Doktrin ak Alyans 2021
28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75: “Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere”


“28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75: ‘Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Jezi avèk brebi

Chè ou Kè Bèje a, pa Simon Dewey

28 Jen– 4 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 71–75

“Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere”

Timoun w ap anseye yo kapab aprann anpil bagay nan klas la, men y ap aprann pi plis toujou si yo devlope yon abitid etidye ekriti yo lakay yo. Reflechi sou kijan w ka ankouraje ak sipòte etid levanjil la nan fwaye a.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite timoun yo pou yo chita an sèk atè a, epi woule yon boul bay youn ladan yo. Mande timoun sa a pou l di yon bagay li te aprann resamman sou levanjil la lakay li oubyen nan Primè a. Apresa envite l pou l woule boul la bay yon lòt timoun. Repete aktivite a jiskaske chak timoun jwenn yon chans pou pataje yon bagay.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki Pi Piti yo

Doktrin ak Alyans 72:2, 10

Senyè a aple yon evèk pou ede m.

Timoun piti yo gen dwa pa konnen anpil bagay sou sa evèk yo a fè pou sèvi yomenm ak lòt manm pawas la. Ou kapab ede yo apresye sèvis evèk yo a.

Aktivite posib

  • Pote nan klas la atik ki reprezante responsablite yon evèk, tankou fich dim, ekriti yo, oubyen foto yon evèk ki ap bay konsèy (gade foto a nan fen plan leson semèn sa a, nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Li Doktrin ak Alyans 72:2, epi eksplike ke Senyè a aple yon evèk pou ede nou. Itilize atik ou te pote yo pou ede timoun yo konprann kèk nan bagay yon evèk fè pou sèvi pawas la.

  • Mennen timoun yo al fè yon vizit nan biwo evèk la (ou gen dwa vle kowòdone avèk lòt enstriktè yo). Dekri pou yo kèk sitiyasyon kote yo ta kapab rankontre avèk evèk la nan biwo l (tankou yon entèvyou batèm oubyen regleman dim). Di yo kijan ou beni pa sèvis evèk la.

  • Ede yo fè kè kat pou yo bay evèk la, pou di l mèsi pou sa l ap fè pou ede nan travay Senyè a.

Doktrin ak Alyans 75:3

M kapab bay Senyè a meyè efò mwen.

Menm lè yo jèn, timoun yo kapab jwenn lajwa nan fè tout sa yo kapab pou respekte kòmandman Senyè a.

Aktivite posib

  • Envite chak timoun fè tou pa yo nan yon senaryo sou fason yo t ap founi yon sèvis, tankou netwaye yon sal nan legliz la oubyen lave veso lakay li. Li Doktrin ak Alyans 75:3, epi mande timoun yo pou yo montre kijan yo t ap fè l avèk parès lè w di “ni fè parès,” epi montre kijan yo t ap travay di lè w di “men, pou nou travay avèk pouvwa nou.” Poukisa li enpòtan pou nou fè tout sa nou kapab lè n ap sèvi Senyè a?

  • Pataje avèk yo istwa Prezidan Dieter F. Uchtdofr te bay sou travay yo nan “De Prensip pou Nenpòt Ekonomi” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 55–58). Diskite sou jan nou santi nou lè nou konnen nou te fè tout sa nou kapab?

  • Chante ansanm yon kantik sou sèvis, tankou “Nous aidons tout avec joie” (Chants pour les enfants, 108). Ede timoun yo fè aksyon ki mache avèk mo yo.

    Imaj
    barik ak sak manje

    Premye manm Legliz yo te konn bay Legliz la manje pafwa pou ede lòt moun.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Gran yo

Doktrin ak Alyans 71

Mwen kapab defann laverite nan pataje temwayaj mwen.

Senyè a pa atann pou timoun yo reponn moun ki ap kritike Legliz la jan li te aple Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou yo te fè a. Men ou kapab ede timoun yo konprann ke senp temwayaj yo konsènan laverite kapab gen yon efè puisan sou lòt moun.

Aktivite posib

Doktrin ak Alyans 72:8

Senyè aple evèk yo pou yo ede l fè travay li a.

Yon evèk kapab gen yon enfliyans pozitif fò nan lavi yon jèn moun. Kisa w ka fè pou ede timoun yo wè evèk yo kòm reprezantan Senyè Jezikri?

Aktivite posib

  • Eksplike ke an 1831 Senyè a te rele evèk Legliz la, Edward Partridge, pou l te deplase soti Kirkland, Ohio pou l te vin evèk nan Independence, Missouri (gade nan “Chapit 17: Premye Evèk yo nan Legliz la,” Istwa Doktrin ak Alyans, 64–66). Li Doktrine ak Alyans 72:8 avèk timoun yo, epi mande yo pou yo koute kimoun Senyè te aple pou sèvi kòm nouvo evèk nan Kirtland. Poukisa Senyè a aple evèk? Pataje avèk timoun yon eksperyans kote w te beni pa sèvis yon evèk.

  • Envite yo fè yon lis kèk nan bagay yo te wè evèk la fè pou ede moun nan pawas la. Mande yo pou yo desine foto evèk la ki ap fè yon bagay yo te mansyone. Rann temwayaj ke Senyè a te aple evèk ou a pou l te ka yon sèvitè li. Poukisa nou rekonesan pou evèk Senyè a aple nan pawas nou?

Doktrin ak Alyans 73:3

Senyè a te kòmande Joseph Smith pou l te retabli verite presye ki te pèdi nan Bib La.

Kòm yon pati nan apèl li kòm pwofèt, Joseph Smith te resevwa kòmandman nan men Senyè a pou l te fè revizyon enspire nan Bib La. Revizion sa yo, ke Senyè a te rele yon “tradiksyon” (Doktrin ak Alyans 90:13), te retabli yon bann verite enpòtan ki te pèdi oubyen ke yo te retire nan Bib la pandan syèk pase yo.

Aktivite posib

  • Eksplike ke lè Joseph Smith ak Sidney Rigdon te retounen apre yon misyon kout pre Kirtland, Ohio, Senyè a te vle yo rekòmanse travay sou yon pwojè enpòtan. Envite timoun yo li Doktrin ak Alyans 73:3 pou yo ka konnen ki pwojè l te ye. Pou ede yo konprann kisa Senyè a te vle Joseph ak Sidney tradui, li avèk yo kèk pati nan Diksyonè Bib la nan “Joseph Smith Translation (JST).”

  • Distribiye yon kopi Bib la, epi kite timoun yo ouvri l epi wè konbyen paj ki ladan l. Envite yo imagine ke yo mande yo pou yo tradui Bib la nan yon lòt lang. Ki chans ki genyen pou yo ta fè kèk fot? Eksplike ke lè moun te tradui oswa kopye Bib la anvan tan Joseph Smith la, yo te fè kèk fot, e pafwa yo te retire kèk verite enpòtan. Senyè a te kòmande Pwofèt Joseph Smith pou l fè koreksyon enspire. Poukisa travay Joseph Smith la gen valè pou nou?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo chwazi yon bagay yo pral fè akoz de sa yo te aprann jodi a, tankou di evèk la mèsi pou sèvis li oubyen prepare w pou defann kwayans yo nan aprann Atik Lafwa yo.

Amelyore ansèyman nou

Enplike sans yo. “Pifò timoun (ak granmoun) aprann pi byen lè plizyè sans enplike. Chèche fason pou ede timoun yo itilize sans gade, koute, ak touche yo pandan y ap aprann” (Anseye nan fason Sovè a, 25).

Enprime