2010–2019
Onore Non Li
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Onore Non L

Avèk idantite ak santiman apatenans nou resevwa nan alyans lan, yo rele nou pa non Jezikri.

Lè paran ap tann nesans yon timoun avèk enpasyans, yo gen responsablite pou yo chwazi yon non pou nouvo bebe a. Petèt, lè w te fèt, ou te resevwa yon non ki te pase nan fanmi w de jenerasyon an jenerasyon. Oubyen petèt non yo te ba w la te popilè nan ane a oswa nan zòn kote w te fèt la.

Pwofèt Elaman ak madanm ni te bay pitit gason yo Nefi ak Leyi non ki gen anpil siyifikasyon. Elaman te di pitit gason l yo:

“M te ba nou non premye paran nou yo … pou nou kapab sonje non yo, lè nou sonje non pa nou; lè nou sonje yo, n ap sonje zèv yo; … moun di, epi poukisa moun ekri, yo te bon moun.”

“Se poutèt sa, pitit gason m yo, m ta vle pou nou fè sa ki bon.”1

Non Nefi ak Leyi te ede yo sonje bon travay zansèt yo epi ankouraje yo fè bon travay tou.

Sè m yo, kèlkeswa kote nou rete, lang nou pale, oswa laj nou, ke nou gen 8 an oswa 108 an, nou pataje yon non espesyal ki gen menm bi yo.

“Nou tout, [nou] te resevwa batèm pou n’ te ka viv ansanm ak Kris la, nou mete sou nou kalite ki nan Kris yo …Nou tout nou fè yonn nan Jezikri.”2

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo,“nou te pwomèt dabò volonte nou pou nou pran non Jezikri a sou nou pa òdonans batèm nan.”3 Atravè alyans sa a, nou te pwomèt pou nou toujou sonje L, pou nou respekte kòmandman L yo, epi pou nou sèvi lòt moun. Volonte nou pou nou respekte alyans sa a renouvle chak jou Saba lè nou pran Sentsèn epi nou rejwi yon lòt fwa ankò nan benediksyon “mache nan nouvote lavi a.”4

Non yo te ba nou an lè nou te fèt la reflete idantite endividyèl nou e li ba nou apatenans nou nan fanmi terès nou yo. Sepandan, lè nou te “fèt ankò” nan batèm nan, konpreyansyon sou kiyès nou ye a te elaji. “Poutèt alyans nou te fè a, yo ap rele nou apitit Kris la, … paske gade, … li te ba nou nesans espirityèlman; paske nou di konsa kè nou chanje pa mwayen lafwa nan non l; se poutèt sa li te ba nou nesans.”5

Konsa, avèk idantite alyans lan ak apatenans lan, yo rele nou pa non Jezikri. E “pa gen okenn lòt non ni okenn lòt mwayen ki kapab pote sali a pou pitit lèzòm, se sèlman nan epi pa mwayen non Kris la, Senyè Toupisan an.”6

Moun te konn non Jezi lontan anvan nesans Li. Yon zanj te pwofetize bay Wa Bejamen, “Epi yo pral rele li Jezikri, Pitit Gason Bondye a, … e yo pral rele manman li Mari.”7 Travay “lanmou redanmtè” L la8 te revele tou a pitit Bondye yo chak fwa levanjil la te sou tè a, depi epòk Adan ak Èv jis nan jounen jodi a pou pitit nou yo kapab konnen “nan ki sous pou yo chèche padon pou peche yo.”9

Ane pase, Prezidan Russell M. Nelson te lanse yon envitasyon bay sè yo “pou nou modle lavni nan ede ransable Izrayèl ki dispèse a.” Li te envite nou pou nou li Liv Mòmon an epi “make chak vèsè ki pale de Sovè a oubyen ki fè referans ak Sovè a.” Li te mande pou nou pou nou “pale delibereman de Kris la, rejwi nan Kris la, epi preche sou Kris la avèk fanmi nou ak zanmi nou.” Petèt ou kòmanse rekonèt fwi pwomès li a ke “noumenm avèk yo ap rapwoche pi pre Sovè a atravè pwosesis sa a … Epi chanjman, mirak menm, pral kòmanse rive.” Epi chanjman, mirak menm, pral kòmanse rive.”10

Pwomès nou pou nou toujou sonje Sovè a ba nou fòs pou nou kanpe pou laverite ak lajistis—keseswa nou nan yon gwo foul oubyen nan andwa solitè kote pèsonn pa konn aksyon nou esepte Bondye. Lè nou sonje L ak non L ke nou pote a, nou pa gen plas pou konparezon k ap degrade pwòp tèt nou oswa jijman dominatè. Avèk je nou brake sou Sovè a, nou wè tèt nou kòm moun nou vrèman ye a—yon pitit Bondye ke L renmen anpil.

Lè nou sonje alyans nou, sa kalme preyokipasyon monden yo, sa fè dout sou pwòp tèt nou tounen kouraj, e sa bay espwa nan moman eprèv.

E si nou trebiche epi nou tonbe nan pwogresyon nou sou wout alyans lan, nou dwe sonje sèlman non L ak tandrès ak lanmou Li pou nou. “Paske li gen tout pouvwa, tout konpreyansyon, li konprann tout bagay, li se yon Èt ki gen mizèrikòd, menm pou l sove moun ki repanti, e ki kwè nan non l.”11 San okenn dout, pa gen son ki pi dous pase non Jezi pou tout moun ki ap chèche “fè mye ak vin pi bon.”12

Prezidan Nèlson te anseye: “Epòk lè ou te kapab yon kretyen trankil ak konfòtab la pase. Relijyon w lan pa sèlman yon kesyon de ale legliz lè Dimanch. Li se montre ke nou se vrè disip soti Dimanch maten rive Samdi swa. … Kesyon de disip Senyè Jezikri ‘a demi tan’ an la pa egziste.”13

Volonte nou pou nou pran sou nou non Kris la plis pase yon senp echanj pawòl. Se pa yon pwomès pasif oswa yon dispozitif kiltirèl. Se pa yon rit pasaj oswa yon badj ki sou nou. Se pa yon fòmil ke nou senpleman plase sou yon etajè oswa sou yon mi. Li gen yon non ke nou “pran sou tèt nou,”14 ki ekri nan kè nou, e ki “grave nan figi [nou].”15

Nou ta dwe toujou sonje sakrifis ekspyatwa Sovè a nan panse nou, aksyon nou, ak nan relasyon nou avèk lòt moun. Non sèlman Li sonje non nou, men Li toujou sonje nou tou. Sovè a te deklare:

“Paske, èske yon manman ta kapab bliye pitit li ki nan tete, pou l pa ta gen konpasyon pou pitit gason ki nan vant li? Wi, yo kapab bliye, men, mwen, O kay Izrayèl la, m p ap bliye nou.

“Gade, m ekri non ou nan pla men mwen”16

Prezidan George Albert Smith te anseye, ”Onore non ke nou pote yo, paske yon jou nou ap gen privilèj ak obligasyon pou nou bay Papa nou ki Nan Syèl la … rapò … sou sa nou te fè avèk non [sa yo].”17

Menm jan non Nefi ak Leyi yo te chwazi avèk atansyon an, èske yo ka di ak ekri konsènan noumenm ke nou se vrè disip Senyè Jezikri? Èske nou onore non Jezikri ke nou te pran sou tèt nou volontèman an? Èske nou se alafwa “yon sèvitè ak yon temwen”18 lanmou byenveyan Li ak pouvwa redanmtè Li?

Sa pa gen lontan, m tap koute Liv Mòmon an. Nan dènye chapit 2 Nefi a, m te tande Nefi di yon bagay ke m pa t janm te li menm jan an anvan sa. Atravè tout ekri l yo, li anseye ak rann temwayaj konsènan “Redanmtè a,” “Sen Izrayèl la,” “Mouton Bondye a,” ak “Mesi a.” Men lè l te fini resi l la, m te tande l di mo sa yo: “M pran ple èzi nan klète; m pran plèzi nan verite; m pran plèzi nan Jezi m nan, paske li te rachte nanm mwen.”19 Lè m te tande pawòl sa yo, kè m te rejwi e m te tounen al tande yo ankò epi ankò. Mwen te rekonèt vèsè sa a e m te reyaji menm jan m t ap rekonèt ak reyaji pou pwòp non pa m.

Senyè a te di: “Wi, pèp sa a ki vle pote non m nan beni, paske se non m yo ap pote, e yo se pèp mwen.”20

Antanke manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo, m swete pou nou “[pran] non Jezikri sou nou ak kè kontan”21 nan onore non Li avèk lanmou, devosyon, ak bon travay. Mwen temwaye ke Li se “Ti Mouton Bondye a, wi, Pitit Gason Papa Etènèl la menm!”22 Nan non pitit sen L lan, Jezikri, amèn.