Doktrin ak Alyans 2021
24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59: “Gen Bon Dezi pou Angaje nan Bon Kòz”


“24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59: ‘Gen Bon Dezi pou Angaje nan Bon Kòz,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 2020)

“24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59, “ Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
Yon Ri nan Independence, Missouri

Independence, Missouri, pa Al Rounds

24–30 Me

Doktrin ak Alyans 58–59

“Gen Bon Dezi pou Angaje nan Bon Kòz”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 58–59 la, ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Enpresyon sa yo kapab ede w planifye pou w anseye timoun yo doktrin ou te aprann nan. Ou ta kapab jwenn ide tou nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, oubyen nan revi Legliz yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite kèk timoun pataje yon bagay yo te fè pandan semèn nan pou yo te aprann ekriti yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 58:27–28

Pè Selès la ban m pouvwa pou m chwazi.

Ede timoun yo konnen ke Pè Selès la vle pou nou fè bon chwa ki pote bonè nan lavi nou ak nan lavi lòt moun.

Aktivite posib

  • Li fraz sa yo nan Doktrin ak Alyans 58:27–28 la pou ede timoun yo konprann ke yo kapab chwazi pou yo fè byen. Mete yon figi souriyan sou yon bò nan sal la ak yon figi tris sou lòt bò a. Kijan nou santi nou lè nou chwazi pou nou fè byen? Dekri plizyè sitiyasyon ansanm avèk yon bon chwa ak yon move chwa pou yo chak. Apre w fin dekri chak sitiyasyon ak chak chwa, mande timoun yo pou yo kanpe bò kote figi souriyan an si chwa a bon e pou yo kanbe bò kote figi tris la si chwa a pa bon.

  • Montre yo yon veso ki gen anpil kreyon koulè diferan. Montre yo yon dezyèm veso ki gen yon sèl kreyon. Mande yo kiyès nan veso yo yo t ap vle itilize. Poukisa? Eksplike ke kapasite pou chwazi se yon benedikson nou resevwa nan men Pè Selès la. Temwaye ke Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri renmen nou e yo vle pou nou fè bon chwa.

  • Pale timoun yo de yon lè kote w te fè yon bon chwa, epi dekri kijan ou te santi w apre sa. Envite yo desine yon foto oubyen yon istwa dapre chwa pa yo. Apre sa, kite yo pataje foto yo avèk klas la epi rakonte sa yo te aprann nan istwa a.

Doktrin ak Alyans 59:7

Pè Selès la vle pou m renmen tout moun.

Kijan w ka ede timoun yo konprann kijan li enpòtan pou yo di Pè Selès mèsi pou benediksyon yo?

Aktivite posib

  • Rakonte yo yon bagay ke ou rekonesan pou li, epi mande yo pou yo pataje kèk bagay yo rekonesan pou yo. Li Doktrin ak Alyans 59:7, epi ede yo panse a fason yo ka remèsye Pè Selès la pou benediksyon yo. Kisa yo ta ka fè pou yo pote lakay pou yo sonje di Pè Selès la mèsi pou benediksyon yo.

  • Chante ansanm yon chan sou gratitid, tankou “Pour ce Repas” (Chants pour les enfants, 18a). Envite timoun yo ranplase pawòl ki nan chan yo pa lòt bagay yo rekonesan pou yo.

  • Kite yo desine foto kèk bagay yo rekonesan pou yo.

Doktrin ak Alyans 259:9–12

Saba a se jou Senyè a.

Pandan w ap pataje lajwa w jwenn nan sanktifye jou Saba a, ou kapab ede timoun yo wè Saba kòm yon jou kote nou adore Senyè a.

Aktivite posib

  • Pote foto oswa objè ki dekri bon bagay nou kapab fè le Dimanch pou nou adore Senyè a epi jwenn lajwa. W ap jwenn kèk ide nan Doktrin ak Alyans 59:9–12 ak “Obsèvans Jou Saba a” (Pou Fòs Jèn yo, 30–31). Paregzanp, pou reprezante sentsèn nan, ou ta kapab montre foto 108 nan Liv Ilistrasyon Levanjil la oubyen nan yon kèp sentsèn ak yon moso pen. Kijan chak nan bagay sa yo ede nou vin pi pwòch Pè Selès la ak Jezikri nan jou Saba a?

  • Konplete paj aktivite semèn sa a avèk timoun yo pou ba yo ide pou yo sanktifye jou Saba a.

    Imaj
    pen ak kèp Sentsèn

    Pran sentsèn ede nou onore jou Saba a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 58:27–28

Libabit se pouvwa pou chwazi.

Bondye ba nou pouvwa pou nou chwazi, epi avèk pouvwa sa a nou kapab “reyalize anpil lajistis;” (vèsè 27). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo wè ke menm si gen mechanste nan mond lan, “pouvwa a nan yo,” pou yo “fè byen,”? (vèsè 28).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo yon moso papye ki gen mo chwa a ekri sou yon bò ak mo konsekans la ekri sou lòt bò a. Eksplike ke chwa gen konsekans, oswa rezilta ki suiv aksyon natirèlman. Envite yon timoun ranmase papye a pou l montre ke lè w ranmase papye a, ou gen toulède, ni chwa ni konsekans chwa sa a. Mande yon timoun pou l li Doktrin ak Alyans 58:27–28. Ki chwa nou kapab fè pou “reyalize anpil lajistis;” oubyen bon konsekans? (vèsè 27). Kilè nou te fè bon chwa ki te gen bon konsekans ki te beni lòt moun?

  • Ekri fraz nan Doktrin ak Alyans 58:27–28 yo sou kèk timoso papye, epi bay chak timoun youn. Envite yo li vèsè yo an silans epi medite sou fraz yo genyen an. Envite yo pou yo chita nan lòd fraz yo parèt nan vèsè 27–28 yo epi pou youn pataje sa l te aprann avèk lòt. Ki mesaj Senyè ba nou nan vèsè sa yo?

  • Chante yon chan sou chwa, tankou “Bien Choisir” (Cantiques, no. 154). Poze kesyon pou ede timoun yo medite sou pawòl yo ki nan chan an—paregzanp, kiyès ki ede gide w pou w fè bon chwa? Kiyès ki ap eseye fè w fè move chwa? Kijan chwazi sa ki bon fè w santi w?

Doktrin ak Alyans 59:9–16

Saba a se jou Senyè a.

Senyè a te di obsève jou Saba a ap ede nou ede “pwoteje [tèt nou] kont salte mond lan,” (Doktrin ak Alyans 59:9). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo onore Saba a epi fè l tounen yon siy sou lanmou yo pou Pè Selès la ak Jezikri?

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Doctrin ak Alyans 59:9–16 de pa de, epi mande chak gwoup pou yo ekri yon bagay yo aprann konsènan jou Saba a nan chak vèsè. Apre plizyè minit, mande chak gwoup pou yo pataje sa yo te ekri a avèk klas la. Kisa nou ap fè diferamman nan jou Saba a akoz de sa nou te aprann yo?

  • Prepare yon senp jwèt korespondans kote timoun yo ap fè fraz ki nan Doktrin ak Alyans 59:9–16 yo koresponn a vèsè kòrèk la. Chwazi fraz ki anseye sa Senyè a vle pou nou fè nan jou Saba a. Diskite kisa fraz sa yo anseye nou konsènan jou Senyè a ak kijan nou kapab vin pi pwòch li.

  • Jou Saba se “jou Senyè a” (Doktrin ak Alyans 59:12)—yon jou pou nou montre ke nou sonje bann travay Senyè a pandan n ap adore li (gade Diksyon☺ Bib la, .“Saba”). Ede timoun yo medite sou travay sa yo pandan w ap envite yo li pasaj ekriti sa yo epi montre yo foto ki gen rapò avèk yo: Jenèz 2:1–3 (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 3); Jan 20:1–19 (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nimewo 59). Ki lòt travay puisan Senyè a nou kapab sonje nan jou Saba a? Ki lòt bagay nou aprann konsènan Saba a apati de Doktrin ak Alyans 59:9–16la?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje avèk fanmi yo yon bagay yo kapab fè pou sanktifye jou Saba a.

Amelyore ansèyman nou

Bati konfyans timoun yo. Gen kèk timoun ki gen dwa pa santi yo ka aprann levanjil la poukont yo. Pwomèt timoun yo ke Sentespri ap ede yo aprann.

Enprime