Ansyen Testaman 2022
8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46: “Senyè a Se Bèje Mwen”


“8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46: ‘Senyè a Se Bèje Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“8–14 Out. Sòm 1–2; 8; 19–33; 40; 46,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi ap mache avèk mouton

Senyè a Se Bèje Mwen, pa Yongsung Kim, havenlight.com

8–14 Out

Sòm 1–2; 8; 19–33; 4046

“Senyè a Se Bèje Mwen”

Plan leson sa a sigjere kèk bèl pasaj nan Sòm yo ki ap beni timoun yo, men pa santi w limite a pasaj sa yo. Suiv gidans Sentespri a.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk jou alavans, envite kèk nan timoun yo pou pote nan klas la desen ki reprezante bagay yomenm ak fanmi yo te li konsènan Sòm yo semèn sa a, tankou yon bèje (gade nan Sòm 23:1), yon gode (gade Sòm 23:5), oswa yon kè (gade nan Sòm 24:4). Envite yo pou yo pale konsènan desen yo ak yon vèsè nan Sòm yo ki mansyone yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Sòm 19:1; 33:5

“Syèl yo pwoklame glwa Bondye.”

Sòm 19 ak 33 anseye ke nou ka jwenn prèv konsènan laglwa ak bonte Bondye toutotou nou nan bèl kreyasyon l yo. Ede timoun yo aprann pou yo wè men Bondye nan mond ki antoure yo a.

Aktivite Posib

  • Montre yo kèk foto bèl bagay Bondye kreye, oswa gade atravè yon fenèt ansanm pou nou wè bagay sa yo. Mande yo kisa yo renmen nan kreyasyon Pè Selès la fè yo. Li oubyen Sòm 19:1 oubyen 33:5, epi mande timoun yo kijan yo santi yo konsènan Pè Selès la lè yo wè kreyasyon L yo.

  • Chante ansanm yon chan sou kreyasyon Bondye yo, tankou “Le monde est si beau” (Chants pour les enfants,123). Envite yo pou yo chwazi yon bagay Bondye te kreye (tankou yon bagay ki mansyone nan chan an) epi desine yon foto li pou yo pataje avèk fanmi yo.

Sòm 23

“Senyè a Se Bèje Mwen.”

Si timoun yo ka konprann pandan yo piti ke Senyè a se bèje yo, y ap pi dispoze pou yo suiv Li “nan chemen ladwati yo.”

Aktivite Posib

  • Bay chak timoun yon kopi paj aktivite semèn nan, oubyen bay yo chak yon foto paj aktivite a. Envite yo pou yo koute pandan w ap li Sòm 23a. Mande yo pou yo lonje dwèt yo sou oswa kenbe yon foto lè yo tande li mansyone nan Sòm nan. Rann temwayaj ou ke Jezi pran swen nou, menm jan yon bèje pran swen mouton l yo.

  • Di timoun yo kèk fason ou konnen ke Sovè a renmen w. Envite yo pou yo kanpe youn apre lòt epi pou yo pataje kèk fason yo konnen Jezi renmen yo. Chante ansanm yon chan ki ta kapab ba yo ide, tankou “Je ressens son amour” (Chants pour les enfants, 42–43).

Sòm 30:5

Jezikri ka chanje tristès an jwa.

Medite sou fason w ap ede timoun yo akeri pwòp temwayaj pa yo sou lajwa Jezi ofri nou lè nou tris.

Aktivite posib

  • Envite yo pou yo pran pòz y ap kriye pandan w ap li nan Sòm 30:5). “Kriye ka dire pou yon nuit.” Apre sa mande yo pou yo montre yo kontan pandan w ap li, “Men lajwa retounen nan maten.” Repete fraz sa a de ou twa fwa, epi temwaye pou timoun yo ke gras ak Jezikri, lajwa ka ranplase tristès nou santi nan lavi sa a.

  • Montre yon foto Sovè a, epi pale yo de kèk nan bagay li fè pou ou ki pote lajwa pou ou. Bay chak timoun yon chans pou yo kenbe foto a epi pataje kisa Jezi fè ki pote lajwa pou yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Sòm 23; 27–28; 3246

Sovè a ofri m lapè, fòs, ak gidans.

Anpil nan Sòm yo temwaye de benediksyon Bondye yo nan lavi nou. Ou ka itilize Sòm yo pou ede timoun yo aprann fè L konfyans ak vin kote L.

Aktivite posib

  • Ekri sou tablo a Senyè a se . Kite timoun yo chwazi youn oswa plis nan ekriti sa yo pou yo li: Sòm 23:1; 27:1; 28:1; 28:7; 32:7; 46:1. Mande yo pou yo konplete fraz ki sou tablo a nan itilize sa yo aprann apati ekriti pa yo a. Ede yo diskite kisa senbòl sa yo anseye nou konsènan Senyè a.

  • Montre yo yon foto yon ti mouton. Mande yo pou yo bay non kèk bagay yon ti mouton an bezwen pou l rete ansekirite ak ansante, epi ankouraje yo pou yo gade nan Sòm 23:1–4 pou ide. Apresa montre yon foto yon timoun. Kisa nou bezwen pou nou rete ansekirite ak ansante espirityèlman? Li ansanm Sòm 23, epi mande timoun yo kijan bagay bèje a fè yo nan Sòm sa a ta ka konpare avèk sa Jezikri fè pou nou.

Imaj
Tanp Concepción nan Chili

Nou dwe espirityèlman pwòp ak pi pou nou ka antre nan prezans Senyè a.

Sòm 24:3–4

Pou antre nan tanp lan, nou bezwen gen “men pwòp, ak yon kè pi.”

Pandan timoun yo espere antre nan tanp yon jou, ede yo konprann ke yo ka prepare yo nan vin pwòp espirityèlman atravè Ekspyasyon Sovè a.

Aktivite Posib

  • Montre yo foto yon tanp. Envite yo pou yo li Sòm 24:3 epi jwenn mo ki raple yo tanp lan. Apre sa li ansanm vèsè 4 pou aprann kimoun ki ka antre nan tanp (defini tout mo ki pa familye). Kijan men nou vin sal fizikman? Kijan men ak kè nou vin sal espirityèlman? Kijan nou netwaye men nou fizikman? Kijan Sovè a ede nou netwaye men nou ak kè nou espirityèlman? (Si sa ka ede, eksplike ke “men” nan vèsè sa a ka reprezante aksyon nou yo epi “kè” ka reprezante dezi nou yo.)

  • Repase avèk timoun yo kondisyon pou yo resevwa yon rekòmandasyon pou tanp (gade nan Russell M. Nelson, “Remak pou konklizyon,” Lyawona, Nov. 2019, 120–22; oswa envite yon manm nan episkopa a pou l diskite sou kondisyon sa yo avèk klas la). Envite yo pou yo chwazi yon bagay yo santi yo enspire pou yo fè pou yo prepare pou yo vin diy pou antre nan tanp.

Sòm 46:10

“Rete poze epi konnen m se Bondye.”

Lè nou pran tan pou nou rete reveran ak poze malgre aktivite ki antoure nou yo, sa ka ede nou bati yon temwayaj ke Bondye vivan.

Aktivite posib

  • Ede timoun yo memorize premye liy nan Sòm 46:10 la: “Rete poze epi konnen m se Bondye.” Pale avèk yo de sa “rete poze,” ta ka vle di fizikman ak mantalman. Pataje avèk yo yon eksperyans kote rete “poze” te ranfòse temwayaj ou sou Pè Selès la. Mande yo pou yo pataje nenpòt eksperyans yo te fè. Poukisa rete poze se yon fason enpòtan pou nou konnen ke Bondya vivan?

  • Envite yo pou yo repase avèk ou sa yo fè dabitid pandan yon jounen. Ede yo panse a moman pandan jounen yo kote yo te ka eseye “rete poze” epi santi yo pre Pè Selès la. Ankouraje yo pou yo fikse yon bi pou yo itilize moman sa yo pandan semèn k ap vini an pou ranfòse temwayaj yo sou Pè Selès la.

  • Envite yo pou yo fè lis kèk bagay nou ka fè pou tèt pa nou pou konnen ke Pè Selès la reyèl epi ke Li renmen nou. Envite yo chwazi yon bagay nan lis la ke yo vle fè.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite timoun yo pou yo chwazi yon vèsè yo renmen apati sòm yo te pale konsènan yo jodia. Ankouraje yo pou yo pataje vèsè sa a vèk yon manm fanmi yo oubyen yon zanmi.

Amelyore Ansèyman Nou

Fokis sou bezwen timoun yo. Antanke yon enstriktè, ou nan yon pozisyon inik pou w konprann bezwen moun w ap anseye yo. Eksperyans ou, familyarite ou avèk timoun yo, ak gidans Lespri a ap ede w konnen ki aktivite aprantisaj ki pi apwopriye pou bati lafwa yo nan Pè Selès la ak nan Jezikri.

Enprime