move chwa epi ki te repanti. Ede timoun yo diskite sa timoun nan istwa a te fè pou l te resevwa padon. Kijan Sovè a rann posib pou nou jwenn padon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Ede timoun yo panse ak yon bagay yo ka fè pou yo di lòt moun—espesyalman manm fanmi yo—kisa Jezikri fè pou nou. Pwochèn fwa nou reyini, mande yo pou yo pataje avèk ou sa yo te fè.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun benefisye anpil nan repetisyon. Pa pè refè aktivite yo plizyè fwa, espesyalman pou timoun ki pi piti yo. Repetisyon ap ede yo sonje sa w anseye yo.

Imaj
paj aktivite: Joseph Smith te wè Jezikri

Enprime