Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Avril Doktrin ak Alyans 30-36: “Ou Aple Pou w Preche Levanjil Mwen an”


“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30-36: “Ou Aple Pou w Preche Levanjil Mwen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30-36,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
premye misyonè yo nan Legliz la

5–11 Avril

Doktrin ak Alyans 30–36

“Ou Aple Pou w Preche Levanjil Mwen an”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 30-36 nan lapriyè avèk timoun klas ou a nan tèt ou, Lespri a ka ba w kèk ide sou fason pou w anseye yo. Chèche ide adisyonèl nan plan leson sa a.

Ekri Enpresyon W yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Kenbe foto kèk misyonè, epi mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen sou travay misyonè.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 33:2-3, 6-10

M ka pataje Levanjil Jezikri a.

Menm timoun piti yo ka pataje temwayaj yo sou levanjil Jezikri a. Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou enspire yo pou yo fè sa?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo pou yo di yon gwoup mo tankou “Bondye renmen w” avèk bouch yo fèmen. Siyale ke nou pa kapab anseye moun konsènan levanjil la si nou pa ouvri bouch nou. Li Doktrin ak Alyans 33:8-10, epi envite yo pou yo ouvri bouch yo chak fwa yo tande mo sa yo “ouvri bouch nou.” Poukisa Papa nou ki nan Syèl la vle pou nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun?

  • Chichote yon bagay byen dousman bay timoun yo, tankou “Joseph Smith se te yon pwofèt Bondye” epi mande yo pou yo repete sa w te di a. Apre sa di menm bagay la la pi fò. Li Doktrin ak Alyans 33:2. Ede timoun yo konprann ke “leve vwa nou” vle di pou nou pa pè pale lòt moun de Jezikri, de Liv Mòmon an, ak lòt verite levanjil la.

  • Mete poupe an papye oubyen foto moun alantou sal la. Envite timoun yo pou yo chèche moun yo epi rasanble yo devan sal la. Li Doktrin ak Alyans 33:6, epi eksplike kisa Senyè a ap “rasanble eli [L] yo” vle di. Temwaye ke nou ka ede rasanble moun pou Senyè a lè nou pataje levanjil la.

  • Chante yon kantik sou pataje levanjil la, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Chants pour les enfants, 90). Ede timoun yo reflechi sou fason yo ka ede lòt moun aprann enfòmasyon konsènan Jezikri.

Doktrin ak Alyans 33:12-17

M ka bati lavi m sou levanjil Jezikri a.

Konsèy Senyè a te bay Ezra Thayer ak Northrop Sweet la ka ede timoun w ap anseye yo bati lavi yo sou levanjil Jezikri a.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon foto fondasyon yon bilding, epi mande yo pou yo dekri l. Poukisa batiman an bezwen yon fondasyon solid ak djanm? Li Doktrin ak Alyans 33:12-13 avèk timoun yo, epi eksplike ke Senyè a vle nou bati lavi nou sou Levanjil li a. Ede yo panse a kèk fason yo ka bati lavi yo sou levanjil Jezikri a.

  • Bay timoun yo kèk bagay yo ka itilize pou yo bati yon tou, tankou blòk oubyen kèp an plastik. Fè chak bagay yo koresponn avèk yon foto ki reprezante bagay Senyè a te di nan Doktrin ak Alyans 33:14-17. Envite timoun yo pou yo bati yon tou pandan w ap di yo kijan bagay sa yo ede nou bati lavi nou sou levanjil Jezikri a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 30:1–2

M ta dwe konsantre m plis sou bagay Bondye ke sou bagay tè a.

Konsèy Senyè a bay David Whitmer nan seksyon 30 a ka ede timoun w ap anseye yo rete fidèl levanjil Jezikri a.

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 30:1 ansanm, epi mande timoun yo pou yo rezime, nan pwòp mo pa yo, konsèy Senyè a te bay David Whitmer la. Nan ki fason pafwa nou ka “pè lòm,” oubyen nou sousye nou de sa lòt moun ta ka panse, olye nou fè sa nou konnen nou ta dwe fè?

  • Mande timoun yo pou yo eseye fè de bagay alafwa, tankou resite yon atik lafwa pandan y ap ekri non tout timoun nan klas la. Mande yo poukisa li te difisil pou yo te konsantre sou premye tach la. Ki egzanp “bagay latè” (Doktrin ak Alyans 30:2) ki kapab distrè nou pou nou pa sonje Jezikri ak levanjil Li a? Kijan nou ka mentni konsantrasyon nou sou Li olye de bagay ki gen mwens enpòtans yo?

Doktrin ak Alyans 30-34

M ka pataje Levanjil Jezikri a.

Anpil timoun nan Legliz la pa ka tann pou yo sèvi yon misyon aplentan oubyen yon misyon sèvis. Eksperyans misyonè yo rapòte nan seksyon 30-34 yo ta ka ede yo prepare yo.

Aktivite posib

  • Envite yon manm nan pawas la pou l chèche enfòmasyon sou youn nan misyonè ki te aple nan Doktrin ak Alyans 30-34 yo epi pou l pataje sa l te aprann nan avèk timoun yo (gade “Vwa Retablisman an: Temwayaj Premye Konvèti yo” nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oubyen ”La foi et la chute de Thomas Marsh,” “Ezra Thayer: de sceptique à croyant,” “Appel en mission d’Orson Pratt,” Révélations dans leur contexte, 54-69).

  • Desine yon gwo bouch sou tablo a, epi ede timoun yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 33:8-10 la pwomès Senyè a fè nou lè nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la. Kite timoun yo ekri pwomès sa yo sou tablo a, epi ede yo konprann sa pwomès sa yo vle di. Mande chak timoun pou yo ekri andedan bouch la yon verite levanjil yo ka pataje avèk lòt moun.

  • Montre foto yon twonpèt, epi pale de kisa sa vle di pou n preche levanjil la “komsi se avèk son yon twonpèt.” Kijan nou “leve” vwa nou?? (Doktrin ak Alyans 33:2; 34:6).

  • Mande timoun yo pou yo pataje kijan yo ap prepare yo pou yo sèvi misyon yon jou. Si yo konn yon moun (petèt yon manm fanmi) ki ap sèvi, envite l pou l pale de eksperyans li. Oubyen envite kèk misyonè, yon ansyen misyonè, oubyen yon moun ki ap prepare pou yon misyon pou l vin pataje antouzyas li pou travay misyonè. Pataje kèk nan eksperyans pa w nan pataje levanjil la, enkli eksperyans nan lavi chak jou w.

    Imaj
    tigason ki ap jwe

    M ka pataje levanjil la avèk zanmi m yo.

Doktrin ak Alyans 33:12-17

M ka bati lavi m sou levanjil Jezikri a.

Si timoun yo ka aprann nan laj trè jèn kijan pou yo bati lavi yo sou levanjil Jezikri a, yo gen plis chans pou yo rete fidèl a Limenm. Konsèy ki bay nan vèsè sa yo ka ede yo.

Aktivite posib

  • Pote nan klas kèk bagay ki di nan fason diferan nan klas la, tankou yon nounous, yon eponj, ajil, ak yon wòch. Kite timoun yo manyen yo chak. Mande yo pou yo gade nan Doktrin ak Alyans 33:12-13 pou yo ka dekouvri kijan Senyè a dekri levanjil Li a. Poukisa “wòch” se yon bon mo pou dekri levanjil la? Kijan nou ka bati lavi nou sou wòch levanjil la?

  • Ede timoun yo li Doktrin ak Alyans 33:12-17 epi jwenn bagay nou ka fè pou nou bati lavi nou sou levanjil Jezikri a. Envite timoun yo pou yo desine foto yon bagay yo jwenn, epi kite yo devine kisa foto chak lòt timoun yo dekri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo fè kòm si yo se misyonè pandan y ap pataje avèk fanmi yo yon bagay yo te aprann nan Primè a jodi a .

Amelyore Ansèyman Nou

Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè w mande timoun Primè yo pou yo respekte yon prensip, di yo ki pwomès Bondye fè moun ki respekte prensip sa a. Pa egzanp, ou ka rann yo temwayaj sou benediksyon Senyè a bay moun ki ouvri bouch yo pou yo pataje levanjil la.

Enprime