Doktrin ak Alyans 2021
26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45: “Pwomès yo … Pral Akonpli”


“26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45: ‘Pwomès … Yo Pral Akonpli,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Avril–2 Me. Doktrin ak Alyans 45,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
jèn moun ki deyò yon tanp

26 Avril–2 Me

Doktrin ak Alyans 45

“Pwomès … Yo Pral Akonpli”

Antanke enstriktè, preparasyon espirityèl ou se bagay ki pi enpòtan. Kòmanse pa etidye Doktrin ak Alyans 45 epi priye pou direksyon Sentespri a. Plan leson sa a bay ide ki kapab itil pou ou. Ou ta kapab jwenn ide tou nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo oubyen nan Lyawona oubyen L’Ami.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo si yo ta renmen pataje yon bagay yo te aprann nan ekriti yo semèn sa a. Chwazi you moun pou pataje sa l te aprann, epi mande lòt timoun yo pou yo leve men si yo te aprann menm kalite bagay la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti Yo

Doktrin ak Alyans 45:32

Mwen “kanpe kote ki sen.”

Nan Doktrin ak Alyans 45:32, Senyè a te anseye ke disip li yo ap jwenn sekirite nan dènye jou yo nan kanpe kote ki sen yo—kote ki espesyal pou Senyè a. Kijan w kapab ede timoun yo rekonèt kote ki sen yo nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Plase foto yon kay, yon batiman legliz, ak yon tanp nan kote diferan andedan sal la. Bay endis ki dekri kote sa yo, epi envite timoun yo pou yo kanpe pre foto w ap dekri a. Li premye liy nan Doktrin ak Alyans 45:32 a. Temwaye ke nou beni lè nou pase tan nan kote ki sen tankou lakay nou, batiman legliz nou yo, ak nan tanp lan. Mande timoun yo pou yo pale de jan yo santi yo lè yo kote ki sen tankou kote sa yo.

  • Envite timoun yo pou yo konplete paj aktivite semèn sa a. Ede yo ekri “Mwen kapab ede lakay mwen vin tounen yon kote sen” ak “Doktrin ak Alyans 45:32” sou desen yo a. Kisa yo kapab fè pou ede lakay yo vin tounen yon kote ki sen?

  • Pou ede timoun yo reflechi sou kisa “p ap kapab deplase” vle di, mande yo pou yo kanpe san deplase pandan yon minit. Li premye liy nan Doktrin ak Alyans 45:32 a. Ede timoun yo konprann ke “kanpe kote ki sen, epi … pa deplase” vle di chwazi byen tout tan, kèlkeswa sa ki vini apre. Envite timoun yo pou yo “pa deplase” lwen panse ak aksyon ki jis.

Doktrin ak Alyans 45:44–45

Jezikri ap vini ankò.

Lè Sen nan Kirtland, Ohio yo te tande revelasyon nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 45 la, ki pale de dènye jou yo ak Dezyèm Vini Sovè a, yo te resevwa l avèk jwa. Anvizaje jan w ap ede timoun yo prepare yo avèk jwa pou Dezyèm Vini an.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo reflechi sou kijan yo santi yo lè yo konnen ke gen yon moun espesyal ki ap vin vizite yo, tankou yon granparan oswa yon zanmi. Kijan yo prepare yo pou vizit la? Montre yon foto Sovè a, epi li yon pati oubyen tout Doktrin ak Alyans 45:44–45 la. Di timoun yo kijan ou santi w konsènan Sovè a ki ap vini ankò, epi kite yo pataje santiman yo.

  • Montre foto Dezyèm Vini Sovè a (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi mande timoun yo pou yo pataje sa yo santi lè yo wè foto sa a. Pataje yon temwayaj ke Jezikri ap vini ankò.

  • Chante yon kantik sou Dezyèm Vini an, tankou “Quand Jésus reviendra” (Chants pour les Enfants, 82–83). Itilize kantik la pou diskite fason nou kapab prepare nou pou Jezi vini ankò, tankou fè volonte Bondye ak kite limyè nou klere pou lòt yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 45:3–5

Jezikri se Avoka nou bò kote Papa a.

Kijan w ap ede timoun yo ranfòse lafwa yo ke Jezikri se Avoka yo? Kijan w te aprann sa pou tèt pa w?

Aktivite posib

  • Ekri pliyzyè mo ak ekspresyon nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 45:3–5 sou plizyè moso papye diferan. Bay timoun yo yon minit pou yo etidye vèsè sa yo nan ekriti yo, epi apre sa envite yo fèmen ekriti yo epi mete mo yo ki sou papye yo nan lòd yo parèt nan vèsè a. Selon vèsè sa yo, kisa Sovè a di pou plede koz nou devan Pè Selès la?

  • Ede timoun yo defini mo Avoka a, petèt pandan nan gade l nan yon diksyonè. Kisa Sovè a te fè ki te rann posib pou L vin Avoka nou? Pataje santiman ou sou sa Jezikri fè pou nou, epi kite timoun yo pataje santiman pa yo.

Doktrin ak Alyans 45:9

Levanjil Jezikri a se yon limyè pou mond lan.

Ede timoun w ap anseye yo panse a fason levanjil la prepare mond lan pou Dezyèm Vini Sovè a.

Aktivite Posib

  • Montre foto yon limyè ak yon drapo, epi desine bagay sa yo sou tablo a. Envite yo li Doktrin ak Alyans 45:9 ak panse a fason levanjil la se tankou yon limyè, yon etanda (oubyen yon drapo), epi yon mesaje. Ou ta kapab eksplike ke nan tan lontan, yon etanda se te yon banyè oswa yon drapo yo pote pou antre nan yon batay. Li te ede sòlda yo konnen kibò pou yo rasanble ak kisa pou yo fè.

    Imaj
    Kapitèn Mowoni kenbe Etanda Libète a.

    Etanda Libète a, pa Larry Conrad Winborg

  • Ede timoun yo memorize tout oswa yon pati nan vèsè 9 la nan ekri l sou tablo a epi efase kèk mo alafwa.

Doktrin ak Alyans 45:37–38

Jezikri ap vini ankò.

Li kapab efreyan pou timoun yo li konsènan lagè, mechanste, ak destriksyon yo pwofetize k ap rive anvan Dezyèm Vini Sovè a. Kijan w kapab ede yo tann jou pwomès sa a avèk jwa?

Aktivite posib

  • Mande yo kijan yo fè konnen yon nouvo sezon pwòch. Ki siy pou yo chèche? Eksplike ke menm jan gen siy pou yon nouvo sezon an, gen siy pou Dezyèm Vini an tou. Li ansanm Doktrin ak Alyans 45:37–38. A kisa Jezi te di siy Dezyèm Vini l lan tap sanble? Pou ede timoun yo dekouvri siy nou ta dwe ap chèche yo, bay chak timoun (oswa gwoup timoun) responsablite pou li kèk vèsè nan Doktrin ak Alyans 45 ki dekri siy sa yo. Paregzanp, ou ta kapab itilize vèsè 26–27, 31–33, 40–42 yo. Envite timoun yo pataje sa yo jwenn. Kiyès nan siy sa yo ki ap akonpli jodia?

  • Ekri kèk nan pwomès konsènan evenman ki gen pou rive yo ke ou te jwenn lè w t ap etidye seksyon 45 la. Nou ka jwenn kèk egzanp pwomès sa yo nan vèsè 44–45, 51–52, 55, 58–59, 66–71. Mete sou tablo a lis vèsè kote w jwenn pwomès yo. Bay timoun yo papye yo, epi mande yo pou yo itilize ekriti yo pou fè vèsè ki sou tablo a koresponn a pwomès yo. Diskite kisa pwomès sa yo vle di, epi envite timoun yo pataje ki pwomès ki ede yo santi yo kontan pou Dezyèm Vini Sovè a.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse a yon bagay yo te aprann diran klas la ke yo kapab pataje avèk fanmi yo. Mande kèk ladan yo pou yo pataje avèk klas la sa yo vle pataje lakay yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. Pandan w ap anseye timoun yo, di yo kilè yo santi Sentespri a. Pale de kijan ou rekonèt prezans li. Pa egzanp, ou ta kapab santi w gen lapè ak lajwa pandan w ap chante yon chan konsènan Sovè a. Idantifye santiman sa yo ap ede timoun yo konnen lè yo santi Lespri a.

Enprime