Doktrin ak Alyans 2021
14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: “Senyè a vle yon kè ak yon lespri byen dispoze”


“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: ‘Senyè a vle yon kè ak yon lespri byen dispoze,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Yon teren lè solèy ap leve

Daviess County, Missouri

14–20 Jen

Doktrin ak Alyans 64–66

“Senyè a vle yon kè ak yon lespri byen dispoze”

Pandan w ap prepare w pou anseye a, reflechi sou kijan w ta ka adapte apwòch ou a pou l koresponn a bezwen timoun yo. Sonje ke w kapab itilize nenpòt nan aktivite nan plan leson sa a pou timoun ki pi piti yo oubyen sa ki pi gran yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Bay chak timoun yon chans pou l kenbe yon foto Sovè a epi pataje yon bagay li ap apran konsènan li ak levanjil li a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 64:9–10

Jezikri mande m pou m padone lòt moun.

Ki leson oswa aktivite ou panse ki ta kapab ede timoun yo konprann sa padone vle di? Pandan w ap diskite sou padon an, fè timoun yo sonje ke padone pa vle di pèmèt lòt moun fè nou mal.

Aktivite posib

  • Li fraz “se pou nou youn padone lòt” la (Doktrin ak Alyans 64:9), epi mande timoun yo kisa padone yon moun vle di. Pou ede yo konprann, pataje kèk egzanp senp. Ede yo jwe senaryo sou egzanp sa yo pou yo pratike padone.

  • Li Doktrin ak Alyans 64:10 lantman pou timoun yo, epi fè yo bay lanmen avèk yon lòt timoun lè yo tande mo “padone” a. Pataje temwayaj ou konsènan lapè ak bonè ki vini lè nou padone lòt moun.

  • Chante yon kantik sou padon, tankou “Aide-moi, Père” (Chants pour les enfants, 99). Kisa kantik sa a anseye nou sou padone lòt moun?

Doktrin ak Alyans 64:34

M ka obeyi Jezi avèk kè m ak lespri m.

Senyè a te anseye Sen yo ke pou yo bati Siyon yo te bezwen ba l kè yo ak bon volonte yo. Konsidere kijan w ap ede timoun yo kòmanse reflechi sou kisa sa vle di pou yo.

Aktivite posib

  • Li pou timoun yo Doktrin ak Alyans 64:34: “Gade, Senyè a vle yon kè ak yon panse ki gen bon volonte.” Repete fraz sa a plizyè fwa, pandan w ap lonje dwèt ou sou kè w ak tèt ou pandan w ap li mo sa yo, epi envite timoun yo fè menm bagay la tou. Kijan nou kapab bay Sovè a kè nou ak espri nou? (Sa ta kapab ede pou nou eksplike ke kè a refere a santiman nou ak lanmou nou epi lespri nou refere a panse nou.)

  • Chante yon chan sou renmen ak suiv Sovè a, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour Les Enfants, 42–43; sitou vèsè 3 a). Kijan nou ka montre Bondye ke nou renmen li? Pataje sa w santi pou Jezikri.

Doktrin ak Alyans 66

Senyè a konnen kimoun mwen ye e li renmen m.

William E. McLellin te gen senk kesyon espesifik pou Senyè a. Joseph Smith te resevwa repons pou yo nan yon revelasyon menm si li pa t konnen kesyon William yo. Eksperyans sa a ta kapab ede w anseye timoun yo ke Bondye konnen yo epi li kapab reponn kesyon yo.

Aktivite posib

  • Pale de kijan Senyè a te reponn kesyon William E. McLellin nan yon revelasyon Pwofèt Joseph Smith te fè (gade nan Doktrin ak Alyans 66, antèt seksyon an). Temwaye ke Pè Selès la konnen nou e li vle ede nou. Mande timoun yo pou yo di kijan yo fè konnen Pè Selès la renmen yo.

  • Li pou yo Doktrin ak Alyans 66:4. Pale yo de yon lè kote Senyè a te montre w sa l te vle w fè. Li vèsè a ankò, fwa sa a mete non youn nan timoun yo. Refè sa pou chak nan timoun yo.

    Imaj
    Jezi ak timoun

    Jezikri renmen nou chak.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki Pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 64:7–10

Senyè a vle pou m padone tout moun.

Jan vèsè sa yo montre a, menm disip Jezikri yo gen pwoblèm pafwa pou youn padone lòt. Konsidere kijan w ap ede timoun yo konprann kòmamdman Sènyè a ki di “pou yo padone tout moun.” (Klarifye ke padone pa vle di pèmèt moun fè nou mal; yo dwe toujou di yon granmoun yo fè konfyans si gen yon moun ki fè yo mal.)

Aktivite posib

  • Envite timoun yo imajine ke yo te mande yo pou yo anseye yon ti frè oswa ti sè yo konsènan padone lòt yo. Kijan yo tap fè sa? Envite yo li Doktrin ak Alyans 64:7–10 an gwoup 2 timoun epi pou yo jwenn fraz yo t ap itilize nan ansèyman yo. Yo ta gen dwa fè pratik pou youn anseye lòt tou.

  • Chante ansanm “Aide-moi, Père” (Chants pour les Enfants, 52). Kijan Pè Selès la ede nou padone lòt moun?

  • Panse a yon analoji ki ta kapab ede timoun yo konprann kijan nou “aflije” lè nou pa padone (vèsè 8). Paregzanp, montre timoun yo sache labou oswa pousyè; mande yo pou yo imajine ke yon moun te voye labou sou yo. Kijan pa padone ta kapab sanble avèk kenbe labou a epi toujou mache avèk li sou nou? Poukisa li t ap pi bon pou n voye labou a jete byen lwen? Ede timoun yo panse a lòt analoji ki anseye poukisa li enpòtan pou moun padone.

Doktrin ak Alyans 64:33–34

Senyè a vle yon “kè ak yon lespri ki byen dispoze.”

Bati Siyon—oubyen ede Legliz la grandi—se “yon gwo travay.” Pou akonpli l, Senyè mande pou nou ofri l kè nou ak panse ki gen bon volonte. Moun ki viv nan Siyon yo “gen yon sèl kè ak yon sèl panse,” (Moyiz 7:18).

Aktivite posib

  • Montre timoun yo kèk bagay ki ka fèt avèk anpil ti pyès, tankou yon kastèt oswa yon tapi. Ede yo panse a lòt egzanp. Envite yo li Doktrin ak Alyans 64:33. Kisa Bondye vle nou fè pou ede l akonpli “gwo travay” li a? Ki “ti bagay” nou kapab fè ki ap ede akonpli travay sa a?

  • Mande timoun yo pou yo fè yon aksyon ki mande de objè, men ba yo youn sèlman (paregzanp, ekri sou tablo a san lakrè oubyen koupe yon moso papye san sizo). Envite yo li Doktrin ak Alyans 64:34 pou yo ka jwenn ki de bagay Senyè a mande nou an. Poukisa nou bezwen bay Senyè a ni kè nou ni lespri nou? Kijan nou ka fè sa?

Doktrin ak Alyans 65

M kapab ede mond lan prepare l pou l resevwa Jezikri.

Misyon Legliz la—Wayòm Bondye a sou tè a—se prepare mond lan pou retou Sovè a. Timoun w ap anseye yo se yon pati enpòtan nan misyon sa a. Kisa w ka fè pou w ede yo patisipe?

Aktivite posib

  • Antanke yon klas oswa yon gwoup 2 moun, li Doktrin ak Alyans 65, epi konte konbyen fwa mo “prepare” a ekri. Pou ki bagay Senyè a vle pou nou prepare nou? Kisa nou kapab fè pou nou prepare tèt nou ak tè a?

  • Montre yon foto Dezyèm Vini Sovè a (gade nan Liv Ilistrasyon Levanjil la, no. 66), epi mande timoun yo pou yo dekri sa yo wè ak sa yo konnen sou evénman sa a. Bay timoun mo ak fraz kle pou yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 65 (tankou “te ranpli tout tè a” ak “bèl travay yo”). Kisa mo sa yo ak fraz sa yo anseye nou konsènan Dezyèm Vini an ak wòl nou nan prepare nou pou li?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo jwenn yon vèsè nan Doktrin ak Alyans 64–66 la ke yo renmen e ke yo ta vle pataje avèk yon manm fanmi yo oswa yon zanmi yo.

Amelyore ansèyman nou

Aprann rekonèt revelasyon. Lè w ap priye ak medite sou ekriti yo, w ap twouve ke ide ak enpresyon kapab vini nenpòt lè ak nenpòt kote—“Lè w nan wout pou al travay, lè w ap fè travay kay, oswa lè w ap avèk fanmi ak zanmi” (Anseye nan Fason Sovè a, 12).

Enprime