Ansyen Testaman 2022
6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè m Rejwi nan Senyè a”


“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3: “Kè m Rejwi nan Senyè a” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“6–12 Jen. Rit; 1 Samyèl 1–3,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Rit ak Nawomi

Kèlkeswa Kote Ou Ale, pa Sandy Freckleton Gagon

6–12 Jen

Rit; 1 Samyèl 1–3

“Kè m Rejwi nan Senyè a”

Pandan w ap li Rit ak 1 Samyèl 1–3la, mande Papa nou ki nan Syèl la kijan ou ta ka ede timoun yo aprann verite ki nan chapit sa yo. Ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Rit, Nawomi, Ana, oubyen Samyèl. Sa t ap ede tou si w ta montre yo foto, tankou sa yo ki nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun pi Piti yo

Rit

Mwen ka montre lanmou ak jantiyès pou moun ki bò kote mwen.

Lè mari Rit la te mouri, Rit te ka rete nan peyi l, men li te chwazi ale avèk bèlmè vèv li a, Nawomi, pou l te pran swen li. Konsidere kijan ekzanp kretyen Rit la ka enspire timoun w ap ansenye yo pou yo janti avèk moun ki bò kote yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo reprezante Nawomi, Rit, Bowaz, oubyen lòt pèsonaj pandan w ap rakonte istwa yo a ki nan liv Rit la (gade tou “Rit ak Nawomi” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Envite timoun yo pou leve men yo chak fwa yo tande yon zak jantiyès nan istwa a. Kijan nou santi nou lè yon moun janti avèk nou? Kijan nou santi nou lè nou janti ak lòt moun?

  • Chante ansanm yon kantik sou jantiyès, tankou “Soyons Gentils” (Chants pour les enfants,83). Ede yo panse a fason yo ka janti avèk fanmi yo ak zanmi yo. Si yo bezwen èd, montre yo foto moun k ap montre jantiyès. Pou chak ide ki mansyone, fè timoun yo desine yon kè sou tablo a.

1 Samyèl 3:1–18

Pè Selès la tande priyè mwen epi Li reponn yo.

Lè Ana te tris paske l pa t ka fè pitit, li te vire jwenn Senyè a avèk lafwa e Li te reponn priyè l. Ede timoun yo wè ke yo ka toujou priye pou Papa nou ki nan Syèl la, espesyalman lè yo tris.

Aktivite posib

  • Nan fason pa w, montre timoun yo poukisa Ana te tris ( gade 1 Samyèl 1:2–8; gade tou “Ana” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Kisa nou ka fè lè nou tris? Li 1 Samyèl 1:10, pou timoun yo, epi envite yo tande sa Ana te fè. Mande yo kijan yo santi yo lè y ap priye. Li vèsè 18 la pou eksplike ke apre priyè l la, Ana pa t “tris ankò.”

    Imaj
    Ana ak Samyèl

    Se pou timoun sa a m te priye a pa Elspeth Young

  • Itilize paj aktivite semèn sa a pou w anseye timoun yo ke yo ka priye Papa nou ki nan Syèl la epi L ap ede yo. Pandan yo ap kolorye, chante oubyen jwe yon anrejistreman yon chan ki ansenye osijè lapriyè, tankou “La Prière d’un Enfant” (Chants pour les enfants, 6).

1 Samyèl 2:1–10

Senyè a te fè plizyè bagay mèveye pou mwen.

Ana te montre gratitid li pou Senyè a avèk yon bèl powèm louwanj. Ekzanp li ka ede timoun yo panse a plizyè bagay yo ka remèsye Papa nou ki nan Syèl la pou yo.

Aktivite posib

  • Li pou yo kèk nan sa Ana te di yo apre Senyè a te fin ba l yon pitit gason an (gade 1 Samyèl 2:1–2). Pataje yon benediksyon ou te resevwa nan men Senyè a avèk timou yo epi eksplike yo jkian l te fè w santi w. Apresa envite timoun yo pale de benediksyon Senyè a ba yo. Kijan nou ka montre rekonesans nou pou Li?

  • Chante avèk yo yon chan ki dekri kèk nan benediksyon Senyè a ba nou, tankou “Mon Père céleste m’aime” (Chants pour les Enfants,16). Envite yo desine foto sou benediksyon yo resevwa nan men Senyè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Rit

M ka gen lafwa nan Senyè a.

Rit te fè sakrifis pou l te fidèl a Senyè a ak rete lwayal anvè Nawomi. Kijan w ka ede timoun yo aprann nan zak lafwa Rit yo?

Aktivite posib

  • Montre yon foto Rit ak Nawomi (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Apresa ekri twa tit sou tablo a: Eprèv, Aksyon, Benediksyon. Envite timoun yo pou yo li Rit 1:3–5, 8, 16; 2:1–3, 8–12; 4:13–17, epi ekri sa yo jwenn nan vèsè sa yo anba tit yo. Kijan Rit te montre lafwa li nan Senyè a? Pataje yon egzanp sou fason w te beni paske w gen lafwa nan Jezikri, epi fè timoun yo pataje pwòp eksperyans yo.

  • Chante ansanm yon chan konsènan lafwa, tankou “Christ est ma lumière” (Cantiques, no. 50) oubyen “La Foi” (Chants pou les enfants, 96–97). Kisa chan sa a anseye nou sou konfyans nan Senyè a? Kijan nou ka gen lafwa nan Jezikri, menm pandan moman difisil yo.

1 Samyèl 1

Pè Selès la tande priyè mwen epi Li reponn yo.

Lè Ana te “gen amètim nan nanm li,” li te vire al jwenn Papa nou ki nan Syèl la nan lapriyè (1 Samyèl 1:10). Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo fè menm bagay la?

Aktivite posib

  • Pou ede timoun yo aprann sou Ana nan 1 Samyèl 1an, bay chak timoun yo kèk vèsè pou yo li nan chapit la (oubyen pase videyo “Lafwa Ana,” a nan ChurchofJesusChrist.org). Apresa, voye yon boul oubyen yon ti objè bay yon timoun epi envite l di yon pati nan istwa a anvan l pase boul la bay yon lòt timoun pou l di yon lòt pati nan istwa a. Lè istwa a fini, mande timoun yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann de egzanp Ana a.

  • Li ansanm 1 Samyèl 1:15, epi diskite sa sa vle di pou devèse nanm nou bay Senyè a. Fè yon lis avèk timoun yo sou bagay nou ka pale avèk Bondye lè n ap priye. Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d‘un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Temwaye de lanmou Bondye pou pitit Li yo ak dezi Li pou L tande ak reponn priyè yo.

  • Mande timoun yo pou yo fè yon lis (endividyèlman oubyen an gwoup) sou egzanp moun ki te priye Papa nou Ki nan Syèl la nan ekriti yo. (Si yo bezwen èd, ou ta ka dirije yo ale nan Lik 22:41–43; Enòs 1:2–6; Istwa—Joseph Smith 1:14–17.) Envite yo pou yo pataje sa yo aprann nan vèsè sa yo.

1 Samyèl 3:1–10

M ka tande ak obeyi vwa Senyè a.

Lè Samyèl te piti, li te tande vwa Senyè a men l pa t rekonèt li okòmansman. Kijan w ka ede timoun w ap ansenye yo tande ak aji sou enspirasyon yo resevwa yo?

Aktivite posib

  • Envite yon timoun pou l pretann ke l se Samyèl e yon lòt pou l pretann ke l se Eli pandan w ap li 1 Samyèl 3:1–10 (oubyen pase videyo “Samyèl ak Eli,” a nan ChurchofJesusChrist.org). Kisa nou ka aprann nan men Samyèl sou fason pou nou koute vwa Senyè a? Kijan nou ka montre nou dispoze pou nou tande lè Senyè a pale avèk nou?

  • Envite timoun yo pou yo panse a fason yo t ap eksplike yon moun kijan Senyè a pale avèk yo. Envite yo chèche repons nan youn oubyen plizyè nan ekriti sa yo: Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2-3; 9:7-9.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ankouraje timoun yo pou yo panse ak yon moun oubyen yon bagay yo ka priye pou li semèn sa a. Ba yo opòtinite pou yo pataje kijan Papa nou ki nan Syèl la te reponn priyè yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun ki andikape. Tanpri vizite disability.ChurchofJesusChrist.org pou w ka wè kijan w ka pi byen ede bezwen timoun ki andikape yo.

Enprime