Ansyen Testaman 2022
1–7 Out. Jòb 1–3: 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42: “M ap Kontinye Fè L Konfyans”


“1–7 Out. Jòb 1– 3;–3; 12; 21– 19; 21–24; 42: ‘M ap Kontinye Fè L Konfyans,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“1–7 Out. Jòb 1– 3;–3; 12; 21– 19; 21–24; 42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
twa mesye ap pale ak yon mesye nan lakou an

Jijman Jòb yo Pa Joseph Brickey

1–7 Out

Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–4042

“M ap Kontinye Fè L Konfyans”

Pandan w ap etidye istwa Jòb la, ki mesaj ou te jwenn pou pwòp lavi w? Kiyès nan mesaj sa yo ou santi timoun w ap ansenye yo bezwen tande?

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite Pataj

Montre timoun yo yon foto Jòb (gade plan leson semèn sa anan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo). Mande timoun yo kijan yo panse mesye ki nan foto ka santi l. Envite yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan Jòb.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun pi Piti yo

Jòb 1–2; 13:15

Papa nou Ki nan Syèl la ak Jezikri ap ede m pandan tan difisil yo si m gen lafwa nan Yo.

Jòb te fè Bondye konfyans e li te kapab rete fidèl menm lè l te rankontre eprèv ki ekstrèman difisil. Istwa Jòb la ka ede timoun yo fòtifye lafwa yo nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pou yo ka prepare pou yo fè fas ak pwòp eprèv difisil yo.

Aktivite posib

  • Envite timoun yo pataje sa yo konnen konsènan Jòb, epi ede yo konprann sa k te rive l (gade Jòb 1–2; “Jòb” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Mande yo kijan yo t ap santi yo si yo te Jòb. Kiyès ki ka ede nou lè bagay tris ap pase nan lavi nou? Montre yon foto Jezikri, epi eksplike ke lafwa Jòb nan Senyè a te ede l pandan eprèv li yo (wè Jòb 1:21).

  • Li pawòl Jòb yo nan Jòb 13:15 pou timoun yo: “M fè l konfyans.” Pou ede timoun yo konprann sa sa vle di pou fè Bondye Konfyans, pale avèk yo konsènan lòt moun yo fè konfyans. Pa ekzanp, kisa nou fè paran nou yo konfyans pou yo fè? Kisa nou fè enstriktè nou yo konfyans pou yo fè? Kisa nou fè Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri konfyans pou yo fè? Eksprime konfyans ou nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri, epi ede timoun yo panse ak fason yo ka montre yo renmen yo epi fè yo konfyans.

Jòb 19:25

Jezikri se Redanmtè mwen.

Jòb te ka andire eprèv ak soufrans li yo akoz lafwa l nan Senyè a. Kijan w ap ede timoun yo ranfòse lafwa yo nan Jezikri, Redanmtè nou an?

Aktivite posib

  • Afiche yon foto Jezi sou kwa a oubyen k ap antere nan tonb lan (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 57, 58). Envite timoun yo eksplike sa k ap pase nan foto an. Li temwayaj Jòb pou timoun yo nan Jòb 19:25. Afiche yon foto Sovè resisite an (gade Liv Ilistrasyon Levanjil la, nos. 59, 60; gade paj aktivite semèn sa a tou), epi temwaye ke Jezikri te resisite e L ap viv jodi a. Poukisa nou rekonesan dèske Jezi te resisite?

  • Afiche yon foto Jòb, epi eksplike ke Jòb te nan anpil lapèn paske po l te gen maleng sou li. Li te pèdi kay li, e pitit li yo te mouri. Men Jòb te konn on bagay trè enpòtan ki te ba l konfò. Li Jòb 19:25, epi mande timoun yo sa Jòb te konnen. Pataje avèk timoun yo kijan ou konnen Jezikri vivan, epi envite yo pataje temwayaj yo de Li.

    Imaj
    mesye k ap gad anlè

    Jòb, pa Gary L. Kapp

  • Mande timoun yo pou yo kolore paj aktivite semèn sa a. Chante yon chan sou Rezirèksyon Jezikri a , tankou “Jésus est-il ressuscité?” oubyen “Jésus est ressuscité” (Chants pour les enfants,45, 44). Mande yo pou yo pataje jan yo santi yo konsènan Jezi, e ede yo konprann ke nou ka gen bon santiman ki soti nan Sentespri a pou ede nou konnen ke Jezikri reyèl.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Pi Gran yo

Jòb 1–2; 12; 19

Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ap ede m simonte eprèv mwen yo lè m gen lafwa nan Yo.

Tout moun gen jounen difisil, e kèk moun gen eprèv ki dire anpil tan. Lafwa Jòb nan Bondye te soutni l pandan eprèv li yo. Konsidere kijan istwa sa a ka ede timoun yo bati lafwa yo nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri pou yo ka fè fas ak eprèv yo, kounye an ak nan le fiti.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje sa yo konnen konsènan istwa Jòb lan. Ki kalite moun li te ye? Kisa k te rive l? Kijan l te reponn ak eprè li yo? Montre yo vèsè nan Jòb 1–2 pou ede yo di istwa a (wè Jòb 1:1, 13-22; 2:7–10; gade tou “Jòb” nan Istwa Ansyen Testaman yo). Envite timoun yo pataje sa yo santi ki se mesaj prensipal istwa Jòb lan.

  • Afiche kèk foto entèraksyon Jezikri ak lòt moun, epi mande timoun yo sa yo santi foto sa yo ansenye nou konsènan kiyès ki Jezikri e ak Kijan L ye. Ki lòt bagay nou konnen konsènan Jezikri? Envite timoun yo li kèk nan vèsè sa yo pou nou konn kèk nan sa Jòb te konnen konsènan Senyè an: Jòb 12:10, 13, 16: 19:25–27. Poukisa l enpòtan pou nou konnen bagay sa yo konsènan Sovè an?

  • Envite timoun yo pou yo li Jòb 19:14–19, epi mande yo sa vèsè sa yo di konsènan jan lòt moun t ap trete Jòb. Kijan nou t ap santi nou si sa te rive nou? Envite timoun yo li Jakòb 19:23–27 pou nou konnen kijan Jòb te jwenn konfò nan sitiyasyon sa a. Kisa vèsè sa yo anseye nou sou Senyè a? Poukisa l enpòtan pou nou konnen ke Li vivan e Li renmen nou? (wè Jan 17:3).

  • Chante yon kantik sou Sovè a ansanm, tankou “Je sais qu‘il vit mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73). Kisa chan sa a sikjere konsènan poukisa l enpòtan pou nou gen yon temwayaj ke Jezikri vivan? Di timoun yo kijan ou konnen Sovè a vivan ak poukisa ou rekonesan pou konesans sa a. Ankouraje yo pou yo pataje temwayaj yo tou.

Jòb 19:13-19; 22:5

Bon zanmi edifye ak ankouraje youn lòt.

Lè Jòb te an difikilte, zanmi l yo te di ke Bondye t ap pini l paske l te peche. Istwa sa a ka ede ou ansenye timoun yo yon pi bon fason pou reponn lè yon zanmi gen difikilte (wè Jòb 16:1-5).

Aktivite posib

  • Mande timoun yo pou yo revize plizyè bagay difisil ki te rive Jòb (gade Jòb 1:13–19; 2:7). Li ansanm Jòb 19:14, 19, pou chache jan zanmi Jòb yo te reyaji ak eprèv li yo (wè tou Jòb 22:1–5). Envite timoun yo pou yo imajine ke yo te zanmi Jòb—kijan yo t ap eseye ede l? Ankouraje yo pou yo reflechi ak yon zanmi ki ka nan yon moman difisil epi planifye on bagay yo ka fè pou yo montre lanmou ak sipò pou zanmi yo a.

  • Mande timoun yo pou yo fè lis kèk nan kalite yon bon zanmi epi pou nome yon zanmi ki gen kalite sa yo. Montre yon foto Jezikri. Nan ki fason Jezikri se yon bon zanmi pou chaken nan nou? Kijan nou ka suiv egzanp Li?

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pataje ak yon manm fanmi oubyen yon zanmi. yon fason Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ka ede yo lè yo nan yon moman difisil

Amelyore Ansèyman Nou

Temwaye konsènan benediksyon yo pwomèt yo. Lè Senyè a bay yon kòmandman, li souvan pwomèt benediksyon si kòmandman sa a respekte. Lè w mande timoun Primè yo pou yo viv yon sèten prensip, pale yo de pwomès Bondye fè pa mwayen pwofèt yo pou moun ki viv prensip sa a. Ou gen dwa rann temwayaj ou sou benediksyon ou te resevwa nan viv prensip la tou.

Enprime