Ansyen Testaman 2022
13–19 Jen. 1 Samyè 8–10; 13; 15–18: “Batay la Se Batay Senyè a”


“13–19 Jen. 1 Samyèl 8–10; 13; 15–18: ‘Batay la Se Batay Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“13–19 Jen . 1 Samuel 8–10; 13; 15–18,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Jèn David avèk fistibal

David ak Golyat, pa Steve Nethercott

13–19 Jen

1 Samyèl 8–10; 13; 15–18

“Batay la Se Batay Senyè a””

Sigjesyon yo ki nan plan sa a kapab ede w idantifye kèk nan prensip enpòtan yo ki nan chapit sa yo. Ou kapab jwenn lòt prensip pandan w ap etidye a.

Ekri Enpresyon w yo

Depi lè tribi Izrayèl yo te fin etablii yo nan tè pwomiz la, Filisten yo te tounen yon menas konstan pou sekirite yo. Anpil fwa nan lepase, Senyè a te delivre Izrayelit yo anba men lenmi yo. Men kounyeya ansyen nan Izrayèl yo te egzije, “Se yon wa nou vle … [pou] gouvène nou, la mennen batay nou yo pou nou” (1 Samyèl 8:19–20). Seyè a te sede ba yo, epi yo te kouwone Sayil kòm wa. Men lè jeyan menasan Golyat te lanse defi bay lame Izrayèl yo, Sayil—menmjan ak rès lame l la—te “pè anpil” (1 Samyèl 17:11). Jou sa a, se pa t Wa Sayil ki te sove pèp Izrayèl la men yon enb ti gason bèje ki te rele David, ki pa t gen okenn zàm sou li men ki te abiye avèk yon lafwa enpenetrab nan Senyè a. Batay sa a te pwouve pèp Izrayèl la, ak chak grenn moun ki gen batay espirityèl pou yo konbat, ke “Senyè a pa bezwen ni epe ni fwenn pou L delivre pèp li a” epi “Batay la Se batay Senyè a” (1 Samyèl 17:47).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Samyèl 8

Jezikri se Wa mwen.

Pandan w ap li 1 Samyèl 8la, remake kijan Senyè a te santi L konsènan dezi Izrayelit yo pou yo gen yon lòt wa nan plas Limenm. Kisa sa vledi pou chwazi Senyè a pou “renye sou [ou]”? (1 Samyèl 8:7). Ou ta ka konsidere fason w tante tou pou w suiv tandans enjis mond lan olye pou w suiv Senyè a. Kijan w ka montre ke w vle Jezikri kòm Wa Etènèl ou?

Gade tou Jij 8:22–23; Mozya 29:1–36; Neil L. Andersen, “Venk Mond lan,” Lyawona, Me 2017, 58–62.

1 Samyèl 9:15–17; 10:1–12; 16:1–13

Bondye rele moun pa pwofesi pou sèvi nan wayom Li a.

Bondye te chwazi Sayil ak David pou yo te vin wa pa mwayen pwofesi ak revelasyon (gade 1 Samyèl 9:15–17; 10:1–12; 16:1–13). Se konsa tou Li rele gason ak fi pou sèvi nan Legliz Li a jodiya. Kisa w aprann nan resi sa yo sou kisa sa vledi pou “Bondye rele moun, pa pwofesi”? (Atik Lafwa 1:5.). Ki benediksyon ki vini lè yon moun aple epi resevwa mizapa nan men sèvitè Senyè a otorize yo?

Imaj
Samyèl wen Sayil

Ilistrasyon Samyèl k ap wen Sayil, © Lifeway Koleksyon/lisansye nan goodsalt.com

1 Samyèl 13:5–14; 15

“Obeyi pi bon pase sakrifis.”

Byenke Sayil te pi wo fizikman , li te santi l “piti nan pwòp je [pa l]” lè li te vin wa (1 Samyèl 15:17). Men, paske l te beni avèk siksè, li te kòmanse kwè nan tèt li plis e mwens nan Senyè a. Ki prèv ou wè sou sa nan 1 Samyèl 13:5–14; 15? Si w te avèk Sayil lè sa a, kisa w t ap di li ki ta ka ede l simonte “rebelyon” ak “tèt di” l la? ( Samyèl 15:23).

Gade tou 2 Nefi 9:28–29; Elaman 12:4–5; Doktrin ak Alyans 121:39–40; Thomas S. Monson, “Konsidere chemen w ap Mete Pye w la,” Lyawona, Nov. 2014, 86–88.

1 Samyèl 16:7

“Senyè a gade nan kè.”

Ki kèk fason moun jije lòt moun “sou aparans eksteryè”? Kisa sa vledi gade “nan kè,” jan Senyè a fè a? (1 Samyèl 16:7). Konsidere kijan w ka aplike prensip sa yo nan fason ou wè lòt moun—ak tèt pa w. Kijan lè w fè sa, sa ka afekte entèraksyon w oubyen relasyon w avèk lòt moun?

1 Samyèl 17

Avèk èd Senyè a, mwen kapab simonte nenpòt eprèv.

Pandan w ap li 1 Samyèl 17la, medite sou pawòl plizyè moun nan chapit sa a (gade nan lis anba ). Kisa pawòl yo revele konsènan yo? Kijan pawòl David yo montre kouraj li ak lafwa li nan Senyè a?

Medite sou batay pèsonèl w ap rankontre yo. Kisa w kapab jwenn nan 1 Samyèl 17 ki ka ranfòse lafwa w ke Senyè a ka ede ou?

Gade tou Gordon B. Hinckley, “Konbat Golyat yo nan Lavi nou,” Ensign, Me 1983, 46, 51–52

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Samyèl 9:15–21; 16:7.Li vèsè sa yo ansanm avèk pawòl Èldè Dieter F. Uchtdorf yo ka enspire yon diskisyon sou rezon k fè Senyè a te chwazi Sayil ak David: “Si n ap gade tèt nou sèlman ak je mòtèl nou, nou kapab pa wè tèt nou bon ase. Men Pè Selès la wè nou jan nou ye a reyèlman ak sa nou ka devni.” (“Li Travay yon fason Mèvèye!Lyawona, Nov. 2015, 23). Petèt manm fanmi yo ta kapab pale youn apre lòt apwopo ki bon kalite yo chak wè nan kè lòt (gade 1 Samyèl 16:7).

1 Samyèl 10:6–12.Kilè nou te wè Bondye beni yon moun avèk pouvwa espirityèl pou l ranpli yon tach oubyen yon apèl jan li te beni Sayil la? Ki eksperyans nou kapab pataje sou lè “Bondye ba [nou] yon lòt kè” oubyen “Lespri Bondye vini sou [nou]” nan sèvis Li? (vèsè 9–10).

1 Samyèl 17:20–54.Fanmi w ta ka renmen li istwa David ak Golyat la ansanm (“David and Golyat” nan Istwa Ansyen Testaman yo ta ka ede) oubyen gade videyo “Senyè a ap Delivre Mwen” an nan (ChurchofJesusChrist.org). Sa ta ka mennen yon diskisyon sou eprèv nou rankontre ki kapab sanble tankou “Golyat” pou nou. Ou ta ka menm ekri kèk nan eprèv sa yo sou yon sib oubyen yon desen Golyat epi youn apre lòt voye objè (tankou boul papye) sou li.

Sa ta ka enteresan tou pou nou ta li apwopo boukliye ak zam Golyat te genyen yo (gade vèsè 4–7). Kisa David te genyen? (gade vèsè 38–40, 45–47). Kisa Senyè a bay pou ede nou defèt Golyat nou yo?

1 Samyèl 18:1–4.Kijan David ak Jonatan te bon zanmi youn pou lòt? Kijan bon zanmi beni nou? Kisa nou kapab fè pou nou vin bon zanmi—enkli pou manm fanmi nou tou?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Je serai vaillant,” Chants pour les enfants, 85.

Amelyore Ansèyman nou

Rann temwayaj ou souvan. “Temwayaj senp, sensè ou sou verite espirityèl kapab gen yon enfliyans puisan sou [fanmi ou]. Yon temwayaj pi puisan lè li dirèk ak sensè. Li pa bezwen elokan ni long” (Anseye nan Fason Senyè a11

Imaj
David

Ilistrasyon David, pa Dileen Marsh

Enprime