2010–2019
Aple pa li menm pou deklare pawòl li
Oktòb 2013


Aple pa limenm pou deklare pawol li

Si nou enb ak obeyisan, e si nou koute vwa Lespri a, N ap jwenn gwo bonè nan sèvis nou kòm misyonè a.

Lè yo te soutni kòm Otorite Jeneral mwa Avril ki sot pase a, mwen t ap sèvi kòm prezidan misyon nan peyi End. Mwen te vin kapab konstate pèsonèlman sa yon ansyen prezidan misyon te di mwen: “Misyonè yo nan Legliz sa a senpleman fòmidab.”1

Youn nan anpil misyonè ekstraòdinè ke mwen menm avèk sè Funk te sèvi ansanm avèk li sete Eldè Pokhrel ki te soti Nepal. Li te gen dezan sèlman depi li te fin batize nan Legliz la lè yo te aple kòm misyonè nan Misyon Bangalore la, an End, yon misyon kote yo pale anglè. Li t ap di nou ke li pat byen prepare. Sa te konpreyansib. Li pat janm te konn wè yon misyonè anvan yo te aple l li menm kòm misyonè a paske pa gen okenn jèn misyonè nan Nepal. Li pat konn li anglè ase pou l te ka konprann enstriksyon yo ki te akonpaye apèl li a. Lè l te prezante l nan sant fòmasyon misyonè a, olye li te pote bèl pantalon abiye, chemiz blan ak kravat, li te pote, selon sa l di: “senk abako, de pè chemiz, ak anpil jèl pou cheve.”2

Li te di ke, nan premye semèn yo, menm apre li te fin resevwa rad ki apwopriye, pa t gen yon jou k te pase sa l pa t santi ke l pa alawotè. Men kijan li te dekri tan sa a nan misyon an: “Non sèlman anglè a te difisil, men travay la te difisil tou. … Anplis tout bagay sa yo, mwen te grangou, m te fatige, e m te sonje lakay mwen. … Menmsi sikonstans yo te difisil, mwen te detèmine. Mwen te santi m fèb e pa alawotè. Nan moman sa yo, mwen te mande Pè Selès la pou l te ede mwen. San ratman, chak fwa m te priye, mwen te santi m rekonfòte.”3

Malgre travay misyonè a sete yon bagay nouvo ak difisil pou Eldè Pokhrel, li te sèvi avèk gwo lafwa ak fidelite, ap chèche konprann ak suiv sa li tap aprann nan ekriti yo, nan Preche Levanjil Mwen an, ak nan men dirijan misyon l yo. Li te vin yon gwo enstriktè levanjil—an Anglè—ak yon ekselan dirijan. Apre misyon li, e apre l te fin pase kèk tan nan Nepal, li te retounen an End pou kontinye etid li. Depi mwa Janvye a, l ap sèvi kòm prezidan branch New Delhi a. Gras ak pwogresyon reyèl li te fè kòm misyonè a, li kontinye ap kontribiye nan pwogresyon Legliz la nan End.

Kijan k fè yon jèn gason ki pat janm te wè yon misyonè anvan te vin tounen youn avèk gwo fòs espirityèl konsa? Kijan nou men, antanke misyonè, nou kapab resevwa pouvwa espirityèl pou nou louvri pòt, enterè, ak kè moun k ap viv nan kote n ap sèvi kòm misyonè a? Kòm dabitid, n ap jwenn repons la nan ekriti yo ak nan pawòl pwofèt ak apot yo.

Lè yo te preche levanjil la pou lapremyèfwa an Angletè an Jiyè 1837 la, Senyè a te revele: “Nenpot moun ou voye nan non mwen, pa lantremiz vwa frè w yo, Douz yo, si w legalman rekòmande yo epi w otorize yo, y ap gen pouvwa pou yo louvri pòt wayòm mwen an pou nenpòt nasyon ou voye yo.”4

Kèlkeswa kote yo voye nou, nan kèlkeswa misyon nou afekte a, se pou nou konnen ke yon manm nan Douz yo legalman rekòmande pou nou aple nan kote sa a e nou aple pa pwofèt Senyè a. Nou aple pa “pwofesi, ak pa lenpozisyon dèmen.”5

Apresa, Senyè a bay kondisyon pou pwomès sa a reyalize. Li di: “Toutotan [ki vle di pwomès la ap akonpli si] yo [ki vle di misyonè yo voye yo] [1] imilye yo devan mwen, epi [2] rete nan pawol mwen, epi [3] yo koute vwa Lespri m.”6

Pwomès Senyè a klè. Pou nou kapab jwenn fòs espirityèl ki nesesè pou nou louvri pòt wayòm Bondye a nan peyi kote yo voye nou an, nou dwe enb ak obeyisan, epi nou dwe gen kapasite pou tande ak suiv Lespri a.

Twa kalite sa yo mele youn ak lòt. Si nou enb, n ap gen dezi pou nou obeyisan. Si nou obeyisan, nap santi Lespri a. Lespri a esansyèl, paske, jan Prezidan Ezra Taft Benson te anseye a: “San Lespri a, nou pap janm gen siksè kèlkeswa talan nou ak kapasite nou.”7

Antanke prezidan misyon, mwen pafwa konn fè entèvyou avèk misyonè ki konn gen difikilte paske yo pa t fin konplètman pwòp. Yo t ap viv anba potansyèl espirityèl yo. Kèlkeswa jan yo yo te travay di oubyen fè anpil byen, yo pa t kapab santi yo anpè ni gen konpayi Sentespri a, tan ke yo pa t imilye tèt yo, konplètman repanti ak goute mizèrikòd ak gras Sovè a.

Senyè a mande sèvitè l yo pou yo enb paske pwosesis gerizon espirityèl la kòmanse pa yon kè brize. Reflechi sou byen ki soti nan sa ki brize: yo brize tè a pou plante ble. Yo kraze ble a pou fè pen. Yo brize pen an pou l ka vin anblèm Sentsèn nan. Lè yon moun ki repanti pran Sentsèn nan avèk yon kè brize ak yon lespri kontri, li vin geri.8 Lè nou repanti epi nou vin geri pa mwayen Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a, nou gen piplis pou nou ofri Sovè a lè n ap sèvi li. “Wi, vin jwenn li, e ofri tout nanm nou kòm yon ofrann ba li.”9

Si nou santi nou kraze anba peche e nou bezwen repanti, tanpri, fè sa kounyeya. Lè Sovè a te geri moun ki te aflije yo, li te souvan mande yo pou yo leve kanpe. Ekriti yo rapòte ke yo te fè sa tousuit, oubyen imedyatman.10 Pou nou geri anba afliksyon espirityèl nou yo, tanpri, aksepte envitasyon li pou nou leve kanpe a. San delè, pale avèk evèk nou, prezidan branch nou, oubyen prezidan misyon an epi kòmanse pwosesis repantans la kounyeya.

Pouvwa gerizon Sakrifis Ekspyatwa a ap pote lapè nan nanm nou e l ap pèmèt nou santi Sentespri a. Sakrifis Sovè a enfini, men peche nou yo, osi anpil ak grav yo ka ye, nou kapab konte yo epi konfese yo, abandone yo e santi nou padone. “Epi ala li pran anpil anpil plezi nan nanm ki repanti a!”11

Pwomès sa a nan Doktrin ak Alyans la puisan: “Se pou vèti gani panse ou san rete; apre sa konfyans w ap grandi anpil nan prezans Bondye.”12 Si ou mennen yon lavi ki gen vèti, w ap santi yon konfyans pezib konsènan sitiyasyon ou devan Bondye, e pouvwa Lespri a ap avèk ou.13

Gen dwa geb kèk nouvo manm nan Legliz la oubyen kèk moun ki fèk retounen aktif ki kapab di: “Kounyeya mwen diy e m gen dezi pou sèvi, men, mwen pa konn si m konnen ase.” Nan mwa Avril la, Prezidan Thomas S. Monson te ansenye nou: “Nou resevwa konesans sou verite a ak repons pou pi gwo kesyon nou yo lè nou obeyi kòmandman Bondye yo.”14 Ala sa rasiran pou nou konnen ke gras ak obeyisans nou kapab jwenn konesans.

Gen moun ki gen dwa gen enpresyon ke yo pa gen ase talan oswa eksperyans pou yo ofri. Si se sa ki enkyete ou, sonje Èldè Pokhrel la. Prepare ou mezi ou kapab epi konnen ke Papa nou ki nan Syèl la ap agrandi efò enb ak obeyisan ou. Eldè Richard G. Scott te bay konsèy ankourajan sa a: “Lè nou obeyi kòmandman Senyè a epi nou sèvi pitit li yo san egoyis, konsekans natirèl la se pouvwa n ap resevwa nan men Bondye—pouvwa pou nou fè plis pase sa nou ta kapab fè poukont pa nou. Ide nou, talan nou, kapasite nou devlope paske nou resevwa fòs ak pouvwa nan men Senyè a.”15

Si nou mete konfyans nou nan Senyè a ak nan bonte li, Bondye Toupuisan an ap beni pitit li yo palentèmedyè noumenm.16 Eldè Hollings ki soti Nevada, te aprann sa byen bonè nan misyon li. Jou apre li te rive an End la, li te akonpaye Sè Funk avèk mwen ale Rajahmundry, premye zòn ni. Nan aprèmidi, Èldè Hollings ak Èldè Ganaparam te ale vizite yon manm Legliz la ak manman li. Manman an te vle aprann sou Legliz la, paske li te wè jan levanjil la te beni lavi pitit fi l la. Sè Funk te akonpaye yo pou ofri soutyen li. Paske leson an t ap fèt an anglè epi manman an te pale Telegou sèlman, yon frè nan branch la te la pou enteprete sa yo t tap anseye a.

Pou premye randevou ansèyman l sa a, Èldè Hollings te gen tach pou anseye Premye Vizyon an pandan l t ap itilize pawòl Pwofèt Joseph yo. Nan pwen sa a nan leson an, li te vire gade Sè Funk epi l te mande: “Èske m dwe repete l mo pou mo?” paske l te konnen yo ta pral entèprete sa l t ap di a.

Sè Funk te reponn: “Repete l mo pou mo pou Lespri a kapab temwaye de sa ou di a.”

Lè nouvo misyonè sa a te ansenye Premye Vizyon an avèk tout senserite li, kote l te itilize pawòl Pwofèt la te di yo, vizaj chè sè sa a te chanje. Dlo te koule nan je li. Lè Èldè Hollings te fin bay mesaj gloriye sa a, e anvan yo te entèprete sa l te di yo, sè a te mande, nan mitan kriye a, e nan pwòp lang pa li: “Èske m ka batize? Èske ou vle anseye pitit gason m nan?”

Chè jèn konpayon sèvis mwen yo, pòt ak kè louvri chak jou pou mesaj levanjil la—yon mesaj ki pote lespwa ak lapè epi lajwa bay pitit Bondye yo atravè mond lan. Si nou enb, obeyisan, epi nou koute vwa Lespri a, n ap jwenn gwo bonè nan sèvis nou kòm misyonè a.17 Ala yon epòk mèveye pou nou yon misyonè—yon epòk kote Senyè a ap akselere travay li a!

Mwen rann temwanyaj konsènan Sovè a ak “kòmandman diven”18 la pou “ale fè disip nan tout nasyon yo.”19 Sa a se Legliz li. L ap dirije li palentèmedyè pwofèt ak apot vivan yo. Nan pwochen èdtan k ap vini an, Premyè Prezidans la pral ansenye nou. Se pou nou “rapid pou obsève,”20 jan Mòmon te ye a, pou ke lè apèl la vini, nou va diy ak kapab pou deklare avèk pouvwa Lespri a: “Gade, m se yon disip Jezikri, Pitit Gason Bondye a. Li te chwazi m pou m deklare pawòl li nan pami pèp li a pou yo kapab gen lavi pou tout tan.”21 Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. Konvèsyon pèsonèl avèk Dennis C. Brimhall, prezidan misyon Louisville nan Kentucky, 2005–8.

  2. Ashish Pokhrel, “My Name Is Ashish Pokhrel and This Is My Story” (istwa pèsonèl ki pap pibliye, Sept. 2011).

  3. Pokhrel, “My Name Is Ashish Pokhrel.”

  4. Doktrin ak Alyans 112:21.

  5. Atik Lafwa 1:5.

  6. Doktrin ak Alyans 112:22.

  7. Ezra Taft Benson, nan Preach My Gospel: A Guide to Missionary Service (2004), 176.

  8. Ide ki soti nan yon diskou Eldè Jeffrey R. Holland te bay nan Konferans Pye Nò Bountiful nan Uta, 8–9Jen, 2013.

  9. Omni 1:26.

  10. Gade Mak 5:41–42; Jan 5:8–9.

  11. Doktrin ak Alyans 18:13.

  12. Doktrin ak Alyans 121:45.

  13. Gade Doktrin ak Alyans 121:46.

  14. Thomas S. Monson, “Obedience Brings Blessings,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 89.

  15. Richard G. Scott, “For Peace at Home,” Ensign owa Liahona, Me 2013, 30.

  16. Pou dekri sa anpil nouvo misyonè ap fè, Eldè Russell M. Nelson te di: “Yo pral fè sa misyonè yo te toujou fè. Yo pral preche levanjil la! Yo pral beni pitit Bondye yo!” (“Catch the Wave,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 45).

  17. Gade Preche Levanjil Mwen an, v.

  18. Thomas S. Monson, “Come, All Ye Sons of God,” Ensign oswa Liahona, Me 2013, 66.

  19. Matye 28:19.

  20. Mòmon 1:2.

  21. 3 Nefi 5:13.

Enprime