Ansyen Testaman 2022
1–7 Out. Jòb 1-3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42: “M ap Kontinye Fè L Konfyans”


“1–7 Out. Jòb 1-3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42: ’M ap Kontinye Fè L Konfyans’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“1–7 Out. Jòb 1-3; 12–14; 19; 21–24; 38–40; 42,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
twa mesye k ap pale avèk yon mesye atè a

Jijman Jòb yo, Pa Joseph Brickey

1–7 Out

Jòb 1–3; 12–14; 19; 21–24; 38–4042

“M ap Kontinye Fè L Konfyans”

Pandan w ap li konsènan Jòb la, Lespri a ap gide w pou w dekouvri verite enpòtan ki konsène ou. Ekri sa w dekouvri, epi reflechi sou fason verite sa yo aplike a oumenm.

Ekri Enpresyon w yo

Li natirèl pou w mande tèt ou poukisa move bagay rive bon moun—oubyen, poukisa bon bagay rive move moun. Poukisa yon Bondye ki jis pèmèt sa? Eksperyans Jòb la eksplore kesyon tankou kesyon sa yo, Jòb sete youn nan bon moun ki te gen move bagay rive li. Akoz eprèv Jòb yo, zanmi l yo te mande tèt yo si Jòb sete yon bon moun vre. Jòb te deklare pwòp jistis li epi l te mande tèt li si Bondye te jis tout bon. Men malgre soufrans li ak sa l t ap mande tèt li yo, Jòb te kenbe entegrite li ak lafwa l nan Jezikri. Nan liv Jòb la, lafwa l te pase anba tès ak kesyon men li pa t janm abandone konplètman. Sa pa vle di ke tout kesyon yo te jwenn repons. Men liv Jòb la ansenye ke kesyon ak lafwa kapab egziste ansanm jiskaske yo jwenn repons pou kesyon yo, e kèlkeswa sa k pase pandan tan sa a, nou ka di konsènan Senyè a, “M ap kontinye fè L konfyans” (Jòb 13:15).

Pou yon koudèy sou liv Jòb la, gade “Jòb” nan Gid Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org

Imaj
Learn More image
Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Jòb 1–3; 12–13

Konfyans mwen nan Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri ka ede m rete fidèl nan tout sikonstans.

Chapit ki nan entwodiksyon liv Jòb yo la pou souliye wòl Satan kòm advèsè ak akizatè nou, non pa pou dekri jan Bondye ak Satan kominike. Pandan w ap li reklamasyon Satan yo konsènan Jòb la (gade Jòb 1:9–11; 2:4–5), ou ta ka mande tèt ou si yo ka di menm bagay sa yo konsènan oumenm. Ou ta ka mande tèt ou, Ki rezon ki fè m rete fidèl anvè Bondye? Reflechi a eprèv Jòb te travèse yo ak reyaksyon li (Jòb1:20–22; 2:9–10). Kisa w aprann de li ki ta ka ede w reyaji devan eprèv ou yo?

Malgre Jòb t ap eseye rete fidèl, eprèv ak soufrans li yo te kontinye (note lamantasyon li nan chapit 3)a. Anfèt, soufrans li te sanble yo entansifye, epi zanmi l yo te sigjere ke Bondye t ap pini li (gade Jòb 4–5; 8; 11). Pandan w ap li yon pati nan repons Jòb la nan chapit 12-13yo, konsidere sa Jòb te konnen apwopo Bondye ki te pèmèt li kontinye fè l konfyans malgre soufrans li ak kesyon san repons li yo. Kisa w konnen apwopo Bondye ki ede w fè fas ak eprèv? Kijan w te vin konnen verite sa yo, e kijan yo te fòtifye lafwa ou?

Jòb 19

Jezikri se Redanmtè mwen.

Pafwa verite pi enpòtan yo revele bannou nan mitan angwas pi pwofon nou yo. Reflechi sou eprèv Jòb te dekri nan Jòb 19:1–22 yo ak verite li te pwoklame nan Jòb 19:23–27yo. Apresa reflechi sou kijan w fè konnen ke Redanmtè a vivan. Ki diferans konesans sa a fè lè w ap fè fas ak eprèv difisil?

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 121:1-12; 122.

Imaj
yon mesye k ap gade anlè

Jòb pa Gary L. Kapp

Jòb 21-24

“Lè l te mete m aleprèv, m ap vini tankou lò.”

Pandan w ap li plis sou deba ant Jòb ak zanmi l yo konsènan rezon soufrans Jòb la, ou ta ka reflechi sou kijan ou t ap reponn kesyon ki nan kè deba yo a: Poukisa bon moun soufri pafwa e move moun pafwa konn pa jwenn pinisyon? Panse a sa pandan w ap li Jòb 21-24. Kisa w konnen sou Papa nou Ki nan Syèl la ak plan L la ki ka ede w bay repons? Gade, pa ekzanp, 2 Nefi 2:11-13; Mozya 23:21-23; 24:10-16; Abraram 3:22-26; Dallin H. Oaks, ”Opozisyon nan Tout Bagay,” Liahona, Me 2016, 114-17

Gade tou L. Todd Budge, “Konfyans Konsistan ak Rezilyan,“ Liahona, Nov. 2019, 47–49.

Jòb 38; 40; 42

Vizyon Bondye an pi gran pase pa m.

Paske l te fristre pa akizasyon zanmi l yo (gade Jòb 16:1–5; 19:1–3), Jòb te kriye nan pye Bondye plizyè fwa ap mande eksplikasyon pou soufrans li yo (gade Jòb 19:6–7; 23:1–931). Èlder Neal A. Maxwell te obsève ke “lè nou enpasyan avèk orè yon Bondye omnisyan,” jan Jòb sanble l te ye a, “se kòmsi nou di nou konn sa k pi bon. Sa etranj, pa vre—noumenm ki mete mont nan bra nou ap eseye bay Limenm ki sipèvize revèy ak kalandriye kosmik yo konsèy” (“Espwa atravè Ekspyasyon Jezikri a,” Ensign, Nov. 1998, 63). Reflechi sou pawòl sa yo pandan w ap li repons Bondye te bay Jòb la nan chapit 38 ak 40. Ki verite L t ap ansenye Jòb? Poukisa verite sa yo enpòtan pou nou konnen lè n ap fè fas ak advèsite ak kesyon isit ka nan mòtalite a? Kisa ki enpresyone w konsènan repons Jòb la nan Jòb 42:1–6?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Jòb 1:20–22.Pou nou konprann kijan Jòb ka te santi l, jan sa dekri nan vèsè sa yo, fanmi w ta ka li “Jòb” nan Istwa Ansyen Testaman yo oubyen jwe wòl sou Jòb 1:13–22. Kisa nou ka aprann nan egzanp Jòb la?

Jòb 14:14.Kijan w t ap reponn kesyon Jòb la nan vèsè sa a? Kijan Alma 11:42–44 ka ede nou? (Gade tou videyo “Li Vivan—Selebre Pak Paske Jezikri Vivan,” ChurchofJesusChrist.org.)

Jòb 16:1–5.Èske nou janm tankou zanmi Jòb yo, ki te jije ak kritike Jòb lè l te bezwen rekonfò a? (gade Jòb 16:1–4; gade tou Jan 7:24). Nan ki fason pawòl nou ka fòtifye lòt moun nan chagren yo? (gade Jòb 16:5).

Jòb 19:23–27.Apre n fin li vèsè sa yo, manm fanmi an ta ka pataje jan yo konnen ke Redanmtè nou an vivan. Nou ta gen dwa travay ansanm pou nou mete pawòl temwayaj nou (oubyen desen timoun yo sou Sovè a) nan yon liv, tankou yon jounal familyal (gade vèsè 23). Nou ta ka chante yon chan ki temwaye de Sovè a tou, tankou “Je Sais Qu’il Vit Mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73), epi pataje fraz ki fòtifye lafwa ou nan Li.

Jòb 23:8–11.Kisa sa vle di pou nou “soti” anba eprèv nou yo “pi tankou lò”? (Gade videyo “Dife Rafinè a,” tou nan ChurchofJesusChrist.org). Kiyès nou konnen ki te fè sa? Timoun yo ka renmen kreye yon bagay avèk pawòl ki nan vèsè 10 yo ekri sou li. Ou ta ka diskite sou fason Jezikri te simonte eprèv Li yo tou (gade Lik 22:41–44; Doktrin ak Alyans 19:16–19).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur,”,” Cantiques no. 73

Amelyore Etid Pèsonèl

Imajine. Ide enpòtan ka vini nan lespri nou pandan n ap eseye mete tèt nou nan ekriti yo. Paregzanp, mete tèt nou nan sitiyasyon Jòb la ta ka ede nou reflechi sou relasyon nou avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri.

Imaj
mesye k ap pale avèk yon lòt mesye atè a

Jòb ak Zanmi l yo pa Ilya Repin

Enprime