Doktrin ak Alyans 2021
12-18 Avril. Doktrin ak Alyans 37-40: “Si Nou Pa Fè Youn Nou Pa Moun Mwen”


“12-18 Avril. Doktrin ak Alyans 37-40: ‘Si Nou Pa Fè Youn Nou Pa Moun Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12-18 Avril. Doktrin ak Alyans 37-40,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2021

Imaj
Sen yo k ap prepare yo pou yo deplase

Sen yo deplase al Kirtland, pa Sam Lawlor

12-18 Avril

Doktrin ak Alyans 37-40

“Epi si Nou Pa Fè Youn Nou Pa Moun Mwen”

Bondye konnen sa timoun ki nan klas ou yo bezwen aprann. Kite l gide w pandan w ap seleksyone prensip ak aktivite pou ede w ansenye yo.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Pase yon kopi ekriti yo. Pandan chak timoun kenbe ekriti yo, fè timoun sa a pataje yon bagay li sonje sou leson semèn pase a oubyen sou lekti ekriti l te fè lakay li semèn sa a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi piti yo

Doktrin ak Alyans 38:24–27

M ka renmen lòt moun.

Senyè a te vle Sen yo rasanble ansanm nan Ohio epi pou youn renmenm youn lòt kòm moun egal ego. Kijan w ka ede timoun yo santi inite ak lanmou youn pou lòt?

Aktivite posib

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou montre timoun yo ke lè Legliz la te fèk fèt, Senyè a te mande manm yo pou yo te rasanble nan Ohio (gade nan plan leson semèn sa a tou nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Bondye te vle yo aprann kijan pou youn renmen lòt epi pou youn antann ak lòt. Mande timoun yo ide konsènan fason yo ka montre lanmou youn pou lòt.

  • Li Doktrin ak Alyans 38:25 pou yo, epi di yo nan pwòp mo pa w kisa sa vle di pou w konsidere yon frè oubyen yon sè menmjan w konsidere pwòp tèt pa w (gade Matye 7:12) tou. Ede yo repete ekriti a, ranplase “frè l” la pa non yo chak.

  • Chante yon chan avèk yo sou renmen ak entegre lòt moun, tankou “Je viens vers toi” oubyen “We are different” (Chants pour les Enfants, 78, 263). Pandan w ap chante a, kite timoun yo kenbe foto lòt timoun ki soti lòt kote nan mond lan.

  • Ede yo jwe wòl yon senaryo kote yon nouvo moun vini nan klas Primè yo a. Kijan nou ta ka ede l santi l byenveni? Timoun yo ka renmen jwe wòl sa a avèk maryonèt oubyen desen ki koupe.

Doktrin ak Alyans 38:30

Si m prepare, m pa bezwen pè.

Yon fason Papa nou ki nan Syèl la ede nou pa pè se nan ansenye nou pou nou prepare.

Aktivite posib

  • Repete fraz “Si w prepare ou pa p pè” a plizyè fwa (vèsè 30). Apre kèk fwa, sote yon mo epi kite timoun yo di mo ki manke a. Pale yo de yon lè kote w te prepare pou yon bagay epi ou pa t pè paske w te prepare.

  • Ede yo reflechi sou bagay Papa nou ki nan Syèl la vle yo fè pou yo prepare yo, tankou batize oubyen al nan tanp. Montre foto oubyen objè pou ba yo ide. Pale sou fason yo ka prepare yo, epi kite yo desine foto yomenm k ap prepare oubyen k ap patisipe nan bagay yo panse yo.

Doktrin ak Alyans 39:6, 23

Mwen te resevwa don Sentespri a lè m te konfime.

Kisa timoun nan klas ou yo dwe konprann konsènan resevwa don Sentespri a? Enstriksyon Senyè a te bay James Covel konsènan òdonans sa a kapab ede.

Aktivite posib

  • Montre foto yon moun k ap batize ak yon moun k ap konfime (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 104, 105). Li Doktrin ak Alyans 39:23, epi mande timoun yo pou yo lonje dwèt sou foto ki kòrèk la lè yo tande w li konsènan batèm ak konfimasyon.

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 39:6, epi montre yo foto oubyen bagay ki reprezante fason Sentespri a beni nou (enkli sa k mansyone nan vèsè 6 yo) Kite timoun yo pran tou pou kenbe foto yo oubyen bagay yo, epi pandan y ap fè sa, pataje temwayaj ou sou fason Sentespri a beni w nan fason sa yo. Ede timoun yo rekonèt lè yo ka santi enfliyans Lespri a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin Nan: Timoun ki pi gran yo

Doktrin ak Alyans 37; 38:31-33

Bondye rasanble nou pou l beni nou.

Rasanbleman nan Ohio a sete yon gwo sakrifis pou anpil nan premye Sen yo. Jodia yo pa kòmande nou pou nou rasanble yon sèl kote ankò, men nou rasanble ansanm kòm fanmi, kòm pawas, ak pye.

Aktivite posib

  • Montre timoun yo paj aktivite semèn sa a oubyen kat ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo a. Li ansanm Doktrin ak Alyans 37, epi ede yo jwenn kote ki mansyone yo nan revelasyon an nan kat jewografik la. Kisa Senyè a te kòmande Sen yo pou yo te fè?

  • Chwazi yon tèm oubyen yon fraz kle nan Doktrin ak Alyans 38:31-33 a ke w santi ki dekri poukisa Senyè a te vle pèp li a rasanble ansanm. Gaye mo yo ki nan fraz sa a nan tout sal la, epi envite timoun yo pou yo rasanble yo, mete yo nan lòd, epi jwenn kote fraz la parèt nan vèsè sa yo. Poukisa Senyè a vle pou nou rasanble?

Doktrin ak Alyans 38:24–27

Bondye vle pèp li a ini,

Pou l te prepare Sen yo pou yo te rasanble a, Senyè te ansenye yo pou yo youn konsidere lòt kòm egal ego epi pou yo te “fè youn” (vèsè 27). Kijan enstriksyon sa a ta ka beni timoun w ap ansenye yo?

Aktivite posib

  • Li ansanm Doktrin ak Alyans 38:24-27, epi envite timoun yo pou yo ekri pawòl nan vèsè sa yo ke yo santi ki enpòtan, enkli mo ki repete yo. Poukisa Senyè a repete mo sa yo? Kite yo pataje sa yo te ekri a, epi diskite sa yo te aprann de mo sa yo.

  • Ede yo reflechi a sitiyasyon kote yon moun ta ka santi l pa entegre, tankou yon nouvo manm Legliz la, oubyen yon moun ki fèk al rete nan yon nouvo katye oubyen lekòl. Kisa Doktrin ak Alyans 38:24-27 sigjere sou fason nou dwe trete yon moun nan sikonstans sa yo? Jwe wòl sou kèk sitiyasyon konsa.

  • Pataje yon leson ilistrasyon ki demontre kijan nou ka konbine oubyen ini kèk bagay pou yo fè yon sèl, tankou mòso twal ki fè dra oubyen engredyen ki vin tounen pen. Kisa egzanp sa yo anseye nou osijè vin fè youn antanke pèp Bondye?

Doktrin ak Alyans 39-40

Mwen ka kenbe pwomès mwen yo.

James Covel te pwomèt pou l te obeyi Senyè a, men li pa t respekte pwomès li a. Aprann sou eksperyans li a ka ede timoun yo sonje enpòtans pou yo obeyisan.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li antèt seksyon Doktrin ak Alyans 39 ak 40 yo, epi mande yo pou yo fè rezime sa yo aprann konsènan James Covel avèk mo oubyen desen.

  • Ekri kesyon ki ap ede yo konprann seksyon 40 la sou tablo a, tankou Kisa James Covel te fè alyans pou l te fè? Poukisa li pa t respekte alyans li an? Envite timoun yo pou yo chèche repons yo nan seksyon 40 la.

  • Ede yo sonje pwomès yo te fè lè yo te batize (gade Mozya 18:8-10). Ede yo fè lis kèk laperèz oubyen “sousi mond lan” (Doktrin ak Alyans 40:2) ki ka fè yon moun pa respekte pwomès sa yo. Envite yo pou yo ekri tèt yo yon mesaj kout pou fè yo sonje ke obeyi kòmandman Papa nou ki nan Syèl la ap ede yo simonte laperèz oswa sousi mond lan. Ankouraje yo pou yo kenbe rapèl yo a nan yon kote yo ka wè l souvan.

Imaj
Senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo diskite avèk paran yo oubyen lòt manm fanmi yo kijan yo ka pi ini kòm yon fanmi.

Amelyore Ansèyman Nou

Memorize yon ekriti. Panse pou w chwazi yon pasaj ekriti ke w panse k ta ka fòtifye temwayaj timoun yo, epi ede yo memorize li. Timoun ki pi piti yo gen dwa memorize yon pati nan yon ekriti oubyen yon frazi tou senpleman.

Imaj
paj aktivite: M ka renmen lòt moun

Enprime