2010–2019
Tankou yon veso kase
Oktòb 2013


Tankou yon veso kase

Kijan nou reyaji lè difikilte mantal oubyen emosyonèl anvayi nou menm oswa moun pa nou?

Apot Pyè te ekri ke moun k ap suiv Jezikri yo dwe gen “konpasyon youn pou lòt.”1 Nan espri sa a mwen vle pale avèk moun k ap soufri anba maladi mantal ak pwoblèm emosyonèl yo, keseswa afliksyon sa yo piti oswa gwo, keseswa yo pasaje oswa yo dire lontan, pandan tout yon lavi. Nou konprann konpleksite sijè sa yo lè nou tande pwofesyonèl sante yo ap pale sou ‘nevrose’ oswa ‘psychose’, sou predispozisyon jenetik ak tandans kwomozomik, sou ‘bipolarite’, sou paranoya ak skizofreni. Osi dewoutan tout bagay sa yo ka ye, afliksyon sa yo fè pati reyalite kondisyon mòtèl la e pa gen okenn wont pou yon moun rekonèt yo jan l rekonèt yon konba kont fè tansyon oswa aparisyon yon kansè toudenkou.

Kite m di pou kòmanse ke lè n ap eseye jwenn enpe lapè ak konpreyansyon sou sijè difisil sa yo, li enpòtan pou nou sonje ke n ap viv---e nou te chwazi pou n viv---nan yon mond dechi kote ke, pou bi diven, rechèch nou sou divinite a pral pase tès san rete. Pi gwo garanti plan Bondye a pote pou nou sèke li te pwomèt yon Sovè, yon Redanmtè ki, atravè lafwa nou nan li, ta pral elve nou triyonfalman anwo difikilte ak eprèv sa yo, menmsi pri aksyon sa a te chè anpil pou Papa a ki te voye l la ak pou Pitit la ki te vini an. Se sèlman apresyasyon amou divin sa a ki apral fè pwòp ti soufrans pa nou an mwen gwo, sipòtab toudabò, konpreyansib nan apre, e finalman rachtan.

Annou kite maladi ekstraòdinè sa yo mwen mansyone yo akote pou nou konsantre sou TDM—“twoub depresif majè” —ke yo souvan rele depresyon an. Tanpri, konprann ke lè m ap pale de bagay sa a, mwen pap pale sou pase yon move jou kote anyen pa mache, ni sou taks ni lòt moman dekourajman nou tout konn genyen. Tout moun gen pou pase pa dè moman kote yo dekouraje oubyen plen anksyete. Liv Mòmon an di Amon ak frè l yo te deprime nan yon epòk trè difisil,2 sa ki kapab rive tout moun. Men jodia m ap pale de yon bagay ki pi grav, yon afliksyon si serye ke li konsiderableman ralanti kapasite yon moun pou l byen fonksyone, yon gouf si pwofon nan lespri yon moun ke nou pa kapab pran responsablite pou di ke l ap fini pa disparèt si malad yo jis souke zepòl yo epi panse pi pozitivman---byenke mwen grandman ankouraje souke zepòl ak panse pozitif!

Non, nuit sonb nan lespri a pi plis pase yon senp dekourajman. Mwen te wè sa te rive yon mesye absoliman bon moun lè mandanm li te marye avè l depi 50 tan an te mouri. Mwen wè l nan jèn manman k ap soufri avèk sa yo rele “depresyon apre akouchman” an. Mwen wè l frape etidyan ki angwase, ansyen veteran, granmè ki enkyè pou byenèt pitit pitit yo k ap grandi.

Mwen te wè l nan jèn papa k ap eseye reponn bezwen fanmi yo. E nan bagay sa a, mwen menm tou mwen te fè eksperyans sa a nan yon fason terifyan. Nan yon pwen nan lavi marital nou, kote pwoblèm finansye te rive menmlè ak gwo fatig, mwen te sibi yon chòk mantal osi enprevi ke te reyèl. Pa lagras Bondye avèk amou fanmi mwen, mwen te kontinye ap fonksyone ak travay, men apre tout ane sa yo, mwen toujou santi yon konpasyon pwofon pou moun k ap pwofondeman ak kwonikman aflije pa kalite nwasè sa a m te santi a. Nan tout ka sa yo, nou tout jwenn kouraj nan men moun ki, nan pawòl Pwofèt Joseph yo “t ap chèche ak kontanple abim jou sonb yo”3 epi ki reyisi travèse l yo—e kèk nan yo sete Abraham Lincoln, Winston Churchill, ak youn nan gason ki pi jenere ak pi kretyen nan dispansasyon nou an, Èldè George Albert Smith, ki te batay avèk depresyon pandan dèzane anvan l te vin tounen nan apre uityèm pwofèt ak Prezidan ki te pi inivèsèlman koni nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo.

Konsa, kijan nou reyaji lè difikilte mantal oubyen emosyonèl anvayi nou menm oswa moun pa nou? Toudabò e pi enpòtan, se pou nou kenbe lafwa nan Pè Selès la, ki renmen nou plis pase nou ka konsevwa. Jan Prezidan Monson te di sè Sosyete Sekou yo, nan fason si emouvan samdi pase a: “Amou sa a p ap janm chanje ... Li la pou nou lè nou tris oubyen kontan, dekouraje oubyen optimis. Amou Bondye la pou nou, ke nou panse nou merite l ou pa. Li senpleman toujou la.”4 Pa janm doute sa e pa janm andisi kè nou. Se pou nou fidèlman kontinye bagay espirityèl ki deja pase tès yo e ki pote Lespri Senyè a nan lavi nou yo. Chèche konsèy nan men moun ki detni kle byennèt espirityèl nou yo. Mande benediksyon prètriz la epi apresye pouvwa benediksyon sa yo. Pran Sentsèn chak semèn, epi kenbe fèm nan pwomès pèfeksyon Ekspyasyon Jezikri a. Kwè nan mirak. Mwen konn wè anpil mirak fèt lè tout moun te ka wè pa gen espwa ankò. Espwa pa janm pèdi. Si mirak sa yo pa vini byen vit oswa yo aparaman pa vini ditou, sonje pwòp egzanp angwas Sovè a: si tas anmè a pa elwaye, bwè li, epi rete djanm, avèk konfyans nan yon demen pi bèl.5

Pou evite maladi kèlkeswa lè sa posib, se pou nou veye siy ki endike strès yo lakay nou ak nan moun nou ka ede yo. Menmjan pou machin nou, nou dwe siveye tanperati k ap chofe, eksè vitès, oswa yon tank ki manke gaz. Lè n ap fè fas ak “depresyon ki koze pa epuizman,” se pou nou fè ajisteman ki nesesè yo. Fatig se lenmi nou tout, konsa, ralanti, repoze nou, fè pwovizyon epi rechaje. Doktè yo di ke si nou pa pran tan pou nou pòte nou byen, n ap asireman pran tan pou nou malad yon jou.

Si bagay yo kontinye ap agrave, chèche konsèy nan men moun repite, ki pran fòmasyon pou bagay sa yo, ki gen konpetans pwofesyonèl ak bon valè. Se pou nou onèt avèk yo konsènan istwa nou ak difikilte n ap konfwonte yo. Avèk èd lapriyè e nan fason responsab, se pou nou egzmine konsèy yo ba nou yo ak solisyon yo preskri yo. Si nou gen yon apendisit, Bondye ap atann pou nou chèche yon benediksyon prètriz epi chèche pi bon swen medikal ki disponib la. Se konsa tou pou pwoblèm emosyonèl nou yo. Papa nou ki nan Syèl la atann pou nou itilize tout don mèveye li ba nou yo nan dispansasyon gloriye sa a.

Si w se moun ki aflije a oubyen ou se moun k ap ede yon moun konsa, eseye pou w pa depase pa gwosè tach ou a. Pa panse ke w ka fikse tout bagay men fikse sa w kapab. Si se sèlman ti viktwa tou piti, se pou ou rekonesan pou yo epi rete pasyan. Dè dizèn fwa nan ekriti yo, Senyè a kòmande yon moun pou l “rete kalm” oubyen “kanpe kalm”—epi tann.6 Se pou avèk pasyans ou sipòte kèk bagay ki fè pati aprantisaj nou nan mòtalite a.

Kanta nou menm, ki ap ede yo, pa detwi sante pa nou nan efò devwe nou pou veye sou sante yon lòt moun. Se pou nou gen sajès nan tout bagay. Pa kouri plis pase nou gen fòs.7 Kèlkeswa sa nou kapab oubyen nou pa kapab bay, nou ka toujou ofri priyè nou ak “amou enfayib.”8 “Charite gen pasyans, li janti; …; [li] pa fache fasil … men ... li sipòte tout bagay, … li espere tout bagay, li andire nan tout bagay. Charite pa janm peri.”9

Epitou, annou sonje ke atravè nenpòt maladi oswa pwoblèm difisil, toujou gen anpil nan lavi a ki ba nou espwa ke nou dwe rekonesan pou yo. Nou enfiniman plis pase limit nou yo oswa afliksyon nou yo! Stephanie Clark Nielson ak fanmi li se zanmi nou depi plis pase trantan. Jou 16 Out 2008 la, Stephanie ak Christian, mari li, te viktim yon aksidan avyon ak dife ki te pran lè sa a, sa ki te kite Stehhanie avèk sikatris si orib, ke se sèl zong pye li ki te pèmèt manm fanmi li yo, ki te vin idantifye viktim yo, te rekonèt li. Pratikman pa t gen okenn chans pou l te siviv. Apre twa mwa nan koma atifisyèl, li te reveye epi li te wè tèt li. Lè sa a depresyon orib poutèt sikatris fizik li yo te manifeste. Stephanie ki te gen kat timoun ki te gen mwens pase setan, pa t vle pou yo te wè l jamè ankò. Li te panse ke pito l te mouri. Li te di, yon jou nan biwo mwen: “M te panse ke sa t ap pi fasil si yo te jis bliye m epi m t ap trankilman soti nan lavi yo.”

Men pou onè etènèl li e gras ak priyè mari li, fanmi li, zanmi li, ak kat bèl pitit li yo ak yon senkyèm ki fèt sa gen 18 mwa, Stephanie te reyisi soti nan gouf destriksyon sa a pou l vin youn nan “manman blòg” ki pi popilè nan peyi a, kote l deklare ouvètman bay kat milyon moun ki vizite blòg li a ke “objektif divin” ni nan lavi a se pou l yon manman ak pou cheri chak jou yo ba li sou bèl tè sa a.

Kèlkeswa konba nou nan lavi a, frè m ak sè m yo, ke yo mantal oswa emosyonèl oswa fizik oubyen otreman pa janm vote kont lavi si presye nou genyen an nan mete fen ak li! Gen konfyans nan Bondye. Kenbe fèm nan amou li. Konnen ke yon jou douvanjou va leve epi tout tenèb mòtalite yo va disparèt. Byenke nou gen dwa santi nou tankou yon “veso ki kase”, jan Psalmis la di a,10 nou dwe toujou sonje ke veso sa a se nan men potye divin nan li ye. Espri brize yo kapab geri nan menm fason ak zo kase ak kè brize yo. Pandan ke Bondye ap travay pou reyalize reparasyon sa yo, nou menm nou kapab pote èd nou nan montre mizèrikòd, nen pa pote jijman ak nan rete byenveyan.

Mwen temwaye konsènan Rezirèksyon an, don enkonparab ak esansyèl Sakrifis Ekspyatwa Senyè Jezikri a! Avèk Apot Pòl, mwen temwaye ke sa ki te simen plen koripsyon an va leve yon jou san koripsyon epi sa ki te simen nan feblès la va finalman leve plen fòs power.11 Mwen rann temwayaj mwen konsènan jou sa a kote moun nou renmen yo ke nou te konnen ki te gen andikap yo nan mòtalite a va kanpe devan nou glorifye ak mayifik, ekstrèmeman pafè nan kò ak nan lespri. Ala yon bèl moman sa ap ye! M pa konn si nou menm nou va pi kontan paske nou temwen yon mirak konsa oubyen pi kontan pou yo menm ki totalman pafè ak “finalman lib.”12 Jiskaske lè sa a rive kote konpasyon absoli Kris la va revele pou nou tout la, se pou nou viv pa lafwa, kenbe fèm nan lesperans epi montre “konpasyon youn anvè lòt,”13 Mwen priye nan non Jezikri, amèn.

Enprime