Doktrin ak Alyans 2021
21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: “Vo … Richès Tout Tè a”


“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: ‘Vo … Richès Tout Tè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè

Imaj
revelation manuscript book in display case

21–27 Jen

Doktrin ak Alyans 67–70

“Vo … Richès Tout Tè a”

Anvan w li sigjesyon yo nan plan sa a, etidye Doktrin ak Alyans 67–70, epi ekri enpresyon espirityèl ou resevwa yo. Enpresyon sa yo ap ede w kreye yon plan ansèyman enspire. Apre sa, konplete plan sa a avèk ide yo bay nan plan leson , ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, oubyen nan revi Legliz yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo desine imaj yon bagay yo te aprann nan etid ekriti lakay yo oubyen nan Primè a. Si yo gen pwoblèm pou yo panse a kisa pou yo desine, ou ta kapab fè yo sonje kèk nan sijè ki nan Doktrin ak Alyans 67–70, tankou batèm, rive gen yon temwayaj konsènan ekriti yo, ou paran ki ap anseye pitit yo levanjil la.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 67

Doktrin ak Alyans genyen ladan l revelasyon ki soti nan Bondye.

An Novanm 1831, dirijan Legliz yo te deside pou yo te mete revelasyon Joseph Smith yo nan yon liv pou tout moun ka li. Jodi a revelasyon sa yo enprime nan Doktrin ak Alyans yo.

Aktivite posib

  • Rakonte timoun yo kijan revelasyon Joseph Smith yo te rive enprime nan yon liv (gade “Chapit 23: Doktrin ak Alyans,” Istwa Doktrin ak Alyans yo, 90–92, oswa videyo korespondan an nan ChurchofJesusChrist.org). Pataje temwayaj ou ke Doktrin ak Alyans gen ladan l revelasyon ki kapab ede nou jodia. Pataje youn nan vèsè favori w yo nan Doktrin ak Alyans.

  • Montre timoun yo chak nan liv kanonik yo youn alafwa, e pandan w kenbe chak nan men w, pale yo enpe de kijan nou te rive genyen l (gade enfòmasyon sou chak liv yo nan Gid Ekriti yo). Lè w ap prezante Doktrin ak Alyans lan, pataje avèk timoun yo sa ki fè liv ekriti sa a pa gen parèy (pa egzanp, li gen ladan l revelation ki bay nan tan pa nou an).

Doktrin ak Alyans 68:25–28

Mwen kapab batize lè m gen uitan.

Nan Doktrin ak Alyans 68:25–28, Senyè a te di Joseph Smith ke timoun dwe aprann gen lafwa nan Jezikri, repanti, epi batize lè yo gen uit an. Li te di ke yo dwe aprann priye ak respekte kòmandman Bondye yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo sèvi avèk dwèt yo pou yo konte rive sou uit. Ki bagay ki espesyal konsènan laj uitan? Ede timoun yo rekonèt ke lè yo gen uitan, yo kapab batize. Sèvi avèk mo ak ekspresyon ke ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 68:25–28yo, pataje avèk yo kèk nan bagay Senyè a vle yo aprann anvan yo gen uitan (gade tou nan Atik Lafwa 1:4). Ede yo konprann konsèp ki ta kapab pa familye pou yo.

  • Chante avèk timoun yo yon kantik sou batèm, tankou “Batême” oubyen “Le Jour de Mon Baptême” (Chants pour les Enfants, 54–55, 53). Mande yo pou yo pataje impresyon yo konsènan batèm yo ak sa yo kapab fè pou prepare yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 67:4, 9

Revelasyon ki vini pa lentèmedyè Joseph Smith yo vrè.

Anpil nan enstriksyon nan Doktrin ak Alyans 67–70 yo konsène efò Sen yo pou yo te pibiliye revelasyon Joseph Smith yo. Sa ta kapab yon opòtinite pou ede timoun yo rekonèt ke nan revelasyon sa yo ki pibliye nan Doktrin ak Alyans la nou kapab jwenn vwa Senyè a.

Pandan w ap prepare w pou ou anseye, ou ta kapab revize Les Saints, 1:140–43 ou “Chapit 23: Doktrin ak Alyans” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 90–92).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo Bib La, Liv Mòmon an, Doktrin ak Alyans yo, ak Pèl Gran Pri a. Ede yo fè sou tablo a yon lis sou sa k fè chak liv ekriti sa yo diferan ak sa ki fè yo sanble. Si yo bezwen èd, pataje avèk yo deskripsyon liv sa yo nan Gid Ekriti yo. Mande yo kijan nou ka konnen ke ekriti yo se verite. Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 67:4, 9 konsènan revelasyon Senyè a te bay Joseph Smith yo?

  • Pataje yon vèsè nan Doktrin ak Alyans yo ki ranfòse “temwayaj ou konsènan verasite kòmandman sa yo” (vèsè 4). Bay timoun yo opòtinite pou yo pataje yon vèsè favori ke yo chwazi pou kont yo. Eksplike yo ke dirijan Legliz yo nan epòk sa a te deside pibliye temwayaj yo konsènan revelasyon Joseph Smith te resevwa yo. Lè yo te fè sa, youn nan dirijan yo, Levi Hancock, te ekri akote non li, “Pa dwe janm efase” (gade nan “Testimony, circa 2 November 1831,” Revelation Book 1, 121, josephsmithpapers.org). Poukisa Levi Hancock te vle pou non l “pa janm efase” nan temwayaj ki te pibliye a? Bay timoun yo opòtinite pou yo ekri temwayaj yo konsènan sa yo deja aprann nan Doktrin ak Alyans yo.

    Imaj
    timoun ki ap li

    Bondye mande nou pou nou etidye ekriti yo.

Doktrin ak Alyans 68:3–4

Lè dirijan Legliz nou yo pale pa enspirasyon, yo pale “pawòl Senyè a.”

Lè sèvitè Senyè yo pale pa pouvwa Sentespri a, pawòl yo se volonte, espri, pawòl ak vwa Senyè a (gade nan vèsè 4). Konnen verite sa a kapap ede timoun yo vle koute ak suiv ansèyman yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo li Doktrin ak Alyans 68:3–4 pa ti gwoup epi pou youn pataje avèk lòt sa yo aprann nan vèsè sa yo. Envite yo pou yo ekri yon bagay yo te aprann sou tablo a. Poukisa sa se yon verite enpòtan pou moun konnen?

  • Apre yo fin li Doktrin ak Alyans 68:3–4 ansanm, bay timoun yo kopi plizyè mesaj resan ki soti nan konferans jeneral. Envite yo jwenn nan mesaj yo verite ke Senyè a te anseye nou pa lentèmedyè sèvitè l yo.

Doktrin ak Alyans 69:1–2

Mwen kapab “vrè ak fidèl.”

Lè Oliver Cowdery te bezwen vwayaje pou l t al Misouri, Senyè a te rele John Whitmer, yon moun ki te “vrè ak fidèl” (vèsè 1), pou te ale avèk li. Kijan timoun yo kapab vrè ak fidèl tankou John Whitmer?

Aktivite posib

  • Di timoun yo ke lè Senyè a te voye Oliver Cowdery Misouri, li te di ke yon moun “vrè ak fidèl” (vèsè 1) dwe ale avèk li, konsa, li te voye John Whitmer tou. Kisa sa vle di pou yon moun vrè ak fidèl? Kijan nou fè gen sètitid ke nou vrè ak fidèl pou Senyè a ka sèvi avèk nou pou beni lòt moun?

  • Envite kèk timoun pou yo pale de yon moun yo konnen ke yo panse ki “vrè ak fidèl.” Kijan yo fè konnen moun sa a vrè ak fidèl? Ede yo wè ke Senyè a te fè John Whitmer konfyans paske nan moman sa a li te vrè ak fidèl (gade nan Doktrin ak Alyans 69:1–2). Chante ansanm yon kantik ki ankouraje timoun yo pou yo vrè ak fidèl menmjan ak Sovè a, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pou les Enfants, 40–41).

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun eksplike yon moun nan kay la kisa Doktrin ak Alyans yo ye, kibò l soti ak poukisa li enpòtan pou yo.

Amelyore ansèyman nou

Modifye aktivite yo selon laj timoun yo. Timoun ki pi jèn yo gen dwa bezwen plis direksyon lè nou envite yo pale. Timoun ki pi gran yo gen plis eksperyans e yo kapab pi bon nan pataje panse yo. Ou dwe kenbe diferans sa yo nan tèt ou lè w ap planifye aktivite.

Enprime