Ansyen Testaman 2022
20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11: “Wayòm Ou An Ap Tabli Pou Tout Tan”


“20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11: “Wayòm Ou An Ap Tabli Pou Tout Tan,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

““20–26 Jen. 2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Wa David chita sou twòn

Wa David kouwone, pa Jerry Miles Harston

20–26 Jen

2 Samyèl 5–7; 11–12; 1 Wa 3; 8; 11

“Wayòm Ou An ap Tabli Pou Tout Tan”

Pandan w ap li ekriti yo, Sentespri a ka ba ou enpresyon epi enspire w pou w konnen sa k ap gen plis valè pou timoun w ap ansenye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Mande kèk timoun pou yo pale konsènan eksperyans yo lè y ap li ekriti yo (endividyèlman, ak fanmi yo, oubyen nan legliz la). Ki lè ak ki kote yo li ekriti yo? Kijan yo santi yo lè yo li ekriti yo? Ki benediksyon y ap resevwa lè yo obeyi kòmandman sa a?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Pi jèn yo

2 Samyèl 5:19, 23

Si m bezwen direksyon, m ka mande Papa nou Ki nan Syèl la.

Vèsè sa a dekri kijan David te priye pou gidans ak direksyon lè li te wa Izrayèl. Kijan w ka enspire timoun yo pou yo adrese Senyè a lè yo nan bezwen?

Aktivite posib

  • Eksplike timoun yo ke lè David te bezwen èd, li “te mande,” oubyen priye, pou repons. Pandan w ap li 2 Samyèl 5:19, 23a, envite timoun yo pou yo pote atansyon pou mo “mande” a epi pou yo kwaze bra yo lè yo tande li. Temwaye ke nou ka toujou priye Papa nou ki nan Syèl la lè nou bezwen èd.

  • Pou ede timoun yo panse sou sa yo ta ka di lè y ap priye, ou ta ka mande yo kijan yo t ap fini fraz tankou fraz sa yo: “Nou remèsye W pou …” avèk “Nou mande W pou …” Kite timoun yo desine foto pou bagay yo ta renmen remèsye Bondye yo oubyen bagay yo ta renmen mande nan yon priyè.

    Imaj
    tifi k ap priye

    Nou ka priye Papa nou ki nan Syèl la pou èd ak direksyon.

  • Pale timoun yo de yon lè kote w te priye pou èd Papa nou ki nan Syèl la. Kijan L te reponn priyè w yo? Ki diferans sa te fè pou w te genyen L kòm èd? Envite timoun yo pou pataje pwòp eksperyans yo.

1 Samyèl 7:16

Jezikri se Wa nou.

Lè David te wa Izrayèl, Senyè a te di l ke “twòn li an t ap tabli pou tout tan” (2 Samyèl 7:16). Pwomès sa a fè referans ak Jezikri, Wa Etènèl nou an, ki te fèt a travè posterite David.

Aktivite posib

  • Envite youn nan timoun yo pou yo pretann ke yo se yon wa oubyen rèn. Si sa posib, bay timoun nan yon akseswa pou l kenbe. Kisa ki yon wa oubyen rèn? Kisa yo fè? Di timoun yo ke David se te yon wa, e li te yon zansèt Jezikri, ke nou rele “Wa dè wa” (Apokalips 19:16). Ede timoun yo panse ak kèk fason nou ka montre ke nou kwè ke Jezikri se Wa Etènèl nou an.

  • Pandan timoun yo ap fini paj aktivite semèn sa a, chante oubyen jwe anrejistreman chan ki pale de Kris la kòm Wa nou, tankou “Li te Mouri Pou nou ka Viv Ankò,” “Appelés à Servir,” “Hosanna au grand Roi!,” oubyen “Oui, Je Crois en Christ” (Chants pour les enfants, 65, 174-175 Cantiques, nos. 66, 34). Mande timoun yo pou yo koute mo “Wa” a epi montre yon foto Jezi lè yo tande l. Kijan nou santi nou lè nou chante apwopo de Jezi?

1 Wa 8:57–39

Mwen kapab mache nan chemen Bondye yo.

Pou Izrayelit yo, konstwi ak konsakre tanp lan se te yon opòtinite pou yo vire kè yo bay Seyè a epi reyangaje yo pou yo “mache nan tout chemen L yo” (1 Wa 8:58). Kijan w kapab ede timoun w ap anseye yo pou yo “mache nan tout chemen l yo”?

Aktivite posib

  • Montre timoun yo foto yon tanp modèn ak tanp Salomon te bati a (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Eksplike ke lè Salomon te bati yon tanp pou Izrayelit yo, li te ankouraje yo pou yo “mache nan tout chemen [Senyè] yo” (1 Wa 8:58). Di timoun yo kijan tanp lan ede w mache nan fason Senyè a. Envite timoun yo pou yo pataje kijan yo santi yo konsènan tanp la. Chante yon chan sou tanp avèk timoun yo, tankou “Oh, J‘aime voir le temple” (Chants pour les enfants, 95).

  • Bay kèk nan timoun yo kè an papye bay lòt timoun yo plapye an papye. Li 1 Wa 8:58, epi mande timoun yo pou yo leve kè yo lè ou di mo “kè” ak plapye yo lè ou di fraz “mache nan chemen L.” Ede timoun yo konprann ke nou mache nan chemen Senyè a lè nou suiv Jezikri e eseye vin menm jan avèk Li. Mande timoun yo sa yo fè pou yo mache nan chemen Sovè a. Ou ta kapab chante yon chan sou suiv Jezi, tankou “Jésus-Christ est mon modèle” (Chants pour les enfants, 40–41).

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Pi Gran Timoun yo

2 Samyèl 7:16 -17

Jezikri se Wa nou.

Konsènan wa nou li nan Ansyen Testaman yo tout te gen defo yo e yo te fè erè—menm sa ki bon yo. Men Wa ki te pwofetize pou vini nan liy David lan, Jezikri, Li pafè e L ap renye pou tout tan.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pou yo li sa pwofèt Natan te di Wa David nan 2 Samyèl 7:16–17, epi mande yo sa yo panse pwofesi sa a vle di. Nan ki fason wayòm David lan enfini? Ede timoun yo jwenn epi li pasaj ekriti ki ansenye ke Jezikri, yon desandan David, se yon wa, tankou Lik 1:32–33; Jan 18:33–37; Jan 18:33–37; ak Apokalips 19:16 Kijan Jezikri tankou yon wa? Ki sa nou ka fè pou nou montre ke Jezikri se Wa Etènèl nou an?

  • Chante kèk kantik ak timoun yo ki fè referans ak Kris la kòm Wa, tankou “O viens, toi, Roi des rois,” “Hosanna au grand Roi!” oubyen “Jesus, né bien humblement” (Cantiques, nos. 29, 34, 96). Kisa kantik sa yo ansenye nou konsènan sa sa vle di pou nou gen Jezikri kòm Wa nou?

2 Samyèl 11

M ka simonte tantasyon.

Timoun ou ansenye yo pran ti desizyon men ki enpòtan chak jou. Kijan ou ka ede yo konprann enpòtans chwazi sa ki byen menm lè sa difisil?

Aktivite posib

  • Revize 2 Samyèl 11 avèk timoun yo, montre yo chwa David te fè yo. Mande timoun yo ki bon chwa David te dwe fè. Kisa nou ka fè lè nou anba tantasyon ki ka ede nou chwazi byen?

  • Pou pataje yon ekzanp yon moun ki, pa tankou David, te reziste tantasyon, mande timoun yo si yo sonje istwa Jozèf ak madanm Potifa a (wè Jenèz 39:7–12). Ou ta ka revize istwa sa a avèk timoun yo epi ede yo konpare l ak istwa David lan. Kisa nou ka aprann nan istwa David ak Joseph yo konsènan kijan nou ka reziste tantasyon?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Ede timoun yo panse a bagay yo ka fè pou yo aplike sa yo te aprann jodi an. Apresa ankouraje yo aji selon plan yo.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. Lè w envite timoun yo pou yo aji sou sa yo aprann yo, fè suivi sou envitasyon w lan nan pwochen klas la. Sa ap montre timoun yo ke ou sousye de fason levanjil la ap beni lavi yo. Lè yo pataje eksperyans yo, y ap fòtifye epi youn ap ede lòt viv levanjil la.

Enprime