Doktrin ak Alyans 2021
31 Me–6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: “Tout Kò Fizik Nan Men Mwen”


“31 Me–6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: ‘Tout Chè Nan Men Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“31 Me–6 Jen. Doktrin ak Alyans 50-62,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Rivyè Misouri

Kwenfe nan Misouri, pa Bryan Mark Taylor

31 Me–6 Jen.

Doktrin ak Alyans 60-62

“Tout Kò Fizik Nan Men Mwen”

Sonje ke pi bon preparayon w pou ou anseye Doktrin ak Alyans 60–62 a ap soti nan etid pèsonèl ak familyal ou sou seksyon sa yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay chak timoun yon opòtinite pou l pataje yon bagay li te aprann nan ekriti yo semèn pase a oubyen nan klas Primè dimanch pase a. Lè chak timoun fin pale, envite yon lòt timoun nan klas la pou l rezime sa l te di a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 60:4; 61:1–2, 36; 62:1

Ekriti yo anseye m konsènan Jezikri.

Doktrin ak Alyans 60–62 genyen ladan l anpil deklarasyon ki kapab ede timoun ou ap anseye yo konprann kimoun Jezikri ye epi ogmante lanmou yo pou Li.

Aktivite posib

  • Montre yon foto Jezikri, epi mande timoun yo pou yo di poukisa yo renmen Jezi. Chwazi kèk fraz nan Doktrin ak Alyans 60–62 ki anseye w konsènan Sovè a, epi pataje yo avèk timoun yo (gade, pa egzanp, nan Doktrin ak Alyans 60:4; 61:1–2, 36; 62:1). Ede yo repete fraz yo avèk ou. Di kijan w santi w konsènan Jezikri.

  • Montre kèk foto Jezi nan ministè terès li (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 34–61). Kite timoun yo ede w eksplike kisa Jezi ap fè nan foto yo. Kijan l montre lanmou l pou pitit Pè Selès la? Pale yo de youn nan ekriti favori w ki anseye konsènan Jezi.

  • Chante avèk yo “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les Enfants, 40–41; gade videyo chan an nan ChurchofJesusChrist.org). Pandan w ap chante sou fason pou moun vin tankou Jezi, fè yon ti kanpe tanzantan epi mande timoun yo pou yo konplete fraz sa a: “Mwen ka tankou Jezi nan …”

    Imaj
    Sovè resisite a

    Se Pou Bi Sa a M te Vini, pa Yongsung Kim

Doktrin ak Alyans 62:3

Jezikri vle pou m pataje levanjil li a.

Timoun yo renmen pataje sa yo konnen avèk lòt moun. Ede yo konprann ke lè yo pataje sa yo konnen konsènan levanjil la, Pè Selès la satisfè de yo.

Aktivite posib

  • Eksplike ke Senyè a te mande Pwofèt Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo pou yo te vwayaje soti Kirtland, Ohio pou t ale Jackson Country, Misouri. Li te mande yo pou yo te preche levanjil la pandan yo te sou wout la ak pandan yo t ap retounen lakay yo. Li Doktrin ak Alyans 62:3, epi mande timoun yo pou yo pote atansyon a sa misyonè yo te fè ki te fè Senyè a plezi. Temwaye ke Senyè a satisfè de nou lè nou pataje levanjil la avèk lòt moun.

  • Ede timoun yo fè badj ki montre ke yo vle sèvi kòm misyonè Legliz la. Kite yo mete badj yo epi fè pratik kote youn ap pataje temwayaj li avèk lòt.

  • Chante ansanm avèk yo yon kantik sou pataje levanjil la, tankou “Je voudrais déjà partir en mission” (Recueil de Chants pour les enfants, 90). Ede yo panse a kisa yo ta kapab di si yon moun ta mande yo kisa yo renmen osijè Jezikri ak Legliz li a. Envite yo desine foto bagay yo renmen osijè levanjil Kris la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin Ak Alyans 60:7, 13; 62:3, 9

M ka ouvri bouch mwen pou m pataje levanjil Jezikri a.

Temwayaj yon timoun kapab puisan menmjan avèk pa yon granmoun, paske puisans temwayaj la pa soti nan laj oubyen eksperyans yon moun men nan Sentespri a. Ede timoun yo gen konfyans ke yo kapab ouvri bouch yo epi pataje avèk lòt moun sa yo konnen ki vrè.

Aktivite posib

  • Ki benediksyon Senyè a te pwomèt nan Doktrin ak Alyans 60:7; 62:3, 9 a moun ki pataje levanjil li a? Ki fason pataje levanjil la beni lòt moun? Anvizaje pataje yon eksperyans nan lavi w kote w te pataje levanjil la—ki benediksyon w te resevwa gras ak efò w yo? Envite timoun yo pou yo rakonte nenpòt eksperyans yo te fè. Ou ta kapab chante yon chan sou travay misyonè tou, tankou “Allons avec foi” (Cantiques, no. 173), epi pale de benediksyon yo mansyone nan chan an.

  • Ede timoun yo fè yon senaryo sou sitiyasyon kote yo ta kapab pataje levanjil la avèk zanmi yo. Paregzanp, kisa yo t ap di si yon moun ta mande yo poukisa yo ale legliz? Oubyen kisa yo t ap di si yon zanmi te wè yo gen yon bag CBB oswa yo t ap li Liv Mòmon an epi l te poze yo kesyon. Kisa yo t ap di?

Doktrin ak Ayans 60:7; 61:1–2, 36; 62:1

Senyè dispoze pou l padone m si m repanti.

Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo pa t pafè. Pafwa yo te joure e yo te enpasyan (gade nan “Ezra Booth and Isaac Morley,” Revelations in Context, 133). Men Senyè a te gen mizerikòd pou yo e li te toujou padone si yo te repanti.

Aktivite posib

  • Li avèk timoun yo Doktrin ak Alyans 60:7; 61:2, epi mande yo pou yo jwenn mo ke tout vèsè sa yo genyen. Raple yo ke se Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo ki te resevwa revelasyon sa yo. Kisa Senyè a te vle pou yo konnen? Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou fason Senyè a santi l konsènan nou lè nou fè erè?

  • Ekri A kisa Jezi sanble? sou tablo a. Li ansanm Doktrin ak Alyans 61:1–2, 36; 62:1, epi fè yon lis repons pou kesyon sa a ke timoun yo jwenn nan vèsè yo. Kijan kalite yo ki sou tablo a ede nou konprann poukisa Sovè a dispoze pou l padone nou? Nan ki fason nou kapab suiv egzanp li?

Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22; 62:5-8

Senyè a vle m itilize libabit mwen ak Lespri l la pou m fè bon chwa.

Kijan w kabap itilize vèsè sa yo pou anseye timoun kijan Senyè a ede yo fè bon chwa?

Aktivite posib

  • Mande yo pou yo pale de yon lè kote yo te gen pou yo pran yon desizyon. Kijan yo te deside kisa pou yo te fè? Li ansanm Doktrin ak Alyans 62:5, 7–8 pou n aprann kisa Senyè te di ansyen yo ki ta pral vwayaje soti Misouri pou ale Kirtland, Ohio yo. Ki chwa yo te bezwen fè konsènan vwayaj la? Kisa Senyè a ba nou pou ede nou fè chwa? Di timoun yo kijan w konn itilize èd Lespri ak pwòp bon jijman pa w pou w pran desizyon.

  • Divize klas la an twa gwoup, epi mande chak gwoup pou yo li youn nan vèsè sa yo kote Senyè a te bay kèk misyonè enstriksyon sou jan pou yo ranpli miksyon yo; Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22; 62:5. Kisa nou remake nan enstriksyon Sovè a nan vèsè sa yo? Poukisa pafwa li bon pou nou sèvi avèk pwòp jijman pa nou olye nou tann enstriksyon espesifik nan men Bondye nan chak bagay?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pratike pataje levanjil la avèk yon manm fanmi. Pa egzanp, yo ta kapab pataje yon bagay yo te aprann nan Primè a.

Amelyore Ansèyman nou

Rann temwayaj ou bay klas la. Rann temwayaj ou souvan ap ede timoun w ap anseye yo gen pwòp temwayaj pa yo. Yon temwayaj ka osi senp tankou “M konnen Pè Selès la renmen nou chak” oubyen “M santi m byen lè m aprann apwopo Jezikri.”

Enprime