2010–2019
Kapasite Espirityèl
Konferans Jeneral Oktòb 2019


Kapasite Espirityèl

Antanke disip fidèl Jezikri, nou ka resevwa enspirasyon ak revelasyon pèsonèl ki konsistan avèk kòmandman L yo ki taye pou nou yo.

Pandan m t ap kite yon kan pou Jènfi yo an ete sa a, yon jènfi byen janti te lonje yon ti nòt ban mwen. Ladan l, li te mande, “Kijan m ka konnen lè Bondye ap eseye di m yon bagay?” M renmen kesyon l la. Nanm nou ap chèche koneksyon avèk fwaye selès nou an. Nou vle santi nou itil, nou nesesè. Men, kèkfwa, nou lite pou nou distenge ant panse nou ak enspirasyon dous Lespri a. Pwofèt, ansyen ak modèn, anseye ke si yon bagay “envite nou ak pouse nou pou nou fè byen, li sòti nan Kris la.”1

President Russell M. Nelsonte lanse yon envitasyon ki senp ak puisan: “Frè ak Sè byenneme m yo, mwen sipliye nou pou nou ogmante kapasite espirityèl nou pou n resevwa revelasyon. … Chwazi fè travay espirityèl sa mande pou nou ka jwi don Sentespri a ak pou nou tande vwa Lespri a pi souvan ak pi klè.”2

Dezi mwen maten an se pou pale avèk nou sensèman sou kat fason pou nou ogmante kapasite espirityèl nou pou n resevwa revelasyon.

1. Konsakre yon moman ak yon andwa entansyonèlman pou nou ka tande vwa Bondye

Si nou itilize libabit nou pou nou fòje tan chak jou pou nou apwoche pre vwa Bondye, espesyalman nan Li Mòmon an, tan an ap rive kote vwa L ap vin pi klè ak pi familye pou nou.

Pa kontras, distraksyon ak bri ki ranpli mond la ak fwaye nou, ak lavi nou ka rann ni pi difisil pou nou tande vwa Li. Distraksyon sa yo ka sitèlman okipe lespri nou ak kè nou, ke nou pa kite plas pou enspirasyon dous Sentespri a.

Pwofèt Joseph Smith te anseye ke souvan, Bondye revele tèt Li “bay moun an prive, nan chanm yo, nan dezè, oubyen nan jaden yo, san bri ni vakàm.”3

Satan vle separe nou avèk vwa Bondye nan kenbe nou lwen kote trankil sa yo. Si Bondye pale avèk yon ti vwa dous, oumenm avèk mwen dwe apwoche pi pre pou nou ka tande L. Jis imajine sa k t ap pase si anvi nou pou rete konekte avèk syèl la ta menm avèk anvi nou pou nou rete konekte avèk Wi-Fi! Chwazi you moman ak yon andwa, epi koute vwa Bondye chak jou. Epi kenbe angajman sakre sa a avèk egzaktitid, paske gen anpil bagay ki depann de li!

2. Aji san delè

Lè w resevwa enspirasyon, epi ou chwazi pou w aji, Senyè a ka itilize ou. Plis ou aji, se plis vwa Lespri a ap vin familye. Wap vin plis anplis rekonèt gidans Bondye epi w ap vin wè ke Li “vle … revele w panse L ak volonte Li.”4 Si w pran delè, ou gen dwa bliye enspirasyon an oubyen rate chans pou w ede yon moun pou Bondye a.

3. Mande Senyè a yon tach pou w fè

Priyè Papa nou ki nan Syèl la sanble L pi dispoze pou L reponn se priyè kote nou mande L pou L dirije vè yon moun ki bezwen èd. Prezidan Eyring anseye nou pou nou chèche revelasyon nan mande Bondye kiyès nou ka ede pou Li. “Si w poze kesyon konsa, Sentespri a ap vini epi w ap santi yon ti pouch sou sa w ka fè pou lòt moun. Lè w al fè bagay sa yo, w al fè komisyon pou Senyè a, epi, lè w nan sèvis Senyè a, ou kalifye pou don Sentespri a.”5

Ou ka priye pou w mande Senyè a pou l ba w yon misyon. Lè w fè sa, Li ka itilize talan òdinè w yo pou L akonpli bagay ki ekstraòdinè.

Imaj
Gran papa Sè Craig, Fritz Lundgren

Granpapa [matènèl] mwen, Fritz Hjalmar Lundgren, se yon imigran ki te sòti an Suède lè l te gen 19 van. Li te rive an Amerik poukont li, avèk yon malèt ak sèlman sis ane fòmasyon lekòl. Paske l pa t ka pale Anglè ditou, li te pran wout pou l t al Oregon, pou l travay nan koupe ak siye bwa, epi nan apre, ansanm avèk granmè [matènèl] mwen ak manman m, li te antre nan Legliz la. Li pat janm prezide sou yon pawas, men kòm yon enstriktè ofwaye ki te fidèl, li te mennen plis pase 50 fanmi nan Legliz la. Kijan l te fè sa?

Apre lamò Granpè m, m t ap gade nan yon bwat ki te gen papye l yo epi m te tonbe sou yon lèt, yon moun te ekri li, moun sa a te retounen Legliz la gras ak amou Gran papa m. Lèt la te di konsa: “M kwè ke sekrè Frè Fritz, sèke li te toujou ap fè komisyon pou Papa nou ki nan Syèl la.”

Se Frè Wayne Simonis ki te ekri lèt sa a. Granpè m te vizite l epi l te fè konesans chak manm nan fanmi l. Apresa, Granpè m te di yo ke yo te bezwen yo, epi l te envite yo vin Legliz. Men, jou Dimanch sa a, Frè Simonis te reveye avèk yon dilèm—li potko fin rekouvri tèt kay li epi lapli te sipoze tonbe nan semèn sa a. Li te deside pou l t al Legliz la, bay Granpè m lamen, epi apresa pou l te retounen lakay li pou l t al fin kouvri tèt kay la. Fanmi l te ka rete nan reyinyon sentsèn nan san li.

Plan l lan te byen dewoule jiskaske l te tande yon moun k ap monte nechèl la pou vin jwenn ni so tèt kay la. Men pawòl li: “Lè m te leve tèt gade … Frè Fritz te kanpe anlè nechèl la. Li te ban m yon gwou souri. Toudabò, m te santi m anbarase, epi m te santi m tankou yon timoun yo te bare ki pa t al lekòl. Apresa … m te santi m ankòlè. [Men, Frè Fritz te jis] retire palto li epi li te kwoke l sou nechèl la. Pandan l t ap woule manch chemiz li, li te vire gade m epi l te di, ‘Frè Simonis, èske w gen yon lòt mato? Travay sa a dwe enpòtan anpil pou ou, otreman ou pa t ap kite fanmi w, e si l enpòtan konsa, m vle ede ou.’ Lè m te gade nan je l, m te sèlman wè bonte ak amou Kris la. Kòlè m nan te tonbe. … M te depoze zouti m yo jou Dimanch sa a epi m te suiv bon zanmi m nan desann sou nechèl la, epi nou te retounen al nan chapèl la.”

Granpè m te resevwa misyon sa a nan men Senyè a, epi l te konnen li te dwe chèche brebi pèdi yo. Tankou kat mesye yo ki te pote zanmi yo ki te paralize a sou do kay la, epi yo te glise l desann pou Jezi te ka geri l la, ,6 se konsa tou misyon Granpè m nan te mennen l sou tèt yon kay. Senyè a voye revelasyon bay moun k ap chèche ede lòt moun.

4. Kwè epi Fè Konfyans

Dènyèman, m te li nan ekriti yo konsènan yon lòt gran misyonè ki te resevwa misyon l nan men Senyè a. Aawon t ap anseye wa Lamanit yo, ki t ap mande poukisa frè Aawon an, Ammon pat vin anseye l tou. “Epi, Aawon te di wa a: Lespri Senyè a te rele l al yon lòt kote.7

Lespri a te di m nan kè m: nou chak gen yon misyon diferan pou nou akonpli, epi kèk fwa, Lespri a ka rele nou nan yon “lòt kote.” Gen anpil fason pou nou bati wayòm Bondye a kòm disip Jezikri ki fè alyans, ki kenbe alyans. Kòm disip fidèl li, nou ka resevwa enspirasyon ak revelasyon pèsonèl ki konsistan avèk kòmandmanL yo, ke L prepare espesyalman pou nou. Ou gen misyon ak wòl pèsonèl pou w akonpli nan lavi a epi w ap resevwa direksyon pèsonèl pou akonpli yo.

Nefi, frè Jarèd la, e menm Moyiz, te gen yon pakèt kantite gwo dlo pou yo te travèse—epi yo chak te fè l nan fason diferan. Nefi te travay “bwa chapant ki te rafine anpil.”8 Frè Jarèd la te bati gwo bato ki te“san fant tankou yon kivèt.”9 Epi Moyiz “te mache sou tè sèk nan mitan lanmè a.”10

Yo chak te resevwa enstriksyon pèsonèl, ki te taye pou yo epi yo chak te fè konfyans epi yo te aji. Senyè a gen konsiderasyon pou moun ki obeyi Li, epi daprè pawòl Nefi yo, L ap “prepare yon mwayen pou [nou] kapab akonpli bagay Li kòmande a.”11 Note ke Nefi di “yon mwayen”—e non pa mwayen“an .”

Èske nourate oubyen refize tach Senyè a ba nou paske Li prepare “yon fason” ki diferan a sa nou t ap atann nan?

Granpapa m te jwenn direksyon pou l t al nan yon kote ki pa t abityèl—avèk palto sou li, sou yon tèt kay, yon jou Dimanch. Fè Bondye konfyans pou L gide ou, menmsi fason an parèt diferan ke sa w t ap atann nan oubyen diferan de lòt fason.

Sen Dènye Jou yo gen fòm ak tay diferan, men “tout moun egal devan Bondye”—“nwa ak blan, esklav ak lib, gason ak fi,” marye oubyen pa marye, rich ak pòv, jèn ak vye, manm depi lontan ak nouvo konvèti.12 Kèlkeswa moun ou ye a oubyen difikilte w ap travèse a, ou envite vin sou tab Senyè a.13

Pandan ke n ap chèche konn volonte Papa a epi fè sa vin tounen kadans lavi kotidyèn nou, n ap asireman jwenn direksyon pou nou chanje ak repanti.

Nouvo pwogram Legliz la pou timoun yo ak jèn yo bati sou fondasyon pou n aprann chèche revelasyon, pou n ka dekouvri kisa Senyè a vle nou fè, epi apresa pou nou aji nan direksyon sa a. Nou chak, kèlkeswa laj oubyen sikonstans nou, kapab fè efò pou nou chèche, resevwa, ak aji. Si nou suiv modèl etènèl sa a ki prepare pou epòk nou an, n ap vin pi pwòch Jezikri—pi pwòch amou Li, limyè Li, direksyon li, lapè Li, ak pouvwa gerizon Li. Epi n ap ogmante kapasite espirityèl nou pou n vin tounen yon enstriman chak jou nan men L pou n akonpli gwo travay Li a. Nan non Jezikri, Amèn.