Doktrin ak Alyans 2021
7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: “Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre”


“7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: ‘Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Jaden nan Misouri

Springhill, Daviess County, Misouri, pa Garth Robinson Oborn

7–13Jen.

Doktrin ak Alyans 63

“Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre”

Verite yo anseye nan Doktrin ak Alyans 63 yo kapab ede timoun w ap anseye yo bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri. Paske tan w ap pase avèk yo a limite, konsidere ki verite ki ap gen plis siyifikasyon pou yo, baze sou bezwen yo.

Ekri Enpresyon O u

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Panse a fason senp, kreyatif pou bay timoun opòtinite pou yo pataje sa y ap aprann yo. Pa egzanp, prepare plizyè moso papye ki gen dimansyon diferan, epi kite chak timoun chwazi youn pa aza. Envite timoun ki gen moso papye pi long yo pale an premye.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 63:23

Pè Selès la vle m aprann levanjil la.

Timoun yo toujou ap aprann. Ede yo wè ke Pè Selès la ap ede yo aprann konnen li si yo obeyi kòmandman l yo.

Aktivite posib

  • Li Doktrin ak Alyans 63:23 pou timoun yo, epi mande yo pou yo koute sa Bondye ap banou si nou respekte kòmandman yo. Ede yo konprann ke “mistè yo” se bagay Bondye ka anseye nou plis sou yo, tankou kijan pou nou vin pi sanble avèk Jezikri.

  • Pote nan klas la foto ki reprezante sijè levanjil ou kapab anseye timoun yo, tankou batèm, Sovè a, tanp, eksetera. Mete foto yo fas anba atè a, epi kite chak nan timoun yo vire youn lè tou pa l rive. Mande yo pou yo pataje sa yo konnen ak nenpòt kesyon yo genyen sou chak sijè.

Doktrin ak Alyans 63:64

M ap resisite.

Keseswa kounyeya oubyen nan lavni, timoun w ap anseye yo ap rekonfòte pou yo konnen ke gras ak Sakrifis Ekspyatwa Sovè a, tout moun ki mouri ap resisite yon jou.

Aktivite posib

  • Montre yo foto youn nan moun ou remen ki mouri, epi pataje istwa konsènan moun sa a. Li Doktrin ak Alyans 63:49 pou yo, epi temwaye ke yon jou moun sa a ap “leve soti anba lanmò” e li pap janm mouri ankò. Mande timoun yo si yo konn yon moun ki mouri. Temwaye ke nou tout ap resisite gras ak Jezikri.

  • Montre foto antèman ak Rezireksyon Sovè a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 5859). Envite yo pale de sa ki ap pase nan foto yo. Envite timoun yo pou yo kouche lè w ap pale de antèman Jezi a epi pou yo kanpe lè w ap pale de Rezirèksyon l lan. Li Doktrin ak Alyans 63:49, epi rann temwayaj ou ke nou tout ap leve pami mò yo yon jou menm jan avèk Jezi.

    Imaj
    Jezi parèt devan Mari

    Tonm nan Jaden an, pa Jon McNaughton

Doktrin ak Alyans 63:64

M dwe trete bagay ki sakre yo avèk reverans.

Nou ap viv nan yon epòk kote souvan yo vag sou bagay sakre yo oubyen yo menm pase yo nan rizib. Ou ka ede timoun yo devlope yon sans reverans pou bagay ki sakre.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo nan Doktrin ak Alyans 63:64: “Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre.” Mande yo pou yo panse a yon bagay ki espesyal pou yo, tankou yon jwèt oswa yon liv yo renmen anpil. Kijan yo pran swen l ak pwoteje l? Ede yo panse a bagay ki espesyal—oubyen sakre—pou Pè Selès la. Kijan nou ta dwe pale de bagay sa yo? Kijan nou ta dwe trete yo?

  • Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Humblement, calmement” (Chants pour les enfants,11). Ede yo panse a fason yo kapab montre reverans pou bagay sakre yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 63:9–10

Siy vini pa lafwa ak volonte Bondye.

Ezra Booth te konvèti nan Legliz la apre l te fin wè Joseph Smith geri bra Elsa Johnson. Men Ezra te pèdi lafwa apre sa, epi li te vin ap kritike Pwofèt la.. Doktrin ak Alyans 63 gen ladan avètisman kont eseye bati lafwa nou sou siy, tankou gerizon mirakile olyede konfimasyon espirityèl laverite.

Aktivite posib

  • Montre foto ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo, epi di yo ke Josph Smith te itilize prètriz la pou l te geri bra Elsa Johnson, ke li pa t kapab itilize totalman pandan de zan. Envite yo pou yo li Doktrin Ak Alyans 63:9–10, epi mande yo pataje yon bagay Senyè a di konsènan lafwa ak siy (oswa mirak).

  • Envite yo desine yon kay ki chita sou tèt yon rektang ak yon lòt kay ki chita sou pwent yon triyang. Di yo ke kay yo reprezante lafwa nou ak temwayaj nou. Mande yo pou yo li Doktrin ak Alyans 63:9–10 ak Elaman 5:12. Apre sa, fè yo ekri nan rektang lan sou kisa nou dwe bati lafwa nou epi nan triyang lan sou kisa nou pa dwe bati lafwa nou. Siyale ke rektang lan bay yon plas solid pou bati men triyang lan pa garanti sekirite. Poukisa li enpòtan pou nou bati lafwa nou sou Jezikri olye de sou lòt bagay?

Doktrin ak Alyans 63:23

Lè m respekte kòmandman yo, Bondye ap anseye m verite l yo.

“Mistè wayòm [Bondye] yo” disponib sèlman pou moun ki respekte kòmandman Bondye yo. Se sa k fè yo se mistè pou anpil moun. Prensip sa a ap ede timoun yo lè y ap chèche laverite.

Aktivite posib

  • Montre yo foto yon pui, epi mande yo pou yo desine youn. Apre yo fin li ansanm Doktrin ak Alyans 63:23, ede yo panse a verite yo konnen sou levanjail la, epi envite yo ekri verite sa yo toutotou pui yo a. Kijan verite sa yo konparab a “dlo vivan”?

Doktrin ak Alyans 63:58–64

M pa dwe pran non Bondye anven.

Timoun w ap anseye yo kapab tande lòt moun ap sèvi avèk non Bondye nan fason ki pa reveran e ki pwofàn. Kijan w ka ede yo konprann ke “nou dwe pale avèk swen” de non Pè Selès la ak non Jezikri? (Doktrin ak Alyans 63:64).

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo Doktrin ak Alyans 63:58: “Se yon jou avètisman.” Mande yo pou yo pale de avètisman yo tande nan men paran yo ak dirijan Legliz yo. Apre sa, ede yo jwenn avètisman Senyè bay nan vèsè 58–64. Ki fason ki apwopriye pou moun “itilize non Senyè a”? (vèsè 62).

  • Revize ansanm “Langaj” nan Pou Fòs Jèn yo (paj 20–21). Mande yo pou yo fè ti afich ki raple yo yon bagay yo te aprann sou fason pou moun itilize non Pè Selès la ak Jezikri.

  • Chante ansanm yon kantik sou reverans, tankou “Humblement, Calmement” (Chants pour les enfants, 11). Kijan nou ka asire nou ke nou reveran lè nou ap pale de Pè Selès la ak Jezikri.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Si w pa t gen tan fè paj aktivite semèn sa a nan klas la, anvizaje pou w bay chak timoun yon kopi pou yo pote lakay yo pou yo konplete avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Bati konfyans timoun yo. Gen kèk timoun ki gen dwa pa santi yo kapab aprann levanjil la poukont yo. Yon fason pou ede yo bati konfyans se felisite yo lè yo patisipe nan klas la. Pwomèt timoun yo ke Sentespri a ap ede yo pandan y ap aprann nan.

Enprime