Nouvo Testaman 2023
6–12 Fevriye. Jan 2–4: “Ou Dwe Fèt Ankò”


“6–12 Fevriye. Jan 2–4: ‘Ou Dwe Fèt Ankò’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Nouvo Testaman 2023 (2022)

“6–12 Fevriye. Jan 2–4,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2023

Imaj
Jezikri ap pale avèk Nikodèm

6–12 Fevriye.

Jan 2–4

“Ou Dwe Fèt Ankò”

Pandan w ap li Jan 2–4la, Lespri a ap anseye w dè bagay sou pwòp konvèsyon pa ou. Pran nòt sou enpresyon Li ba ou yo. Ou ka jwenn ide spirityèl adisyonèl nan ide pou etid yo pwopoze nan plan sa a tou.

Ekri enpresyon ou

Nan yon resepsyon nòs nan Kana, Kris la te chanje dlo fè l tounen diven—yon evenman Jan rele “kòmansman mirak” yo (Jan 2:11). Se yon verite nan anpil sans Alòske se te premye mirak Jezi te akonpli piblikman, li ka senbolize yon lòt kòmansman mirakile tou—pwosesis pou fè kè nou transfòme pandan ke n ap vin plis plis sanble avèk Sovè nou an. Mirak tout yon lavi sa a kòmanse avèk desizyon pou nou suiv Jezikri, pou n chanje epi viv yon pi bon lavi gras avèk Li. Mirak sa ka vin tèlman yon chanjman vital, ke “nedenouve” se youn nan pi bon fason pou dekri l (Jan 3:7 Men, nouvèl nesans sa a se jis kòmansman an sou chemen disip la. Pawòl Kris la te di fi Samaritèn nan bò pi a raple nou ke si nou kontinye sou chemen sa a, levanjil la ap finalman vin tounen “yon sous dlo” andedan nou, “k ap jayi jis nan lavi etènèl” (Jan 4:14).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jan 2:1–11

Mirak Jezikri yo, “te manifeste pou glwa Li.”

Pandan w ap li konsènan Sovè a ki te chanje dlo tounen diven nan o wine in Jan 2:1–11, ou ka gen inspirasyon adisyonèl, lè w konsidere pèspektif diferan moun ki te la, ansanm avèk Mari, disip yo, ak lòt moun. So w te temwen evènman ki dekri la a, ki enpresyon ou ta ka genyen konsènan Jezi? Kisa sa anseye w konsènan Li?

Jan 3:1–21

Mwen dwe nedenouvo pou m ka antre nan wayòm Bondye a.

Lè Nikodèm te al jwenn Jezi anprive a, li te yon obsèvatè pridan. Men, nan apre, li te defann Jezi piblikman (gade nan Jan 7:45–52) epi li te vin ini avèk kwayan yo lè yo t ap mete Jezi nan tonbo a (gade nan Jan 19:38–40). Ki ansèyman ou jwenn nan Jan 3:1–21 an ki ta ka enspire Nikodèm pou l te suiv Jezi epi vin nedenouvo?

Pwofèt Joseph Smith ta anseye: “Nouvèl nesans lan fèt pa Lespri Bondye atravè òdonans” (Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith [2007, ]95). Ki wòl batèm ak konfimasyon w— lè w “fèt nan dlo ak nan Lespri a” (Jan 3:5)—jwe nan lè ou nedenouvo? Kisa w pral fè pou w kontinye pwosesis chanjman sa a? (gade nan Alma 5:11–14).

Gade tou nan Mozya 5:7; 27:25–26; David A. Bednar, “Ou Dwe Fèt Ankò,” Lyawona, Me 2007, 19–22.

Jan 3:16–17

Pè Selès la montre amou Li pou mwen atravè Jezikri.

Èldè JeffreyR. Holland te anseye: “Premye gwo verite nan tout etènite a sèke Bondye renmen nou ak tout kè, pouvwa, panse, ak fòs Li ” (“Demen Senyè a pral fè mèvèy nan pami nou,” Liahona, Me 2016, 127). Kijan w konn santi amou Bondye atravè don Pitit Gason L lan?

Sentsèn nan founi yon okazyon pou nou reflechi sou amou Bondye ak don Pitit Gason L lan. Ki kantik sentsèn ki ede w santi amou sa a? Kisa w ka fè pou rann sentsèn nan pi siyifikatif pou ou?

Pandan wap kontinye li konsènan ansèyman ak travay pastoral Sovè a, mande tèt ou kouman bagay w ap li yo ka ede w konprann ak santi amou Bondye.

Jan 4:24

Èske Bondye se yon espri?

Kèk moun ka nan konfizyon poutèt deklarasyon ke Bondye se yon espri a. Tradiksyon Joseph Smith te fè sou vèsè sa a bay yon klarifikasyon enpòtan: “Paske se moun sa yo Bondye pwomèt Lespri li” (nan Jan 4:24, referans a). Revelasyon modèn nan anseye ke Bondye gen yon kò chè ak zo (gade nan Doktrin ak Alyans 130:22–23; gade tou Jenèz 5:1–3; Ebre 1:1–3).

Jan 4:5–26

Kris la ofri m “dlo vivan” an.

Kisa Jezi dwe te vledi lè L te di fi Samaritèn nan ke moun ki bwè dlo Li ofri a, yo p ap janm swaf ankò a? Nan ki fason levanjil la sanble ak dlo vivan?

Imaj
yon kouran dlo

Levanjil Kris la se dlo vivan ki nouri nanm nou.

Youn nan mesaj Sovè a te bay fi Samaritèn nan sete ke, fason nou adore pi enpòtan pase kote nou adore a (gade nan Jan 4:21–24). Kisa w fè pou w “adore Papa a nan lespri ak nan verite”? (Jan 4:23).

Gade Gid Ekriti yo tou, “Worship,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; Dean M. Davies, “benediksyon Adorasyon,” Liahona, Nov. 2016, 93–95.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jan 2–4.Pandan fanmi w ap li chapit sa yo semèn sa a, pote yon atansyon spesyal sou fason Sovè te itilize bagay chak jou yo—nesans, van, dlo, ak manje—pou anseye verite espirityèl yo. Ki bagay nan fwaye ou w ka itilize pou anseye verite espirityèl?

Pandan w ap etidye chapit sa yo, konsidere pou w ta gade video ki dekri evènman sa yo ansanm: “Jezi Fè Dlo Tounen Diven,” “Jezi Netwaye Tanp la,” “Jezi Anseye Pou Nedenouvo,” epi “Jezi Anseye Fi Samaritèn nan” (ChurchofJesusChrist.org).

Jan 2:13–17.Ki enfliyans ki pa pwòp fanmi w bezwen mete deyò nan fwaye w la pou l ka vin tounen yon kote ki sakre—tankou yon tanp? Kisa w pral fè pou kenbe bagay sa yo deyò?

Jan 3:1–6.Pale avèk manm fanmi ou sou mirak gwosès ak nesans lan—pwosesis pou kreye yon èt vivan ki entèlijan. Kris la te anseye ke nou dwe nedenouvo anvan pou n ka antre nan wayòm Bondye a. Poukisa nouvèl nesans lan se yon metafò pou chanjman nou bezwen anvan nou ka antre nan wayòm Bondye a? Kijan nou te fè eksperyans pwosesis nouvèl nesans spirityèl la?

Jan 3:16–17.Envite manm fanmi ou pou yo refòmile vèsè sa a nan pwòp mo pa yo, kòmsi yo t ap eksplike yon zanmi li. Kouman Jezikri ede nou santi amou Bondye?

Jan 4:5–15.Kisa Sovè a t ap anseye nou lè l te konpare levanjil li a avèk dlo vivan an? Petèt fanmi w ta ka gade kèk dlo k ap koule epi dekri kalite dlo a. Poukisa nou bezwen bwè dlo chak jou? Nan ki fason levanjil Jezikri a tankou “yon pui dlo k ap koule monte nan lavi etènèl”? (Jan 4:14).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a

Chan yo sigjere: “Le recueillement, c’est l’amour,” Chants pour les enfants, 31.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche senbòl. Ekriti yo souvan itilize objè, evènman, aksyon, oubyen ansèyman pou reprezante verite spirityèl yo. Senbòl sa yo ka anrichi konpreyansyon w sou doktrin y ap anseye a. Paregzanp, Sovè a konpare konvèsyon ak yon nouvèl nesans.

Imaj
Jezi ak fi bò pui a

Dlo Vivan an, Simon Dewey

Enprime