Ansyen Testaman 2022
27 Jen–3 Jiyè. 1 Wa 17–19: “Si Senyè a Se Bondye, Suiv Li”


“27 Jen – 3 Jiyè. 1 Wa 17–19: ‘Si Senyè a Se Bondye, Suiv Li,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“27 Jen – 3 Jiyè. 1 Wa 17–19,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

Imaj
Eli ki kanpe bò kot yon otèl dife

Eli Konbat kont Prèt Baal yo, pa Jerry Harston, ©1978 IRI

27 Jen–3 Jiyè

1 Wa 17–19

“Si Senyè a Se Bondye, Suiv Li”

Lè w li ekriti yo, w ap ekzèse lafwa, ki prepare kè w k lespri w pou w tande “ti vwa dous” Lespri a (1 Wa 17–19).

Ekri Enpresyon w yo

Kay Izrayèl la te tèt anba. Inite ak pwosperite ki te egziste sou David ak Salomon an te pase lontan, e relasyonalyans nasyon an avèk Senyè a te yon souvni lwenten pou anpil moun. Wayòm Izrayèl la te divize, avèk dis tribi ki te fòme Wayòm Nò Izrayèl la epi de tribi ki te fòme Wayòm Sid Jida a. Toude wayòm yo pa t stab spirityèlman, yo te dirije pa de wa ki te vyole alyans yo avèk Senyè an epi ki te enfliyanse lòt moun pou yo te fè menm bagay la tou (gade 1 Wa 11–16). Men apostazi a te patikilyèman grav nan Wayòm Nò a, kote Wa Akab te ankouraje Izrayèl pou yo te adore fo dye Baal.

Sete nan anviwònman sa a ke pwofèt Eli te aple pou l te preche. Istwa ministè l la montre klèman ke lafwa pèsonèl nan Senyè a ka pwospere pami moun ki jis yo menm lè kote yo ye a pa bon. Pafwa Senyè a reponn a gwo lafwa konsa avèk mirak piblik ki enpresyonan, tankou dife ki soti nan syèl la. Men Li fè mirak prive, ke moun pa wè tou, tankou reponn bezwen pèsonèl yon vèv fidèl ak pitit gason li. Epi, lepli souvan, mirak Li yo si tèlman pèsonèl ke se sèl oumenm ki konnen yo—paegzanp, lè Senyè a revele tèt Li ak volonte Li atravè “yon ti vwa dous” (1 Wa 19:12).

Pou plis bagay konsènan Eli, gade “Eli” nan Diksyonè Bib la.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

1 Wa 17:1–16

Yon envitasyon pou fè sakrifis se yon opòtinite pou m egzèse lafwa mwen.

Toudabò, sa gen dwa parèt difisil pou n konprann poukisa pwofèt Eli te mande vèv nan Sarepta a pou l te ba l manje ak dlo anvan limenm ak pitit gason l lan ki te grangou a te manje. Men nou ka wè demand Eli a kòm yon benediksyon pou ti fanmi sa a. Yo te bezwen benediksyon Senyè a, epi souvan sakrifis pote benediksyon—enkli benediksyon yon pi gwo lafwa.

Pandan w ap li istwa sa a, mete tèt ou nan plas vèv remakab sa a. Kisa ki enpresyone w de li? Konsidere opòtinite ou genyen pou ekzèse lafwa w—ansanm ak opòtinite pou w fè sakrifis yo. Kijan w ka vin plis tankou vèv sa a?

Gade tou Matye 6:25 33; Lik 4:24–26; Lynn G. Robbins, “Dim—Yon Kòmandman Menm pou Moun ki pa genyen,” Liahona, Me 2005, 34–36.

1 Wa 18

“Si Senyè a Se Bondye, Suiv Li.”

Izrayelit yo gen dwa te santi yo te gen bon rezon pou yo te adore Baal malgre kòmandman Senyè a, “Ou pa dwe gen lòt dieu devan m” nan (Egzòd 20:3). Yo te rekonèt Baal kòm bondieu lapli ak tanpèt, e apre twazan sechrès, yo te bezwen lapli dezespereman. E li te akseptab sosyalman pou moun te adore Baal e wa ak rèn nan te apwouve sa. Pandan w ap li 1 Wa 18la, konsidere nenpòt sitiyasyon nan lavi w ki ta ka konpare a sitiyasyon Izrayelit yo te ye a. Èske w te janm twouve tèt ou ezite pou w suiv Senyè a paske lòt chwa altènatif yo te parèt pi rezonab ak konvenkan? (gade 1 Wa 18:21). Nan evenman nou jwenn yo nan chapit sa a, kisa w panse Senyè a t ap eseye ansenye moun yo konsènan Limenm ak konsènan Baal? Ki eksperyans ki te aprann ou menm kalite verite sa yo?

Sa ta ka enteresan pou w ta note kisa Eli te di ak sa l te fè nan chapit sa a ki demontre lafwa l nan Senyè a. Kisa w aprann nan men Eli konsènan lafwa?

Gade tou Jozye 24:15; 2 Nefi 2:26–28; D. Todd Christofferson, “Chwa ak Angajman” (devosyon mondyal pou jèn adilt yo, Jan. 12, 2020), ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Eli ki kanpe sou yon wòch

Yon reprezantasyon senbolik de 1 Wa 19:11–12. Pwofèt la, © Robert Booth Charles/Bridgeman Images

1 Wa 19:1–18

Souvan Senyè a pale nan fason senp ak trankil.

Lè Rèn Jeza bèl te tande sa k te pase prèt li yo sou Mon Kamèl, li pa t konvèti—li te fache. Kòm li te pè pou yo pa t touye l, Eli te pran egzil nan dezè a epi li te chèche refij nan yon gwòt. Lè l te la a, pandan l t ap soufri anba solitid ak dekourajman, li te viv yon eksperyans avèk Senyè a ki te diferan de sa k te pase sou Mon Kamèl la. Kisa eksperyans Eli a nan 1 Wa 19:1—18 la ansenye w sou fason Senyè a kominike avèk ou lè w nan bezwen? Reflechi a kèk moman nan lavi w kote w te tande vwa L. Kisa w ka fè pou w resevwa gidans Li pi souvan?

Reflechi sou mo ak pawòl yo itilize nan vèsè sa yo pou dekri kijan Senyè a kominike avèk nou: Elaman 5:30; 3 Nefi 11:3–7; Doktrin ak Alyans 6:22–23; 8:2–3; 9:8–9; 11:12–14; 36:2.

Gade tou Sòm 46:10; 1 Nefi 17:45; Russell M. Nelson, “Tande L,” Liahona, Me 2020, 88–92.

1 Wa 19:19—21

Sèvi Senyè a pran priyorite sou preyokipasyon mond lan.

Lefèt ke Elize te gen 12 pè bèf la montre nou ke Elize te pwobableman yon gran nèg. Kisa k te enpresyone w nan aksyon l yo ki ekri nan 1 Wa 19:19–21an? Kijan w ka suiv egzanp Elize?

Gade Matye 4:18-22tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

1 Wa 17:1–16.Videyo “Eli ak Vèv Sarepta a” nan (ChurchofJesusChrist.org) ak foto nan plan leson sa a ka ede fanmi w vizyalize istwa a ki nan 1 Wa 17:1–16la. Apre yo fin li vèsè yo epi gade resous sa yo, chak manm fanmi an ta ka fè yon lis sou kalite enspire vèv la te genyen. Kisa Senyè a ap mande nou pou nou fè pou montre lafwa nou?

1 Wa 18.“Eli ak Prèt Baal yo” (nan Istwa Ansyen Testaman yo) ka ede fanmi w aprann istwa nan 1 Wa 18la. Èske gen bagay ki anpeche nou totalman angaje a Senyè a? Kijan nou ka montre volonte nou pou nou chwazi Li? (gade vèsè 21).

1 Wa 19:11-12.Kijan w ka ede fanmi w konprann enpòtans pou koute “ti vwa dous piti a”? Nou ta ka li 1 Wa 19:11-12 ansanm nan yon ti vwa tou ba oubyen chante yon chan tou ba sou Lespri a, tankou “Sentespri a” (Children’s Songbook, 105). Ou ta ka ajoute kèk bri distraksyon pou montre jan Satan eseye anpeche nou tande ti vwa trankil la. Manm fanmi w yo ta ka pataje kisa yo fè pou yo tande vwa Lespri a.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Le Saint-Esprit,” Chants pour les enfants,56

Amelyore Etid Pèsonèl

Ekri Enpresyon w yo. Lè w santi Lespri a ap pale avèk ou, panse pou w ekri sa w santi L ap di ou. Efò sa ap pran pou w ekri enpresyon sa yo ka ede w medite sou yo ak cheri yo.

Imaj
yon fi ak yon timoun

Vèv Sarepta a, pa Rose Datoc Dall

Enprime