2010–2019
Rete Fidèl, Pa Pèdi Lafwa
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Rete Fidèl, Pa Pèdi Lafwa

Nou dwe volontèman pran tan chak jou pou nou dekonekte nou avèk mond lan epi konekte nou avèk syèl la.

Sa pa gen lontan m te reveye epi m t ap prepare m pou m te etidye ekriti yo. M te pran telefòn mwen epi m te chita sou yon chèz bò kabann mwen, avèk entansyon pou m te ouvri aplikasyon Bibliyotèk Levanjil la. M te delòk telefòn nan epi m ta pral kòmanse etidye lè m te wè yon demi douzèn notifikasyon pou mesaj tèks ak email ki te vini pandan nuit lan. M te panse: “M pral tcheke mesaj sa yo byen vit, epi apresa m ap kòmanse ak ekriti yo.” Enben, dezèdtan apre m te toujou ap li mesaj tèks, email, nouvèl, ak lòt mesaj sou rezo sosyal. Lè m te reyalize kilè l te ye, m te kouri al prepare m pou jounen an. Jou maten sa a, m te rate etid ekriti m nan, epi, kòm konsekans, m pa t jwenn nourisman spirityèl m te espere a.

Nourisman Spirityèl

M sèten ke sa konn rive plizyè nan nou. Teknoloji modèn yo beni nou nan plizyè fason. Yo ka konekte nou ak zanmi ak fanmi, avèk enfòmasyon, avèk nouvèl konsènan aktyalite nan kat kwen mond lan. Konsatou, yo ka distrè nou de koneksyon ki pi enpòtan an: koneksyon nou avèk syèl la.

M ap repete sa pwofèt nou, Prezidan Russell M. Nelson te di a: “N ap viv nan yon mond ki konplèks e ki plis anplis ap fè kontansyon. Disponiblite konstan medya sosyal ak nouvèl 24 sou 24 ap bonbade nou anba mesaj san rete. Si nou vle gen yon ti kras espwa pou n triye pami pil vwa ak filozofi lèzòm k ap atake nou yo, nou dwe aprann resevwa revelasyon.”

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nan jou k ap vini yo, li p ap posib pou nou siviv spirityèlman san gid, san direksyon, rekonfò, ak enfliyans konstan Sentespri a.”1

Sa gen plizyè ane, Prezidan Boyd K. Packer te pale konsènan yon twoupo cerf ki, akoz yon tanpèt nèj, te bloke deyò abitasyon natirèl yo epi te riske mouri grangou. Nan yon efò pou sove cerf yo, kèk moun byen entansyone te vide kèk kamyon pay nan zòn nan—nòmalman se pa sa cerf yo te konn manje, men yo te espere ke omwen sa t ap ede yo travèse ivè a. Malerezman, yo te vin jwenn pifò cerf yo mouri nan apre. Yo te manje pay la, men li pa t nouri yo, e yo te mouri grangou avèk vant yo plen.2

Plizyè nan mesaj k ap bonbade nou nan peryòd enfòmasyon s a se ekivalan spirityèl nouri sèf avèk pay la—nou ka manje l tout jounen, men li pa p nouri nou.

Ki kote nou jwenn vrè nouriti spirityèl? Le pli souvan, li pa nan medya sosyal. Nou jwenn ni lè nou “kontinye avanse” sou chemen alyans lan, “toujou kenbe bafè a byendi,” epi manje fwi pyebwa lavi a.3 Sa vle di ke nou dwe volontèman pran tan chak jou pou nou dekonekte ak mond lan epi konekte nou avèk syèl la.

Nan rèv li a, Leyi te wè moun ki te manje nan fwi a men apresa ki te abandone l poutèt enfliyans gwo kay byen laj la , ògèy mond lan,4 Sa posib ke jèn yo grandi nan yon fwaye Sen Dènye Jou, yo ale nan tout reyinyon Legliz yo ak klas yo, e menm patisipe nan òdonans tanp yo, epi apresa yo kite chemen pou y ale nan “chemen entèdi epi finalman vin pèdi.”5 Poukisa sa rive? Plizyè fwa se paske, malgre yo ka montre siy spirityalite, yo pa t vrèman konvèti. Yo te gen manje men yo pa t nouri.

Imaj
Aktivite pou jèn

Pa kontras, m konn rankontre plizyè nan noumenm jèn Sen Dènye Jou yo ki solid, briyan, ak fidèl. Nou konnen nou se pitit gason ak pitit fi Bondye e Li gen yon travay pou nou fè. Nou renmen Bondye epi nou sèvi L ak tout “kè nou, tout lespri nou, tout panse nou ak tout fòs nou.”6 Nou kenbe alyans nou epi nou sèvi lòt moun, kòmanse lakay nou. Nou egzèse lafwa, nou repanti, epi amelyore chak jou, e sa pote lajwa dirab. N ap prepare nou pou benediksyon tanp yo ak lòt opòtinite nou pral genyen kòm vrè disip Sovè a. Epi n ap ede prepare mond lan pou Dezyèm Vini an, pandan n ap envite tout moun vin jwenn Kris la epi resevwa benediksyon Ekspyasyon L yo. Nou konekte ak syèl la.

Imaj
Jèn ki pral nan tanp

Wi, nou fè fas ak difikilte. Men sa rive tout jenerasyon. Epòk sa a se epòk pa nou, epi nou bezwen rete fidèl, e pa pèdi lafwa. Mwen temwaye ke Senyè a konn difikilte nou yo, epi atravè direksyon Prezidan Nelson, L ap prepare nou pou nou fè fas avèk yo. Mwen kwè ke apèl pwofèt la te fè resamman an pou nou gen yon legliz ki santre son fwaye a, ki sipòte pa sa n ap fè nan batiman nou yo,8 prepare pou yo ede nou siviv— e menm pwospere— nan epòk malnitrisyon spirityèl sa a.

Santre sou Fwaye a

Kisa sa vle di pou nou gen yon legliz ki santre sou fwaye a? Fwaye yo ka parèt trè diferan nan diferan zòn nan mond lan. Ou gen dwa fè pati yon fanmi ki nan legliz la depi plizyè jenerasyon. Oubyen ou ka se sèl manm Legliz la nan fanmi w. Ou petèt marye oubyen selibatè, avèk oubyen san timoun nan fwaye a.

Kèlkeswa sikonstans ou, ou ka fè fwaye w yon sant aprantisaj ak aplikasyon levanjil la. Sa vle di tou senpleman pran responsabilite pèsonèl konvèsyon ak devlopman spirityèl ou. Sa vle di suiv konsèy Prezidan Nelson an pou “[transfòme] lakay nou fè l vin tounen yon sanktyè lafwa.”9

Advèsè a pral eseye pèsyade w ke nouriti spirityèl sa a pa nesesè, oubyen, pi sounwazman, ke sa ka tann. Li se mèt distraksyon ak papa pwokrastinasyon. L ap eseye fè w pote atansyon a lòt bagay ki parèt ijan men ki, an reyalite, pa twò enpòtan. Li ka fè w vin sitèlman “twouble osijè anpil bagay” ke w ap neglije “sèl bagay [ki] nesesè a.”10

Ala m rekonesan pou “bon paran,” m yo11 ki te elve fanmi yo nan yon fwaye ki te gen nouriti spirityèl, relasyon eman, ak aktivite divètisman bon kalite tout tan. Ansèyman yo te ban m nan jenès mwen yo te kenbe m sou bon chemen. Paran, tanpri bati relasyon ki solid avèk piit nou yo. Yo bezwen pou nou pase plis tan avèk yo, pa mwens.

Sipòte pa Legliz la

Pandan w ap fè sa, Legliz la ap la pou sipòte w. Eksperyans nou nan legliz la ka ranfòse nouriti spirityèl ki fèt nan fwaye a. Depi nan kòmansman ane sa a, nou wè kalite sipò Legliz sa a nan Lekòldidimanch ak nan Primè. Nou pral wè plis toujou nan reyinyon Prètriz Aawon an ak Jènfi yo tou. Kòmanse an Janvye 2020, pwogram etid pou reyinyon sa yo pral lejèman modifye. L ap toujou konsantre sou sijè levanjil yo, men yo pral reòganize sijè sa yo pou yo konekte avèk Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yoa. Sa a se yon ti chanjman tou piti, men li ka fè yon gwo enpak sou nourisman spirityèl jènjan ak jènfi yo.

Ki lòt sipò Legliz la bay? Nan Legliz la, nou pran sentsèn, ki ede nou retabli angajman nou anvè Sovè a chak semèn. Epi nan Legliz la, nou rasanble ak lòt kwayan ki te fè menm alyans yo tou. Relasyon eman nou devlope avèk lòt disip Jezikri yo kapab yon sipò puisan nan lavi disip nou santre sou fwaye a.

Lè m te gen 14 an, fanmi m te demenaje al abite nan yon nouvo katye. Sa gen dwa pa parèt kòm yon trajedi terib pou ou, men nan tèt mwen, lè sa a, sa te terib. Sa te vle di m t ap gen anpil moun bò kote m ke m pa t konnen. Sa te vle di tout lòt jènjan nan pawas mwen yo t apral nan yon lekòl diferan de lekòl mwen an. Nan lespri 14 zan m nan, m te panse, “Kijan paran m yo fè fè m sa?” M te santi kòmsi lavi m te gache.

Men, atravè aktivite Jènjan nou yo, m te kapab bati relasyon avèk lòt manm kowòm mwen yo, epi yo te vin zanmi m. Epi tou, manm episkopa a ak konseye Prètriz Aawon yo te kòmanse pote yon enterè espesyal nan lavi m. Yo te vini nan aktivite espò m yo. Yo te ekri m nòt ankourajman ke m kenbe jouk jounen jodi a. Yo te kontinye rete an kontak avè m apre m t ale nan kolèj ak lè m te kite pou al nan misyon. Youn ladan yo te menm vin nan ayewopò a lè m te retounen lakay. M ap toujou rekonesan pou bon frè sa yo ak efò lanmou yo ak gwo atant yo pou mwen. Yo te pwente m nan direksyon syèl la, epi lavi a te vin briyan, kontan, epi jwaye.

Kijan nou menm, kòm dirijan ak paran, ka ede jèn yo konnen ke yo pa poukont yo lè y ap mache nan chemen alyans lan? Anplis devlope relasyon pèsonèl, nou envite yo nan rasanbleman gwo ak piti — soti nan konferans PFJ (Pou fòs jèn yo) ak kan pou jèn yo rive nan aktivite kowòm ak aktivite klas chak semèn. Pa janm souzestime fòs ki vini lè nou reyini ansanm ak lòt moun k ap fè efò pou yo rete solid. Evèk ak lòt dirijan yo, tanpri mete aksan sou nouri timoun yo ak jèn yo ki nan pawas nou yo. Yo bezwen pou nou pase plis tan avèk yo, pa mwens.

Keseswa w se yon dirijan, yon vwazen, yon manm kowòm, ou senpleman yon manm legliz la, si w jwenn opòtinite pou touche lavi yon jèn moun, ede l konekte avèk syèl la. Enfliyans ou ka petèt egzakteman “sipò Legliz” jèn sa a bezwen an.

Frè m ak sè m yo, mwen temwaye ke Jezikri alatèt Legliz sa a. L ap enspire dirijan nou yo epi L ap gide nou nan nouriti espirityèl nou bezwen pou nou siviv ak pwospere nan dènye jou sa yo. Nouriti espirityèl sa a ap ede nou rete fidèl e pa pèdi lafwa. Nan non Jezikri, amèn.