Ansyen Testaman 2022
4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7: “Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”


“4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7: ‘Gen yon Pwofèt nan Izrayèl,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“4–10 Jiyè. 2 Wa 2–7,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2020

Imaj
Eli k ap montre sèvitè a charyo dife yo

Ilistrasyon Eli k ap montre sèvitè a charyo dife yo, © Review & Herald Publishing/licensed from goodsalt.com

4–10 Jiyè

2 Wa 2–7

“Gen yon Pwofèt nan Izrayèl”

Aktivite yo ki nan plan leson sa a la prepare pou yo ede w jwenn pwòp ide kreyatif pa ou. Atravè etid nan lapriyè, ou ka resevwa enspirasyon pou satisfè bezwen timoun w ap anseye yo.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje timoun yo pataje sa yo konnen konsènan pwofèt Elize, envite yo desine foto yon bagay li te fè.

Imaj
senbòl ansèymann

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

2 Wa 4–5

Bondye ka fè mirak nan lavi m.

Atravè pwofèt Elize, Senyè a te beni anpil moun nan fason mirakile. Ede timoun yo rekonèt mirak Senyè a fè nan lavi yo.

Aktivite posib

  • Pataje youn oubyen plis mirak nan sa k ekri nan 2 Wa 4–5 yo (gade “Pwofèt Elize” ak “Elize Geri Naaman” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan istwa sa yo. Envite yo pou yo youn rakonte lòt istwa yo ankò.

  • Temwaye ke Senyè a ka itilize pouvwa Li pou fè gwo bagay pou ede nou. Nou rele bagay sa yo mirak. Di yo kijan Senyè a konn montre amou L pou ou nan fason ki gran oswa piti. Chante avèk yo yon chan sou amou Bondye, tankou “Mon Père céleste m aime” (Chants pour les Enfants, 16). Mande timoun yo pou yo di kijan yo fè konnen Pè Selès la renmen yo.

2 Wa 5:1–15

Mwen ka chwazi fè sa Bondye kòmande palentèmedyè pwofèt Li a.

Naaman te gen difikilte pou l te obeyi lè pwofèt Elize te di l kijan pou l te geri anba maladi lèp la. Reflechi sou fason w ka ede timoun yo konprann benediksyon ki soti nan obeyisans.

Aktivite posib

  • Rakonte istwa Naaman an (gade 2 Wa 5:9–14; “Elize geri Naaman” nan Istwa Ansyen Testaman yo; gade foto Naaman nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Di yo ke Naaman pa t vle al lavi kò li nan Rivyè Jouden an, malgre Elize te di l sa t ap geri maladi l la. Pale yo de yon eksperyans kote w pa t si ke w te vle fè bon bagay la, epi ede timoun yo panse a pwòp egzanp pa yo. Apresa di yo kijan Naaman te beni lè l te fè bon chwa a.

  • Li 2 Wa 5:13 avèk timoun yo, epi eksplike ke sèvitè Naaman yo te ede l deside pou l te obeyi pwofèt Eli. Ede yo panse a kèk fason yo ta ka ede zanmi yo oubyen manm fanmi yo koute ak obeyi pwofèt la.

2 Wa 6:8–17

Senyè a ap veye sou mwen.

Lè sèvitè Elize a te wè lame Siryen an ap antoure yo, li te pè anpil. Men, Elize te di l pou l “pa pè” paske Senyè a te avèk yo (2 Wa 6:16).

Aktivite posib

  • Li 2 Wa 6:15 pou yo oubyen eksplike li pou yo ka konprann. Envite yo pou yo imajine ke yo antoure pa yon gwo lame ki gen cheval ak charyo, jan sèvitè Eli a te wè a. Kijan yo t ap santi yo? Kisa yo t ap fè? Mande yo pou yo fèmen je yo pandan w ap li 2 Wa 6:16–17 la pou yo. Lè w rive nan mo “ouvri je l” yo, mande yo pou yo ouvri je yo. Dekri pou yo sa sèvitè a te wè k t ap pwoteje limenm ak Eli a. Di yo kijan Senyè a ap veye sou nou.

  • Chante ansanm yon chan sou jan Bondye pran swen nou, tankou premye kouplè nan “Chers enfants, sur vous Dieu veille” la (Cantiques, no. 96). Ranplase mo yo nan chan an pa non timoun yo pou mete aksan ke Bondye ap veye sou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

2 Wa 4–5

Bondye ka fè mirak nan lavi m.

Pandan ministè l la, Elize te geri ak beni anpil moun. Kijan mirak ki nan 2 Wa 4–5 yo ka ede timoun yo rekonèt men Pè Selès la nan lavi yo?

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo ekri sou tablo a tout mirak yo ka sonje nan ekriti yo. Apresa ba yo tan pou yo repase 2 Wa 4–5 epi ajoute sou lis yo a (gade 2 Wa 4:1–7, 14–17, 32–35, 38–41, 42–44; 5:10–14). Kisa mirak sa yo anseye sou fason Pè Selès la santi L apwopo noumenm?

  • Mande yo pou yo pale de kisa yon mirak ye. Si yo bezwen èd, yo ka repase “Mirak” nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Envite yo pou yo pale de kèk mirak Jezi te akonpli. Di yo kijan w konn wè pouvwa Bondye nan lavi ou. Ou te ka pale de mirak chak jou yo, tankou santiman lapè, don lavi chak jou, oubyen èd nan tach ou genyen chak jou yo. Envite yo pou yo pale de mirak nan lavi yo, gwo ak piti.

2 Wa 5:1–15

M ka chwazi pou m fidèl, enb, ak obeyisan.

Naaman te anvi geri anba maladi lèp la, men li pa t atann ke l t apral resevwa enstriksyon senp Eli te ba li a: “Ale lave kò ou nan Rivyè Jouden an sèt fwa” (2 Wa 5:10). Konsidere kijan w ta ka itilize istwa a pou anseye timoun yo sou lafwa nan Jezikri, imilite, ak obeyisans.

Aktivite posib

  • Ekri lafwa, imilite, ak obeyisans sou tablo a, epi mande timoun yo kisa mo sa yo vledi (gade Ankre nan Lafwa, 54–56, 86–87, 108–9). Envite yo pou yo li 2 Timote 5:9–14. Ou gen dwa montre yo kèk pati nan video “Naaman ak Elize” a tou nan (ChurchofJesusChrist.org). Kijan Naaman te montre lafwa nan Senyè a, imilite, ak obeyisans? Poukisa li enpòtan pou nou devlope kalite sa yo?

  • Mande yo pou yo pale de yon eksperyans kote yon zanmi te ede yo chwazi bon bagay. Oubyen pataje yon eksperyans pa w. Li ansanm 2 Wa 5:10–13 pou w aprann kijan sèvitè Naaman yo te ede l chwazi pou l te obeyi pwofèt la. Kisa nou ka fè pou nou chak ede lòt suiv pwofèt la jodia?

  • Envite yo pou yo konplete paj aktivite a epi pataje avèk yon manm fanmi yo yon bagay yo aprann nan istwa Naaman an ki nan 2 Wa 5:1–15 la.

2 Wa 6:8–17

Mwen pa poukont mwen.

Timoun w ap anseye yo ka pafwa santi yo tankou sèvitè Elize a—ki vledi pa y ap mande tèt yo kijan yo ka fè fas ak difikilte y ap rankontre. Ou ka itilize istwa nan 2 Wa 6:8–17 la pou anseye yo pou yo “pa pè” paske Senyè a p ap kite yo poukont yo.

Aktivite posib

  • Li ansanm 2 Wa 6:15–17. Envite youn nan timoun yo pou l pretann li se sèvitè Elize a pandan lòt timoun yo ap poze kesyon sou eksperyans li, tankou kijan l te santi l lè lame Siryen an te antoure vil la oubyen ki efè sa te genyen sou li lè l te wè lame Bondye a. Pale avèk yo de moman kote yo konn santi yo poukont yo ap eseye viv levanjil la. Kijan Senyè a ede nou konnen ke nou pa poukont nou?

  • Chante yon kantik sou konfyans nan Senyè a, tankou “When Faith Endures” (Hymns, no. 128). Kisa chan sa a anseye nou sou mete konfyans nan Senyè a?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo pataje avèk fanmi yo eksperyans kote yo te rekonèt men Bondye nan lavi yo. Ankouraje yo pou yo mande manm fanmi yo pataje menm kalite eksperyans yo tou.

Amelyore Ansèyman Nou

Timoun aprann anpil fason. “Efò ou pou anseye timoun yo ap pi efikas si w itilize plizyè metòd ansèyman,“ tankou istwa, èd vizyèl, ak mizik (Anseye nan Fason Senyè a,25).

Enprime