2010–2019
Panse blesi yo
Oktòb 2013


Panse blesi yo

Mwen priye pou nou ka prepare tèt nou pou nouann kèlkeswa sèvis prètriz Senyè a ka mete devan nou nan vwayaj nou nan mòtalite a.

Nou tout gen responsablite pou ede lòt moun kòm benediksyon. Detni prètriz Bondye a se responsab devan Bondye pou lavi etènèl pitit li yo. Sa reyèl, sa mèveye, e pafwa sa ka fè n santi nou depase.

Gen prezidan kowòm ansyen k ap koute aswè a ki konnen kisa m vle di. Men sa k te rive youn nan nou. Pwobableman menm bagay la konn rive anpil nan nou—e plis pase yon fwa. Detay yo gen dwa pa menm, men sitiyasyon an se menm.

Yon ansyen ou pa byen konnen vin mande ou èd. Li te fèk aprann ke l te oblije demenaje madanm ni ak yon tibebe jodia menm soti nan apatman kote yo t ap viv la pou al nan yon lòt tou pre.

Li menm ak madanm ni te deja mande yon zanmi si l te ka prete yo yon kamyon pou jounen an pou yo te bwote zafè yo. Zanmi an te prete l kamyon an. Jèn papa a te kòmanse mete tout sa l te posede nan kamyon an, men nan premye minit yo, li te gen yon doulè nan do. Zanmi an ki te prete l machin nan te twò okipe pou l te ede. Jèn papa a te santi l dezespere. Li te panse avèk ou, prezidan kowòm ansyen li.

Rive tan pou l te vin mande w èd la, li te prèske aprèmidi. Sete yon jou k te gen yon reyinyon nan legliz la nan aswè. Ou te deja pwomèt pou w ede madanm ou fè kèk travay nan kay la jou sa a. Pitit ou yo te mande w pou w fè yon bagay avèk yo, men ou potko gen tan pou fè li.

Ou te konnen tou ke manm kowòm ou yo, patikilyèman sa k pi fidèl yo, sa ou toujou rele pou ede yo, te siman nan menm sitiyasyon an tou.

Senyè a te konnen ou t ap gen kalite moman konsa lè l te aple w nan pozisyon sa a, konsa li te ba ou yon istwa pou ankouraje w. Se yon parabòl pou detantè prètriz ki okipe anpil yo. Nou pafwa rele l istwa bon Samariten an. Men se reyèlman yon istwa pou yon gran detantè prètriz nan epòk okipe sa yo.

Istwa a byen tonbe pou yon sèvitè nan prètriz la ki santi l twò chaje. Jis sonje ke ou se Samariten an e non pa prèt la ni Levit la ki te pase bò kote mesye k te blese a.

Ou gen dwa pa t panse ak istwa sa a lè w te devan pwoblèm sa yo. Men mwen priye pou w fè sa lè kalite moman sa yo prezante devan ou, e sètènman y ap vini.

Yo pa di nou nan ekriti yo poukisa Samariten an t ap vwayaje sou wout soti Jerizalèm pou al Jeriko a. Se pa kòmsi li t ap pwomne poukont li paske siman l te konnen vòlè yo t ap tann moun ki enpridan yo. Li te gen yon bon rezon pou l te vwayaje a, e jan sa sete koutim nan, li te gen avèk li yon bèt chaje osibyen ke luil ak diven.

Selon pawòl Senyè a, Samariten an, lè l te wè mesye ki te blese a, te kanpe paske “li te gen konpasyon.”

Anplis de santi sèlman konpasyon, li te aji. Toujou sonje bagay espesifik yo nan istwa a:

“Li te pwoche kote l, li te vide luil ak diven sou blese l yo, li te panse yo. Apresa li mete nonm nan sou bèt li te monte a. Li mennen l nan yon lotèl kote li pran swen li.

“Nan demen, li te rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: okipe nonm sa a pou mwen. Lè m tounen isit la ankò ma remèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.”1

Ou menm ak detantè prètriz ou aple pou dirije yo kapab gen omwen twa asirans. Premyèman, si w mande, Senyè a ap ba ou santiman konpasyon li santi pou moun ki nan bezwen yo. Dezyèmman, l ap fè w jwenn lòt moun, tankou mèt lotèl la, pou ede ou nan sèvis ou. Epi twazyèmman, tankou bon Samariten an, Senyè a ap fè plis pase rekonpanse tout moun ki vin pote èd bay moun ki nan bezwen yo.

Ou menm prezidan kowòm, ou pwobableman aji sou asirans sa yo plis pase yon fwa. Ou mande lòt moun nan prètriz Senyè a pou yo ede, avèk konfyans ke y ap reponn ak konpasyon. Ou pa pè pou nou fè apèl a moun ki konn reponn pi souvan nan lepase yo paske ou konnen yo fasilman santi konpasyon. Ou mande yo konesan ke, nan lepase, yo te santi jenewozite Senyè a lè yo te chwazi pou ede. Ou mande kèk moun ki te deja plen chay sou do yo, konesan ke, pi gwo sakrifis la ye, se plis y ap resevwa konpansasyon nan men Senyè a. Moun ki te ede nan lepase yo santi devèsman gratitid Sovè a.

Ou petèt pa t santi w enspire pou w te mande yon moun pou l ede chaje ak dechaje kamyon sa a. Antanke dirijan, ou konnen manm kowòm ou yo ak fanmi yo trè byen. Senyè a konnen yo pafètman.

Li konnen kiyès ki te gen madanm ki prèske krake paske mari l pa t kapab jwenn tan pou fè sa l te bezwen k fèt pou reponn bezwen li. Li konnen ki timoun ki t ap beni lè yo te wè papa yo ale pou ede lòt moun yon fwa ankò oubyen si timoun yo te bezwen santi ke yo konte pou papa yo ase pou l te pase tan avèk yo jou sa a. Men tou, Li konnen kimoun ki bezwen envitasyon pou sèvi men ki gen dwa pa parèt yon moun ki ka petèt ede oswa dispoze pou ede.

Ou pa ka konnen tout manm kowòm ou yo pafètman byen, men Bondye konnen yo. Konsa, jan ou konn fè si anpil fwa deja, ou priye pou konnen kimoun pou w mande pou ede sèvi lòt moun. Senyè a konnen kimoun ki ap jwenn benediksyon si ou mande yo ede ak ki fanmi ki pral beni si w pa mande yo. Sa se revelasyon ou ka atann k ap vin jwenn ou si w se dirijan nan prètriz la.

Mwen te wè sa rive pandan m te jènjan. Mwen sete premye konseye nan yon kowòm prèt. Evèk la te rele m yon jou lakay mwen. Li te di ke l te vle m ale avèk li pou vizite yon vèv ki te nan gwo bezwen.

Pandan m t ap tann li vin chèche mwen, mwen te santi m twouble. M te konnen evèk la te gen konseye ki te solid ak saj. Youn sete yon gwo jij. Lòt la te gen yon gwo konpayi e nan apre li te vin yon Otorite Jeneral. Evèk la limenm te vin sèvi kòm Otorite Jeneral nan apre. Poukisa evèk la te di yon prèt san eksperyans tankou m: “mwen bezwen èd ou”?

Kounyeya mwen pi byen konnen kisa l ta ka di m: “Senyè a bezwen beni ou.” Lakay vèv la, mwen te etone lè m te wè l di madanm nan ke li pa t ap ka resevwa èd nan men legliz la si l pa ranpli fòm bidjè a li te kite pou li anvan an. Lè nou t ap retounen, paske l te wè m te etone a, li te ri epi l te di: “Hal, lè l gen kontwòl depans li, la va kapab ede lòt moun.”

Nan yon lòt okazyon, evèk mwen te mennen m avèk li kay kèk paran alkolik ki te voye de ti pitit fi tou pè vin reponn nou nan pòt la. Apre l te fin pale avèk de timoun yo, nou te vire pou n ale epi li te di mwen: “Nou poko kapab chanje lavi trajedi yo a, men yo ka santi ke Senyè a renmen yo.”

Yon lòt jou swa, li te mennen m lakay yon mesye ki pa t vin legliz depi dèzane. Evèk la te di l konbyen li apresye li ak konbyen pawas la bezwen li. Sa pa t sanble te gen okenn efè sou mesye sa a. Men fwa sa a, e chak fwa evèk la te mennen m avèk li, sa te fè yon gwo efè sou mwen.

Pa gen okenn mwayen pou m ta konnen si evèk la te priye pou konnen ki prèt ki t ap benefisye nan vizit sa yo si l t ale avèk li. Li petèt te mennen lòt prèt avèk li anpil fwa. Men Senyè a te konnen yon jou mwen t ap vin yon evèk ki pral envite moun ki refwadi retounen vin nan chalè levanjil la. Senyè a te konnen yon jou yo t apral ban m chay responsablite prètriz la pou dè santèn ak menm dè milye pitit Papa nou ki nan syèl la ki te nan gwo bezwen tanporèl.

Nou menm jènjan yo, nou pa ka konnen ki travay nan sèvis prètriz la Senyè a ap prepare pou l ba nou. Men pi gwo defi a pou chak detantè prètriz se bay èd espirityèl. Nou tout gen responsablite sa a. Li vini palefèt ke nou se yon manm nan yon kowòm. Li vini palefèt ke nou se yon manm yon fanmi. Si lafwa yon moun nan kowòm nou oswa nan fanmi nou atake pa Satan, n ap santi konpasyon. Menmjan ak sèvis ak mizèrikòd Samariten an te bay la, nou menm tou n ap ministre yo avèk luil gerizon pou blese yo nan moman bezwen yo.

Nan sèvis nou kòm misyonè aplentan, n ap jwenn dèmilye moun ki nan gwo bezwen espirityèl. Anpil, jiskaske nou anseye yo, pa pral menm konnen ke yo gen blesi espirityèl ki, si yo pa trete yo, ap pote lamizè san fen pou yo. Ou pral nan sèvis Senyè a pou pote sekou ba yo. Se sèlman Senyè a ki ka panse blesi espirityèl yo si yo aksepte òdonans ki mennen nan lavi etènèl yo.

Antanke yon manm kowòm, yon enstriktè nan fwaye, epi antanke misyonè, ou pa ka ede moun repare domaj espirityèl yo amwenske lafwa w vanyan. Sa vle di plis pase li ekriti yo regilyèman ak priye sou yo. Priyè a pou moman an ak brèf koudèy nan ekriti yo se pa preparasyon ki ase. Reyasirans n ap jwenn nan ap vini avèk konsèy sa a nan seksyon 84 Doktrin ak Alyans yo: “Nou pa ta dwe enkyete alavans pou sa nou pral di; men, medite pawòl lavi yo tout tan nan panse nou, epi n ap resevwa nan menm lè a pòsyon an ki pral satisfè pou chak moun nan.”2

Pwomès sa a nou ka reklame li sèlman si nou “ranmase” pawòl lavi yo epi nou fè sa kontinyèlman. Pati pou nou medite nan ekriti sa a vle di pou mwen yon zafè santi yon bagay osijè pawòl yo. Pa egzanp, lè m t al eseye ede yon moun ki te gen lafwa li sou apèl divin Pwofèt Joseph Smith la t ap bese, m te gen santiman k te retounen vin jwenn mwen.

Se pa sèlman pawòl nan Liv Mòmon yo. Se yon santiman asirans sou laverite ke m santi chak fwa li menmsi se kèk grenn fraz nan Liv Mòmon an. Mwen pa ka pwomèt ke tout moun ki anvayi pa dout sou Pwofèt Joseph oswa sou Liv Mòmon an ap resevwa menm santiman sa a. Men, mwen konnen Joseph Smith se Pwofèt Retablisman an. Mwen konnen Liv Mòmon an se pawòl Bondye, paske mwen etidye l nan kè m.

Mwen konnen pa eksperyans ke nou ka jwenn asirans sou laverite nan men Lespri a paske mwen te resevwa li. Ou menm avèk mwen dwe gen asirans sa a anvan Senyè a mete nou sou chemen yon vwayajè nou renmen ki blese pa enmi laverite yo.

Gen yon lòt preparasyon nou dwe fè. Sa nan nati lòm menm, pou l vin andisi devan doulè lòt moun. Se youn nan rezon k fè Sovè a te ale si lwen pou l te pale osijè Ekspyasyon l lan ak doulè ak soufrans tout pitit Papa nou ki nan syèl la li ta pral pran sou tèt li, pou l te ka konnen kijan pou pote yo sekou a.

Menm pi bon detantè prètriz Papa nou ki nan syèl la sou tè a pap ka atenn nivo konpasyon sa a fasilman. Antanke kretyen vivan, nou gen tandans pou nou enpasyan avèk moun ki pa ka wè verite a ki si klè pou nou an. Nou dwe fè atansyon pou yo pa entèprete enpasyans nou kòm yon kondanasyon oswa yon rejè.

Lè n ap prepare pou n pote sekou pou Senyè a antanke sèvitè li nan prètriz la, gen yon ekriti ki la pou gide nou. Li gen yon don n ap bezwen pou vwayaj nou, kèlkeswa kote Senyè a voye nou. Bon Samariten an te gen don sa a. N ap bezwen li, epi Senyè a di nou kijan nou ka jwenn ni:

“Se poutèt sa, frè byeneme m yo, si nou pa gen charite, nou pa anyen, paske charite pa janm peri. Se poutèt sa, apiye sou charite, ki se pi gwo don pase tout lòt, paske tout bagay gen pou peri—

“Men charite se lanmou pi Kris la, e li dire pou tout tan; e nenpòt moun ki genyen l nan dènye jou a, l ap bon pou li.

“Se poutèt sa, frè byeneme m yo, priye Papa a avèk tout enèji kè nou, pou nou kapab chaje avèk lanmou l, li te devèse sou tout moun ki se vrè disip Pitit Gason li a, Jezikri; pou nou kapab tankou l, paske n ap wè l jan li ye a; pou nou kapab gen esperans sa a; pou nou pirifye menm jan li pi a. Amèn.”3

Mwen priye pou nou ka prepare tèt nou pou n rann kèlkeswa sèvis nan prètriz la Senyè a ka mete devan nou nan vwayaj nou nan mòtalite a. Nan non Jezikri, amèn.