2010–2019
Pouvwa nan Prètriz la
Oktòb 2013


Pouvwa nan Prètriz la

Yon gason kapab louvri rido pou reyon cho solèy la antre nan yon sal men li pa posede solèy la, ni limyè a, ni chalè l pote a

Benediksyon prètriz yo se pou tout moun

Lè timoun yo te chante chan primè “Love Is Spoken Here” la avèk jwa nan reyinyon Sentsèn nan, tout moun te souri avèk apwobasyon. Yon manman plen kouraj ki t ap elve senk pitit te koute dezyèm kouplè a avèk atansyon: “Lakay mwen, se yon fwaye ki beni [chak] èdtan pa [pouvwa] prètriz la.”1 Avèk tristès, li te panse, “Pitit mwen yo pa janm konn yon fwaye konsa.”2

Mesaj mwen pou fi fidèl sa a ak pou nou tout sèke nou kapab “beni pa fòs pouvwa prètriz la”, kèlkeswa sikonstans nou.

Pafwa, nou twò asyosye pouvwa prètriz la avèk gason yo nan Legliz la. Prètriz la se pouvwa ak otorite Bondye bay pou sali ak byen tout moun—gason, fi, ak timoun.

Yon gason kapab louvri rido pou reyon cho solèy la antre nan yon sal men li pa posede solèy la, ni limyè a, ni chalè l pote a. Benediksyon prètriz yo enfiniman pigran pase moun nan yo mande pou administre don an.

Resevwa benediksyon, pouvwa, ak pwomès prètriz la nan lavi sa a ak nan lavi apre a se yonn nan gwo opòtinite ak responsablite mòtalite a. Lè nou diy, òdonans prètriz yo anrichi lavi nou sou tè a epi yo prepare nou pou pwomès mayifik nan mond apre a. Senyè a te di: “Pouvwa Bondye ... manifeste nan òdonans yo.”3

Bondye gen dè benediksyon espesyal pou chak moun diy ki batize, ki resevwa Sentespri a, e ki pran sentsèn nan regilyèman. Tanp la pote limyè ak fòs adisyonèl, ansanm avèk pwomès lavi etènèl.4

Tout òdonans yo envite nou pou nou ogmante lafwa nou nan Jezikri, pou nou fè ak kenbe alyans avèk Bondye. Si nou kenbe alyans sakre sa yo, nou resevwa pouvwa ak benediksyon prètriz la yo.

Èske nou pa santi pouvwa prètriz sa a nan lavi pa nou ak pami manm Legliz la k ap kenbe alyans yo? Nou wè l nan nouvo konvèti yo lè yo sòti nan dlo batèm nan kote yo santi yo padone e pirifye. Nou wè pitit nou yo ak jèn yo pi sansib a enspirasyon ak direksyon Sentespri a. Nou wè òdonans tanp yo vin tounen yon senbòl kouraj ak limyè pou gason ak fi ki jis yo atravè tout mond la.

Mwa pase a, m te wè yon jèn koup ki te jwenn gwo fòs nan pwomès sèlman yo nan tanp la alòske bèl tibebe gason yo a te fèt men l te viv pou sèlman yon semèn. Gras ak òdonans prètriz yo, nou resevwa rekonfò, fòs, pwoteksyon, lapè, ak pwomès etènèl.5

Sa nou konnen apwopo Prètriz la

Gen moun ki ka sensèman poze kesyon sa a: “Si pouvwa ak benediksyon prètriz yo disponib pou tout moun, poukisa se gason sèlman ki administre òdonans prètriz yo?”

Lè zanj la te mande Nefi: “Èske ou konprann konpasyon Bondye?” Nefi te reponn onètman: “M konnen li renmen pitit li yo; men, m pa konnen siyifikasyon tout bagay.”6

Lè n ap pale konsènan prètriz la, gen anpil bagay nou konnen.

Tout moun se menm

Nou konnen Bondye renmen tout pitit li e li pa rejte pèsonn. “Li pa rejte pèsonn ki vin jwenn ni, .... gason [ou] fi; .... e tout moun se menm pou Bondye.”7

Osi sèten nou sèten ke Bondye gen “menm” amou a pou pitit gason ak pitit fi l yo, nou konnen tou ke l pa t kreye gason ak fi egzakteman pou yo menmjan. Nou konnen maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou idantite ak objektif mòtèl ak etènèl nou. Gason ak fi yo chak gen responsablite sakre.8

Depi nan kòmansman

Nou konnen ke, depi nan kòmansman an, Senyè a te etabli fason pou yo administre prètriz li a. “Adan se premye moun ki te resevwa prètriz la.”9 Nowe, Abraram, ak Moyiz te administre odonans prètriz yo. Jezikri se gwo gran prèt la. Li te aple Apot. Li te di: “Se pa nou ki chwazi m, se mwen menm ki chwazi nou, ki òdone nou.”10 Nan epòk pa nou an, Jan Batis, Pyè, Jak, ak Jan te retabli prètriz la sou tè a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith.11 Se fason sa a Papa nou ki nan syèl la administre prètriz li a.12

Anpil don Bondye

Nou konnen pouvwa sent prètriz la pa travay separe avèk lafwa, avèk Sentespri a, ak don espirityèl. Ekriti yo avèti nou: “Pa nye don Bondye yo, paske yo anpil. … Epi gen anpil fason moun resevwa don sa yo; men, se menm Bondye a ki fè [yo] tout.”13

Diyite

Nou konnen diyite se yon bagay esansyèl pou akonpli ak resevwa òdonans prètriz yo. Sè Linda K. Burton, prezidant jeneral Sosyete Sekou a, te di, “Se jistis ki kalifye nou … pou nou fè pouvwa prètriz la manifeste nan lavi nou.”14

Paregzanp, reflechi sou fleyo pònografi a k ap simaye nan tout mond lan. Prensip diyite Senyè a pa bay okenn pèmisyon pou pònografi nan pami frè yo k ap administre òdonans prètriz yo. Sovè a di:

“Repanti nan … abominasyon sekrè nou yo.”15

“Je a se limyè kò nou. … Si je nou nan move eta, tout kò nou va chaje ak fènwa.”16

“[Paske] nenpòt moun ki gade yon fi avèk anvi, li deja komèt adiltè nan kè li.”17

Jan Èldè David A. Bednar te di a, si nou beni oswa distribye Sentsèn, beni malad, oubyen patisipe nan lòt òdonans prètriz yo san nou pa diy, se pran nou pran non Bondye anven.18 Si yon moun pa diy, li pa dwe patisipe nan òdonans prètriz yo epi, nan espri lapriyè, li dwe al jwenn evèk li kòm premye etap nan repantans li pou l retounen nan respekte kòmandman yo.

Imilite

Nou konnen benediksyon prètriz yo abondan nan fanmi kote manman ak papa ki jis ini yo ansanm pou gide pitit yo. Men, nou konnen ke Bondye bay moun ki nan anpil lòt sitiyasyon menm benediksyon sa yo tou.19

Yon manman, k ap pote gwo responsablite pran swen fanmi li espirityèlman ak tanporèlman, te eksplike avèk sansiblite ke sa mande l anpil imilite pou l rele enstriktè nan fwaye li pou vin beni yon pitit li. Men, li te ajoute ke sa mande enstriktè nan fwaye l yo plis imilite toujou pou yo prepare yo pou beni pitit li a.20

Kle Prètriz yo

Nou konnen ke kle Prètriz yo, ke manm Premye Prezidans lan ak Kolèj Douz Apòt yo detni an, ap dirije travay Senyè a sou tè a. Prezidan pieu yo ak evèk yo resevwa kle prètriz spesifik pou responsablite jewografik yo. Pa revelasyon, yo aple gason ak fi ki soutni e resevwa mizapa pou egzèse otorite yo delege yo pou anseye ak administre.21

Pandan ke gen anpil bagay nou konnen konsènan prètriz la, lefèt ke n ap gade l atravè linèt mòtalite yo pa toujou ba nou yon konpreyansyon total sou fason Bondye travay.  Men Li raple nou jantiman: “Panse pa m pa panse pa nou, ni tou fason m pa fason pa ou,”22 sa ban nou asirans ke avèk tan epi avèk yon pèspektif etènèl na va wè “tout bagay jan yo reyèlman ye a”23 e na va konprann amou pafè li.

Nou tout dispoze pou n sèvi. Pafwa nou santi nou pa fè ase nan apèl nou, e nou anvi pou yo ta mande nou pou nou fè plis. Gen lòt fwa, nou rekonesan lè moman an rive pou yo relve nou. Se pa nou ki detèmine apèl nou resevwa.24 M te aprann leson sa a bonè nan maryaj mwen. Kathy avèk mwen t ap viv an Florid. Yon jou Dimanch, yon konseye nan prezidans pieu a te eksplike m ke yo te santi yo enspire pou yo aple Kathy kòm enstriktris seminè ki fè bonè nan maten.

M te mande: “Kijan nou pral ka fè sa? Nou gen timoun piti, seminè kòmanse a 5:00 dimaten, epi m se Prezidan Jènjan pawas la.”

Konseye a te souri epi l te di, “Pa gen pwoblèm, Frè Andersen. N ap aple li, epi n ap relve ou.”

E se sa k te fèt.

Kontribisyon fi yo

Sa enpòtan nan lavi a, nan maryaj, ak nan bati wayòm Bondye a, pou nou sensèman mande fi yo epi koute panse yo ak preyokipasyon yo.

Sa gen ventan, nan konferans jeneral, Èldè M. Russell Ballard te rakonte yon konvèsasyon li te fè avèk prezidant jeneral Sosyete Sekou a. Te gen yon kesyon ki te poze sou ranfòse diyite jèn yo k ap prepare pou al nan misyon yo. Sè Elaine Jack te di avèk yon souri, “Ou konnen, Èldè Ballard, [fi] yo nan legliz la kapab gen kèk bon sigjesyon … si nou mande yo. Apre tou, … nou se manman yo!”25

Prezidan Thomas S. Monson pase tout vi li ap mande ki yo ki sa ki preyokipe yo e li pote atansyon ak sa. Fi ki te plis enfliyanse l nan lavi li se Sè Frances Monson. Nou tout sonje l anpil. Jedi pase, Prezidan Monson te raple Otorite Jeneral yo konbyen li te aprann nan men 84 vèv yo ki te nan pawas li a tou. Yo te grandman enfliyanse sèvis li lè l te evèk ak pandan tout lavi li.

Sa pa etonan ke, anvan Prezidan Monson te pran desizyon, nan lapriyè, sou chanjman nan laj pou fè misyon an, te gen anpil reyinyon avèk prezidans jeneral Sosyete Sekou, Jènfi, ak Primè yo.

Evèk, pandan n ap suiv egzanp Prezidan Monson nan, n ap santi men Senyè a ap gide travay sakre nou an avèk menm plis abondans.

Nou te viv nan Brezil pandan plizyè ane. Tout suit apre nou te rive, m te rankontre Adelson Parrella, ki tap sèvi kom Swasanndis, ak frè li, Adilson, ki tap sèvi nan prezidans pieu nou an. Nan apre, m te rankontre frè yo a, Adalton, ki tap sèvi kòm prezidan pieu nan Florianopolis, ak yon lot frè, Adelmo, ki tap sèvi kòm evèk. Mwen te enpresyone pa lafwa frè sa yo, e m te mande yo pou yo pale m de paran yo.

Fanmi an te batize nan Santos, Brazil, sa te gen 42 zan. Adilson Parrella te di, “Toudabò, papa m te sanble l kontan anpil pou l vin manm Legliz la. Men, li te vin inaktif [byen vit] epi li te mande manman nou pou l pa al Legliz la ankò.”

Adilson te di m ke manman l te konn koud rad pou vwazen yo pou l te ka peye bis pou timoun yo t al Legliz. Kat tigason yo te konn mache ansanm sou prèske de kilomèt pou al nan yon lòt vil, kote yo te konn pran yon lòt bis pou 45 minit, epi apresa pou yo mache yon lòt 20 minit pou rive nan chapèl la.

Malgre l pa t ka al Legliz avèk pitit li yo, Sè Parrella te toujou li ekriti yo avèk pitit gason ak pitit fi l yo, li te anseye yo levanjil la, epi priye avèk yo. Ti kay yo a te ranpli avèk gwo benediksyon pouvwa prètriz la. Ti gason yo te grandi, yo te sèvi misyon, yo t al lekòl, epi yo te marye nan tanp. Benediksyon prètriz yo te ranpli fwaye yo.

Dèzane apre, alòske l te poukont li lè sa a, Vany Parrella, te antre nan tanp pou al fè dotasyon li, epi nan apre, li te sèvi twa misyon nan Brezil. Li gen 84 tran kounyeya, e lafwa li kontinye ap beni jenerasyon ki vin apre yo.

Temwayaj ak pwomès

Nou jwenn pouvwa prètriz sakre Bondye a nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Mwen temwaye ke lè nou patisipe nan òdonans prètriz yo diyman, Senyè a ap ba nou plis fòs, lapè, ak pèspektif etènèl. Kèlkeswa sitiyasyon nou, fwaye nou ap “beni pa fòs pouvwa prètriz la” epi moun ki bò kote nou ap gen plis anvi pou yo gen benediksyon sa yo pou tèt pa yo.

Antanke gason ak fi, sè ak frè, pitit gason ak pitit fi Bondye, n ap avanse devan ansanm. Sa se opòtinite nou, responsablite nou, ak benediksyon nou. Sa se destine nou—prepare wayòm Bondye a pou retou Sovè a. Nan non Jezikri, amèn.

Nòt

  1. “Love Is Spoken Here,” Children’s Songbook, 190–91.

  2. Kourye pèsonèl, Out. 5, 2013.

  3. Doktrin ak Alyans 84:20.

  4. Gade Doktrin ak Alyans 138:37, 51.

  5. Gade Doktrin ak Alyans 84:35; 109:22.

  6. 1 Nefi 11:16–17.

  7. 2 Nefi 26:33.

  8. Gade “The Family: A Proclamation to the World,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2010, 129.

  9. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 104; gade tou Doktrin ak Alyans 84:16; 107:40–53; 128:18, 21; Russell M. Nelson, “Lessons from Eve,” Ensign, Nov. 1987, 86–89.

  10. Jan 15:16.

  11. Gade Joseph Smith—History 1:72; gade tou Doktrin ak Alyans 13; 27.

  12. Gade M. Russell Ballard, “Let Us Think Straight” (BYU Campus Education Week devotional, Out. 20, 2013); speeches.byu.edu. Èldè Ballard te di: “Poukisa yo òdone gason yo nan ofis prètriz yo e non pa fi yo? Prezidan Gordon B. Hinckley te eksplike ke sete Senyè a, non pa lòm, ‘ki te deside ke gason yo nan Legliz li a dwe detni prètriz la’ e se Senyè a tou ki te bay fi yo ‘kapasite pou yo konplete gwo òganizasyon remakab sa a ki se Legliz la ak wayòm Bondye a’ (“Women of the Church,” Ensign, Nov. 1996, 70). De tout fason, Senyè a pa revele poukisa li òganize legliz la fason sa a..”

  13. Mowoni 10:8.

  14. Linda K. Burton, “Priesthood: ‘A Sacred Trust to Be Used for the Benefit of Men, Women, and Children’” (Brigham Young University Women’s Conference address, May 3, 2013); ce.byu.edu/cw/womensconference/pdf/archive/2013/lindaBurtonTalk.pdf.

  15. 3 Nefi 30:2.

  16. Matye 6:22–23.

  17. Matye 5:28; gade tou Alma 39:9. Prezidan Thomas S. Monson te di: “Pònografi patikilyèman danjere e li mennen depandans. Konsilte dokiman pònografi pa kiryozite se bagay ki ka vin yon move abitid e ka mennen al nan dokiman ki pi vilgè toujou ak nan transgresyon seksyèl. Evite pònografi ak tout fòs nou” (“Preparation Brings Blessings,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 65).“Nou ekstrèmeman preyokipe … devan rapò sou kantite moun k ap itilize Entènèt nan objektif malefik ak degradan, objektif kote gade pònografi se yon bagay ki pi repann ladan yo. Frè m ak sè m yo, angaje nou nan kalite bagay sa yo ap literalman detwi lespri. Se pou nou rete solid. Rete pwòp. Evite kalite bagay degrandan ak destriktè sa yo ak tout fòs nou—kèlkeswa kote yo yo! Mwen lanse avètisman sa a bay tout moun, tout kote” (“Until We Meet Again,” Ensign oswa Liahona, Me 2009, 113).“Evite tout sa ki sanble ak pònografi. Sa ap desansibilize lespri e wonje konsyans nou. Nan Doktrin ak Alyans yo, yo di nou:, ‘Yon bagay ki pa edifye moun, li pa soti nan Bondye, epi li se tenèb’ [Doktrin ak Alyans 50:23]” (“True to the Faith,” Ensign oswa Liahona, Me 2006, 18–19).

  18. Gade David A. Bednar, Act in Doctrine (2012), 53.

  19. Gade Dallin H. Oaks, “Priesthood Authority in the Family and the Church,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2005, 24–27.

  20. Kourye pèsonèl, Out. 5, 2013; gade Jak 5:14.

  21. Gade Ebre 5:4.

  22. Ezayi 55:8.

  23. Jakòb 4:13.

  24. Gade Doktrin ak Alyans 81:4–5. Prezidan Gordon B. Hinckley te di: “Obligasyon nou osi serye nan domèn responsablite nou ke obligasyon pa m nan domèn pa mwen. Okenn apèl nan legliz sa a pa piti ni san konsekans” (“This Is the Work of the Master,” Ensign, Me 1995, 71).

  25. M. Russell Ballard, “Strength in Counsel,” Ensign, Nov. 1993, 76.