Ansyen Testaman 2022
25–31 Jiyè. Estè: “Ou Te Vini … pou yon Epòk Tankou Sa a”


“25–31 Jiyè. Estè: ‘Ou Te Vini … Pou yon Epòk Tankou Sa a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“25–31 Jiyè. Estè,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Estè ki ap priye

Estè, pa James Johnson

25–31 Jiyè

Estè

“Ou Te Vini … Pou yon Epòk Tankou Sa a”

Tout ekriti yo temwaye de Jezikri. Medite sou fason w ap ede timoun yo wè enfliyans Sovè a nan istwa Estè a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Montre timoun yo foto Estè (gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Pandan timoun yo kenbe foto a, envite yo pataje yon bagay yo konnen konsènan istwa Estè a.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun ki pi Piti yo

Estè 2:5–7

Mwen ka sèvi fanmi mwem.

Lè paran Estè yo te mouri, se kouzen l Mardoche ki te pran swen l. Ou ka itilize eksperyans yo kòm yon opòtinite pou pale de sèvi manm fanmi nou.

Aktivite Posib

  • Sou tablo a, desine figi ki reprezante Estè, paran l yo, ak kouzen l Madoche. Eksplike ke paran Estè yo te mouri, konsa Estè te bezwen yon moun ki te pou pran swen li. Li Estè 2:7 pou timoun yo, epi mande yo pou yo koute kisa Madoche te fè. Ede yo panse a bezwen manm fanmi yo ta kapab genyen e ke timoun yo ta ka ede yo satisfè.

  • Envite kèk ladan yo pou yo mime yon bagay janti yo ta kapab fè pou sèvi yon moun nan fanmi yo, epi mande lòt timoun yo pou yo devine sa y ap fè. Envite yo pou yo pale de bagay yo fè pou beni fanmi yo, epi pou yo rakonte kèk nan bagay yo fè yo.

  • Chante yon kantik konsènan ede fanmi nou yo, tankou “Nous aidons tout avec joie” (Chants pour les enfants,108). Pataje temwayaj ou ke ede fanmi nou ba nou kè kontan.

Estè 4:15–16

Mwen ka yon moun brav.

Timoun w ap anseye yo gen pou yo afwonte sitiyasyon kote yo bezwen èd Senyè a pou yo kapab brav. Kijan w ap ede yo aprann apati de egzanp kouraj Estè a?

Aktivite oPsib

  • Èske timoun w ap anseye yo konnen kisa brav vle di? Pataje yon definisyon senp, tankou “Lè yon moun brav, sa vle di li fè sa ki byen menm lè li pè.” Pataje istwa Estè a (gade nan “Rèn Estè” nan Istwa Ansyen Testaman yo), epi ede timoun yo wè kijan Estè te brav. Fè timoun yo itilize foto yo ki nan paj aktivite semèn sa a pou yo rakonte istwa a.

  • Montre yon foto Estè (gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Chante avèk timoun yo yon chan ki pale de moun ki brav, tankou “Je serai vaillant” (Chants pour les enfants,85). Fè yo remake mo ak ekspresyon nan chan an ki dekri Estè, epi temwaye ke Sovè a ka ede timoun yo pou yo brav.

  • Pale timoun yo de moman lè Jezikri te montre Li te brav; pa egzanp, lè L t ap soufri pou peche nou yo, nan Jetsemane ak sou kwa a (gade nan Matye 26:36–39; 27:33–35). Mande timoun yo pou yo pale de yon okazyon kote yo te montre yo brav (anvizaje kontakte fanmi yo alavans pou mande yo kèk egzanp). Kisa ki te ede yo rete brav? Di timoun yo kijan Senyè a te ede w rete brav lè w te pè.

    Imaj
    Estè ak wa a

    Estè devan Wa a. pa Minerval K. Teichert

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Estè 4:14

Mwen ka vin yon enstriman nan men Bondye.

Lè Estè te pè, Madoche te ankouraje l nan anseye l ke petèt Senyè a te fè l yon rèn “pou yon okazyon tankou sa a” (Estè 4:14). Medite sou fason Senyè a ap prepare timoun w ap anseye yo pou opòtinite pa yo pou beni lòt moun.

Aktivite Posib

  • Envite yon moun pou l jwe yon kantik pou timoun yo sou yon enstriman mizik, oswa montre yon foto yon moun ki ap jwe yon enstriman. Pale de kisa vin yon enstriman nan men Bondye vle di. Repase istwa Estè a avèk timoun yo (gade nan “Rèn Estè” nan Istwa Ansyen Testaman yo), epi envite timoun yo pou yo pale de kijan Estè te yon enstriman pou Senyè a pou L te ka akonpli bi L yo. Kijan nou ka vin tounen enstriman nan men Bondye?

  • Apre revizyon istwa Estè a, atache yon kat avèk non youn nan karaktè yo apati istwa a ki sou do chak timoun yo. Envite timoun yo pou yo eseye jwenn non kimoun ki nan do yo nan poze lòt timoun yo kesyon tankou “Eske moun sa a te jis?” oswa “Eske moun sa a se te yon fi?” Apre sa diskite kijan Madoche ak Estè se te enstriman pou Senyè a te sove Juif yo.

Estè 3:1–11; 4:10–17

Pè Selès la ede m gen kouraj lè mwen pè.

Kilè w te wè timoun w ap anseye yo te kouraje? Ki eksperyans ou ka pataje konsènan lè ou te bezwen èd Senyè a pou w te brav?

Aktivite Posib

  • Ekri sou tablo a Madoche te montre kouraj nan … epi Estè te montre kouraj nan … Envite kèk nan timoun yo pou yo li Estè 3:1–11 epi lòt yo pou li Estè 4:10–17. Mande yo itilize sa yo te li a pou konplete fraz ki sou tablo a. Apre sa ekri Mwen ap montre kouraj nan … epi envite timoun yo pou yo drese lis bagay Pè Selès la vle yo fè ki mande kouraj. Kijan nou ka tankou Madoche ak Estè?

  • Envite timoun yo panse a sitiyasyon yo te rankontre kote li ta ka difisil pou fè bagay ki kòrèk la. Ekri sou tablo a pawòl kouraje Estè yo “M pral kote wa a, … si se pou m mouri, m a mouri” (Estè 4:16). Ede timoun yo aplike pawòl Estè yo pou tèt yo nan ranplase “ale kote wa a” avèk yon chwa jis men difisil yo ta gen dwa oblije fè. Apre sa envite yo ranplase “peri” avèk yon bagay dezagreyab ki ka soti nan fè sa ki byen. Poukisa li pi bon pou fè sa ki byen, menm si gen konsekans difisil?

  • Pase videyo “Chwazi sa ki pi difisil la” (ChurchofJesusChrist.org), epi envite timoun yo pou deside sou “byen ki pi dfisil” nan lavi yo ke yo pral chwazi. Diskite kijan Jezikri se yon egzanp sou prensip sa a.

Estè 4:1–3, 10–17

Jene ka ede m epi beni lavi lòt moun.

Pandan yon moman nesesite, Estè ak Juif yo te jene. Kijan w ka ede timoun w ap anseye yo konprann enpòtans benediksyon espirityèl ki genyen nan jene?

Aktivite Posib

  • Envite timoun yo fè yon lis bagay yo ta ka jene pou yo (si sa nesesè, yo ta ka gade nan “Jene ak Ofrann Jèn” nan Ankre nan Lafwa,66-69). Apre sa mande yo pou yo li Estè 4:1–3, 10–17 pou yo ka wè poukisa Estè te jene. Ankouraje yo pou yo panse a yon rezon ki ta ka fè yo bezwen èd espesyal nan men Senyè a, epi sigjere pou yo fè rezon sa a tounen yon pati nan jèn yo a nan pwochen dimanch jèn nan.

  • Envite timoun yo pou yo fè tankou y ap eksplike yon zanmi yo poukisa yo jene. Kisa yo t ap di? Fè yo ale nan Gid Ekriti yo, “Jèn, Jene” (scriptures.ChurchofJesusChrist.org) si yo bezwen èd. Pataje yon eksperyans kote w te jene pou w te ka resevwa èd Senyè a. Envite yo pou yo pataje eksperyans yo te fè avèk jèn.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Chante yon kantik ansanm konsènan yon prensip nou te aprann nan klas la jodi a (gade endèks sijè nan Chants pour les Enfants pou ide). Envite timoun yo pou yo chante avèk fanmi yo.

Amelyore Ansèyman Nou

Viv sa w ap anseye yo. Ansèyman w lan ap pi puisan si w ka temwaye apati de eksperyans pèsonèl ou konsènan benediksyon ki genyen nan viv levanjil la. Pandan w ap seleksyone prensip pou anseye timoun yo, medite sou kijan w ka viv prensip sa yo pi konplètman. (Gade nan Anseye nan fason Sovè a,13–14.)

Enprime