Doktrin ak Alyans 2021
19–25 Avril. Doktrin ak Alyans 41-44: “Lwa Mwen Pou Gouvène Legliz Mwen an”


“19–25 Avril. Doktrin ak Alyans 41-44: “Lwa Mwen Pou Gouvène Legliz Mwen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Avril. Doktrin ak Alyans 41-44, “ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
Jezikri

19–25 Avril

Doktrin ak Alyans 41-44

“Lwa Mwen Pou Gouvène Legliz Mwen an”

Pandan preparasyon w semèn sa a, pote atansyon a enpresyon w resevwa nan men Lespri a. Kisa w santi timoun yo bezwenn aprann nan Doktrin ak Alyans 41-44 la?

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Voye yon balon bay yon timoun, epi mande timoun nan pou l pataje yon kòmandman li konnen. Kontinye voye boul la jiskaske chak timoun yo gen chans pataje yon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 42:2

M ka obeyi lwa Bondye yo.

Pandan Legliz la t ap grandi epi manm yo te rasanble nan Kirtland, Ohio, Senyè a te revele bay pwofèt Joseph Smith sa l te rele “lwa” li epi l te kòmande Sen yo pou yo te “koute epi tande epi obeyi” l. Kijan w ka ede timoun yo konprann ke nou jwenn benediksyon lè nou obeyisan?

Aktivite Posib

  • Li Doktrin ak Alyans 42:2, mete aksan sou mo “obeyi” a. Bay timoun yo yon senp senaryo kote yon timoun chwazi pou l obeyi oubyen dezobeyi yon lwa oubyen yon règ. Mande yo pou yo koute avèk atansyon epi souri si moun nan istwa a obeyi epi fache si moun nan dezobeyi. Pataje benediksyon ou te resevwa lè w te obeyi lwa Bondye yo.

  • Jwe yon jwèt avèk yo kote w ap ba yo yon règ pou yo suiv. Pa ekzanp, ou ta ka di yo ke yo dwe leve men yo epi tann ou rele yo pou yo reponn kesyon. Apresa fè yo fè pratik pou obeyi lè w poze yo kesyon epi rele moun ki leve men yo. Ki lwa Bondye ba nou?

  • Konplete paj aktivite a avèk timoun yo, oubyen chante yon chante konsènan obeyi lwa Bondye yo, tankou “Je suivrai l’Evangile” (Chants pour les enfants, 172). Di yo kijan w te jwenn lajwa paske w te obeyi lwa Bondye yo.

    Imaj
    Klas Primè

    Nou aprann kòmandman Bondye yo nan Primè a.

Doktrin ak Alyans 42:38

M ap sèvi Jezikri lè m sèvi lòt moun.

Senyè a vle Sen l yo pran swen pòv yo ak moun ki nan bezwen yo. Ede timoun yo konprann ke lè y ap sèvi moun ki nan bezwen, y ap sèvi Sovè a tou.

Aktivite posib

  • Si Jezikri te nan klas nou an jodi a, kisa nou t ap di li? Kijan nou t ap trete l? Montre yon foto Sovè a, epi eksplike yo ansèyman Jezi a ki di lè nou montre lanmou pou lòt moun, nou montre lanmou pou li a tou. Ede yo repete vèsè 38 la avèk ou, kèk mo alafwa.

  • Ede yo panse sou fason yo ka sèvi Jezikri nan sèvi lòt moun. Yo ka jwenn kèk ide nan videyo ”Pass It On” nan nan (ChurchofJesusChrist.org) oubyen nan foto Sovè a k ap ede lòt moun, tankou foto lè l t ap geri malad oubyen lè l te janti avèk timoun yo (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 42, 47). Temwaye ke lè yo sèvi lòt moun, y ap sèvi Jezi.

Doktrin ak Alyans 43:1-7

Senyè a dirije Legliz li a atravè pwofèt li a.

Ou ka ede timoun yo evite desepsyon nan lavi yo nan ansenye, pandan yo jèn, modèl Senyè a pou dirije Legliz li a atravè pwofèt vivan an.

Aktivite Posib

  • Montre foto plizyè moun diferan, enkli foto pwofèt aktyèl la. Mete foto yo fas anba, epi kite timoun yo vire foto yo youn pa youn jiskaske yo jwenn pwofèt la. Eksplike ansèyman Senyè a ki di se sèl pwofèt la ki “otorize pou resevwa kòmandman ak revelasyon nan men [Senyè a]” pou dirije Legliz la (Doktrin ak Alyans 43:2).

  • Chante yon kantik sou pwofèt ansanm, tankou dènye vèse “Suis les prophètes” la (Chants pour les enfants, 58). Pataje temwayaj ou ke pwofèt la ap dirije Legliz la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 41:5

Yon disip se yon moun ki resevwa lwa Bondye epi ki obeyi li.

Èske timoun w ap ansenye yo konnen kisa sa vle di pou yon moun se yon disip Jezikri? Doktrin ak Alyans 41:5 ka ede yo konprann kijan pou yo vin pi bon disip.

Aktivite posib

  • Ekri Doktrin ak Alyans 41:5 sou yon fèy papye, kite kote mo “disip” la dwe ye a vid. Mande timoun yo pou yo ranpli vid yo, di yo pou yo gade nan Doktrin ak Alyans 41:5 si yo bezwen èd. Kisa savle di pou m se yon disip Jezikri? Pataje kijan w ap eseye vin yon pi bon disip Kris la.

  • Apre w fin diskite Doktrin ak Alyans 41:5 la, mande timoun yo pou yo reflechi sou lwa nou resevwa nan men Senyè a. Envite yo pou yo pran tan pou youn apre lòt yo jwe wòl obeyi youn nan lwa sa yo pandan rès klas la ap eseye devine kisa lwa a ye.

  • Bay chak manm klas la yon mòso papye, epi mande yo pou yo ekri yon fason yo ka vin yon pi bon disip. Envite chak timoun yo pou yo pataje sa yo te ekri a, epi tepe mòso papye yo ansanm pou fè yon chèn an papye.

Doktrin ak Alyans 42:61, 68

Bondye revele sajès bay moun ki mande.

Timoun yo poze anpil kesyon lè yo grandi nan konesans yo sou mond lan ak levanjil la. Kijan w ka itilize Doktrin ak Alyans 42:61, 68 la pou ede yo konnen kijan pou yo jwenn sajès nan men Senyè a?

Aktivite Posib

  • Mande yo pou yo pataje yon bagay ki ede yo santi yo anpè ak yon bagay ki ede yo santi yo jwaye avèk ou. Envite yo pou yo li Doktrin ak Alyans 42:61 pandan y ap chèche mo “pezib” ak “lajwa” yo. Ede yo panse ak kèk verite Bondye revele yo ki pote lapè ak lajwa.

  • Li Doktrin ak Alyans 42:61, 68 avèk yo, pandan w ap mete aksan sou fraz ”revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” lan. Eksplike yo ke Bondye pa revele tout bagay yo yon sèl kou; olye de sa, li bannou ti kras pa ti kras. Montre yo ke yon jwèt pasyans jwe tikras pa tikras, oubyen itilize yon bagay similè pou ede yo konprann prensip sa a. Pataje yon eksperyans kote w te resevwa revelasyon ki te beni w.

Doktrin ak Alyans 43:1-7

Se sèl pwofèt la ki ka resevwa revelasyon pou tout Legliz la.

Pandan timoun yo ap grandi, gen anpil chans pou yo rankontre moun ki vle mennen yo nan yon move chemen. Kijan w ka ede yo mete konfyans yo nan modèl Bondye pou l dirije pitit li yo atravè pwofèt li chwazi a?

Aktivite Posib

  • Envite yo pou yo imajine ke yon moun kanpe nan reyinyon jèn ak temwayaj epi li di pawas la ke l resevwa yon revelasyon pou Legliz la (paregzanp, ke nou pa dwe bwè lèt ankò oubyen nou dwe kòmanse fè reyinyon sentsèn nan lè Madi olye de Dimanch). Li di ke nou dwe tande sa l di olye nou tande pwofèt la. Kisa k pa bon nan sitiyasyon sa a? Ede timoun yo gade nan Doktrin ak Alyans 43:1-7 pou yo wè kijan Senyè a bay Legliz li a kòmandman.

  • Montre foto pwofèt vivan an, epi envite yo pou yo pataje yon bagay li te anseye resamman. Si yo bezwen èd, montre yon videyo oubyen li yon pasaj nan yon mesaj konferans jeneral resan. Poukisa se yon benediksyon pou n gen yon pwofèt vivan jodia?

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje aprantisaj lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi lwa oubyen kòmandman yo santi yo ta dwe fokis sou li semèn sa a. Ankouraje yo pou yo pataje bi yo a avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Anseye timoun yo pou yo ekri enpresyon yo resevwa yo. Menm timoun ka aprann abitid pou yo ekri enpresyon espirityèl yo. Timoun yo ka ekri enpresyon yo nan make ekriti yo, desine foto, oubyen ekri nan jounal yo.

Imaj
paj aktivite: Mwen kontan lè m obeyi Bondye

Enprime