2010–2019
Nan bon tan ak nan move tan, Senyè, rete avè m!
Konferans Jeneral Oktòb 2019


2:3

Nan bon tan ak nan move tan, Senyè, rete avè m!

Mwen temwaye ke “nan bon ak nan move tan” Senyè a ap rete avèk nou, ke “afliksyon nou yo [kapab] anglouti nan lajwa Kris la.”

Youn nan bèl kantik nou yo eksprime fraz sa a: “Nan bon tan ak nan move tan, Senyè, rete avè m” Yon fwa m te nan yon avyon ki t ap travèse yon gwo tanpèt. Lè m te gade nan fenèt la, m te wè yon gwo kouch nyaj byen epè anba nou. Reyon solèy kouche a te reflete sou nyaj sa yo, epi l te fè yo briye avèk gwo klate. Men, byenvit, avyon an te desann travèse kouch nyaj yo, epi toudenkou, nou te anvlope nan yon gwo fènwa ki te konplètman fè nou bliye bèl klate nou te wè kèk moman anvan an.

Reyon kouche solèy
Gwo nyaj

Gwo nyaj gen dwa fòme nan lavi nou, e yo ka anpeche nou wè limyè Bondye e yo ka menm lakoz nou mande si limyè sa a egziste pou nou toujou. Kèk nan nyaj sa yo se depresyon, anksyete, ak lòt fòm afliksyon mantal ak emosyonèl. Yo ka defòme fason nou pèsevwa tèt nou, lòt moun, e menm Bondye. Yo afekte fi ak gason tout laj nan tout kwen mond lan.

Menmjan tou, nyaj jijman san sansiblite ki ka afekte lòt moun ki pa janm fè eksperyans pwoblèm sa yo ka lakoz domaj tou. Tankou nenpòt pati nan kò a, sèvo a ka sibi maladi, twomatis, ak enbalans chimik. Lè lespri nou ap soufri, sa apwopriye pou nou chèche èd nan men Bondye, nan men moun ki bò kote nou, ak nan men pwofesyonèl sante fizik ak mantal.

“Tout kretyen vivan—gason ak fi—kreye dapre imaj Bondye. Yo chak se yon pitit lespri gason oubyen fi ki soti nan paran selès, epi konsa, yo chak gen yon nati ak yon destine diven.” Tankou Paran Selès nou yo ak Sovè nou an, nou gen yon kò fizik epi nou sibi emosyon.

Chè sè m yo, se nòmal pou nou santi n tris oubyen enkyè tanzantan. Tristès ak anksyete se emosyon nòmal lakay lòm. Men, si nou toujou tris epi si doulè nou si pwofon ke l bloke kapasite nou pou nou santi amou Pè Selès la ak Pitit Gason l lan ak enfliyans Sentespri a, enben, nou ka petèt ap soufri depresyon, anksyete, oswa yon lòt maladi emosyonèl.

Pitit fi m nan te te ekri yon fwa: “Te gen yon epòk … [kote] m te ekstrèmeman tris tout tan. M te toujou panse ke tristès sete yon bagay m te dwe wont pou li, ke sete yon siy feblès. Konsa, m te kenbe tristès mwen an pou mwen. … M te santi m totalman san valè.”

Yon zanmi te dekri l fason sa a: “Depi nan anfans mwen, m te toujou ap konbat tout tan kont santiman dezespwa, fènwa, solitid ak laperèz ak santiman ke m kraze oswa m enpafè” M te fè tout sa m te kapab pou kache lapenn mwen e pou m te toujou bay enpresyon ke m te solid ak kontan.”

Chè zanmi m yo, sa ka rive nenpòt nan nou—espesyalman lè, kòm moun ki kwè nan plan bonè a, nou mete fado ki pa nesesè sou do nou paske nou panse ke nou bezwen pafè depi kounyea. Kalite panse sa yo kapab akablan. Atenn pèfeksyon se yon pwosesis ki ap dire pandan tout lavi nou man mòtalite a ak odela—epi sa posib sèlman atravè lagras Jezikri.

Pa kontras, lè nou pale ouvètman de pwoblèm emosyonèl nou, epi nou admèt ke nou pa pafè, nou bay lòt moun pèmisyon pou yo pale de pwoblèm yo. Ansanm n ap reyalize ke gen espwa epi nou pa oblije soufri poukont nou.

Espwa nan Dezyèm Vini an

Antanke disip Jezikri, nou fè yon alyans avèk Bondye ke nou “vle youn pote chay lòt” epi “pou n kriye ak moun k ap kriye.” Sa ka vle di enfòme nou sou maladi emosyonèl, chèche resous ki ka ede nou adrese pwoblèm sa yo, epi finalman mennen tèt nou ak lòt moun bay Kris la, ki se Mèt Gerisè a. Menmsi nou pa konn kijan pou nou aji devan sa lòt moun ap travèse, rekonèt ke lapenn yo reyèl se ka yon premye etap enpòtan pou ede yo jwenn konpreyansyon ak gerizon.

Nan kèk ka, yo ka idantifye koz depresyon oubyen anksyete yo, men nan kèk lòt ka, sa gen dwa pi difisil pou disène yo. Sèvo nou ka soufri akoz strès oubyen gwo fatig, sa ki ka pafwa amelyore atravè chanjman nan rejim nou, nan dòmi, ak egzèsis. Pafwa, terapi o swa medikaman sou direksyon pwofesyonèl byen antrene gen dwa se sa nou bezwen.

Konsekans maladi mantal oswa emosyonèl ki pa trete kapab devastan, sa ka mennen nan plis izolman, enkonpreyansyon, destriksyon relasyon, fè tèt nou mal, e menm suisid. Mwen konn sa pèsonèlman, paske papa m te touye tèt li sa gen dèzane. Lanmò l sete yon chòk ki te dechire fanmi m avèk mwen. Sa te pran m dèzane pou m te simonte doulè mwen, e, se sèlman resamman m te aprann ke, pale de suisid nan fason apwopriye ka an reyalite anpeche l olye ke sa ankouraje l. Kounyea m ka pale ouvètman de lanmò papa m avèk pitit mwen yo e wè gerizon Sovè a ka bay nan toulède bò vwal la.

Malerezman, gen anpil moun k ap soufri anba gwo depresyon ki elwanye tèt yo de zanmi yo ki manm Legliz la paske yo santi yo pa reponn ak moul imajinè yo panse yo reprezante a. Nou ka ede yo konnen ak santi ke yo gen plas yo bò kote nou. Li enpòtan pou nou rekonèt ke depresyon se pa rezilta feblès, ni se pa jeneralman rezilta peche. Li “ogmante lè nou kenbe l sekrè men li diminye lè nou jwenn senpati.” Ansanm, nou ka pèse nyaj izolman ak wont yo pou fado lawont la ka soulaje epi mirak gerizon kapab rive.

Pandan ministè L nan mòtalite a, Jezikri te geri moun malad ak aflije, men chak moun te dwe egzèse lafwa nan Li epi aji pou yo te ka resevwa gerizon l lan. Gen moun ki te mache soti nan distans byen long, gen lòt ki te lonje men yo pou touche rad li, epi gen lòt yo te oblije pote vin jwenn ni pou yo te kapab geri. Nan zafè gerizon, èske nou tout pa bezwen L dezespereman? “Èske nou tout se pa mandyan nou ye?”

Annou suiv tras Sovè a epi ogmante konpasyon nou, diminye tandans nou pou jije a, epi sispann tounen enspektè espirityalite lòt moun. Koute avèk amou se youn nan pi gwo kado nou ka ofri, epi ki ap pèmèt nou ede pote oubyen soulaje gwo nyaj k ap toufe moun pwòch nou ak zanmi nou pou ke, atravè lanmou nou, yo ka yon fwa ankò santi Sentespri a epi pèsevwa limyè ki soti nan Jezikri a.

Si w konstamman antoure pa yon “gouf tenèb,” fè apèl a Papa nou ki nan Syèl la. Anyen w ap travèse pa ka chanje verite etènèl ke ou se pitit Li epi Li renmen w lan. Sonje ke Kris la se Sovè ou ak Redanmtè ou, epi Bondye se Papa ou. Yo konprann. Imajine yo kanpe bò kote w, ap koute ak ofri w sipò. “[Y ap] konsole w nan afliksyon w yo.” Fè tout sa w kapab epi mete konfyans nan gras ekspyatwa Senyè a.

Lit ou yo pa defini kiyès ou ye, men yo ka rafine ou. Akoz yon “pikan nan lachè ou,” ou ka vin gen kapasite pou w santi plis konpasyon pou lòt moun. Gide pa Sentespri a, pataje istwa ou pou w ka “pote moun ki fèb yo sekou, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo.”

Pou sa nan pami nou yo k ap lite aktyèlman oubyen k ap sipòte yon moun k ap lite, annou dispoze pou n suiv kòmandman Bondye yo pou nou ka toujou gen Lespri Li avèk nou. Annou fè “ti bagay senp ” ki ap ba nou fòs spirityèl yo. Jan Prezidan Russell M. Nelson te di: “Pa gen anyen ki ka ouvri syèl la pase konbinezon yon pite ogmante, yon obeyisans solid, rechèch sensè, fè festen chak jou ak pawòl Kris yo nan Liv Mòmon an, ak yon lè regilye ki konsakre pou travay tanp ak istwa familyal.”

Sovè a k ap geri

Annou tout sonje ke Sovè nou an, Jezikri, “[te pran] enfimite [nou] yo sou tèt li, pou zantray li kapab plen avèk mizèrikòd dapre kò fizik la, pou l kapab konnen … kouman pou l pote [nou] sekou dapre enfimite [nou].” Li te vini “pou geri moun ki gen kè brize, … pou konsole moun k ap kriye; … pou ba yo yon dyadèm olye de sann, luil lajwa pou kriye yo, yon vètman louwanj pou lespri lou yo a.”

Dezyèm Vini an

Mwen temwaye ke “nan bon tan ak nan move tan” Senyè a ap avèk nou, “afliksyon nou yo [kapab] nwaye nan lajwa Kris la,” epi “se pa mwayen lagras nou kapab sove, apre tout sa nou kapab fè.” Mwen temwaye ke Jezikri ap retounen sou tè a “ak gerizon nan zèl li.” Finalman, Li “pral siye tout dlo nan zye [nou]; epi p ap gen chagren … ankò.” Pou tout moun ki “vin jwenn Kris la, epi pèfeksyone nan li,” “solèy la p ap janm kouche ankò; … paske se Senyè a ki pral sèvi [nou] limyè pou tout tan, epi jou afliksyon [nou] yo pral fini.” Nan non Jezikri, Amèn.

Nòt

  1. “Reste avec nous, Seigneur!” Cantiques, no. 93.

  2. Lè nou te anlè nyaj yo, nou pa t ka wè fènwa a ki te sèlman a kèlke santimèt anba nou an, epi lè nou anvlope nan fènwa ki anba a, li te difisil pou n te wè klate solèy la ki t ap briye jis kèlke santimèt anlèt tèt nou an.

  3. Fanmi: Yon pwoklamasyon pou mond lan,Liahona, Me 2017, 145.

  4. “Epi lespri a ak kò a se nanm lòm” (Doctrine and Covenants 88:15). “Kò a se tanp lespri nou. Epi fason nou itilize kò nou ka afekte lespri nou” (Russell M. Nelson, “Desizyon pou Letènite,” Liahona, Nov. 2013, 107).

  5. Gade, paregzanp, Ezayi 65:19; Lik 7:13; 3 Nefi 17:6–7; Moyiz 7:28. Aprann idantifye ak bay emosyon nou valè ka ede nou itilize yo yon fason konstriktif pou n ka vin plis tankou Sovè nou an, Jezikri.

  6. Gade “Sadness and Depression,” kidshealth.org/en/kids/depression.html.

  7. Hermana Elena Aburto blog. hermanaelenaaburto.blogspot.com/2015/08/. Li te ekri tou:

    “Eprèv sa a te ban m chans pou m te vrèman egzèse lafwa m nan plan sali a. Paske m te konnen Papa m ki nan Syèl la te renmen m, epi Li te gen yon plan jis pou mwen, epi Kris la te konprann egzakteman sa m t ap travèse a.”

    “Bondye pa p fè w wont paske w pa gen yon talan. Li kontan pou ede w amelyore ak repanti. Li pa atann pou w fikse tout bagay yon sèl kou. Ou pa oblije fè sa poukont ou” (iwillhealthee.blogspot.com/2018/09/).

  8. Korespondans pèsonnèl. Li te ekri tou: “Pomad gerizon Ekspyasyon Sovè m nan sete sous pi konsan lapè ak refij pou mwen pandan vwayaj mwen an. Lè m te santi m poukont mwen nan lit mwen an, yo te raple m ke Li te deja fè eksperyans egzakteman sa m ap travèse a pou mwen. Gen anpil espwa nan konnen ke fiti kò pafè resisite m nan p ap tonbe anba [afliksyon] mòtalite sa a.

  9. Gade Russell M. Nelson, “Perfection Pending,” Ensign, Nov. 1995, 86–88; Jeffrey R. Holland, “Se pou ou pafè—Alafen,” Liahona, Nov. 2017, 40–42; J. Devn Cornish, “Eske m bon ase? Eske m ap reyisi?Liahona, Nov. 2016, 32–34; Cecil O. Samuelson, “Kisa sa vle di pou nou pafè?New Era, Jan. 2006, 10–13.

  10. Li enpòtan pou nou pale de pwobèm sa yo avèk pitit nou, fanmi nou, ak zanmi nou nan fwaye nou, nan pawas nou, ak nan kominote nou.

  11. Mozya 18:8–9.

  12. Gade Russell M. Nelson, “Jezikri—Mèt Gerisè a, Liahona, Nov. 2005, 85–88; Carole M. Stephens, “Mèt Gerisè a,” Liahona, Nov. 2016, 9–12.

  13. Konn kijan pou rekonèt siy ak sentòm yo nan oumenm ak lòt moun kapab ede. Nou ka aprann tou pou n detekte chema panse ki pa klè oubyen pa an sante ak fason pou ranplase yo avèk panse ki pi klè ak pi ansante.

  14. Depresyon ka rezilta chanjman pozitif nan lavi tou—tankou nesans yon timoun oubyen yon nouvo travay—epi sa ka rive lè bagay yo bon nan lavi yon moun tou.

  15. Gade “Konprann Strès,” Ajiste ak Lavi Misyonè (2013), 5–10.

  16. Jeffrey R. Holland, “Tankou yon Veso Kraze,” Liahona, Nov. 2013, 40.

  17. Gade Dale G. Renlund, “Konprann Suisid” (video), ChurchofJesusChrist.org; “Talking about Suicide” (video), ChurchofJesusChrist.org; Kenishi Shimokawa, “Understanding Suicide: Warning Signs and Prevention,Liahona, Okt. 2016, 35–39.

  18. “Kòmansman gerizon an mande lafwa tankou yon timoun nan lefèt ke Pè Selès la renmen nou epi li ba nou yon mwayen pou n geri. Pitit Gason Byeneme L la, Jezikri, te bay lavi l pou pote gerizon sa a. Men pa gen solisyon majik, ni remèd senp pou pote gerizon an, ni pa gen yon wout fasil pou rive nan remèd total la. Tretman an mande lafwa pwofon nan Jezikri ak nan kapasite enfini Li pou geri a” (Richard G. Scott, “To Heal the Shattering Consequences of Abuse,” Liahona, May 2008, 42). Lè gen yon pwoblèm, tandans nou se fikse li. Men, nou pa oblije vin sèl moun k ap fikse tèt nou oswa tèt lòt moun. Nou pa oblije fè tout bagay poukont nou. Nan plis pase yon okazyon nan lavi m, m te chèche terapis pou ede m travèse moman difisil.

  19. Gade Jan 9:1–7.

  20. Jane Clayson Johnson, Silent Souls Weeping (2018), 197.

  21. Gade Matye 9:2–7, 20–22; 14:35–36; Mak 1:40–42; 2:3–5; 3 Nefi 17:6–7.

  22. Mozya 4:19; gade Jeffrey R. Holland, “Eske nou tout se pa mandyan nou ye?Liahona, Nov. 2014, 40–42.

  23. Gade Women 2:19; 13:12; gade tou Jeffrey R. Holland, “Come unto Me” (Devosyon nan Inivèsite Brigham Young, 2 Mas. 1997), speeches.byu.edu.

  24. 1 Nefi 8:23–24; gade tou 1 Nefi 12:4, 17; 3 Nefi 8:22.

  25. Gade Som 82:6; Women 8:16–18; Doktrin ak Alyans 24:1; 76:24; Moyiz 1:1–39.

  26. Gade Adjusting to Missionary Life, 20; gade tou Mika 7:8; Matye 4:16; Lik 1:78–79; Jan 8:12.

  27. Jakòb 3:1; gade tou Efezyen 5:8; Kolosyen 1:10–14; Mozya 24:13–14; Alma 38:5. Li benediksyon patriyakal ou oubyen mande yon benediksyon prètriz pou w ka tande epi sonje konbyen Papa nou ki nan Syèl la renmen ou e vle beni ou.

  28. Gade 2 Korentyen 4:16–18; Doktrin ak Alyans 121:7–8, 33; 122:5–9.

  29. 2 Korentyen 12:7.

  30. Doktrin ak Alyans 81:5; gade tou Ezayi 35:3.

  31. Gade Mowoni 4:3; Doktrin ak Alyans 20: 77.

  32. Alma 37:6.

  33. Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Liahona, Me 2018, 95.

  34. Alma 7:12; gade tou Ezayi 53:4; 2 Nefi 9:21; Mozya 14:4.

  35. Ezayi 61:1–3; gade tou Lik 4:18.

  36. Alma 31:38; gade tou Alma 32:43; 33:23.

  37. 2 Nefi 25:23.

  38. Malachi 4:2; 3 Nefi 25:2.

  39. Revelasyon 21:4.

  40. Mowoni 10:32.

  41. Ezayi 60:20.