Ansyen Testaman 2022
6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè M Rejwi nan Senyè a”


“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè M Rejwi nan Senyè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3:” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Rit ak Naomi

Kote ou Prale, pa Sandy Freckleton Gagon

6–12 Jen

Rit; 1 Samyèl 1–3

“Kè M Rejwi nan Senyè a”

Pandan w ap etidye lavi Rit, Naomi, Àn, ak lòt semèn sa a, koute Lespri a avèk atansyon epi ekri enpresyon w resevwa yo. Kisa w santi w enspire pou w fè?

Ekri Enpresyon w yo

Pafwa nou imajine ke lavi nou ta dwe suiv yon wout klè soti nan kòmansman rive nan fen. Apre tou, distans ki pi kout ant de pwen se yon liy dwat. Epoutan lavi a souvan plen reta ak detou ki mennen nou nan direksyon nou pa t atann. Nou ka twouve ke lavi nou diferan nèt de sa nou te panse li t ap ye a.

Siman Rit ak Àn te konprann sa. Rit pa t yon Izrayelit, men li te marye avèk youn, e lè mari l te mouri, li te gen yon chwa pou l te fè. Èske l t ap retounen al jwenn fanmi li ak ansyen lavi l la, ki te familye pou li a, oubyen èske li t ap anbrase lafwa Izrayelit la ak yon nouvo fwaye avèk bèlmè l la? (gade nan Rit 1:4–18). Plan v pou lavi l sete pou l te fè pitit, epi enkapasite l pou l te fè sa a te lakoz li “te gen anpil lapenn” (gade nan 1 Samyèl 1:1–10). Pandan w ap li istwa Rit ak Àn nan, reflechi sou lafwa yo dwe te genyen pou yo te mete lavi yo nan men Senyè a epi vwayaje nan wout inatandi. Apresa, ou ta kapab panse a pwòp pakou pa ou. L ap parèt diferan de pa Rit ak Ànnan—ak pa nenpòt lòt moun. Men, atravè tout eprèv ak sipriz yo ant isit la ak destinasyon etènèl ou, ou kapab aprann di avèk Àn, “Kè m Rejwi nan Senyè a” (1 Samyèl 2:1).

Pou yon rezime liv Rit ak 1 Samyèlla, gade nan liv “Rit” ak “Samyèl, liv” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Rit

Kris la kapab transfòme trajedi pou fè l tounen triyonf.

Lè mari Rit la te mouri, trajedi a te gen konsekans pou li ki te menm pi sevè pase sa yon vèv jodia ta kapab afwonte. Nan kilti Izrayelit la nan epòk sa a, yon fi ki pa t gen ni mari ni pitit gason pa t gen dwa posede byen e pratikman pa t gen okenn fason pou l te okipe tèt li. Pandan w ap li istwa Rit la, remake kijan Senyè a te transfòme trajedi an gwo benediksyon. Kisa w remake osijè Rit ki te siman ede li? Ki wòl Boaz te jwe nan rachte Rit anba sitiyasyon dezespere l la? (gade nan Rit 4:4–7). Ki karakteristik kretyen ou wè nan Rit ak Boaz?

Rit; 1 Samyèl 1

Mwen ka gen konfyans ke Bondye ap gide m ak ede m kèlkeswa jan sitiyasyon m ye.

Èske w kapab wè w nan istwa Rit, Nawomi ak Àn nan? Petèt ou tesibi yon gwo pèt, menmjan avèk Rit ak Naomi (gade nan Rit 1:1–5). Ou petèt, tankou Àn, ou te aspire a benediksyon ke w potko resevwa (gade nan 1 Samyèl 1:1–10). Mande tèt ou ki mesaj ou ka aprann nan egzanp medàm fidèl sa yo. Kijan Rit ak Àn te montre lafwa yo nan Bondye? Ki benediksyon yo te resevwa? Kijan w ka suiv egzanp yo? Reflechi sou kijan w “rive mete konfyans nan” Senyè a (Rit 2:12) menm lè lavi a sanble l difisil.

Gade tou Reyna I. Aburto, “Nan Bon Tan ak nan Move Tan, Senyè, Rete Avèk Mwem!Lyawona, Nov. 2019, 57–60.

Imaj
Àn ak Samyèl.

Se pou Timoun sa a m te Priye a, pa Elspeth Young

1 Samyèl :1–10

Kè m ka rejwi nan Senyè a.

Apre Àn te fin mennen jenn ti Samyèl nan tanp lan, li te itilize bèl pawòl lwanj pou Senyè a, ke nou jwenn nan 1 Samyèl 2:1–10. Mo sa yo pi touchan toujou lè w konsidere ke yon tikras tan anvan sa “te gen anpil lapenn,… dlo t ap koule nan je l” (1 Samyèl 1:10). Pandan w ap etidye vèsè sa yo, ki mesaj ou jwen ki ogmante santiman louwanj ou ak gratitid ou pou Senyè a. Petèt chante Àn nan ap enspire w pou w jwenn yon fason kreyatif pou w eksprime gratitid ou pou Senyè a—yon chante, yon tablo, yon zak sèvis, oubyen nenpòt bagay ki kominike santiman w genyen pou Li.

Natirèlman, se pa tout priyè fèvan ki jwenn repons jan sa te ye pou Àn nan. Kisa w jwenn nan mesaj Prezidan Dieter F. Uchtdorf la “Rekonesan nan Nenpòt Sikonstans” la ki kapab ede w jwenn èd lè priyè w yo pa jwenn repons ou te espere a.Lyawona, Me 2014, 70–77).

1 Samyèl 3

Mwen kapab tande ak obeyi vwa Senyè a.

Menmjan avèk nou tout, Samyèl te oblije aprann kijan pou l te rekonèt vwa Senyè a. Pandan w ap etidyte 1 Samyèl 3a, kisa w aprann nan men jèn tigason sa a sou tande ak obeyi vwa Senyè a? Ki eksperyans ou te fè avèk tande vwa Li? Ki opòtinite w genyen, menmjan avèk Eli, pou w ede lòt moun rekonèt lè Senyè a ap pale avèk yo? (gade 1 Samyèl 3:7).

Gade tou nan Jan 14:14–21; David P. Homer, “Tande Vwa Li,” Liahona, Me 2019, 41–43.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Rit 1:16–18; 2:5–8, 11–12.Fanmi w ta kapab chèche egzanp jantiyès ak lwayote nan vèsè sa yo. Kijan nou montre jantiyès a fanmi nou ak lòt moun epi lwayote a Jezikri? Chapit “Rit ak Naomi” an (nan Istwa Ansyen Testaman yo) ta kapab ede fanmi w aprann nan egzanp Rit la.

1 Samyèl 1:15.Petèt ou ta kapab vide yon bagay ki te nan yon veso pou ede manm fanmi w vizyalize sa Àn te vle di lè l te di: “Mwen te … devèse nanm mwen devan Senyè a.” Poukisa se yon bon fason pou dekri kisa privyè nou yo ta dwe ye? Kijan nou ka amelyore priyè pèsonèl ak familyal nou yo?

1 Samyèl 2:1–10.Powèm louwanj Àn nan pou Senyè a kapab fè w panse a chante ou itilize pou w louwe Senyè a. Nou ta kapab chante ansanm. Manm fanmi w ta kapab panse a lòt fason pou eksprime santiman yo pou Jezikri tou. Paregzanp, yo ta gen dwa desine foto ki montre poukisa yo renmen Sovè a.

1 Samyèl 3:1–11.Sa ta ka amizan pou w ta jwe yon senaryo sou istwa Senyè a ki t ap rele Samyèl la, oubyen fanmi w ta ka gade video “Samyèl ak Eli” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Manm fanmi an ta kapab pale de moman kote yo konn santi Senyè a k ap pale avèk yo ak fason yo reyaji selon pawòl Li di yo.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere se: “Ce jour, au coeur j ai du soleil,” Cantiques, no. 144.

Amelyore Etid Pèsonèl

Kite Lespri a gide etid ou. Priye pou Sentespri ka gide w pou w jwenn bagay ou bezwen aprann yo. Pote atansyon a chichotman L yo menm si sa lakoz ou al li sou yon sijè ou pa t atann oubyen pou w etidye nan yon fason diferan.

Imaj
tigason ki rele Samyèl nan yon tant

Ilistrasyon sou Samyèl ki tande Senyè a, pa Sam Lawlor

Enprime