Ansyen Testaman 2022
15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: “Mwen Pral Deklare Sa Li Te Fè pou Nanm Mwen”


“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86: ‘Mwen Pral Deklare Sa Li Te Fè pou Nanm Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“15–21 Out. Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86,” Vini, Suiv Mwen—Pou Primè: 2022

Imaj
Jezi ki kenbe yon lanp

Sove sa ki te pèdi a, pa Michael T. Malm.

15–21 Out

Sòm 49–51; 61–66; 69–72; 77–78; 85–86

“Mwen Pral Deklare Sa Li Te Fè pou Nanm Mwen”

Egzanp ou kòm yon moun ki ap aprann levanjil la ka gen yon enfliyans puisan sou timoun yo. Pataje avèk yo eksperyans espirityèl ou nan aprann levanjil la.

Ekri Enpresyon w yo

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pataje avèk timoun yo yon vèsè nan yon sòm, yon kantik, oswa yon chan pou timoun ki ede w santi lanmou Sovè a. Bay chak timoun yon chans pou yo fè menm jan an tou.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Piti yo

Som 51:10

Lè m fè yon move chwa, Jezikri ka ede m chanje.

Ede timoun yo konprann ke erè fè pati lavi nan mòtalite a epi nou ka resevwa èd nan Jezikri pou nou simonte yo.

Aktivite Posib

  • Pataje yon istwa senp, nan lavi w oswa nan Zanmi an oswa Lyawona, konsènan yon timoun ki te fè yon move chwa men ki te resevwa èd nan men Sovè a pou l te vin pi bon (pa egzanp, gade videyo “Bisiklèt Klere a” nan ChurchofJesusChrist.org). Li Sòm 51:10, epi pataje lajwa w santi lè Sovè a ede w gen “yon kè pwòp” ak “yon espri jis.”

  • Montre timoun yo paj aktivite semèn sa a. Lonje dwèt sou chak foto, epi mande timoun yo pou yo dekri kisa yo wè. Li sa k ekri yo pou ede yo aprann konsènan repantans ak padon.

Sòm 71:8

Mwen ka pale lòt moun de Jezikri.

Pawòl ranpli lafwa yon timoun gen yon pouvwa san parèy pou touche kè. Bay timoun yo konfyans ke temwayaj yo konsènan Jezikri ka ede lòt moun.

Imaj
de tigason ki chita ansanm sou yon chèz

Nou ka pale lòt moun de sa Jezi fè pou nou.

Aktivite Posib

  • Li pou timoun yo Sòm 71:8, epi desine yon bouch laj sou tablo a. Mande yo pou yo ede w “ranpli” bouch la avèk bagay nou ka di lòt moun konsènan Jezikri.

  • Fë yon foto Jezikri pase de men an men. Mande timoun yo pou youn apre lòt kenbe fiti a epi di yon bagay yo konnen de li. Kisa li te fè pou nou? (Foto yo nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ta ka founi kèk ide.)

Sòm 86:7

Pè Selès la tande priyè mwen epi Li reponn yo.

Anpil nan sòm yo se tankou priyè pou Bondye bay èd, konsèy, oswa pwoteksyon. Anvizaje kijan w ka ede timoun yo bati lafwa yo ke Pè Selès la tande yo ak reponn yo lè yo priye.

Aktivite posib

  • Mande timoun yo kijan yo pale avèk moun ki ap viv lwen yo. Montre yo bagay nou ka itilize pou kominike, tankou yon telefòn oswa yon lèt. Li pou yo Sòm 86:7. Kijan nou “fè apèl a” Pè Selès la? Kijan Li reponn nou?

  • Envite timoun yo pou yo mime kèk bagay yo ka fè chak jou, tankou reveye, manje dejene, deplase pou ale lekòl, oswa ale nan kabann. Ede yo jwenn tan pandan jounen an kote yo ka priye Pè Selès la. Temwaye ke nou ka priye L nenpòt lè, epi L ap toujou tande nou.

  • Chante ansanm yon chan sou lapriyè, tankou “La prière d un enfant” (Chants pour les enfants, 6–7). Pale de yon lè kote Bondye te reponn priyè ou.

Sòm 77:11

“M ap sonje travay Senyè a yo.”

Ekriti yo ka bati lafwa nou nan Jezikri nan ede nou sonje “mèvèy ansyen yo.”

Aktivite posib

  • Li pou yo Sòm 77:11, epi di yo kijan ou eseye pou “sonje travay Senyè a ,” enkli travay li nan lavi ou. Envite yo pou yo desine foto pou ede yo sonje gwo bagay li fè.

  • Montre foto ki nan liv sa a oswa nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pou raple timoun yo istwa yo te aprann nan Ansyen Testaman an konsènan gwo bagay Senyè a te fè pou pèp li a. Mande yo kiyès nan istwa sa yo yo renmen pi plis e poukisa.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye Doktrin nan: Timoun Ki Pi Gran yo

Sòm 51

Repantans se yon chanjman kè.

Sòm 51 an gen anpil verite konsènan repantans. Kijan w ap ede timoun yo dekouvri verite sa yo?

Aktivite posib

  • Bay chak timoun tach pou li youn nan ekriti referans yo nan paj aktivite semèn sa a. Mande yo pou yo chèche mo ki anseye yo yon bagay konsènan repantans. Kite yo ekri mo yo sou tablo a. Apre chak moun fin pataje, mande timoun yo kijan yo t ap reponn yon zanmi ki ta mande, “Kisa repanti vle di?”

  • Desine yon kè sou tablo a. Mande yo pou yo site kèk peche ke Satan tante nou pou nou komèt. Ekri peche anndan kè a. Mande timoun yo pou yo chèche mo a nan Sòm 51:10, 17. Kisa vèsè sa yo anseye nou konsènan repantans? (gade tou vèsè 6). Ede yo konprann ke menm si nou sispannn komèt peche, kè nou bezwen chanje pou nou ka repanti. Mande yo pou yo efase peche yo nan kè a sou tablo a epi ekri yon mo nouvo ki dekri chanjman nan kè nou lè nou repanti. Pataje temwayaj ou ke Bondye ka “kreye nan [nou] yon kè pwòp” lè nou repanti. (vèsè 10).

Sòm 66:16; 77:11; 78:7

“M ap sonje travay Senyè a yo.”

Izrayelit yo te anseye pitit yo mirak Bondye te fè pou yo pou timoun yo “te ka mete espwa yo nan Bondye” (Sòm 78:7).

Aktivite Posib

  • Mande timoun yo pou yo pataje avèk ou kèk nan istwa yo pi renmen nan ekriti yo (imaj ki nan Liv Ilistrasyon Levanjil la ta kapab ede yo panse a istwa yo). Poukisa yo renmen istwa sa yo? Kisa istwa sa yo anseye nou konsènan Senyè a? Li ansanm Sòm 77:11; 78:7. Poukisa li enpòtan pou nou “sonje travay Senyè a yo”?

  • Mande timoun yo pou yo li Sòm 66:16 epi reflechi sou oswa ekri repons “Kisa Senyè a te fè pou nanm mwen?” Apre sa kite yo pataje repons pa yo, si yo ta vle. Kisa nou ka fè pou nou “toujou sonje” (Mowoni 4:3; 5:2) sa Senyè a te fè pou nou?

Sòm 86:5, 13,15

Senyè a vle padone.

Lè nou peche, Satan vle pou nou panse ke Senyè a p ap janm padone nou. Ede timoun yo bati lafwa yo ke Senyè a rete “pare pou padone; epi ranpli ak mizerikòd” (Sòm 86:5).

Aktivite posib

  • Montre yon foto Sovè a, (tankou youn ki nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo), epi mande timoun yo ki mo yo t ap itilize pou dekri Li. Envite yo pou yo chèche mo ki dekri Li nan Sòm 86:5, 13, 15. Si sa nesesè, ede yo defini mo sa yo. Kisa nou ta kapab di yon zanmi ki santi ke Bondye fache kont yo lè yo peche?

  • Chante avèk yo yon chan ke w santi ki ap ede yo konprann dispozisyon natirèl Sovè a pou L padone, tankou “Merveilleux l amour” (Cantiques no. 193). Pataje yon temwayaj ke Jezikri ap vini ankò.

Imaj
senbòl aprantisaj

Ankouraje Aprantisaj Lakay

Envite chak timoun site yon rezon yo renmen Pè Selès la ak Jezikri. Ankouraje yo pou yo pataje rezon sa a avèk yon moun lakay yo. Temwaye ke pawòl sa yo ap beni moun sa a.

Amelyore Ansèyman Nou

Eksprime konfyans. “Si ]timoun] yo santi ke w fè yo konfyans, konfyans yo nan potansyèl diven yo ap grandi. … Di yo nan yon espri lanmou ke w konnnen yo ka responsab pwòp aprantisaj pa yo” (Anseye nan fason Sovè a, 28).

Enprime