Doktrin ak Alyans 2021
3-9 Me. Doktrin ak Alyans 46-48: “Chèche Pi Bon Don Yo Sensèman”


“3-9 Me. Doktrin ak Alyans 46-48: ‘Chèche Pi Bon Don Yo Sensèman,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“3-9 Me. Doktrin ak Alyans 46–48,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
moun ki rankontre bò kot yon lak

Reyinyon Kan an, pa Worthington Whittredge

3-9 Me

Doktrin ak Alyans 46–48

“Chèche Pi Bon Don Yo Sensèman”

Panse a timoun w ap anseye yo pandan w ap li Doktrin ak Alyans 46-48 la. Gade nan “Satisfè Bezwen Timoun ki pi Piti yo“ nan kòmansman manyèl sa a pou ide adisyonèl pou w konsidere.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo desine yon bagay yo te aprann nan leson semèn pase a oubyen lakay yo nan semèn ki sot pase a. Fè yo sonje si sa nesesè. Apresa kite yo pale de desen yo a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 46:2–6

M ka ede lòt moun santi yo byenveni nan legliz la.

Nou tout, enkli timoun yo, renmen santi ke nou byenveni e yo aksepte nou. Kijan nou ka itilize vèsè sa yo pou ede timoun yo santi yo byenveni nan legliz la?

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 46:5 awotvwa, epi di timoun yo nan mo pa w kisa vèsè sa a vle di. Montre foto moun tout kote nan mond lan. Mande timoun yo kiyès nan moun sa yo Papa nou Ki nan Syèl la vle nou envite nan reyinyon Legliz nou yo. Ede yo fè pratik sou envite oumenm oubyen youn envite lòt vin nan yon reyinyon oubyen nan aktivite nan Legliz la.

  • Mande yo pou yo imajine ke yon zanmi ap vin Legliz pou lapremyè fwa. Ede yo reflechi ak fason yo ta ka ede zanmi a santi l byenvini. Kite yo pratike sa yo t ap di oubyen fè si yo te wè yon zanmi antre nan chapèl la oubyen nan klas la pou lapremyè fwa.

Doktrin ak Alyans 46:13–26

Papa nou Ki nan Syèl la la beni m avèk don l.

Chak timoun w ap anseye se yon pitit gason oubyen yon pitit fi Papa nou Ki nan Syèl la, epi li beni yo avèk don espirityèl.

Aktivite posib

  • Itilize Doktrin ak Alyans 46:13–26 oubyen “Chapit 20: Don Lespri yo“ nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 77-80) pou eksplike timoun yo kèk nan don Papa nou Ki nan Syèl la bannou atravè Lespri li ak poukisa li bay yo. Si posib, montre yo objè oubyen foto ki reprezante chak don. Fè yon ti poz tanzantan pou w mande yo kijan kado sa yo ka beni yon moun.

  • Ba yon timoun ou bagay li ka pataje, tankou yon moso pen oubyen de jwèt. Mande timoun nan pou l pataje sa w te ba li a avèk yon lòt manm klas la. Eksplike ke Papa nou Ki nan Syèl la la banou don, epi li vle nou itilize yo pou n ede lòt moun. Pale ti moun yo de yon lè kote w te beni paske yon moun te pataje don spirityèl li avèk ou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 46:8–26

Papa nou Ki nan Syèl la ban m don spirityèl pou beni lòt moun.

Don yo dekri nan Doktrin ak Alyans 46—ak anpil lòt don spirityèl—yo soti nan Bondye atravè Sentespri a. Ou ka ede timoun yo idantifye don yo te resevwa—ak lòt ke y ap chèche—pandan n ap etidye Doktrin ak Alyans 46 la ansanm.

Aktivite posib

  • Ekri kèk nan don spirityèl nou jwenn nan Doktrin ak Alyans 46:13-26 yo sou ti moso papye ak Atik Lafwa 1:7, epi sere yo nan tout sal la. Envite chak timoun pou chèche youn nan moso papye yo epi chèche vèsè kote yo mansyone don sa a nan ekriti yo. Apresa li Doktrin ak Alyans 46:8–9, 12 ansanm. Poukisa Senyè a ba nou don espirityèl?

  • Ede timoun yo fè yon lis sou tablo a de don Lespri yo mansyone nan Doktrin ak Alyans 46 la. Chak fwa yon don ajoute nan lis la, pale konsènan kijan don sa a ka beni lòt moun. Deskripsyon nan “Chapit 20: Don Lespri a“ nan (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 77-80) ka ede. Di timoun yo ke yo chak gen don espirityèl. Ankouraje yo pou yo mande Papa nou Ki nan Syèl la pou ede yo rekonèt don yo ak kijan yo ka itilize yo pou ede lòt moun.

Doktrin ak Alyans 47:1, 3

M ka anrejistre istwa m.

Senyè a te aple John Whitmer pou l te kenbe istwa Legliz la. Jodi a nou beni anpil paske yo te kenbe istwa Legliz yo pandan ane k pase yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 47:1, 3, epi mande timoun yo pou yo dekouvri sa Senyè a te vle John Whitmer fè. Kisa “tout tan” vle di nan vèsè 3 a? Nan ki fason nou beni paske nou konnen istwa Legliz la?

  • Si timoun w ap anseye yo gen yon jounal pèsonèl, mande yo pou yo pataje ki tip bagay yo ekri nan jounal yo a. Timoun gen dwa ta renmen tande yon istwa nan jounal anfans ou a oubyen nan jounal youn nan zansèt ou yo.

  • Montre yo egzanp sou fason yo ta ka kenbe yon istwa lavi yo regilyèman. Paregzanp, yo ka ekri nan yon liv, koleksyone foto nan yon albòm, tape sou òdinatè, oubyen fè anrejistreman odyo oubyen videyo, Ede yo fè yon lis kèk bagay ki t ap bon pou yo enkli nan istwa pèsonèl yo, tankou temwayaj yo konsènan Jezikri. Envite yo pou yo fè yon siy oubyen yon afich yo ka pote lakay yo ki gen kèk nan ide sa yo pou raple pou yo ekri istwa pèsonèl yo.

    Imaj
    yon tifi k ap etidye

    Jounal pèsonèl se yon fason nou ka kenbe yon istwa.

Doktrin ak Alyans 48:1–4

M ka ede lòt moun lè m pataje sa m resevwa.

Senyè a te ankouraje Sen nan Ohio yo pou yo te ede lòt Sen yo nan pataje tè yo ak kòb yo. Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou w ede timoun yo jwenn fason pou yo pataje sa Bondye ba yo avèk lòt moun?

Aktivite posib

  • Montre yo yon kat jewografik sou Nouyòk ak Ohio (gade plan leson pou 12-18 Avril la nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Eksplike ke Senyè a te kòmande Sen nan Nouyòk yo ak nan lòt zòn yo pou yo te rasanble nan Ohio, men anpil ladan yo pa t gen ase lajan pou yo te bati yon kay lè yo te rive. Ede timoun yo jwenn kisa Senyè a te mande Sen nan Ohio yo pou yo te fè pou te ede nan Doktrin ak Alyans 48:1-4 . Mande yo kisa yo t ap fè pou yo te ede si yo t ap viv Ohio nan epòk sa a. Kisa nou resevwa jodia ke nou ka itilize pou ede lòt moun? Paregzanp, gade “Manto a” (video, ChurchofJesusChrist.org).

  • Li Doktrin ak Alyans 48:4 ansanm, epi envite timoun yo pou yo ch↕che yon bagay Senyè a te mande Sen yo pou yo te fè pou ede travay li a. Eksplike ke ekonomize lajan t ap pèmèt yo achte tè epi bati yon tanp yon jou. Kisa nou ka fè pou nou ekonomize lajan pou nou ka ede fè travay Senyè a? Pase videyo “First Things First” la nan (ChurchofJesusChrist.org), epi diskite sou fason timoun yo nan videyo a te ranpli kòmandman Senyè a pou ekonomize lajan an.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo mande manm fanmi yo lakay yo si gen yon don espirityèl yo santi yo te resevwa. Epitou ankouraje yo pou yo priye pou yo ka chèche yon don Lespri ke yo ta renmen devlope,

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo aprann nan ekriti yo. Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou ede yo aprann nan ekriti yo. Paregzanp, ou gen dwa li yon pasaj epi envite yo pou yo kanpe oubyen leve men yo lè yo tande yon mo oubyen yon fraz byen espesifik.

Enprime