Nouvo Testaman 2023
13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6: “Benediksyon Pou Ou”


“13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6: ‘Benediksyon Pou Ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“13–19 Fevriye. Matye 5; Lik 6,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezi k ap anseye sou montay

Jezi k ap Preche Diskou sou Mòn nan, pa Gustave Doré

13–19 Fevriye

Matye 5; Lik 6

“Benediksyon Pou Ou”

Pote atansyon a enpresyon ou resevwa pandan w ap li Matye 5 ak Lik 6yo, epi ekri yo nan yon jounal etid oswa kèk lòt fason. Plan leson sa a ka ede w idantifye kèk nan prensip ki enpòtan nan chapit sa yo, men rete disponib pou lòt ou dekouvri nan etid ou a.

Ekri enpresyon ou yo

Rive nan pwen sa a nan ministè li, sa te klè ke ansèyman Jezi yo t ap diferan de sa moun nan epòk li yo te konn abitye tande. Pòv yo pral resevwa wayòm Bondye a? Moun dou yo pral eritye tè a? Benediksyon pou moun y ap pèsekite? Doktè lalwa yo ak Farizyen yo pa t konn anseye kalite bagay sa yo. Epoutan, moun ki te vrèman konprann lwa Bondye yo, te rekonèt verite nan pawòl Sovè a. “Yon je pou yon je” ak “rayi ènmi w” sete dè lpi piti lwa yo (Matye 5:38, 43). Men, Jezikri te vini pou anseye yon lwa siperyè (gade 3 Nefi 15:2–10ki te destine pou ede nou vin “pafè menm jan Papa [nou] ki nan syèl la pafè a” yon jou (Matye 5:48).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Matye 5:1–12; Lik 6:20–26, 46–49

Bonè dirab soti nan viv nan fason Jezi te anseye a.

Tout moun ta renmen gen kè kontan, men se pa tout moun ki chèche bonè nan menm kote yo. Gen moun ki chèche l nan pouvwa ak pozisyon nan mond lan, gen lòt ki chèche l nan larichès oubyen nan satisfè apeti fizik. Jezikri te vini pou anseye mwayen pou n jwenn bonè dirab, pou anseye kisa sa vrèman vledi pou yon moun beni. Kisa w aprann sou fason pou w jwenn bonè dirab nan Matye 5:1–12 ak Lik 6:20–26? Nan ki fason sa diferan avèk vizyon mond lan genyen de bonè?

Kisa vèsè sa yo ansanm avèk Lik 6:46–49,anseye w sou lefèt ke w se yon disip Jezikri? Kisa w santi w enspire pou w fè pou w devlope kalite yo dekri nan vèsè sa yo.

Gade tou nan Gid Ekriti yo, “Beyatitid yo,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; “Sermon on the Mount: The Beatitudes” (videyo), ChurchofJesusChrist.org.

Matye 5:13

“Nou dwe sèl tè a.”

Sèl se bagay yo te konn itilize depi lontan pou konsève, pou bay gou, ak pirifye. Sèl te gen siyifikasyon relijye tou pou Izrayelit yo. Yo te asosye li avèk ansyen pratik sakrifis bèt la sou lwa Moyiz la (gade Levitik 2:13; Resansman 18:19). Lè sèl pèdi savè li, li vin pa efikas ankò, li vin pa “bon pou anyen” (Matye 5:13). Sa rive lè l melanje avèk lòt eleman oubyen lè lòt eleman kontamine li.

Kenbe sa nan lespri ou pandan w ap li Matye 5–13la. Kijan ou pral kenbe savè ou kòm yon disip Jezikri? Kijan ou pral akonpli travay prezèvasyon ak pirifikasyon kòm sèl latè a?

Gade Doktrin ak Alyans 103:9–10tou.

Imaj
sèl

“Nou se sèl tè a” (Matye 5:13).

Matye 5:17–48; Lik 6:27–35

Lwa Kris la ranplase lwa Moyiz la.

Disip yo te siman etone lè yo te tande Jezi di ke ladwati yo dwe pi gran pase dwati doktè lalwa ak Farizyen yo (gade Matye 5:20), ki t ap vante tèt yo pou di kijan yo te byen obeyi lwa Moyiz la.

Pandan w ap li Matye 5:21–48 ak Lik 6:27–35, panse pou w note atitid lwa Moyiz la te mande yo (“Ou tande yo di ke …”) ak sa Jezi te anseye pou remonte atitid sa yo. Poukisa ou panse fason Sovè a se yon lwa siperyè?

Paregzanp, kisa Jezi te anseye nan Matye 5:27–28 konsènan responsablite nou vizavi panse nou? Kijan nou ka vin gen plis kontwòl sou panse ki vini nan lespri nou ak nan kè nou? (gade Doktrin ak Alyans 121:45).

Gade “Diskou sou Mòn nan: Lwa siperyè a” (videyo, LDS.orgtou.

Matye 5:48 .

Èske Pè Selès la reyèlman ap atann ke m vin pafè?

Prezidan Russell M. Nelson te anseye:

“Tèm pafè a te tradui apati mo Grèk teleiosla, ki vledi ‘konplè.’ … Fòm enfinitif vèb la se teleiono,ki vledi ‘atenn yon distans elwanye, pou vin totalman devlope, konsome, oubyen fini.’ Tanpri note ke mo a pa vledi “egzante anba erè’; li vledi ‘atenn yon objektif elwanye.’

“… Senyè a te anseye: ‘Nou pa kapab reziste nan prezans Bondye kounyeya … ; sepandan, kontinye avèk pasyans jiskaske nou vin pafè’ [Doktrin ak Alyans 67:13].

“Nou pa bezwen pè si efò sensè nou pou atenn pèfeksyon yo sanble yo difisil ak san fen kounyeya. Pèfeksyon an la ap tann. L ap vin total sèlman apre Rezirèksyon an e sèlman atravè Senyè a. L ap tann tout moun ki renmen li e ki kenbe kòmandman l yo” (Perfection Pending,”,” Ensign,, Nov. 1995, 86, 88).

Gade tou 2 Pyè 1:3–11; Elaman 10:-32–33; Doktrin ak Alyans 76:69–; Jeffrey R. Holland, “Sepousa, Se Pou Ou Pafè—Evantyèlman,” Lyawona,, Nov. 2017, 40–42.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Matye 5:1–9.Ki prensip yo anseye nan Matye 5:1–9 la ki ta ka ede fwaye w vin yon kote gen plis lajwa? Ou ka chwazi youn oswa de ki sanble espesyalman enpòtan pou fanmi ou. Paregzanp, ki ansèyman nou jwenn ki ka ede nou vin patizan lapè?? (gade Matye 5:21–25, 38–44). Ki bi nou ka fikse? Kijan nou pral fè suivi?

Matye 5:13.Manje ansanm kèk bon manje asezonnen avèk sèl epi menm manje a san sèl. Ki diferans nou remake? Kisa sa vledi pou nou se “sèl pou tè a”? Kijan nou ka fè sa?

Matye 5:14–16.Pou ede fanmi w konprann kisa sa vledi pou yo se “limyè mond lan,” ou gen dwa eksplore kèk sous limyè nan kay ou, vwazinaj ou, ak mond lan. Li ta bon pou w ta montre sa k rive lè w kache yon limyè. Kisa Jezi te vledi lè l te di: “Nou se limyè mond lan”? (Matye 5:14). Kimoun ki te tankou yon limyè pou fanmi ou? Kijan nou ka yon limyè pou lòt moun? (gade 3 Nefi 18:16, 24–25).

Matye 5:37–39.Pandna fanmi ou ap li pawòl Sovè a nan vèsè sa yo, ou gen dwa pale konsènan kimoun, espesyalman, ou panse ou ta renmen, beni ak priye pou li. Kijan nou ka ogmante lanmou nou pou yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a..

Chan yo sigjere: “Petite est la lumière en moi,” Chants pour les enfants,, 144.

Amelyore ansèyman nou

Se pou w obsève. “Pandan w pote atansyon a sa k ap pase nan lavi [pitit ou yo], ou pral jwenn opòtinite ekselan pou w anseye yo. … Kòmantè ke [yo] fè oswa kesyon yo poze ka mennen tou nan moman ansèyman tou” (Anseye nan Fason Sovè a16).

Imaj
balèn

“Nou se limyè mond lan” (Matye 5:14).

Enprime