Ansyen Testaman 2022
Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: “Jezi Pral di Tout Izrayèl, ‘Vini Lakay Ou’”


“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: ‘Jezi Pral Di Tout Izrayèl, “Vini Lakay Ou,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Ansyen Testaman 2022 (2021)

“Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou: ‘Jezi Pral Di Tout Izrayèl “Vini Lakay Ou,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2022

senbòl panse

Panse nou Dwe Kenbe nan Lespri nou

“Jezi Pral di Tout Izrayèl, ‘Vini Lakay Ou’”

Nan dezè Sinayi a, Moyiz te rasanble pitit Izrayèl yo nan pye yon mòn. Kote sa a Senyè a te deklare Li te vle chanje gwoup esklav ki te fèk libere sa yo pou fè yo vin yon gran pèp. Li te di, ”Yon pèp k ap viv apa pou mwen,” ”yon nasyon k ap sèvi m tankou prèt, ak yon nasyon sen” (Egzòd 19:6). Li te pwomèt ke yo t ap fleri epi pwospere, menm lè yo te antoure avèk lenmi pi plis ak pi puisan pase yo (gade Detewonòm 28:1–14).

Tout bagay sa yo pa t ap rive paske Izrayelit yo te anpil, oswa puisan oswa abil. Senyè a te eksplike ke sa t ap rive, “si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe alyans mwen an” (Egzòd 19:5). Sete pouvwa Bondye, non pa pouvwa pa yo, ki t ap fè yo puisan.

Men, Izrayelit yo pa t toujou obeyi vwa Li, epi avèk letan, yo te sispann kenbe alyans Li a. Anpil te kòmanse adore lòt bondye e yo te kòmanse adopte pratik kilti ki te antoure yo. Yo te rejte menm bagay ki te fè yo vin yon nasyon, diferan de tout lòt moun nan—relasyon alyans yo avèk Senyè a. San pouvwa Bondye pou pwoteje yo (gade 2 Wa 17:6–7), pa t gen anyen pou te stope lenmi yo (gade 2 Kwonik 36:12–20).

Dispèsyon an

Plizyè fwa ant anviwon 735 ak 720 AK, Asiryen yo te anvayi Wayòm Nò Izrayèl la, ki sete fwaye dis nan douz tribi Izrayèl yo, epi yo te mennen dè milye Izrayelit ale an kaptivite nan diferant pati nan Anpi Asiri a (gade 2 Wa 17:1 7).1 Yo te vin rele Izrayelit sa yo “tribi pèdi yo,” an pati paske yo te retire yo soti nan peyi yo epi dispèse yo pami lòt nasyon. Men yo te pèdi nan yon sans ki pi pwofon tou: avèk letan, yo te pèdi sans idantite yo kòm pèp alyans Bondye a.

Paske pati Sid Wayom Jida a te pafwa pi jis pase Wayòm Nò a, li te dire pi lontan.2 Men alafen pèp sa a te vire do bay Senyè a tou. Asiryen yo te atake epi yo te konkeri prèske tout Wayòm Sid la, se sèl Jerizalèm ki te prezève mirakilezman (gade 2 Wa 19; Ezayi 10:12–13). Nan apre, ant 597 ak 580 AK, Babylonyen yo te detwi Jerizalèm, ansanm ak tanp lan, epi yo te mennen anpil nan abitan vil la an kaptivite (gade 2 Wa 24–25; 2 Kronik 36; Jeremi 3952). Apeprè 70 ane apre, yo te pèmèt yon ti rès nan Jida retounen Jerizalèm pou yo te rebati tanp lan. Men, anpil, te rete Babylòn.3

Amezi jenerasyon yo t ap pase, Izrayelit nan tout tribi yo te vin “dispèse … tankou yon toubiyon nan mitan yon bann nasyon yo pa t konnen (Zakari 7:14; gade tou Amòs 9:8–9). Gen kèk Senyè a te dirije nan lòt peyi (gade 2 Nefi 1:1 5; Omni 1:15 16). Gen lòt ki te kite Izrayèl pou yo pa t kaptire yo (gade 2 Wa 25:22–26; Jeremi 42:13–19; 43:1–7} oubyen pou rezon politik oswa ekonomik.4

Nou rele evenman sa yo dispèsyon Izrayèl. Epi li enpòtan pou nou konnen sou dispèsyon Izrayèl la pou plizyè rezon. Premyèman, li se yon gwo sijè nan Ansyen Testaman an: Anpil pwofèt Ansyen Testaman yo te temwen modèl dekadans espirityèl ki te lakoz dispèsyon Izrayèl la. Yo te predi dispèsyon sa a epi yo te avètimoun yo kont li, e kèk nan yo te menm viv li.5 Sa itil pou w sonje lè w ap li liv Ezayi, Jeremi, Amòs, ak anpil nan lòt liv yo ki nan dènye pati Ansyen Testaman an. Avèk kontèks sa a nan lespri ou, lè w li pwofesi sou Asiri ak Babilòn, sou idolatri ak kaptivite, sou dezolasyon ak evantyèl retablisman an, w ap konnen de kisa y ap pale.

Konprann dispèsyon Izrayèl la ap ede w konprann Liv Mòmon an pi byen tou, paske Liv Mòmon an se yon rejis yon branch nan Izrayèl dispèse a (gade 1 Nefi 15:12. Rejis sa a kòmanse avèk fanmi Leyi k ap kouri kite Jerizalèm apeprè 600 AK, jis anvan yo te atake Babylòn. Leyi sete youn nan pwofèt sa yo ki te pwofetize sou dispèsyon Izrayèl la.6 Epi fanmi li te ede akonpli pwofesi sa a, nan pran branch pa yo nan kay Izrayèl la epi plante l sou lòt bò mond lan, nan Amerik yo.

moun k ap kite vil k ap boule

Destriksyon Jerizalèm pa Nebuza-adan, pa William Brassey Hole, © Providence Koleksyon/lisansye nan goodsalt.com

Rasanbleman

Men, dispèsyon Izrayèl la se sèlman mwatye nan istwa a. Senyè a pa bliye pèp Li a, ni li pa abandone yo, menmsi yo te abandone li. Tout pwofesi ke Izrayèl t ap dispèse yo te akonpaye pa anpil pwomès ke yon jou Bondye t ap rasanble yo.7

Jou sa a se jodia—epòk nou an. Rasanbleman an deja kòmanse. Nan lane 1836, dè milye ane apre Moyiz te fin rasanble pitit Izrayèl yo nan pye mòn Sinayi a, Moyiz te parèt nan Tanp Kirtland nan pou l te remèt Joseph Smith “kle rasanbleman Izrayèl nan kat pati tè a” (Doktrin ak Alyans 110:11) Kounyeya, sou direksyon moun ki detni kle sa yo, tribi Izrayèl yo ap rasanble nan chak nasyon kote sèvitè Senyè yo kapab ale.

Prezidan Russell M. Nellson rele rasanbleman sa a “Bagay pi enpòtan k ap fèt sou latè jodia. Pa gen anyen ki konparab avèk li nan grandè li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan enpòtans li, pa gen anyen ki konparab avèk li nan majeste li. Epi s i nou chwazi, si nou vle, nou kapab jwe yon gwo wòl ladan l.”8

Kijan w fè sa? Kisa sa vledi pou rasanble Izrayèl? Èske sa vledi retabli douz tribi yo ankò sou tè yo te abite deja a? Anfèt, sa vledi yon bagay ki pi gran, ki pi etènèl. Prezidan Nelson te eksplike:

“Lè nou pale de rasanbleman an, nou tou senpleman eksprime verite fondamantal sa a: Chak grenn pitit Papa nou ki nan Syèl la, sou toulède bò vwal la, merite pou yo tande mesaj levanjil retabli Jezikri a. …

Chak fwa ou fè nenpòt bagay ki ede nenpòt moun—sou nenpòt nan de bò vwal la—fè yon pa nan direksyon pou l fè alyans avèk Bondye epi resevwa òdonans batèm ak òdonans tanp esansyèl yo, w ap ede rasanble Izrayèl. Li osi senp ke sa.”9

Sa rive, jan Ezayi te di a, “youn pa youn” (Ezayi 27:12) oubyen, jan Jeremi te predi a, “yon moun nan chak vil, de moun nan chak fanmi” (Jeremi 3:14).

Rasanble Izrayèl vle di mennen pitit Bondye yo tounen vin jwenn Li. Li vledi retabli relasyon alyans yo avèk Li. Li vledi reetabli “nasyon sen” Li te pwopoze pou lL te etabli lontan pase a (Egzòd 19:6).

Vini Lakay Ou

Antanke moun k ap kenbe alyans ou, ou fè pati kay Izrayèl la.10 Ou te rasanble, epi ou se yon rasanblè. Gran istwa ki te kòmanse depi dè syèk la avèk yon alyans ant Bondye avèk Abraam nan rive nan finisman li, epi ou jwe yon wòl kle ladann. Kounyeya se moman kote “Jezi pral di tout Izrayèl, ‘Vini lakay ou.’”11

Sa se mesaj rasanblè a: Vini lakay nan alyans lan. Vini lakay nan Siyon. Vini lakay jwenn Jezikri, Sèl Sen Izrayèl la, e L ap mennen ou lakay jwenn Bondye, Papa ou.

Nòt

  1. Dis tribi Asiri te pran an kaptivite yo sete, Reuben, Simeyon, Isakar, Zabilon, Dan, Naftali, Gad, Achèr, Efrayim, ak Manase. Manm Tribi Levi yo te epapiye nan tout teritwa lòt tribi yo pou yo te kapab ranpli responsablite yo kòm prèt la.

  2. Wayòm Sid la te konpoze prensipalman avèk tribi Jida ak Benjamin. Men, gen manm plizyè lòt tribi ki te la tou (gade 2 Kwonik 11:14–17). Paregzanp, Leyi, ki t ap viv Jerizalèm, te soti nan tribi Manase.

  3. Gade Ezra 1; 7; Neyemi 2. Anpi Babilonyen an te konkeri Anpi Pès la. Sete Wa Pès la Cyrus, ki te pèmèt plizyè gwoup egzile Juif retounen Jerizalèm.

  4. Nan AD 70, Jerizalèm ak tanp li a te detwi ankò, pa Women yo fwa sa, epi rès Juif yo te dispèse atravè plizyè nasyon sou tè a.

  5. Gade Jeremi 29:18; Ezekyèl 22:15; Oze 9:17; Amòs 9:9; 1 Nefi 1:13.

  6. Gade 1 Nefi 1:13, 18–20; 10:12–14.

  7. Gade Ezayi 5:26; 27:12; 54; Jeremi 16:14–15; 29:14; 31:10; Ezekyèl 11:17; 34:12; 37:21–28; Zakari 10:8; 1 Nefi 10:14; 22:25; 3 Nefi 16:1–5; 17:4.

  8. Russell M. Nelson ak Wendy Nelson, “Espwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), sipleman nan New Era ak Ensign, 8 ChurchofJesusChrist.org

  9. Russell M. Nelson ak Wendy W. Nelson, “Espwa Izrayèl,” 15, ChurchofJesusChrist.org.

  10. Gade 2 Nefi 30:2.

  11. “Vivons ce bonheur,”,” Cantiques, no. 3.