Ansyen Testaman 2022
27 Jen – 3 Jiyè. 1 Wa 17–19: “Si Senyè a se Bondye, Suiv Li”


“27 Jen – 3 Jiyè. 1 Wa 17–19: ‘Si Senyè a se Bondye, Suiv Li’”Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 Jen – 3 Jiyè. 1 Wa 17; 19” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Eli kanpe bò kote yon otèl dife

Eli goumen kont Prèt Baal yo,pa Jerry Harston,

27 Jen–3 Jiyè

1 Wa 17–191 Wa 17–19

“Si Senyè a se Bondye, Suiv Li”

Laplipa timoun renmen istwa. Ede timoun yo rekonèt verite nan istwa nou jwenn nan 1 Wa 17–19 k ap fòtifye lafwa yo nan Jezikri.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo foto ki nan plan leson semèn sa anan Vini, Suiv Mwen—Po Moun yo ak Fanmi yo. Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen osijè istwa ki nan foto yo. Kisa nou aprann nan istwa sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun pi Piti yo

1 Wa 17

Senyè a beni moun ki gen lafwa.

1 Wa 17 anrejistre plizyè ekzanp moun ki gen lafwa. Kòm rezilta moun ki gen lafwa, yon kòbo te nouri Eli pandan yon famin, manje yon vèv ak pitit gason l te miltipliye, e Eli te leve pitit gason vèv la de lanmò.

Aktivite posib

  • Afiche foto oubyen bagay ki ale ak istwa nan 1 Wa 17, tankou zwazo, pen, oubyen yon ti gason. Rakonte timoun yo istwa sa yo (“Pwofèt Eli” nan Istwa Ansyen Testaman an ka ede), epi envite yo pataje foto oubyen bagay ki ale ak chak istwa. Souliye ke Eli ak vèv la te gen lafwa nan Jezikri e yo te resevwa gran benediksyon.

  • Ede timoun yo reflechi ak fason yo ka montre yo gen lafwa nan Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri, sa ki vle di yo kwè nan Yo e yo fè Yo konfyans. Chante yon kantik sou lafwa, tankou “Je sais que mon Dieu vit” (Chants pour les enfants, 5).

1 Wa 18:17-39

M ka chwazi suiv Jezikri.

Eli te sipliye pèp Izrayèl la pou yo pran desizyon pou yo suiv Jezikri. Ede timoun yo wè ke yo ka fè menm chwa sa a.

Aktivite posib

  • Eksplike timoun yo ke moun nan tan Eli yo pa t sèten yo te vle suiv Senyè a. Pataje istwa jan Eli te envite yo chwazi suiv Senyè a, nan 1 Wa 18:17–39 (wè “Eli ak Prèt Baal yo” nan Istwa Ansyen Testaman). Di timoun yo poukisa ou chwazi suiv Jezikri, epi mande yo poukisa yo chwazi suiv Li.

  • Li sa Eli te di moun yo pou timoun yo: “Si Senyè a se Bondye, Suiv Li” (1 Wa 18:21). Kisa savle di pou n suiv Jezikri? Ede timoun yo panse ak bagay espesifik y ap fè pou yo suiv Jezikri, epi envite yo desine foto tèt yo k ap fè bagay sa yo.

    Imaj
    Jèn ti gason

    Nou ka chwazi suiv Jezikri.

1 Wa 19:9–12

Sentespri a pale avè m ak yon ti vwa dous.

Ak yon ti direksyon, timoun piti yo ka rekonèt enfliyans Sentespri a nan lavi yo. Medite ak fason ou ka ede yo.

Aktivite posib

  • Fè rezime istwa nou jwenn nan 1 Wa 19-21, pou timoun yo epi li vèsè 11–12. Envite yo fè aksyon ki reprezante van fò, tranbleman tè, ak dife. Apresa envite yo chita trankilman pandan w ap li fen vèsè 12 a nan yon vwa trankil: “apre dife an yon ti vwa chichotman.” Mande yo pou yo pale avèk yon ti vwa tou piti. Pale yo de lè ou te fè eksperyans yon enspirasyon de Sentespri an.

  • Ede timoun yo rekonèt lè yo te santi enfliyans Sentespri a. Pa ekzanp, jwe oubyen chante yon chan reveran konsènan Jezi, epi mande yo kijan yo santi yo lè yo panse avè L. Mande yo kijan yo santi yo pandan aktivite ki mande reverans yo, tankou lè y ap priye ak fanmi yo oubyen lè y ap pran sentsèn. Eksplike ke santiman sa yo vini de Sentespri an. Di timoun yo kijan pouvwa Sentespri a te beni lavi w.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Pi Gran Timoun yo

1 Wa 17:8–16

Lè Senyè a mande m pou m fè sakrifis, m ka obeyi ak lafwa.

Vèv Zarefat la te gen konfyans nan Senyè ak pwofèt Li an, menm lè yo te mande l pou l te fè yon gran sakrifis. Istwa sa a ta ka ede timoun yo lè Senyè a mande yo pou yo fè sakrifis.

Aktivite posib

  • Li pou yo 1 Wa 17:8–16 Envite yo pou yo jwe wòl ak istwa a pandan w ap li l yon dezyèm fwa. Pran poz nan diferant pwen epi mande yo kijan yo t ap santi yo si yo te Eli oubyen vèv lan. Envite yo pou yo pataje sa yo aprann nan istwa sa a.

  • Envite yon timoun desine sou tablo a yon foto de sa Senyè a te mande vèv la pou l bay Eli (wè 1 Wa 17:12–13). Envite yon lòt timoun desine sa vèv la te resevwa an retou (wè 1 Wa 17:15–16). Kisa Senyè a mande nou pou nou sakrifye? Envite timoun yo pou yo pataje kijan yo jwenn benediksyon paske yo fè sakrifis.

1 Wa 18:17-39

M ka chwazi suiv Jezikri.

Izrayelit yo te endesi konsènan suiv Jezikri. Reflechi sou fason w ka enspire timoun yo pou yo aprann suiv Li.

Aktivite posib

  • Bay chak timoun plizyè vèsè pou yo li nan 1 Wa 18:17-39 epi desine yon foto konsènan sa vèsè li a dekri. Ede timoun yo konprann vèsè yo si sa nesesè. Apresa kite yo itilize foto yo pou yo rakonte istwa a. Kisa istwa sa a anseye w sou Senyè a?

  • Mande timoun yo pou yo pale de lè yo te gen pou yo deside ant de bagay diferan. Kisa k te ede yo deside? Ede yo reflechi ak sitiyasyon kote yo ka bezwen deside si wi ou non y ap suiv Jezikri. Ki verite nan istwa 1 Wa 18:17–39 ki ta ka ede yo deside?

1 Wa 19:9–12

Sentespri a pale avè m avèk yon ti vwa dous.

Mond lan plen bri distraksyon ki fè l difisil pou tande ti vwa trankil Lespri a. Kijan w ap ede timoun yo tande l?

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo koute avèk atansyon sa ou li ba yo tou ba nan 1 Wa 19:11–12. Envite yo chache nan 1 Wa 19 pou yo jwenn vèsè ou te li yo e aprann kisa Eli t ap fè a. Pale yo konsènan sa yo te bezwen fè pou yo te ka tande sa ou t ap di a, epi ede yo konpare sa ak sa nou bezwen fè pou nou tande “chichotman” Lespri an. Kite timoun yo youn apre lòt li trankilman lòt vèsè nan 1 Wa 19 pandan lòt timoun yo jwenn vèsè sa yo nan ekriti yo.

  • Pataje ak timoun yo kèk ekriti adisyonè ki dekri kijan Lespri a kominike avèk nou (wè Gid Ekriti yo, “Enspirasyon, Enspire,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Mande timoun yo pou yo pale konsènan lè yo te santi Sentespri a ap gide yo oubyen ap temwaye ba yo. Kisa yo t ap fè? Kisa ki ka distrè nou pou fè nou pa rekonèt Lespri a? Li ansanm Mowoni 4:3, epi ankouraje timoun yo pou yo chwazi yon bagay y ap fè pou yo ka “toujou gen Lespri a avèk yo.”

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo panse ak yon bagay yo ta renmen fè poutèt sa yo te aprann nan klas la. Pa ekzanp, yo ta ka fikse yon bi spirityèl, entèlektyèl, fizik, oubyen sosyal pou yo vin plis tankou Jezikri.

Amelyore Ansèyman Nou

Ede timoun yo rekonèt Lespri a. “Youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè kòm enstriktè se ede moun w ap anseye yo rekonèt enfliyans Sentespri a. … Ede [timoun yo] asosye santiman spirityèl yo avèk enfliyans Sentespri a. (Anseye nan Fason Sovè a, 11.)

Enprime